Episodes

Tuesday Jan 20, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 janvye 2026
Tuesday Jan 20, 2026
Tuesday Jan 20, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Jodi a fè Gwo Moso yon lannen opouvwa; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Petisyon tèt bòbèch Haiti Liberté; Eugenia! Se pa ou k ta fè Ayiti sa; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi 20 janvye 2026 la fè yon lannen depi "Gwo Moso" Donald Trump retounen opouvwa Ozetazini: Ki bilan? Ki kote sa ap rive?
Petisyon tèt bòbèch Haiti Liberté
Zanmi nou Eugenia Charles ba nou gwo sezisman!
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Trump lage yon imaj drapo Meriken an sou Kanada, Greenland, Venezuela, ak Kiba kòmkwa li pare pou l poze lapat sou peyi sa yo
-Manifestasyon nan Iran lakòz 5,000 moun pou pi piti mouri; Mannèv lènnmi Iran yo pou eksplwate manifestasyon yo; Mesaj Iran pou Etazini ak tout lòt lennmi li yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jan 19, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 janvye 2026
Monday Jan 19, 2026
Monday Jan 19, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Rapò sou manif D12 manifesyasyon ap fè nan Brooklyn nan pou make jounen Martin Luther King, Jr. a; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se jou peyi Etazini selebre lavi Martin Luther King, Jr.; Refleksyon nou sou eritaj Vanyan an
Entèvyou ak Colette Pean, responsab nan December 12th Movement sou manifesyasyon y ap fè nan Brooklyn nan jodi a pou make jounen Martin Luther King, Jr. a
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan UNIA epi frè nou Vilcere Romulus, manm KOMOKODA ki nan manifestasyon an tou
Nouvèl:
-Lis 75 peyi Meriken kanpe sou aplikasyon viza yo
-7 peyi CARICOM koube anba presyon Gwo Moso Donald Trump pou yo aksepte resevwa moun ki pa soti lakay yo nen men Etazini; Ala wont pou St. Kitts ak Nevis epi pou Ralph Gonsalves, ansyen Premye Minis St. Vincent ak Grenadines
-Blan Meriken Kim Ives ki se mèt jounal Haiti Liberté, dòmi epi anplis li se pòtpawòl gang yo k ap teworize pèp Ayisyen an li reve li ta ka pòtpawòl tout pèp Ayisyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Dimanch Premye fevriye 2026, 3PM: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd, Brooklyn, NY

Thursday Jan 15, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 15 janvye 2026
Thursday Jan 15, 2026
Thursday Jan 15, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Jodi 15 janvye 2026 la t ap fè Martin Luther King, Jr. 97 lannen si l te la toujou, Nou jete dlo pou Vanyan an; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Gouvènman Trump lan anonse Etazini koumanse vann luil Venezyela: Yo di $500 milyon k ap rantre nan premye lavant lan ap separe ant pèp Etazini ak pèp Venezyela, konpayi Meriken yo ki envesti nan luil la, epi gouvènman Meriken an
-Fanmi konpatriyòt nou Jean Wilson Brutus ki mouri nan men ICE 12 desanm 2025, nan landemen jou yo te arete l epi mete l nan Sant Detansyon Delaney nan Newark, NJ mande yon otopsi endepandan afòs yo reyalize ICE ap bay manti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 14, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 14 janvye 2026
Wednesday Jan 14, 2026
Wednesday Jan 14, 2026
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an pandan ane 2025 lan; Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Gen yon Ayisyen ki depite nan eta Florid ki vini ak yon pwopozisyon lwa ki vle fè lavi imigran ki pa gen yon estati pèmanan vin yon lanfè
-Repibliken yo nan Chanm Depite a nan Washington ap fè gwo menas sou Bill ak Hillary Clinton pou yo vin temwanye nan dosye Epstein nan
-6 peyi CARICOM fè antant ak Meriken pou yo resevwa imigran Karibeyen Meriken deside depòte; St Kitts ak Nevis ki se yonn nan peyi sa yo epi ki alatè CARICOM di peyi li pa p pran predatè seksyèl, asasen, ak Ayisyen
-Fim Alain Martin sou okipasyon Meriken 1915 lan ateri nan gran sal sinema nan Kalifònya; Gen yon seksyon sou travay KOMOKODA nan fim nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jan 13, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 janvye 2026
Tuesday Jan 13, 2026
Tuesday Jan 13, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Ranmase ak son manifestasyon KOMOKODA devan Fondasyon Clinton pou make 16 lannen depi Goudougoudou a; Liy ouvè ak oditè yo; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Emisyon espesyal sou 16 lannen depi Goudougoudou a; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase ak son manifestasyon KOMOKODA devan Fondasyon Clinton pou make 16 lannen depi Goudougoudou a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Emisyon espesyal sou 16 lannen depi Goudougoudou a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jan 08, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 8 janvye 2026
Thursday Jan 08, 2026
Thursday Jan 08, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman Imigrasyon ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen: sè nou Taina Exant ak nouvo direktris òganizasyon an Aline Gué nan stidyo ak nou; Rapò sou jijman k ap fèt aktyèlman nan Washington sou dosye TPS pou Ayisyen an
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 07, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 7 janvye 2026
Wednesday Jan 07, 2026
Wednesday Jan 07, 2026
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an pandan ane 2025 lan; Nou bay non yo chak epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin; Nouvèl; Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nou soti nan doktrin Monroe an 1823, vwala nou tonbe jodi 2026 la nan doktrin Donroe; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an pandan ane 2025 lan; Nou bay non yo chak epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Tazini sezi yon batiman luil ak drapo Larisi nan mitan lanmè; Yo di li te vid
Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nou soti nan doktrin Monroe an 1823, vwala nou tonbe jodi 2026 la nan doktrin Donroe; Trump di yonn apre lòt l ap mache sou TOUT lènmi Tazini yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons:
-Lendi 12 janvye 2026, 2pm: Manif devan Fondasyon Clinton pou make 16 lannen depi Goudougoudou a

Tuesday Jan 06, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 6 janvye 2026
Tuesday Jan 06, 2026
Tuesday Jan 06, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Repòtaj andirèk sou manifestasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen nan jijman k ap fèt pou TPS nan tribinal Washington DC; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou dosye kidnaping Maduro a; Ki kontribisyon kominote nou an ap pote nan ranvèse kidnaping Maduro a; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Repòtaj andirèk sou manifestasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen nan jijman k ap fèt pou TPS nan tribinal Washington DC
Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou dosye kidnaping Maduro a
Ki kontribisyon kominote nou an ap pote nan ranvèse kidnaping Maduro a
Anons
-Lendi 12 janvye 2026, 2pm: Manif devan Fondasyon Clinton pou make 16 lannen depi Goudougoudou a

Monday Jan 05, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 5 janvye 2026
Monday Jan 05, 2026
Monday Jan 05, 2026
Se yon emisyon inèd tan nou te gen chans prezante jodi a:
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Bòn fèt Pedro; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Etazini anvayi Venezyela, tchwe yon kantite moun epi kidnape Prezidan peyi a Nicolas Maduro ak madanm li; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Etazini anvayi Venezyela, tchwe yon kantite moun epi kidnape Prezidan peyi a Nicolas Maduro ak madanm li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Lendi 12 janvye 2026, 2pm: Manif devan Fondasyon Clinton pou make 16 lannen depi Goudougoudou a

Thursday Jan 01, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi Premye janvye 2026
Thursday Jan 01, 2026
Thursday Jan 01, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Mizik ak pwezi pou ba nou fòs pou nou kontinye goumen pandan ane 2026 la; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Mizik ak pwezi pou ba nou fòs pou nou kontinye goumen pandan ane 2026 la
Anons

