Episodes

Thursday Sep 28, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 28 Septanm 2023
Thursday Sep 28, 2023
Thursday Sep 28, 2023
Popilasyon ak Gouvènman Burkina Faso kraze yon tantativ koudeta; Segman Imigrasyon ak Taina Exant, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl...
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Lidèchip gouvènman revolisyonè peyi Burkina Faso anonse li kraze yon tantativ koudeta yè swa epi yo arete 4 ofisye
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Repibliken yo nan chanm depite Meriken an koumanse demach pou revoke Joe Biden jodi a
-Abinader pote plent pou Ayiti nan OEA ki te ofri pou l jwe wòl medyatè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn
-Djaz Klas fè yon don 2 milyon goud pou konstriksyon kanal la
-Prezidan Kenya a William Ruto di li pa ta ka janm refize yon bon dil kou sa Meriken te ofri l pou l voye sòlda li Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Gwo wont pou Ikrèn lè Amiral Sokolov alatèt Flòt Naval Larisi nan Lamè Nwa parèt andirèk nan yon reyinyon Madi a apre yo te fin di yo touye msye depi Vandredi pase
Anons

Wednesday Sep 27, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 27 septanm 2023
Wednesday Sep 27, 2023
Wednesday Sep 27, 2023
Entèvyou Abedjluniverse ak Rochnel Ploynice, Kòdonatè komite kanal la; Bwa Kale nan Sodo ak Mibalè; Repòtaj Kiba...
****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Entèvyou Abedjluniverse ak konpatriyòt Rochnel Ploynice ki se Kòdonatè komite kanal la k ap rakonte istwa orijin kanal la epi chanjman peyizan yo swete kanal la ap pote nan lavi yo
https://www.youtube.com/watch?v=cMCVt-0NrLI
Nouvèl:
-Jounal Miami Herald pibliye lis 11 lòt peyi yo ki dakò anvayi peyi nou ansanm ak Kenya pou Meriken
-Atak teworis dimanch swa sou Anbasad peyi Kiba nan Washington
-8 jèn gason popilasyon akize kòm manm gang ki t al atake Sodo ak Mibalè mouri nan Bwa Kale yè madi a
-Peyi Lapolòy anonse daprè ankèt li se ta Ikrèn olye de Larisi ki ta responsab atak misil sou depo ble sou teritwa Polòy ki te fèt 20 novanm 2022
-Donald Trump joure jij NY Arthur Engoron ki deside fèmen tout biznis fanmi Trump lan nan eta NY la
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Sep 26, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 septanm 2023
Tuesday Sep 26, 2023
Tuesday Sep 26, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Apre Lapolòy anonse li pa p bay Ikrèn zam ankò, Etazini garanti li yon prè 2 milya dola pou nouvo zam dènye kri
-Repòtaj pwogram chanèl televizyon CBS 60 minutes sou jan Etazini ap sibvansyone tout aspè ekonomi Ikrèn
-Etazini siyen yon akò defans ak Kenya pou yo ka ba l tout zouti l bezwen pou l al anvayi Ayiti pou yo
-Jounalis Seymour Hersh pibliye yon nouvo atik pou make 1 an depi Etazini te eksploze liy gaz Nordstream yo; Msye di li konvenki Etazini te fè sa pou pwovoke Larisi deklare l lagè
-Senatè Menendez, Demokrat nan NJ ansanm ak madanm li pran nan cho pou dwèt long siperyè
-JP Morgan fè yon antant ak peyi US Virgin Islands kote l dakò peye $75 milyon pou kakachat li sou dosye Jeffrey Epstein nan pa pran lari nan tribinal
-Hunter Biden asiyen Giuliani pou enfòmasyon k te laptop li a Giuliani te mete deyò
Liy ouvè ak oditè yo
Nou pase vwa Michelle Obama an 2013 k ap voye "bon zanmi li" kadejakè Harvey Weinstein monte nan yon aktivite nan Mezon Blanch lan
Dènye enfòmasyon nou jwenn sou dosye Julian Assange, alatèt Wikileaks la
Tout moun ann Ayiti ki te peye pou yon randevou nan Anbasad Meriken anvan Premye Oktòb 2022 ap pèdi kòb sa a si yo pa pran yon nouvo randevou anvan 30 septanm 2023 a
Anons

Monday Sep 25, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 septanm 2023
Monday Sep 25, 2023
Monday Sep 25, 2023
Son manif kont Ariel Henry nan LONI; Prince Tiecoura Dessalines; Jafrik: Ti dlo kannal la twò piti pou lave salòp yo...
****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Samdi a se te lantèman Manmi Laurette (Marie Laurette Mathieu), manman sè nou Mirlande Paillere ki se manm KOMOKODA; Yon lòt fwa ankò nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou tout fanmi an
Nou pase son manifestasyon KOMOKODA kont prezans Ariel Henry nan LONI Vandredi a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti: "Ti dlo kannal la twò piti pou l lave tout salòp yo k ap chache netwaye tèt yo ak li"
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Sep 21, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 21 Septanm 2023
Thursday Sep 21, 2023
Thursday Sep 21, 2023
Entèvyou sou kolera nan Ansavo; Mobilizasyon pou manif demen kont Ariel Henry ki gen pou l pale nan LONI; Plis sanksyon Kanada; Bill ak Hillary anonse y apral rebati Ikrèn ($25 milya!)...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe
Anons
Mobilizasyon pou manif Vandredi 22 Septanm pou denonse Ariel Henry ki gen pou l pale nan LONI
Entèvyou ak konpatriyòt Ramon nan Ansavo sou maladi kolera k ap touye moun nan zòn nan epi popilasyon an pa jwenn dlo potab ak swen sante
Nouvèl:
-Kanada anonse plis sanksyon ti komik; Jodi a se sou Marc Antoine Acra, Carl Braun, ak Jean Mary Vorbe
-Clinton Global Initiative anonse yon kolaborasyon 25 milya dola pou yo rebati Ikrèn
-Peyi Polòy ki nan LOTAN anonse li pa p voye zam bay Ikrèn ankò
-Gouvènman Biden nan anonse yon TPS pou Venezyela k apral koure plis pase 500,000 imigran ki soti nan peyi sila a
-Jounal Nouvelliste pibliye yon atik byen long sou bilan 25 lannen kowoperasyon medikal Kiba ak Ayiti
Mobilizasyon pou manif Vandredi 22 Septanm pou denonse Ariel Henry ki gen pou l pale nan LONI
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Sep 20, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 20 septanm 2023
Wednesday Sep 20, 2023
Wednesday Sep 20, 2023
Repòtaj Kiba - Miguel Diaz Canel nan Nasyonzini epi nan Harlem; Kenya di l ap ajoute militè sou mil polisye li te ofri yo; Zelensky mande pou yo mete Larisi deyò nan LONI;
****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manif Vandredi 22 Septanm pou denonse Ariel Henry ki gen pou l pale nan LONI
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Kenya di l ap ajoute militè sou mil polisye li te ofri yo
-Zelensky mande pou yo mete Larisi deyò nan LONI
-Pwodui Repiblik Dominikèn ap pouri akoz fwontyè ak Ayiti k fèmen an; Pandan yon gwoup machann Dominiken ap fè manifestasyon sipò ak Ayiti Inyon Nasyonal Revandè Dominiken yomenm yo di yo kanpe ak prezidan yo
-Prezidan peyi Giyàn nan Irfan Ali mande pou ta gen yon lòt gouvènman tranzisyon ann Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manif Vandredi 22 Septanm pou denonse Ariel Henry ki gen pou l pale nan LONI

Tuesday Sep 19, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 septanm 2023
Tuesday Sep 19, 2023
Tuesday Sep 19, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtak ak son manifestasyon kont Abinader nan Inivèsite Columbia
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Repòtaj Kay vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Kont volonte yo, Meriken yo renmèt Iran 6 milya dola Trump te friz epi chak peyi boukante 5 prizonye
-Akò defans tèt ansanm Mali-Burkina Faso-Niger
-Dènye nouvèl nan dosye EMINIFX
-Rankont chèf deta yo koumanse nan Nasyonzini jodi a; Joe Biden pale maten nan epi l mande pou Konsèy Sekirite a vote sòlda Kenya yo prese prese
Ti koze sou maniifestasyon yè a ak frè nou Fritzner Pierre epi mobilizasyon pou manif kont Ariel Henry Vandredi 22 septanm nan
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Sep 18, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 septanm 2023
Monday Sep 18, 2023
Monday Sep 18, 2023
Repòtaj andirèk nan manifestasyon kont Abinader nan Columbia University; Mizik pwogresis
****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj andirèk nan manifestasyon kont Abinader nan Inivèsite Columbia
Mizik pwogresis

Thursday Sep 14, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 14 Septanm 2023
Thursday Sep 14, 2023
Thursday Sep 14, 2023
Segman Imigrasyon ak Taina Exant, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Entèvyou Radio Caraibes ak Josaphat Antoineus, Kòdinasyon Plantè Plèn Maribawou...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Siklòn Daniel fè gwo katastwòf nan peyi Libi; Plis pase 15,000 moun pèdi lavi yo
-Kim Jong Un rankontre ak Vladimir Putin nan Larisi epi l pwomèt li tout sipò Larisi ta bezwen nan sa l rele lagè "sakre" sa a Putin ap mennen
-Pawòl ap pale kòmkwa vòt Konsèy Sekirite LONI sou dosye Kenya ann Ayiti a ta ranvwaye paske pa rive gen antant ant opozisyon an ak gouvènman an
-Jounal Listin diario nan Repiblik Dominikèn anonse Ayisyen pase devan Meriken kòm premye nasyonalite k ap achte kay nan peyi yo pou ane 2023 a epi 95% nan Ayiysen sa yo pa gen papye
Nou repase entèvyou Jounal Granboulva, Premye Okazyon nan Radio Caraibes fè maten an ak Josaphat Antoineus ki se manm Kòdinasyon Plantè Plèn Maribawou sou travay kanal pou rive pran priz nan Rivyè Masak la
Anons

Wednesday Sep 13, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 13 septanm 2023
Wednesday Sep 13, 2023
Wednesday Sep 13, 2023
Repòtaj Kiba; Rankont G77 la; Lanmò Allende; Putin denonse pèsekisyon Donald Trump; Albinader vle fè lagè akoz priz Rivyè Masak la; "Kriz" Ayiti a pa nan wout rezoud;
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Rankont G77 ap fèt 15 ak 16 septanm nan peyi Kiba
-Putin bay yon entèvyou kote l di si se te nenpòt lòt peyi ki t ap pousuiv yon kandida jan pati Demokrat la ki opouvwa ap pousuiv Donald Trump Etazini t ap pike kriz
-Vizit Prezidan Maduro nan Lachin
-Rankont Ariel ak patizan l yo ak opozisyon an ki te sipoze fèt yè nan nonsyati a anile; Ansyen Premye Minis CARICOM yo k te ann Ayiti semèn pase mete yon deklarasyon deyò kote yo denonse ke pa gen pwogrè nan "negosyasyon" yo
-Repiblik Dominikèn pran 11 priz sou Rivyè Masak la epi Albinader ap sote ponpe paske Ayisyen vle pran yonn
Liy ouvè ak oditè yo
Inivèsite Columbia pran nan cho ak dosye kadejakè Dr. Robert Hadden yo fè 20 lannen ap pwoteje pandan l t ap abize fanm ki te vin pran sèvis nan klinik li
Anons

