Episodes

Thursday Jun 22, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 22 jen 2023
Thursday Jun 22, 2023
Thursday Jun 22, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA ap fè 4PM, dimanch 25 jen nan lokal Flanbwayan an, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Kanada ak Repiblik Dominikèn anonse yo antann yo sou dosye Ayiti a
-Avoka Martine Moise nan Florid asiyen moun ki akize pou sasinay apatrid la pou yon fòs kantite lajan
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Ranmase sou dosye nou te touche pandan semèn nan
Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA ap fè 4PM, dimanch 25 jen nan lokal Flanbwayan an, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anon

Wednesday Jun 21, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 21 jen 2023
Wednesday Jun 21, 2023
Wednesday Jun 21, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Altagracia Jean Joseph pase pou l ankouraje oditè yo sipòte Jackson Dorvelus, ki se yon jèn Dominiken dorijin Ayisyen 19 an ki fè aksidan sou moto li ki blije fè yon operasyon prese prese pou sa pa vin pi grav pou li
Nouvèl:
-NY Times pibliye yon atik lendi a ki di yon bon jou nan zam ak aparèy Etazini ak bizawèl li yo ta voye nan Ikrèn te gen pwoblèm
-Pentagon di yo te fè erè pou valè 6 milya dola nan kichòy yo voye nan Ikrèn; yo di y apral ajoute pou rive nan valè sa a
-Prezidan Ikrèn nan Zelensky denonse kandida Meriken yo ki di yo pa p kontinye sipòte Ikrèn; Li mande si sa vle di yo pare pou yo voye sòlda peyi yo ak pitit yo al mouri nan lagè kont Larisi
-Anpil djòl pwès parapò ak fason 2 pwa 2 mezi Depatman Lajistis Meriken ap jere dosye kriminèl Hunter Biden nan; Nou pase vwa Senatè Joe Biden (1994) ki t ap ensiste sou pinisyon san paspouki pou moun yo kenbe ak krak
-Gwo posibilite pou Kanada ak Repiblik Dominikèn ta antann yo sou enstasyon biwo sipò ak PNH la nan RD
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jun 20, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 jen 2023
Tuesday Jun 20, 2023
Tuesday Jun 20, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA ap fè 4PM, dimanch 25 jen nan lokal Flanbwayan an, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Larisi anonse li mete zouti nikleyè nan Belarus
-Yon delegasyon chèf deta divès peyi Afriken ale nan Ikrèn epi nan Larisi ak yon plan lapè pou lagè k genyen an ta fini
-Prezidan peyi Iran Ebrahim Raisi vizite nan Amerik Latin nan
-Plizyè santèn refijye Pakistanè mouri nan lanmè tou pre peyi Grès
Ti koze ak Wuyi Jacobs ki se animatè emisyon WBAI Afrobeat Radio sou fundraiser y ap fè jedi swa nan SOB's pou sipòte WBAI
Nou kontinye ak nouvèl yo:
-Amnesty International mete yon rapò deyò pou denonse rasis k ap fèt sou refijye nwa yo nan divès peyi nan Amerik la
-Depatman Lajistis Meriken anonse li fè antant ak Hunter Biden sou krim yo akize li
Liy ouvè ak oditè yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons

Monday Jun 19, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 jen 2023
Monday Jun 19, 2023
Monday Jun 19, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou Town Miting KOMOKODA ap fè 4PM, dimanch 25 jen nan lokal Flanbwayan an, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Gwo leve kanpe nan CODEVI nan Wanament; 3 ouvriye pèdi lavi yo
-Jodi a se yon jou ferye Ozetazini ki rele "Juneteenth"; Se ki sa li ye?
-Alatè Komite Sanksyon Nasyonzini sou dosye Ayiti a te vizite peyi nou; Ta dwe gen plizyè nouvo sanksyon Nasyonzini k ap vini nan mwa septanm nan
-"Whistleblower" Daniel Ellsberg ki te mete kakachat Meriken "Pentagon Papers" deyò nan lannen 1971 fè vwèl pou peyi san chapo nan laj 92 lannen
-Minis Afè Etranjè Repiblik Dominikèn di lakay li pa savann; Kanada anonse l ap mete yon biwo pou jere dosye PNH la lakay li san l pa avèti responsab peyi a
-OEA anonse l ap fè yon reyinyon semèn sa a sou dosye Ayiti a
-Dosye avoka Caleb Jean Baptiste ki fè yon arestasyon li filme sou Madam Yael Joanna Clerie Zreik pou dwèt long siperyè fè anpil buzz nan lari a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jun 15, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 15 jen 2023
Thursday Jun 15, 2023
Thursday Jun 15, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl
-Martine Moise rankontre Luis Almagro yè epi l mande pou se ta yon tribinal entènasyonal ki ta drese sou dosye sasinay apatrid la
-RNDDH mande pou relouvri dosye Petrocaribe a
-Dènye nouvèl sou rankont Meriken-Kanada-CARICOM nan Jamayik la
-Minis Afè Etranjè Kanada fè yon gwo reyinyon ak yon dividal peyi sou dosye Ayiti a; li tou anonse sanksyon kont 2 lòt politisyen Ayisyen
Ranmase sou gwo dosye nou te adrese pandan semèn nan
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jun 14, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 14 jen 2023
Wednesday Jun 14, 2023
Wednesday Jun 14, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou rankont CARICOM ak "aktè" Ayisyen yo ki fini nan Jamayik yè swa
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
-Kiba anonse yon izin k ap fè poud moringa (doliv); Fidel Castro te swete Ayiti te va devlope endistri sila a ki gen kapasite pou l ta leve peyi a atè a
Nouvèl:
-atak sou Sun Auto Dealership nan Pòtoprens ki se anmenm tan lokal Konsila Jamayik ann Ayiti sou direksyon Konsil Onorè Daniel Rouzier; Nou fè yon retounen sou atik Ayibopost sou pil ak pakèt gwo bwa nan Pòtoprens yo ki se konsil onorè yon dividal peyi etranje
-renouvèlman TPS pou El Salvador, Honduras, Nicaragua, Nepal
-Kouman jounen ayè a te pase pou ansyen prezidan Meriken an Donald Trump: Tribinal nan Miami, epi vwèlta pou fundraiser nan NJ nan avyon prive li
-Tucker Carlson kontinye ap frape; yè swa li bay sa l panse moun k ap dirije Etazini yo gen kont Gwo Moso Donald Trump

Tuesday Jun 13, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 jen 2023
Tuesday Jun 13, 2023
Tuesday Jun 13, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou pase segman Haiti Premiere Classe dimanch 11 jen 2023 kote non KOMOKODA te site
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Repòtaj Ayibopost: Poukisa Rapò Petrocaribe deranje gwo chèf yo konsa?
https://www.youtube.com/watch?v=03L3BTPEl2c
Nouvèl:
-demisyon bridsoukou NYPD Commissioner Keechant Sewell
-JP Morgan Chase fè yon antant $290M ak viktim Jeffrey Epstein yo
-Senatè Repibliken nan Iowa Charles Grassley anonse nan dokiman yo fòse FBI ba Sena a yo aprann alatèt Burisma a te di FBI li gen 17 anrejistreman vwa VP Joe Biden ak pitit li Hunter k ap negosye lajan anba tab
-Yon 14yèm manifestasyon ak plizyè santèn milye moun nan peyi Lafrans kanpe kont refòm pansyon Macron yo
-Dènye nouvèl sou komedi k ap fèt nan Jamayik sou dosye Ayiti a; Komik anpil pou nou aprann gen òganizasyon COODAH ki nan Jamayik ap pale nan non dyaspora Ayisyen an
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jun 12, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 12 jen 2023
Monday Jun 12, 2023
Monday Jun 12, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou joujou lakomedi Meriken ak bizawèl li yo ak restavèk yo ap fè nan Jamayik la
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Afridisid anonse li voye envitasyon fòmèl bay tout chèf deta BRICS yo pou rankont 22-24 out la epi li ofri yo tout iminite nan ka yo ta deside vini
-38 chèf akizasyon federal la kont Donald Trump pou dokiman sekrè li te kenbe yo
-Pastè rasis Pat Robertson mouri
-Unabomber Ted Kaczynski mouri nan prizon
-Lese frape Fox News ak Tucker Carlson
-Kamala Harris debake nan reyinyon Meriken-CARICOM nan Bahamas la ak 100 milyon dola vèt
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Jun 08, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 8 jen 2023
Thursday Jun 08, 2023
Thursday Jun 08, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl sou lafime k anvayi zòn NY la ak plizyè lòt kote Ozetazini ki soti nan forè nan Kanada ki pran dife
Ranmase sou nouvèl nou te pataje ak oditè yo nan emisyon Eritye Papa Desalin pandan semèn nan
Nouvèl:
-Plizyè otorite militè Meriken avwe kantite zam ak minisyon Meriken voye bay Ikrèn lakòz stòk minisyon Meriken ba anpil
-Vis Prezidan Meriken an Kamala Harris nan Bahamas pou yon rankont wo nivo ak chèf deta CARICOM yo pou pouse ajannda entèvansyon militè entènasyonal ann Ayiti
Nou kontinye pase dokimantè "Ayiti Nou Vle a" sou magouy gouvènman PHTK a pou vòlè lajan Petrocaribe a atravè konstriksyon/reparasyon 16 lise nan diferan depatman nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jun 07, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 7 jen 2023
Wednesday Jun 07, 2023
Wednesday Jun 07, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou salye sè nou Maricia Jean ki pèdi yon pitit pitit li Pòtoprens atravè bal mawon
Refleksyon nou sou lafimen ki anvayi plizyè zòn atravè Etazini, espesyalman zòn NY la
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
-Ti diplis sou fason gouvènman Kiben jere fenomèn siklòn ak lòt atak sou peyi yo
Nouvèl
-Peyi Iran devwale misil ipèsonik peyi sila a devlope
-Jounalis Meriken Tucker Carlson rekòmanse aktivite medyatik li nan Twitter
-Apre medyasyon peyi Lachin, Iran relouvri anbasad li nan peyi Arabi Saoudit
-Ansyen gouvènè New Jersey a Chris Christie lanse kanpay li kòm kandida Repibliken pou eleksyon 2024 la
Nou pase yon pati nan dokimantè "Ayiti Nou Vle a" sou magouy gouvènman PHTK a pou vòlè lajan Petrocaribe a atravè konstriksyon/reparasyon 16 lise nan diferan depatman nan peyi a:
https://www.youtube.com/watch?v=6LGJPYFHplk
Liy ouvè ak oditè yo

