Episodes

Tuesday Jun 06, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 6 jen 2023
Tuesday Jun 06, 2023
Tuesday Jun 06, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Apre inondasyon nan plizyè depatman peyi a, goudougoudou frape gransid la yon lòt fwa ankò
-Batiman lagè Chinwa ak Meriken manke fè gwo kolizyon nan lanmè tou pre Taiwan
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Laurent "Mimimyaw" Lamothe pete kriye inonsans li epi anonse li pral lajistis pou Meriken wete sanksyon yo mete sou li yo
-Prosper Avril ki se yon lòt asasen kriminèl deklare li se yon nonm onèt ki pa responsab krim Lame D Ayiti te fè lè l te alatèt peyi a kidonk li pa wè pou ki sa moun fache dèske jounal Le Nouvelliste deside onore li nan "Livres en Folie" ane sa a
Pòtpawòl komite dyaspora nan pati ti komik Claude Joseph la, Jean Sherlin Mesadieu, deklare ekip KOMOKODA ki t al manifeste anfas aktivite yo samdi a se yon ti gwoup mèsenè, manifestan pwofesyonèl
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jun 05, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 5 jen 2023
Monday Jun 05, 2023
Monday Jun 05, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mizik divès jèn atis Wanament fè pou onore Wilner Altidor
Ti koze ak direktris Radio Massacre la Madam Josette Poisson sou lantèman an k fèt jedi pase a, 18 lannen Wilner nan radyo sa a, epi eritaj Wilner kite pou Wanament
Ranmase ak son manifestasyon KOMOKODA te fè samdi a kont prezans machann paspò Claude Joseph nan legliz Bethany French Baptist Church Elmont nan Long Island
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Inondasyon tchwe 42 moun pou pi piti nan plizyè depatman peyi a
-Gwo leve kanpe kont gouvènman Macky Sall la nan Senegal
-Finalman blan an di Lamothe se yon chat mimi epi yon bann Ayisyen fè tankou se jodi a yo konn sa
-Joujou lakomedi ak "lidè" Ayisyen yo nan Jamayik
- Jij ki sou dosye sasinay ti vòlè apatrid Jovenel Moise la nan Miami kondane restavèk yo Rodolphe Jaar pou l pase 45 lannen nan prizon
Liy ouvè ak oditè yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Thursday Jun 01, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi Premye jen 2023
Thursday Jun 01, 2023
Thursday Jun 01, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou remèsye chak grenn fanmi ki te bay patisipasyon yo nan konbit pou ede fanmi an ak depans lantèman frè nou Wilner Altidor; Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou tout fanmi, zanmi, ak kolaboratè Wilner yo
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anfas vòlè apatrid restavèk Claude Joseph k ap nan Bethany French Baptist Church nan 471 Elmont Rd. nan Elmont, Long Island nan samdi a 5:30pm
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
-Ti diplis sou 60 lannen depi Brigad Medikal Kiben an ap feraye atravè mond lan
Ranmase sou nouvèl nou te pataje ak oditè yo nan emisyon Eritye Papa Desalin pandan semèn nan
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday May 31, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 31 me 2023
Wednesday May 31, 2023
Wednesday May 31, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou remèsye chak grenn fanmi ki te bay patisipasyon yo nan konbit pou ede fanmi an ak depans lantèman frè nou Wilner Altidor; Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou tout fanmi, zanmi, ak kolaboratè Wilner yo
Nouvèl:
-Ti diplis sou reyinyon Meriken ak CARICOM anonse sou dosye Ayiti a
-Jounal Nouvelliste anonse Magali Comeau Denis (Akò Montana) ak Pierre Esperance (RNDDH) te nan reyinyon nan Mezon Blanch yè madi a
KOMOKODA aprann vòlè apatrid restavèk Claude Joseph ap bouske kanpay pwomosyon li nan Bethany French Baptist Church nan 471 Elmont Rd. nan Elmont, Long Island nan samdi a 5:30pm; Nou tou anonse pastè Bichotte ak apatrid la n ap manifeste devan legliz sa a samdi apremidi
- Yè apremdi Gwo moso Donald Trump anonse osito l prete sèman apre l fin genyen pwochen eleksyon an l ap elimine pati nan konstitisyon Meriken an ki di tout timoun ki fèt sou teritwa Meriken an se sitwayen peyi a
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Alatèt JP Morgan Chase lan Jamie Dimon temwanye nan dosye Jeffrey Epstein nan; Yon lòt gwo bwa nan JP Morgan Chase ki rele Jes Staley di Dimon pa bay tout verite yo
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday May 30, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 30 me 2023
Tuesday May 30, 2023
Tuesday May 30, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou defen Pè Gerard Jean Juste; Samdi 27 me k sot pase a fè 14 lannen depi l te fè travèse l; Nou pase entèvyou emisyon Lakou NY te fè ak li 18 jiyè 2005
Nouvèl:
-Gouvènman Meriken an di li jwenn 1.5 milyon aplikasyon pou pwogram Biden nan; Nan 4 peyi yo se Ayiti ki ta devan ak 580 mil aplikasyon
--CARICOM nome 3 medyatè pou chita ak politisyen Ayisyen yo 11-13 jen pou yo soti ak yon antant
-rapò CARDH sou Bwa Kale a: Pèp la ta voye pou piti 160 "bandi" al jije devan Senpyè
-dosye asosye Praswell yo
-Prezidan Maduro nan Venezuela fè yon ti kout pye nan Brezil; Meriken pa kontan
-Pri plizyè kategori viza Meriken ap monte jodi a
-American Airlines ap ajoute yon vòl Miami pou Pòtoprens apati mwa out la
Nou pase istwa Jean Claude Martineau (Koralen) ki rele "Twa Pa"
Nouvèl

Monday May 29, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 29 me 2023
Monday May 29, 2023
Monday May 29, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou ede fanmi an ak depans lantèman Wilner
Liy ouvè ak oditè yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Prezidan peyi Latiki a Erdogan ranpòte laviktwa nan dezyèm tou eleksyon lakay li
-Jedi pase a peyi Iran bay ekzibisyon misil nouvèl jenerasyon ki gen kapasite pou yo rive touche Izrayèl
-Larisi arete 3 syantis ki te travay nan pwogram zam Ipèsonik sou akizasyon yo ta pataje enfòmasyon sekrè pwogram nan ak Lachin
Ti koze ak manm òganizasyon RECONOCIDO Elena Lorac ki nan zòn nan ansanm ak Rocio Silverio ki se ansyen manm òganizasyon "We Are All Dominican"
Nouvèl:
Manifestasyon nan Homestead, FL kont lwa diskriminatwa Gouvènè De Santis ki nan konpetisyon pou montre elektora Repibliken an li pi rasis pase Donald Trump

Thursday May 25, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 25 me 2023
Thursday May 25, 2023
Thursday May 25, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou kontinye selebrasyon lavi frè nou Wilner Altidor
Nou pase repòtaj Wilner ak RJM nan Gad Salin
25 me - Jounen Liberasyon Afriken
Nou swete sè nou Ninaj Raoul yon Bòn fèt
Repòtaj Wilner 9 me 2014 sou travay tè ak Peyizan nan Paja, seksyon kominal vil Wanament nan Nòdès la
Nou pase istwa Wilner ki rele Moun fou wè lagè
Nou pase vwa Wilner k ap remèsye administrasyon ak oditè Lakou NY pou kout men li te jwenn aprè lanmò ti sè li ki te Pòtoprens

Wednesday May 24, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 24 me 2023
Wednesday May 24, 2023
Wednesday May 24, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Konbit pou ede fanmi an ak depans lantèman Wilner
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
-Ti koze sou refòm agrè nan peyi Kiba
Nouvèl:
--Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-15 ansyen wograde nan Konsèy Sekirite Nasyonal Etazini mande pou Etazini sispann pwovolke Larisi
Nou kontinye rann omaj ak konpatriyòt Wilner Altidor ki fè travèse li dimanch ki sot pase a;
Nou pase istwa Wilner ki rele Manman Founèt
Konbit pou ede fanmi an ak depans lantèman Wilner
Nou pase istwa Wilner ki rele Lakominyon
Majistra lavil NY la Eric Adams di vil la pa ka pran refijye ankò; Myse vini ak yon pwopozisyon pou l ta mete refijye nan ansyen prizon Rikers Island ak ansyen prizon nan Fishkill anwo "upstate NY"
Nou pase istwa Wilner ki rele Se pa sèl lanmò k lapenn
Liy ouvè ak oditè yo
Nou pase yon ansyen repòtaj Wilner te fè 10 mas 2022 sou kamyon gaz ki te eklate nan zòn Lafòsèt nan vil Okap 13-14 desanm 2021
Nou fini emisyon an ak istwa Wilner ki rele Ou kwè l ap chape

Tuesday May 23, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 23 me 2023
Tuesday May 23, 2023
Tuesday May 23, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Konbit pou lantèman Wilner
Refleksyon nou sou Karl-Udson Azor, jèn gason 30 lannen ki boule tèt li devan moniman Vètyè
Ana Maria sou manif Reconoci.do fè jodi a pou make 9 lannen lwa malatchong Danilo Medina
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Refleksyon Altagracia sou ti tan li te gen chans pase ak Wilner
Nouvèl
Konbit pou lantèman Wilner
Liy ouvè ak oditè yo

Monday May 22, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 22 me 2023
Monday May 22, 2023
Monday May 22, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Se ak anpil tristès n ap anonse travèse ansyen korespondan Lakou NY ak Eritye Papa Desalin, Wilner Altidor
Konbit pou ede fanmi an ak depans lantèman Wilner
Liy ouvè ak oditè yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Konbit pou ede fanmi an ak depans lantèman Wilner
Nou pase 3 pyès travay Wilner Altidor:
-Gran jou sa a
-Ayiti ze kraze nan vant ou
-Yon lanfè san sekou
Nouvèl:
-Ansyen prezidan Lafrans la Nicolas Sarkozy pèdi dènye apèl li nan tribinal; L ap gen pou l fè yon lannen nan prizon lakay li ak brasle elektwonik epi 2 zan anpil nan kondisyon ki mwen sevè
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Sòlda Izboula yo bay Izrayèl ak rès mond lan yon ekzibisyon antrènman yo
Liy ouvè ak oditè yo

