Episodes

Tuesday Oct 17, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 oktòb 2023
Tuesday Oct 17, 2023
Tuesday Oct 17, 2023
Emisyon espesyal pou make 217 lannen depi apatrid yo te fè kò sasinay sou papa nou Janjak Desalin...
********
Entwo
Refleksyon nou sou jou 17 oktòb 2023 a ki make 217 lannen depi sasinay Papa nou, Vanyan Janjak Desalin
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mesaj Prince Tiecoura pou make okazyon an
Mèsi Papa Desalin - Travay Vanyan Moriso Lewa
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ak Manzè Choublak ak Jafrikayiti sou jou 17 oktòb la epi sou manifestasyon Ayisyen nan Ottawa ap fè apremidi a pou denonse rankont Justin Trudeau ak chèf deta CARICOM yo
Refleksyon sè nou Èzili Dantò sou jou 17 oktòb la
Liy ouvè ak oditè yo
Nou li moso nan Deklarasyon Endepandans peyi a
Anons

Monday Oct 16, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 oktòb 2023
Monday Oct 16, 2023
Monday Oct 16, 2023
Manif Vandredi 20 oktòb devan Konsila Kenya; Liv "An Inconvenient Cop" Lyetnan Edwin Raymond ekri; Prezantasyon fim "Tijan Vivan" nan Brooklyn; Nouvèl...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pral fè Vandredi 20 oktòb devan konsila peyi Kenya nan NY
Samdi swa nou te gen chans patisipe nan prezantasyon liv "An Inconvenient Cop" frè nou Lyetnan Edwin Raymond ekri; Se te yon bèl aktivite
Entèvyou ak konpatriyòt Alann Fils-Aimé sou fim "Tijan Vivan" sou lavi ak travay Pè Tijan Pyèlwi k apral pase Vandredi swa 7pm nan 204 Parkside Avenue nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Israel sèmante l ap disparèt Palestinyen yo; Pou ki yon sèman ankò
-Kote nou ye nan dosye Kenya a
-Badè Kòken pran pòz yo rantre nan mouvman kannal la pou yo ka sabote l
-Meriken pete koken ak 6 milya dola lajan Iran
-Donald Trump frape fò sou Netanyahu epi l bat bravo pou entelijans Izboula
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Oct 12, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 12 oktòb 2023
Thursday Oct 12, 2023
Thursday Oct 12, 2023
Segman Imigrasyon ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Mobilizasyon pou fèt 13 an Radio Omega SCA; Nouvèl Burkina Faso; Palestine ak Izrayèl...
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Kanada anonse pwogram "humanitarian parole" pa li, l ap bay 15,000 rezidans pèmanan pou Kolonbyen, Ayisyen, ak Venezyelyen
Nouvèl:
-Gouvènman Burkina Faso anonse apati 15 oktòb gran boulva ki te pote non Charles de Gaule nan kapital peyi a Wagadougou pral rele Boulva Thomas Sankara
-Dènye nouvèl sou batay k ap bwase nan Palestin depi samdi maten; Almay ak Lafrans anonse manifestayon solidarite ak pèp Palestinyen an pa gen dwa fèt lakay yo; Nou pase son vwa 2 juif rasis k ap mande lanmò ak kadejak pou tout sipòtè Palestinyen yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Oct 11, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 11 oktòb 2023
Wednesday Oct 11, 2023
Wednesday Oct 11, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon selebrasyon 13 an Radio Omega k ap fèt samdi pwochen nan restoran Chez Mirelle
Lagè se lagè epi nan lagè pa gen kanpe nan mitan, tout moun chwazi kan yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Pati MAS nan Bolivi fè kongrè i semèn pase epi yo chwazi Evo Morales kòm kandida pati a pou al nan eleksyon nan ane 2025
Dènye nouvèl sou batay k ap bwase nan Palestin depi samdi maten; Izboula ak Siri reponn atak Izrayèl fè sou teritwa yo
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Oct 10, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 oktòb 2023
Tuesday Oct 10, 2023
Tuesday Oct 10, 2023
Repòtaj Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Goudougoudou frape Afghanistan; Abinader pa ka kenbe ankò; Dosye Kenya a sanble l ka pa ka ateri; Israel ap bat kò l pou l renmèt kou a...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nou jete dlo pou plis pase 2,000 fanmi yo yo deja jwenn kadav yo nan goudougoudou ki frape peyi Afganistan samdi a
Abinader anonse l ap louvri fwontyè li demen mèkredi a; Dosye a pa ka tann pandan Ayisyen yo sou fwontyè yomenm yo soude baryè a
Dènye nouvèl sou batay k ap bwase nan Palestin depi samdi maten
Dènye nouvèl sou dosye Kenya ki touche pou l pran tèt envazyon ak okipasyon Meriken lakay nou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Oct 09, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 oktòb 2023
Monday Oct 09, 2023
Monday Oct 09, 2023
Ayibobo pou pèp Palestinyen an; Manif devan Konsila Kenya; Vijil ak Manif pou n sonje 40,000 viktim Trujillo yo; Prens Tiecoura; Nouvèl...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou sè ak frè Palestinyen yo ki nan gwo konba
Repòtaj ak son manifestasyon KOMOKODA te fè Vandredi 6 oktòb devan konsila peyi Kenya nan NY
Ranmase sou vijil ak manifestasyon Africans Rising for Justice fè yè apremidi pou make 86 lannen depi diktatè Dominiken Rafael Trujillo te kowòdone masak "kout kouto" sou 40,000 Ayisyen nan peyi li
-Nou pase temwanyaj 3 viktim masak la
-Nou pase son manifestasyon an
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou sou konpatriyòt "Mario" k ap chache denigre KOMOKODA/Dahoud nan Radio Timoun
Liy ouvè ak oditè yo
Dènye nouvèl sou devlopman batay k ap bwase nan Palestin depi samdi maten
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Oct 05, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 5 oktòb 2023
Thursday Oct 05, 2023
Thursday Oct 05, 2023
Repòtaj Kiba; Mobilizasyon pou manif devan Konsila Kenya demen; Mobilizasyon pou memoryal n ap fè dimanch pou n sonje viktim Trujillo yo...
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan New York la 11am-2pm, Vandredi 6 oktòb, 48th St ak Premye Avenue nan Manhattan
Mobilizasyon pou memoryal ak mach Dimanch 8 oktòb nan memwa 30,000-40,000 Ayisyen Trujillo masakre premye semèn mwa oktòb 1937 yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Oct 04, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 4 oktòb 2023
Wednesday Oct 04, 2023
Wednesday Oct 04, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan New York la 11am-2pm, Vandredi 6 oktòb, 48th St ak Premye Avenue nan Manhattan
Mobilizasyon pou memoryal ak mach Dimanch 8 oktòb nan memwa 30,000-40,000 Ayisyen Trujillo masakre premye semèn mwa oktòb 1937 yo
Liy ouvè ak oditè yo
Palmantè nan Kenya egzije yon vòt sou dosye lapolis Kenya k ta gen pou ale Ayiti yo
Nou pase yon moso nan yon entèvyou Wendell Theodore nan Radio Metropole te fè ak Michel Soukar Mèkredi pase:
-Se gouvènman ki fè devlopman peyi
-Peyi nou pa gen gouvènman
-Le ou La fason pèp la blije pran pouvwa a si n vle peyi a chanje
Anons

Tuesday Oct 03, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 oktòb 2023
Tuesday Oct 03, 2023
Tuesday Oct 03, 2023
Yo vote, Epi; Aktivite Solidarite Ayisyen nan NY; Mèt Fèy Vèt sou gwo pwojè ki rele "Konsome Mayi"; Nouvèl...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Kenya nan New York la 11am-2pm, Vandredi 6 oktòb, 48th St ak Premye Avenue nan Manhattan
Mobilizasyon pou memoryal ak mach Dimanch 8 oktòb nan memwa 30,000-40,000 Ayisyen Trujillo masakre premye semèn mwa oktòb 1937 yo
Refleksyon nou sou vòt Konsèy Sekirite Nasyonzini ki deside voye sòlda Etranje ann Ayiti
Ti koze ak Romany Joseph, manm Solidarite Ayisyen nan NY sou aktivite yo te òganize dimanch lan nan restoran Carl's Corner pou akeyi Ayisyen ki fèk debake nan NY la
Ti koze ak Mèt Fèy Vèt (Harry Nicolas) sou gwo pwojè li ponn apre Kita Nago a ki rele "Konsome Mayi"
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Jij Marthel Jean Claude netwaye plizyè pè nan dosye kagezon zam legliz Episkopal la
-Bill Clinton deklare lavil NY pa ka kontinye sipòte imigran san papye yo pandan yo pa gen papye ki pèmèt yo travay nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Oct 02, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 oktòb 2023
Monday Oct 02, 2023
Monday Oct 02, 2023
Vote pa Vote, Ayisyen ap suiv chimen Papa nou; Manif devan Konsila Kenya nan NY Vandredi, 11am-2pm; Avoka Marcel Denis sou dosye Dola Senkant lan; Nouvèl...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Pitit Janjak Desalin pa pete nan koton ba Konsèy Sekirite LONI santi; Podjab tchoul restavèk nan Kenya
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak avoka Marcel Denis sou dosye Dola Senkant lan apre desizyon Jij LaShann DeArcy Hall pibliye Vandredi a
Nouvèl:
-Yon ansyen Minis Defans Kenya ak yon ansyen jij ki te alatèt pi wo tribinal peyi sa a denonse desizyon gouvènman Kenya pou vyole konstisyon Kenya pou dola vèt
-Ki sa k nan rezolisyon Etazini ak Ekwatè pote a? Kondisyon pou Etazini vanse ak vòt malatchong nan
-Nou sonje koudeta kont pouvwa pèp la 30 Septanm 1991
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-Lakou SIprèm Meriken rejte dosye ki te mande yo anile kandidati Donald Trump sou baz sa k te pase 6 janvye 2021 an
Anons

