Episodes

Tuesday Sep 12, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 septanm 2023
Tuesday Sep 12, 2023
Tuesday Sep 12, 2023
Rapò rankont nou dimanch lan sou vyolans rasis Ozetazini: Emmett Till jouk rive nan Jacksonville; Repòtaj Repiblik Dominikèn; Goudougoudou frape peyi Mawòk ...
***
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò memoryal pou Emmett Till, Angela Carr, Anolt Joseph Laguerre, ak Jarrald De'Shaun Gallion ki mouri anba men rasis Etazini
Repòtaj Kay vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Goudougoudou frape peyi Mawòk; Gouvènman peyi sa a deja deklare plis pase 3000 moun mouri; Anpil pridans parapò ak ONG ki di yo vle ede
-Rapò sou rankont G20 ki fèt nan peyi End nan wikenn nan
-3 ansyen Premye Minis CARICOM yo te ann Ayiti semèn pase a pou yo pousuiv sa yo rele negosyasyon k te koumanse nan Jamayik yo; Opozisyon an pa rive antann yo sou apèl pou demisyon ti komik Ariel Henry
-Anons ofisyèl Larisi ak Koredinò fè konnen alatèt Koredinò a Kim Jong Un nan wout pou al vizite zanmi li Vladimir Putin nan Larisi
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Sep 11, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 septanm 2023
Monday Sep 11, 2023
Monday Sep 11, 2023
Nou jete dlo pou viktim 11 septanm yo: 1973, 1988, 1993 epi 2001; Prince Tiecoura Dessalines; Jafrikayiti; NY Times sou manif kont Hillary nan Columbia; Manif 9/8/23 kont US/UN...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou jete dlo pou viktim 11 septanm yo: 1973, 1988, 1993 epi 2001
Atik NY Times sou premye jou klas Hillary Clinton nan Columbia University epi sou manifestasyon kont Hillary a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou sitiyasyon peyi a epi sou doulè 11 septanm Ayiti yo; Nou pase son entèvyou Tele National ak 3 endividi ki di yo t ale nan Sen Jan Bosko pou sasinen Aristide
Son manif KOMOKODA nan 45th St ak Premye Ave pou denonse entèvansyon militè Meriken-Kenya-CARICOM nan peyi nou

Thursday Sep 07, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 7 Septanm 2023
Thursday Sep 07, 2023
Thursday Sep 07, 2023
Repòtaj ak son manif kont Hillary Clinton nan inivèsite Columbia; Tribinal ti komik Meriken di Kolonbyen "Kolonèl Mike" di yo se li k te bay lòd sasinen ti komik Jovenel Moise
****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA 2pm-6pm demen nan 45th St ak Premye Ave pou denonse entèvansyon militè Meriken-Kenya nan peyi nou
Repòtaj ak son manifestasyon devan Columbia University pou denonse prezans Hillary Clinton kòm pwofesè nan lekòl sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Kolonbyen German Alejandro Rivera Garcia alyas Kolonèl Mike plede koupab maten an nan tribinal federal Meriken kòm moun ki te bay lòd sasinen Jovenel Moise
-Se jodi a Meriken te anonse y ap lage kriminèl dilè dwòg Guy Philippe epi pimpe l tounen ann Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA 2pm-6pm demen nan 45th St ak Premye Ave pou denonse entèvansyon militè Meriken-Kenya nan peyi nou

Tuesday Sep 05, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 septanm 2023
Tuesday Sep 05, 2023
Tuesday Sep 05, 2023
Bilan kanaval "Labor Day" a; Repòtaj Altagracia nan Rankont Afrodesandan nan Costa Rica; Niger frape pye l atè; Larisi aktive Satan 2; 2 òganizasyon ti komik anonse dyaspora a vle entèvansyon militè...
***
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Columbia University pou make premye jou klas Hillary Clinton
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA nan 45th St ak Premye Ave pou denonse entèvansyon militè Meriken-Kenya nan peyi nou
Nouvèl:
-Kouman jounen Kanaval "Labor Day" Eastern Parkway nan Brooklyn nan fini
-Anons lan panko ofisyèl men tout preparatif sanble ap fèt pou yon vizit Kim Jong Un nan Moskou nan jou k ap vini yo
Repòtaj Kay vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Altagras nan 3yèm rankont entènasyonal pèp Afrodesandan k ap fèt ane sa a nan Costa Rica
Nouvèl:
-Peyi Niger mande pou sòlda Lafrans ki sou teritwa l degèpi epi yo tou anonse y ap monte pri iranyòm y ap vann Lafrans pou l rive nan pri pwodui sila a nan mache entènasyonal la
-Arabi Saoudit ak Larisi anonse y ap koupe pwodiksyon luil yo efektiv imedyatman ki menm kote fè pri a monte nan mache entènasyonal la
-Malgre ensekirite, mwens jou lekòl nan ane 2022-2023 a, ti komik nan Edikasyon Nasyonal ann Ayiti yo fè konnen 87% elèv yo reyisi ekzamen 9èm ane fondamantal yo
-Òganizasyon COODAH ak Federasyon Diaspora Haitienne nan ki di yo reprezante dyaspora a chita ak Frederica Wilson ki se depite Meriken nan Florid pou yo di l dyaspora a sipòte entèvansyon militè ann Ayiti
-Vandredi pase a Larisi anonse bay mond lan li aktivie misil "Satan 2" a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Sep 04, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 septanm 2023
Monday Sep 04, 2023
Monday Sep 04, 2023
Anons;Jodi a se fèt travay Ozetazini - Kanaval Eastern Parkway; Mèkredi - Manif @ Columbia pou make premye jou lekòl Hillary Clinton; Vandredi - Manif @ UN-US Mission pou denonse entèvansyon militè ann Ayiti
****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Columbia University pou make premye jou klas Hillary Clinton
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA nan 45th St ak Premye Ave pou denonse entèvansyon militè Meriken-Kenya nan peyi nou
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Jodi a se "Fèt Travay" Ozetazini; Kanaval sou Eastern Parkway nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Aug 31, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 31 out 2023
Thursday Aug 31, 2023
Thursday Aug 31, 2023
Segman imigrasyon ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Diplis sou koudeta nan Gabon an; Kan Meriken an pran kou nan Siri; Kolonbyen Jovenel yo devan Jij Voltaire
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe
Anons
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Pwogram Biden nan devan jij nan Texas; Pandan l ap mande tout Meriken kite Ayiti, Biden kontinye depòte Ayisyen
Nouvèl:
-Diplis sou koudeta nan Gabon an
-Gwo atak sou ekip patizan Meriken yo nan Syria
-Finalman Kolonbyen ki nan prizon ann Ayiti depi plis pase 2 lannen pou sasinay ti komik Jovenel Moise yo koumanse parèt devan jij
-Arabi Saoudit kondane yon sitwayen yo Mohammed bin Nasser al-Ghamdi pou yo touye l paske l pataje mesaj kont gouvènman peyi a nan medya sosyal
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Aug 30, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 30 out 2023
Wednesday Aug 30, 2023
Wednesday Aug 30, 2023
Bòn Fèt Mèt Bano; Repòtaj Kiba; Ikrèn ap vide dwòn sou Larisi; Nouvo chèf Wagner a rele Anton Yelizarov; Koudeta nan Gabon; Ki ka Ikrèn sizoka Demokrat yo ta bite...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a fè gran frè nou Mèt Bano (Ernest Banatte) 86 rekòt kafe; Nou swete Vanyan an yon Bòn Fèt
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Ikrèn grennen dwòn sou ayewopò Pskov anndan Larisi; Plizyè avyon militè kraze
-Joe Biden koumanse fè aranjman pou lòt peyi ka kontinye sipòte Ikrèn ak gwo zam fann fwa anka Demokrat yo ta pèdi Mezon Blanch lan nan pwochen eleksyon Etazini an
Ti koze ak Mèt Bano
Nouvèl:
-Koudeta kont yon lòt tchoul Lafrans nan peyi Gabon ki la depi 14 lannen; Pèp souvren pran lari pou kore nouvo gouvènman militè a
-Ansyen alatèt Wagner a, Prigozhin, antere; Anton Yelizarov monte kòm nouvo chèk Wagner
-Nou di atansyon pou blan an pa ban nou dilè dwòg Guy Philippe kòm sovè k apral wete nou anba gang
Liy ouvè ak oditè yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons

Tuesday Aug 29, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 29 out 2023
Tuesday Aug 29, 2023
Tuesday Aug 29, 2023
Masak sou egare Pastè Mako yo nan Kanahan; Jovenel-Mèt Dorval, 2 minit apre; Repòtaj Repiblik Dominikèn; Mitrayèt sou moun Nwa nan Jacksonville; Anvwaye Lafrans nan Niger pa p fè yon pa kita, yon pa nago...
***
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou koze Pastè Marcorel Zidor ki "blennde" fidèl legliz li yo (Piscine de Bethesda) epi mennen yo tankou yon lame selès pou y ap kraze gang Jeff Larose nan Kanahan
Repòtaj Kay vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Son Jovenel sou Mèt Dorval
-Yon blan rasis ouvè mitrayèt li sou moun nwa nan Jacksonville nan Florid; Li touye, li blese
-Macron ak Inyon Ewopeyèn sètifye desizyon Anbasadè Lafrans Sylain Itte ki deside defye lòd gouvènman Niger la pou l bay talon l
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Tanpèt tropikal Idalia menase fè gwo dega nan plizyè zòn nan Florid la demen maten
-Jij Tanya Chutkan ki chita sou dosye 6 janvye Donald Trump la anonse se 4 avril 2024 jijman sa a ap koumanse pandan avoka Trump yo te mande ou li fèt jouk an 2026
-Chèf Koredinò a, Kim Jong Un, anonse l ap ame batiman li ki nan penensil Kore a ak zam nikleyè pou l koresponn ak menas aktivite militè Etazini ak Koredisid nan zòn sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Aug 28, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 28 out 2023
Monday Aug 28, 2023
Monday Aug 28, 2023
Ayibobo pou Pè Janmari Vensan; "Town Miting" KOMOKODA fè yè a; Prince Tiecoura Dorleans Desalin; 6 nouvo peyi BRICS yo; Pwogram Biden nan devan jij; Mèsenè toupatou nan mond lan...
****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi, 28 out 2023 a fè 29 lannen depi sasinay Pè Janmari Vensan; Nou jete dlo pou Vanyan an
Ranmase sou "Town Miting" KOMOKODA ki fèt nan Brooklyn nan yè Dimanch lan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dosye 21 eta Etazini pote kont Program Biden nan devan yon jij nan Texas; Chanjman nan aplikasyon "Pwogram Biden" nan
-Diplis sou 6 peyi ki jwenn envitasyon pou yo rantre nan BRICS la; Ki sa sa pral vle di nan reyalite mond lan
-Ki konsekans disparisyon alatèt gwoup Wagner a, Msye Prigozhin; Tout gwo peyi yo genyen òganizasyon mèsenè yo epi yo toupatou nan mond lan
-Delegasyon lapolis Kenya ki t al Ayiti a rive lakay yo apre yo fè eskal NY
-Videyo pran lari ki montre pil ak pakèt manti lapolis Philadelphia sou sasinay
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Aug 24, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 24 out 2023
Thursday Aug 24, 2023
Thursday Aug 24, 2023
Nan emisyon jodi a: Avyon Prigozhin eklate, 10 moun mouri; Pri transpò piblik monte nan vil NY; 6 nouvo peyi BRICS; Premye deba Pati Repibliken an etan Trump ap bay Tucker Carlson entèvyou; Town Miting KOMOKODA nan Brooklyn nan dimanch a 4è
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe
Ti diplis sou sasinay alatèt Wagner a Yevgeniy Prigozhin ak 9 lòt moun ki te nan avyon li a
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Depi dimanch pase pri transpò piblik monte nan vil NY la
-Peyi BRICS yo envite Ajantin, Ejip, Etyopi, Iran, Emira Arab Ini, Arabi Saoudit pou yo ta vin fè pati kowalisyon an
-Premye deba kandida alaprezidans Repibliken yo fèt yè swa pandan Donald Trump ki ta gen plis pase 50 pwen nan sondaj plis pase kandida k vini apre l la t ap bay Tucker Carlson yon entèvyou nan Twitter
Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA 4pm dimanch nan Flanbwayan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

