Episodes

Monday Mar 02, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 mas 2026
Monday Mar 02, 2026
Monday Mar 02, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Etazini ouvè lagè sou Iran; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons:
-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Refleksyon nou sou Etazini ouvè lagè sou Iran
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
Bill ak Hillary Clinton bay temwanyaj yo devan komisyon Epstein nan nan Chappaqua
Nouvèl sou lagè Etazini ouvè sou Iran an ki tonbe anba je nou
-Gwo van, ti lapli - USS Gerald Ford la ki se pi gwo pòt avyon Meriken genyen chaje ak pwoblèm ki ka anpeche l kontinye ap fè travay li
-Enfòmasyon nou jwenn sou desizyon Gid Siprèm Ayatollah Kamenei ki fè l mouri jan l mouri a
-Jodi a nou aprann Mansoureh Khojasteh Bagherzadeh madanm Ayatollah Khamenei ki te blese grav mouri tou
-Nouvèl tonbe jodi a bri lanmò ansyen Prezidan Iran Mahmoud Ahmadinejad ki t ap kourii a se te yon malatchong; Li byen vivan; Li pa t kote Meriken t al bonbade pou touye l la
-Iran di pa gen negosyasyon ak Meriken
Liy ouvè ak oditè yo
Anons:-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Thursday Feb 26, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 26 fevriye 2026
Thursday Feb 26, 2026
Thursday Feb 26, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; ; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Yon ekip 10 moun ak zam nan yon bato ki sot Florid rive nan dlo teritwa Kiba epi tire sou militè Kiben ki t ap pwoteje fwontyè peyi yo; 4 mouri epi rès yo anba kòd:
https://www.youtube.com/watch?v=NunBpUX3PsY
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-50yèm rankont chèf gouvènman CARICOM yo fèt nan Brastè, Sent Kitts ak patisipasyon "Little Marco" Rubio
-Hillary Clinton sèmante devan Komite Epstein nan li pa sonje l te janm rankontre Epstein, li pa janm monte avyon li, al lakay li, oswa nan zile msye a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Wednesday Feb 25, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 25 fevriye 2026
Wednesday Feb 25, 2026
Wednesday Feb 25, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Peyi k ap reziste presyon Meriken epi k ap fè solidarite ak Kiba
Nouvèl:
-Gangstè Meksiken El Mencho tonbe nan twoke kout bal ak lapolisnan Meksik
-Diskou 2zèd tan Donlad Trump devan Kongrè Meriken an sou kondisyon Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Tuesday Feb 24, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 fevriye 2026
Tuesday Feb 24, 2026
Tuesday Feb 24, 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Lapolis Dominiken arete Dr. Wilbert Polanco Sanz pou kadejak sou yon Aysyèn
Nouvèl
-Ti komik restavèk lakay yo ponn yon plan pou "stabilite ak eleksyon"
-Priyorite dyaspora a
-Alix Didier Fils-Aimé ki pote tit Premye Minis ilegal epi ilejitim peyi a kite peyi a jodi a pou l ale nan reyinyon CARICOM nan St. Kitts & Nevis
-Premye Asanble CARICOM ak Inyon Ewopeyen an fèt semèn pase nan Antigua ak Barbuda
-2 gwo dosye nan kominote Ayisyen an nan Miami: Federal la lanse denatiralizasyon ansyen majistra North Miami a Philippe Bienaimé pou fwod nan domèn imigrasyon; Lapolis Miami-Dade arete Pastè Elco Vallier ki gen 50 an pou agresyon seksyèl sou yon tifi 15 lannen
-Jounalis endepandan jwenn dokiman dosye Epstein nan ki konsène Donald Trump Depatman Lajistis Meriken t ap eseye kache
-Pawòl nan lari a di jeneral ki pi wo grade nan chèn militè Meriken an ta di Donald Trump pinga l vanse nan atak sou Iran an men li ta parèt Gwo Moso pa vle tande
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Thursday Feb 19, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 19 fevriye 2026
Thursday Feb 19, 2026
Thursday Feb 19, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Anons lanmò sibit sè nou ekriven Cleopatra Egypt; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons lanmò sibit sè nou ekriven Cleopatra Egypt
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Arestasyon "Prince" Andrew nan Angletè pou krim li enplike nan dosye Jeffrey Epstein nan
-Vatican boude "Board of Peace" Donald Trump lan
-Depatman Deta mete yon milyon dola vèt sou tèt chèf gang teworis "Johnson Andre alyas "Izo 5 segond"
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Feb 18, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 18 fevriye 2026
Wednesday Feb 18, 2026
Wednesday Feb 18, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Reprezantan Babad nan CARICOM David Comissiong fè peyi CARICOM yo sonje yo tout gen yon dèt anvè peyi Kiba
-Jij Ana Reyes di anti-imigran rasis ak omofòb yo, patizan Donald Trump yo poze, ke yo pa p rive entimide l
-Oligak Ayisyen Francois Reynold Deeb anboche yon fim relasyon piblik Meriken pou ede l lave imaj sal li
-Zelensky pèdi batay epi li kontinye ap fè gwo kòlèt
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Feb 17, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 fevriye 2026
Tuesday Feb 17, 2026
Tuesday Feb 17, 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Jesse Jackson fè travèse li; Refleksyon konpatriyòt Jean Paul Spence; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Etazini fèmen biwo DEA nan Santo Domingo tèlman gen koripsyon k ap fèt ladan l
Aktivis Meriken Nwa Jesse Jackson fè travèse li jodi a
Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou sitiyasyon lakay
Botpipèl - Moriso Lewa
Nouvèl
-Bonis pou imigran ki aksepte vire do yo kite Etazin pa $1,000 ankò; Depi kèk jou se $2,600
-Thomas Pritzker ki te alatèt chèn otèl Hyatt bay demisyon li akoz enfòmasyon sou chawony li te konn patisipe ladan l nan dosye Epstein nan
-Hillary Clinton rele anmwe pou fason depatman jistis Meriken ap trennen pye l nan mete tout enfòmasyon dosye Epstein nan deyò
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Monday Feb 16, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 fevriye 2026
Monday Feb 16, 2026
Monday Feb 16, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Refleksyon sou Vye Yole mwen an ki fè vwèl pou peyi san chapo; 7 fevriye 1991; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon m sou lanmò Vye Yole mwen an epi remèsiman pou tout fanmi ki ba nou fòs pou n bouske chimen an
Anons
Nou pa p kite malfèktè yo efase 7 fevriye 1991 nan memwa pèp Ayisyen an
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Nan figi lemond antye gouvènman Meriken an sèmante menm jan l kidnape Nicolas Maduro ak madanm li, fèmen yo lakay li, l ap jete gouvènman Kiben kanmenm
-Etazini renouvle lwa HOPE/HELP la soti septanm 2025 lè l te ekspire a rive jiska desanm 2026
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Thursday Feb 05, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 5 fevriye 2026
Thursday Feb 05, 2026
Thursday Feb 05, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Anons; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Madi yè a Prezidan Kolonbi a Gustavo Petro te nan Mezon Blanch al pran lang ak Gwo Moso Donald Trump; Trump di se jan l pran Maduro a ki fè Petro pise nan kanson l
-Gouvènman Delcy Rodriguez la ak Palman an nan Venezyela vote yon nouvo lwa k ap jere fason luil Venezyela a ap vann
-Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Gutteres di si Etazini pa kontinye bay òganizasyon kontribisyon l te toujou ap bay la (apeprè 25% bidjè a) bwat fatra a ap fè fayit
-Gouvènman Meriken an vote repreantan li nan Mali pou l al esplike Alyans peyi Sahel yo se yon sèl chimen k mennen nan paradi, nan demokrasi; Si yo pa vire do yo bay Larisi ak Lachin sa l wè pou yo Antwàn nan Gonmye pa wè li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Feb 04, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 4 fevriye 2026
Wednesday Feb 04, 2026
Wednesday Feb 04, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Konbit pou sipò pou emisyon Eritye Papa Desalin; Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou sipò pou emisyon Eritye Papa Desalin
Wout Dahoud ki mennen li nan Eritye Papa Desalin ak KOMOKODA
Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Nouvèl tonbe Saif al-Islam Gaddafi, pitit Muammar Gaddafi mouri sasinen yè lakay li nan Libi
Refleksyon nou sou atik “This Is Not America” Is the Most Dangerous Lie We Keep Telling Ourselves - Rashida James-Saadiya ki parèt nan www.truthout.org
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

