Episodes

Thursday Sep 14, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 14 Septanm 2023
Thursday Sep 14, 2023
Thursday Sep 14, 2023
Segman Imigrasyon ak Taina Exant, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Entèvyou Radio Caraibes ak Josaphat Antoineus, Kòdinasyon Plantè Plèn Maribawou...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Siklòn Daniel fè gwo katastwòf nan peyi Libi; Plis pase 15,000 moun pèdi lavi yo
-Kim Jong Un rankontre ak Vladimir Putin nan Larisi epi l pwomèt li tout sipò Larisi ta bezwen nan sa l rele lagè "sakre" sa a Putin ap mennen
-Pawòl ap pale kòmkwa vòt Konsèy Sekirite LONI sou dosye Kenya ann Ayiti a ta ranvwaye paske pa rive gen antant ant opozisyon an ak gouvènman an
-Jounal Listin diario nan Repiblik Dominikèn anonse Ayisyen pase devan Meriken kòm premye nasyonalite k ap achte kay nan peyi yo pou ane 2023 a epi 95% nan Ayiysen sa yo pa gen papye
Nou repase entèvyou Jounal Granboulva, Premye Okazyon nan Radio Caraibes fè maten an ak Josaphat Antoineus ki se manm Kòdinasyon Plantè Plèn Maribawou sou travay kanal pou rive pran priz nan Rivyè Masak la
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.