Episodes

Tuesday Sep 16, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 septanm 2025
Tuesday Sep 16, 2025
Tuesday Sep 16, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Rapò ak son manif KOMOKODA devan Haiti Liberté; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence; Liy ouvè ak oditè yo; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj ak son manifestasyon KOMOKODA devan lokal jounal Haiti Liberté vandredi 12 septanm ki sot pase a
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou manifestasyon KOMOKODA devan lokal Haiti Liberté epi sou Ayisyen yo nan dyaspora a ki gen pretansyon se dyaspora k apral "sove" Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Yon ajan ICE tire epi touye Silverio Villegas-Gonzalez nan Franklin Park nan Chicago
Anons

Monday Sep 15, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 septanm 2025
Monday Sep 15, 2025
Monday Sep 15, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Istwa Jean Claude Martineau (Koralen) "Twa Pa"; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA devan jounal Haiti Liberté pou denonse kolaborasyon yo ak gang teworis "Viv nan San" yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Mèkredi k sot pase a ekip Trump lan voye 4yèm avyon depòtasyon yo nan peyi nou; Konparezon ak kote Biden te ye ak depòtasyon yo sa gen 4 lannen
-U.S. District Judge Mary McElroy bloke desizyon ekip Trump lan pou anpeche moun ki pa gen papye jwenn èd federal
-Ti komik lakay yo fè konnen 85% elektora Ayiti a anrejistre epi pare pou y al vote nan referanndòm ak eleksyon #4
-Yon gouvènman ki pote tout kalte gwo non Kominis, Mawoyis, Maksis, Leninis nan peyi Nepal tonbe pou koripsyon, dwèt long, abi pouvwa ak represyon sou pèp la
-Dènye nouvèl sou sasinay rasis Charlie Kirk
Istwa Jean Claude Martineau (Koralen) "Twa Pa"
Gwo reyinyon nan Anbasad Ayiti nan Washington ant oligak yo, gouvènman Ayisyen restavèk la, ak kèk bizismann ak palmantè Meriken pou yo wè si ya rekanpe lwa HOPE/HELP la
Anons

Thursday Sep 11, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 11 septanm 2025
Thursday Sep 11, 2025
Thursday Sep 11, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
11 septanm 1973 nan Chili; 11 septanm 1988 ann Ayiti; 11 septanm 1993 ann Ayiti; 11 septanm 2001 Ozetazini
Sasinay rasis MAGA Charlie Kirk ak son kote msye t ap dekri migran Ayisyen kòm kadejakè k apral vin domine moun Ozetazini
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan jounal Haiti Liberte, demen a 3è; Frè nou Jean Paul Spence k ap ankouraje oditè yo vini pote lamenfòt
Nouvèl:
-Deklarasyon Ti Komik Alix Didier Fils-Aimé, OEA, CARICOM pou yo di jan yo kwè nan nouvo plan Meriken pou sove Ayiti a
Ayisyen anndan kou deyò peyi a di tout salòp yo nou pa p chwazi ant kolera ak kansè
Anons

Wednesday Sep 10, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 10 septanm 2025
Wednesday Sep 10, 2025
Wednesday Sep 10, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Anons; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Ti koze ak ti frè nou Ezayi Jil, responsab nan MOLEGHAF; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista
Ti koze ak frè nou Ezayi Jil, manm òganizasyon MOLEGHAF sou enpòtans pou kominote a vin kore manifestasyon KOMOKODA ap fè 3pm vandredi 12 septanm nan devan lokal Haiti Liberte a
Anons

Tuesday Sep 09, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 septanm 2025
Tuesday Sep 09, 2025
Tuesday Sep 09, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Refleksyon gran frè nou Mèt Bano (Ernest Banatte) sou sitiyasyon peyi nou; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Refleksyon gran frè nou Mèt Bano (Ernest Banatte) sou sitiyasyon kominote a epi sitiyasyon peyi nou; Dyalòg sou yon potansyèl "Konferans Nasyonal", ki moun ki ta ka ladan l epi kote sa ka mennen nou
Nouvèl:
-Yè Prezidan Kenya a William Ruto anonse li lage pye l, l ap rantre tout sòlda li yo lakay li; Kòm li konvenki se ofisye l yo ki te kenbe peyi nou, li mande "kominote entènasyonal" la asire tout bagay nan plas yo pou Ayiti pa efondre nèt apre l ale
-Ekip Trump lan voye email ba Ayisyen ki te rantre nan pwogram Biden nan mare pakèt yo pou yo tounen lakay li; Yo di yo tèlman gen bon kè y ap peye vwayaj avyon an epi y ap fè chak grenn Ayisyen ki tounen kado mil dola vèt!
Liy ouvè ak oditè
Anons

Monday Sep 08, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 septanm 2025
Monday Sep 08, 2025
Monday Sep 08, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Ti koze ak frè nou Borgela Philistin Jr. ki nan koridò lanmò (Deathrow) nan Pennsylvania; Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, direktris Flanbwayan Haitian Literacy Project; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Gouvènman Meriken anonse apati mwa Oktòb la Ayisyen pral blije al fè randevou Anbasad Ameriken yo nan Bahamas; Vandredi a PM Bahamas la di peyi l pa yon savann
-FAA ranvwaye dat pou avyon komèsyal Meriken ateri Ayiti pou mas 2026
-Anons 3 septanm Depatman Homeland Security pou anile TPS pou Venezyelyen yo; Nouvo desizyon jij Federal Edward Chen ki kase desizyon 3 sepetanm ekip Trump la
-Li parèt restavèk lakay nou yo, CARICOM, ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an yo tout koube yo devan pwojè 5,500 Fòs pou kraze gang Meriken an
Ti koze ak frè nou Borgela Philistin Jr. ki nan pèn lanmò nan Pennsylvania depi 1995
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, direktris Flanbwayan Haitian Literacy Project sou lekòl ki fèk ouvè pou ane 2025-2026 la epi sou anivèsè 20 lannen Flanbwayan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Sep 04, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 4 septanm 2025
Thursday Sep 04, 2025
Thursday Sep 04, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Goudougoudou frape peyi Afghanistan; Plis pase 2000 moun mouri epi 3,500 blese
-Lachin fè 4 jou aktivite pou selebre 80yèm anivèsè viktwa peyi yo sou Japon; Xi Jinping bradsou bradsa ak Putin ak Kim Jong Un alatèt gwo parad militè ak zam dènye kri
-Ekip Trump lan sanble l ta ofri majistra NYC a Eric Adams ak kandida Repibliken an Curtis Sliwa djòb federal pou yo ka wete kò yo nan eleksyon mwa novanm nan pou fasilite yon viktwa Andrew Cuomo sou Zoran Mamdani
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Sep 03, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 3 septanm 2025
Wednesday Sep 03, 2025
Wednesday Sep 03, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Ti koze ak frè nou aktivis Imigrasyon Kanada Frantz Andre sou dènye devlopman nan dosye a; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Bòn Fèt Manman Baz Jaklin Salnav!
Nouvèl:
-Gad Kot Meriken mennen 191 Ayisyen yo te kenbe sou lanmè tounen Ayiti
-Gouvènman Dominiken anonse soti Premye janvye 2025 rive 31 out 2025 li voye 250,000 "Ayisyen" tounen Ayiti; Pwoblèm nan sè ke yon bon kantite nan yo se moun ki fèt nan Repiblik Dominikèn
-Konpayi Dominiken Cilpen Global jwenn kontra pou l enstale yon faktori pou jere fatra nan Limonad pou tout zòn Nò peyi a
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista
Ti koze ak frè nou aktivis Imigrasyon Kanada Frantz Andre sou dènye devlopman nan dosye a epi fason peyi Kanada ap chache bouche fenèt ki pèmèt fanmi nou yo rantre Kanada "legalman"
Anons

Tuesday Sep 02, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 septanm 2025
Tuesday Sep 02, 2025
Tuesday Sep 02, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Ranmase sou konferans CEMOTAP sou inite nan kominote nwa a ki te fèt samdi 30 out la; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence; Liy ouvè ak oditè yo; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase nou sou konferans CEMOTAP sou inite nan kominote nwa a ki te fèt samdi 30 out la
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou mèsenè Ameriken dorijin Ayisyen Rod Joseph ak mèsenè Meriken Erik Prince ki se 2 chen menm mèt; Pawòl ki di se dyaspora Ayisyen an ki onèt epi konpetan epi k apral kite peyi blan pou n al sove Ayiti a se yon blag ki ta dwe fè tout moun ri
Liy ouvè ak oditè
Nouvèl:
-Jedi pase Israel ak Etazini tire misil ki sasinen Premye Minis Houthi a epi an revanch Houthi yo atake yon gwo batiman komès Israel k ap sikile ak drapo Liberia
-Gwo Moso Donald Trump anonse l apral bay ansyen majistra rasis vil New York la pi gwo meday lonè ak merit yo ka bay yon sitwayen nan peyi a
Anons

Monday Sep 01, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye septanm 2025
Monday Sep 01, 2025
Monday Sep 01, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anpil moun ap chache Michel "Sweet Micky" Martelly sou Parkway a, yo pa jwenn li; Nouvèl; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Ti koze ak sè nou Micherline Islanda Aduel; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Kòmantè nou sou mesaj k ap sikile nan medya sosyal yo kote gen yon fanmi ki idantifye tèt li kòm yon manm KOMOKODA k ap mande tout moun bat bravo pou KOMOKODA paske Martelly pa sou Parkway a jodi a
Nouvèl:
-Etazini pwopoze yon nouvo plan MINISTA pou "mete lòd" ann Ayiti; Alatèt Nasyonzini Antonio Gutteres di se Kenya ki pou ranfòse; OEA di plan pa l la pi bon
-Yon aksidan machin ak 2 blennde Kenya nan zòn Pelerin 9 lakòz yon Kenya ak yon sitwayen Ayisyen mouri epi 8 lòt blese
-Pawòl ap pale pou leta ta mete yon nouvo taks tankou dola senkant lan sou dyaspora a pou kouvri depans sekirize peyi a
-Gouvènman Kanada ap chache pase nouvo lwa pou bloke imigran ki vle aplike pou azil lakay yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Micherline Islanda Aduel, responsab nan seksyon jèn Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen sou eta li jwenn gang teworis "Viv nan San" yo kite Dèlma 32, katye lakay li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

