Episodes

Tuesday Mar 28, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 mas 2023
Tuesday Mar 28, 2023
Tuesday Mar 28, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Gwo leve kanpe nan peyi Izrayèl kont tantativ Premye Minis Benjamin Netanyahu k ap chache rantre pye li sou pouvwa jidisyè a
-Mobilizasyon san pran souf nan peyi Lafrans kont dekrè Emmanuel Macron sou refòm nan pansyon yo
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Gwo dife nan Pak Nasyonal Makaya nan Gransid peyi a
-Semèn pwochèn Konsèy Dwa Moun nan Nasyonzini ta gen pou fè yon vòt pou l ta deside si l ap ranmase dosye sekirite peyi d Ayiti a
-Lapolis ta tire polisye Lovensky Alphonse etan yo t ap dejwe yon kidnaping maten an
-Dosye kidnaping Jean-Dickens Tousen ak madanm li Abigail Michel Toussaint, 2 jèn Florid yo, okipe gwo plas nan laprès entènasyonal la
Refleksyon nou sou desizyon Etazini ak Kanada pou "fèmen" fwontyè yo Vandredi swa a minui; Kanada ki fèmen tout rantre koridò yo tankou chimen Roxham Rd. lan
Refleksyon nou sou komès k ap fèt ak "pwogram Biden" nan
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Mar 27, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 mas 2023
Monday Mar 27, 2023
Monday Mar 27, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Nou pase ti moso nan diskou Prezidan Aristide nan 5yèm gradyasyon UNIFA ki fèt yè dimanch la nan Taba
Liy ouvè ak oditè yo
Nou jete dlo pou avoka aktivis Randall Robinson ki fè travèse li
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti ranmase sou selebrasyon Eritye Papa Desalin pou mwa Fanm nan ane sa a ki fèt yè nan Flanbwayan
Nouvèl:
-Gouvènman Dominiken an jwenn sipò peyi Panyòl yo nan somè Ibero-Ameriken an pou yon envazyon militè ann Ayiti; Prezidan Kolonbyen an pa dakò ak entèvansyon ak zam nan
-Rezilta vizit Biden nan Ottawa
-Manman gang Madan Lalim ta kite Ayiti yè
-Rodolphe Jaar plede koupab pou wòl li jwe nan sasinay vòlè apatrid Jovenel Moise
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Mar 23, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 23 mas 2023
Thursday Mar 23, 2023
Thursday Mar 23, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Nouvèl:
-Chèf adjwen Konsèy Sekirite Larisi a Dmitry Medvedev di se t ap yon deklarasyon lagè si Almay ta arete Putin epi Larisi t ap bonbade syèj gouvènman Almay
-Chèf peyi Amerik Latin yo ki pale Panyòl ap rankontre wikenn sila a nan Repiblik Dominikèn; Gouvènman Dominiken an di l pral soulve dosye menas Ayiti reprezante pou zòn nan
Ti koze ak frè nou Patrice Dauphin epi ak Jafrikayiti sou Joe Biden k al rankontre Justin Trudeau Ottawa
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Mar 22, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 22 mas 2023
Wednesday Mar 22, 2023
Wednesday Mar 22, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Sa nou konprann nan posibilite arestasyon Donald Trump alyas Gwo Moso a
-Prezidan Lachin nan Xi Jinping kite peyi Larisi apre yon vizit 3 jou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Mar 21, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 mas 2023
Tuesday Mar 21, 2023
Tuesday Mar 21, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou salye gran frè nou militan Meriken Nwa Ralph Poynter ki genyen 89 rekòt kafe jodi a
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou nòt pou laprès Solidarite Quebec-Haiti mete deyò alavèy vizit prezidan Meriken an Joe Biden nan Ottawa
Ti koze ak ti frè nou Edson Jean sou fim li "Ludi" k ap pase Vandredi 24 mas la, 7:30pm nan Teachers College nan Columbia University
Nouvèl:
-Prezidan peyi Lachin Xi Jinping nan Larisi pou gwo bwasay ak Vladimir Putin
-Lejislati peyi Lafrans rate okazyon pou yo te fese do Emmanuel Macron atè akoz 9 grenn vòt
-Prezidan Onndiras la Xiomara Castro vire do bay Taiwan ak Ameriken pou l mare sosis li ak Lachin
-Nasyonzini mete yon rapò deyò ki di ta gen pou pi piti 530 Ayisyen ki mouri nan vyolans gang depi ane 2023 a koumanse jouk rive jodi a; Yon fason pou yo bat tanbou pou fòs etranjè ta rantre nan peyi a
-700 polisye NYPD mobilize nan preparasyon sizoka leta lavil NY ta deside arete ansyen prezidan Meriken an Donald Trump
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Mar 20, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 mas 2023
Monday Mar 20, 2023
Monday Mar 20, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou Etazini ak bizawèl li yo ki mete manda tribinal entasyonal Lahè pou arete Vladimir Putin: yon bèl blag!
-Nou pase vwa ansyen prezidan Meriken Ti Bush k ap esplike sa k fè prezidan Etazini yo pa janm voye dokiman tribinal entènasyonal la bay sena peyi a pou ratifikasyon
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl
-Diplis sou dosye tribinal entènasyonal la ki mande arete Putin
-Lafrans tèt anba apre Macron deside siyen yon dekrè pou aplike refòm sou lwa pansyon an
-Jij federal Meriken ki sou dosye Jovenel la mete baboukèt sou avoka yo
-Ti devlopman nan dosye bank yo nan sistèm Meriken an ki kontinye ap bwè luil epi bay kè sote atravè mond lan
Yon nouvo masak nan Bèlè: Nou pase temwanyaj 2 manman ki akize lapolis ak gang G9 Babekyou kòm responsab nan sasinay pitit yo
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Mar 16, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 16 mas 2023
Thursday Mar 16, 2023
Thursday Mar 16, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nan okazyon 10 lannen depi travèse Vanyan Hugo Chavezm nou jete dlo pou sa li te pote
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou dosye Kanada ak Ayiti:
-Pi gwo jeneral Kanadyen an Wayne Eyre di peyi li pa an mezi mennen operasyon militè ann Ayiti
-Teyat sou dosye Ayiti a nan OEA yè Mèkredi a
-Deklarasyon Ti Justin pou di se pa yon solisyon militè etranje k apral rezoud pwoblèm Ayiti
-Vizit Joe Biden Kanada semèn pwochèn
Manifestasyon Ottawa jodi a pou denonse krim sòlda Kanadyen nan Somali
Jounal Haiti en Marche vire manifestasyon KOMOKODA 9 mas la lanvè; Sa sa vle di?

Wednesday Mar 15, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 15 mas 2023
Wednesday Mar 15, 2023
Wednesday Mar 15, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Anons pou bous detid ELAM (Lèkòl Medsin Latino Meriken nan Kiba); Ti koze ak Hilario sou ELAM
Nouvèl:

Tuesday Mar 14, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 mas 2023
Tuesday Mar 14, 2023
Tuesday Mar 14, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou salye Madam Laurette Mathieu, manman sè nou Mirlande, manm KOMOKODA k ap selebre 103yèm anivèsè nesans li jodi a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Nou li nòt pou laprès òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen mete deyò nan okazyon 23yèm anivèsè masak sou peyizan Pyat yo 12 mas 1990
-Nou pataje nimewo telefòn òganizasyon Haitian Bridge Alliance ak Welcome.us te bay pou Ayisyen k ap chache moun k ap chache esponsè pou pwogram Biden nan
-Diplis sou kriz nan sektè labank lan Ozetazini; Depi wikenn nan anpil moun ap wete lajan yo nan "ti" bank yo pou y al mete l nan "gwo" bank yo konnen gouvènman an pa p kite kraze yo
-Majistra lavil NY la Eric Adams tanmen yon inisyativ pou l voye imigran eta Sid yo voye nan vil la nan lòt eta Ozetazini ak nan lòt vil nan eta NY la
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-"Minis" lajistis ak sekirite gouvènman kwoupyon Ariel Henry a denonse peyi Kanada li di ki manje lajan yo epi l pa voye cha blende li te pwomèt l ap voye yo nan tan pou l ta voye yo
-PNH la enplike chèf gang Vitelhomme nan sasinay Jovenel Moise
-"Minis" edikasyon gouvènman kwoupyon Ariel Henry a denonse vakabon k ap anpeche lekòl fonsyone nan peyi a
-"Minis travo piblik gouvènman kwoupyon Ariel Henry a mande yon privatizasyon EDH ak yon minimòm yon milya dola vèt pou l ta fonksyone nòmalman
-Mesaj Prezidan El Salvador a Nayib Bukele denonse enjerans peyi ki rele tèt yo zanmi peyi li ki fache jodi a lè dosye sekirite a rive jwenn yon solisyon
Liy ouvè ak oditè yo
Anons: Manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Monday Mar 13, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 mas 2023
Monday Mar 13, 2023
Monday Mar 13, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Rapò manifestasyon KOMOKODA te fè devan Konsila Kanada jedi 9 mas 2023 a
Nou pase son manifestasyon son manifestasyon an
Liy ouvè ak oditè yo sou manifestasyon an
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Anons: Manifestasyon KOMOKODA mèkredi 29 mas 2023, 3pm-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Nouvèl:
-Joe Biden pral Kanada nan jou k ap vini yo: Anpil moun kwè se pou l ap bay Ti Justin presyon sou dosye Ayiti a
-Administrasyon Biden nan prezante nan tribinal Entè Amerikèn Dwa Moun OEA pou defann pratik depòte pil ak pakèt Ayisyen pandan l ap fè konprann se rantre l ap ede Ayisyen rantre isit Ozetazini
-Nou salye Majistra Newark, NJ a Ras Baraka ki sot inogire yon estati pou onore Vanyan Harriet Tubman nan espas ki te gen estati Kristòf Kolon manifestan Black Lives Matter yo te dechouke an 2020; Se kote nou ye a, nan moman n ap viv la pou n fè chanjman nou panse ki dwe fèt yo
-Trip kabrit ap pete: Plizyè bank Ozetazini nan difikilte; Moun ki gen lajan labank ap chache asire lajan yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

