Episodes

Tuesday Feb 03, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 fevriye 2026
Tuesday Feb 03, 2026
Tuesday Feb 03, 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen vin esplike oditè yo desizyon Jij Ana Reyes sou dosye TPS la; Nouvèl; Kòmantè frè nou Jean Paul Spence; Liy ouvè ak oditè yo; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen vin esplike oditè yo desizyon Jij Federal Ana Reyes nan Washington DC anonse yè swa ki bloke desizyon rejim Donald Trump pou yo te kanpe TPS pou Ayisyen jodi a
Liy ouvè oditè yo ak Taina
Nouvèl
-Li ta parèt gouvènman Meriken an mande Michel Martelly pou l kite Etazini anvan 19 fevriye 2026
-Anpil moun kontinye wè nwa nan politik gouvènman Delcy Rodriguez la ap mennen ak Etazini pandan Nicolas Maduro ak madanm li nan prizon Trump Ozetazini
-Trump anonse peyi End chavire vin kore politik Etazini an pandan Larisi di li pa okouran End pa p achte nan men l ankò
Kòmantè frè nou Jean Paul Spence
Dejwe - Jean Claude Martineau (Koralen)
Nouvèl:
-Jounal Miami Herald fèk rapòte gwo batiman lagè Etazini akoste nan rad Pòtoprens; Li ta parèt se pou yo asire pouvwa k ap chaje men 7 fevriye a pral fèt ekzakteman jan Etazini vle l la
-Anba gwo presyon Bill ak Hillary Clinton aksepte vin temwanye 26 ak 27 fevriye nan Chanm Depite Meriken an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Feb 02, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 fevriye 2026
Monday Feb 02, 2026
Monday Feb 02, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou "Town Miting" KOMOKODA fè yè dimanch la nan lokal Flanbwayan an
Konbit pou Gofundme pou Jean Wilson Brutus la ap vale teren:
https://www.gofundme.com/f/honoring-jean-wilson-brutus-who-died-in-ice-custody
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Sa m di nan sa - Feliks Moriso Lewa
Nouvèl:
-Konsèy Sekirite Nasyonzini renouvle manda BINUH pou yon lannen, jiska 31 janvye 2027
-Ak 45 milya "Big Beautiful Bill" la mete nan kòfrefò Imigrasyon ICE ap mache achte espas pou yo anprizone imigran tribò babò
-Jij Susan Wigenton nan Newark, NJ fòse ICE lage sitwayen Ayisyen Genor Jean François ICE te arete malgre l te gen TPS
-Trump di TPS pou Ayisyen ap kanpe demen 3 fevriye a; Kouman l pral fè sa la? Epi bò kote noumenm Ayisyen, pou di n bezwen ap pale kòmkwa se lavi nou ki bout si pou tout bon nou ta gen pou n tounen lakay nou?
-Ata ansyen depite Meriken rasis, Repibliken Newt Gingrich di li lè pou etazini konsidere yon amnesty pou tout imigran san papye ak sa k pa gen yon estati pèmanan nan peyi a; Jounalis Repibliken rasis Sean Hannity pwopoze pou imigran k pa gen estati pèmanan yo ta annik peye $2000 pou yo regilarize dokiman yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Thursday Jan 29, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 29 janvye 2026
Thursday Jan 29, 2026
Thursday Jan 29, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Ayibobo pou fanmi yo nan Minnesota ki kenbe presyon sou gouvènman rasis, gwo ponyèt Gwo Moso Donald Trump lan; Nou ankouraje moun nan zòn New York la pou respekte modòd Grèv Jeneral pou dechouke ekip Trump lan
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Ansyen alatèt FIFA a Sepp Blatter anonse li kore modòd pou yon "Boycott" kont Koup Dimond 2026 la pou pwoteste kont politik rasis anti-imigran Gouvènman Trump lan
-Kadejakè Meriken Douglas Perlitz ki te kondane pou l pase 19 lannen 6 mwa an 2010 pou malfezans li te fè ti gason Okap ki te nan Fondasyon Pierre Toussaint, lage depi ane pase pran nan cho apre otorite Etazini jwenn videyo pedofil sou konpitè li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Dimanch Premye fevriye 2026, 3PM: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd, Brooklyn, NY

Tuesday Jan 27, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 janvye 2026
Tuesday Jan 27, 2026
Tuesday Jan 27, 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Nou remèsye fanmi yo ki rele epi ekri nou nan okazyon fèt Dahoud jodi a; Grèv jeneral alawonnbadè pou dechouke ekip ak politik rasis Donald Trump lan; Viv Revolisyon Bolivaryèn nan; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Pale Moun nan Nò - Jean Claude Martineau (Koralen)
Jodi a se fèt Dahoud; Nou remèsye fanmi yo ki pataje lanmou ak nou; Liy ouvè ak oditè yo
Mizik ak pawòl selebrasyon, fòs, ak kouraj
Nikaragwa - Moriso Lewa
Mobilizasyon pou manif k ap fèt jedi pou salye memwa Alex Jeffrey Pretti ajan ICE touye samdi a; Koukouwouj pou grèv jeneral alawonnbadè
Ranmase ak refleksyon nou entèvyou emisyon "Against the Grain" fè 14 janvye ak Mark Weisbrot
Mèsi Papa Desalin - Moriso Lewa
Anons
-Dimanch Premye fevriye 2026, 3PM: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd, Brooklyn, NY

Monday Jan 26, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 janvye 2026
Monday Jan 26, 2026
Monday Jan 26, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Liy ouvè ak oditè yo; Nouvèl; Dyalòg ak frè nou Jafrikayiti; Anons ...
*******
Entwo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Meriken ak Kanada di yo pa aksepte revokasyon Alix Didier Fils-Aimé a epi yo mete sanksyon sou 2 nan konseye preyidan restavèk yo ki kontinye ap fè wondonmon
Ajan ICE yo nan Minnesota sasinen Alex Jeffrey Pretti, yon lòt sitwayen Meriken ki te kanpe anfas politik rasis yo samdi a; Ayibobo pou grèv jeneral ki fèt nan Minnesota vandredi a; Amnesty General pou tout imigran ki pa gen dokiman pèmanan nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-"Chairman for Life" nan "Board of Peace" Donald Trump lan mande envestisman 1 milya dola pou Gaza epi li tou anonse ki peyi ki ka patisipe epi ki peyi li pa p pran ladan l
Dyalòg ak frè nou Jafrikayiti:
-Joujou Lakomedi nan Davos
-Ki moun k ap viktim tout bon nan dosye Groenland yo
-Kidnaping Nicolas Maduro
Nèj ak fredi mande anraje nan zòn NY la epi plizyè eta atravè Etazini
Anons
-Dimanch Premye fevriye 2026, 3PM: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd, Brooklyn, NY

Thursday Jan 22, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 22 janvye 2026
Thursday Jan 22, 2026
Thursday Jan 22, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Gwo chirepit nan mitan restavèk yo nan Pòtoprens: KPT yon bò vote "legalman" pou revoke Fils-Aimé; Primati yon bò di se li k konn fè, se li k ap fè; Mèsenè ap tape gang teworis ki jodi a nan kouri; Anbasadè Meriken an di nenpòt moun ki manyen tchoul li Fils-Aimé sanksyon nan bounda w
-Plizyè Demokrat nan komisyon chanm depite Meriken an k ap envestige dosye Epstein nan al jwenn Repibliken pou yo vote pou rekòmande sanksyon kont Bill ak Hillary Clinton ki refize vin temwanye devan komisyon an
-ICE mete enfòmasyon sou yon sitwayen Kiben Geraldo Lunas Campos ki mouri nan men yo nan koumansman mwa janvye a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 21, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 21 janvye 2026
Wednesday Jan 21, 2026
Wednesday Jan 21, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Anons; Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Paraison di l gen kontwòl teritwa peyi a epi l ofri teworis yo yon dènye chans pou yo rann tèt yo ba lapolis
-KPT restavèk la di 20 lannen prizon pou nenpòt moun (jounalis) ki manke chèf dega; Menm si gen prèv yo nan vòlè pèsonn pa gen dwa rele yo vòlè
-Gwo Moso Donald Trump ap taye banda nan Davos: Li tchwipe diskou Premye Minis Kanada a epi l di si se pa t pou Tazini pa t ap gen yon peyi k rele Kanada; Li di lè l leve maten an li deside l pa p voye lame l al pran Greenland men nenpòt peyi ki pa dakò pou Tazini vin posede Greenland l ap make yo nan ti kaye li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jan 20, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 janvye 2026
Tuesday Jan 20, 2026
Tuesday Jan 20, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Jodi a fè Gwo Moso yon lannen opouvwa; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Petisyon tèt bòbèch Haiti Liberté; Eugenia! Se pa ou k ta fè Ayiti sa; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi 20 janvye 2026 la fè yon lannen depi "Gwo Moso" Donald Trump retounen opouvwa Ozetazini: Ki bilan? Ki kote sa ap rive?
Petisyon tèt bòbèch Haiti Liberté
Zanmi nou Eugenia Charles ba nou gwo sezisman!
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Trump lage yon imaj drapo Meriken an sou Kanada, Greenland, Venezuela, ak Kiba kòmkwa li pare pou l poze lapat sou peyi sa yo
-Manifestasyon nan Iran lakòz 5,000 moun pou pi piti mouri; Mannèv lènnmi Iran yo pou eksplwate manifestasyon yo; Mesaj Iran pou Etazini ak tout lòt lennmi li yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jan 19, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 janvye 2026
Monday Jan 19, 2026
Monday Jan 19, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Rapò sou manif D12 manifesyasyon ap fè nan Brooklyn nan pou make jounen Martin Luther King, Jr. a; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se jou peyi Etazini selebre lavi Martin Luther King, Jr.; Refleksyon nou sou eritaj Vanyan an
Entèvyou ak Colette Pean, responsab nan December 12th Movement sou manifesyasyon y ap fè nan Brooklyn nan jodi a pou make jounen Martin Luther King, Jr. a
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan UNIA epi frè nou Vilcere Romulus, manm KOMOKODA ki nan manifestasyon an tou
Nouvèl:
-Lis 75 peyi Meriken kanpe sou aplikasyon viza yo
-7 peyi CARICOM koube anba presyon Gwo Moso Donald Trump pou yo aksepte resevwa moun ki pa soti lakay yo nen men Etazini; Ala wont pou St. Kitts ak Nevis epi pou Ralph Gonsalves, ansyen Premye Minis St. Vincent ak Grenadines
-Blan Meriken Kim Ives ki se mèt jounal Haiti Liberté, dòmi epi anplis li se pòtpawòl gang yo k ap teworize pèp Ayisyen an li reve li ta ka pòtpawòl tout pèp Ayisyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Dimanch Premye fevriye 2026, 3PM: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd, Brooklyn, NY

Thursday Jan 15, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 15 janvye 2026
Thursday Jan 15, 2026
Thursday Jan 15, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Jodi 15 janvye 2026 la t ap fè Martin Luther King, Jr. 97 lannen si l te la toujou, Nou jete dlo pou Vanyan an; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Gouvènman Trump lan anonse Etazini koumanse vann luil Venezyela: Yo di $500 milyon k ap rantre nan premye lavant lan ap separe ant pèp Etazini ak pèp Venezyela, konpayi Meriken yo ki envesti nan luil la, epi gouvènman Meriken an
-Fanmi konpatriyòt nou Jean Wilson Brutus ki mouri nan men ICE 12 desanm 2025, nan landemen jou yo te arete l epi mete l nan Sant Detansyon Delaney nan Newark, NJ mande yon otopsi endepandan afòs yo reyalize ICE ap bay manti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

