Episodes

Tuesday Jul 11, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 11 jiyè 2023
Tuesday Jul 11, 2023
Tuesday Jul 11, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè 3pm-6PM, Vandredi 28 jiyè 2023 devan katye jeneral Citibank nan Manhattan, 388 Greenwich St pou make 108yèm anivèsè okipasyon Amerikèn nan
-6-7 jiyè 2018; istoryen yo di nou se yon pi gwo dosye/evènman ki pou fè yon pèp bliye yon gwo dosye/evènman
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Diplis nou ranmase nan tout pil ak pakèt repòtaj sou sasinay vòlò apatrid Jovenel Moise
-Lènmi nou yo soti pou fè Pastè Gregory Toussaint pase pou ti frè Martin Luther King Jr.
-Larisi admèt Vladimir Putin te konvoke Prigozhin ak tout etamajò Wagner a nan Kremlin nan 29 jen pou yon gwo reyinyon wòdpòte
-LOTAN ap reyini nan vil Vilnius nan Litouwani pou reyinyon anyèl li; Zelensky mande zam, plis zam, plis plis zam pou l rive fese do Vladimyr Putin atè
-Chèf deta CARICOM yo mete deklarasyon 45yèm rankont yo a deyò kote yo anbwase ajannda Meriken an; Myrtha Desulmé ekri yon tèks pou l di se vann yo vann konsyans yo pou avantaj Meriken ak Nasyonzini ofri yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jul 10, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 jiyè 2023
Monday Jul 10, 2023
Monday Jul 10, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Son manifestasyon Vandredi 7 jiyè a devan legliz Our Lady of Miracles ki nan 757 East 86th Street (kwen Flatlands) nan Brooklyn nan pou n denonse mannèv machann peyi yo pou yo chache fè vòlè apatrid Jovenel Moise pase pou yon Ewo Nasyonal
Ranmase sou manifestasyon Vandredi 7 jiyè a
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Konsèy Sekirite Nasyonzini reyini jedi pase sou dosye Ayiti a; Meriken ak bizawèl li yo ensiste fòk gen yon fòs militè miltinasyonal ak manda Konsèy la ki rantre mete lòd nan peyi a; Lachin ak Larisi pa dakò siyen papye a; Ladominik mande patnè li Lachin pou re-evalye pozisyon li
-Etazini anonse se jedi 6 ki sot pase a yo detwi "ti rès" bonb biyolojik yo te rete nan lasnal yo; anpil moun sezi paske se depi ane 70 yo Meriken te fè konprann li pa t gen bagay konsa ankò
-Larisi di si Etazini deside voye "cluster bomb" bay Ikrèn sa riske louvri yon nouvo chapit danjere nan lagè k ap dewoule laba a
Refleksyon nou sou manifestasyon "Kretyen" yo fè yè nan divès pwen dyaspora a epi ann Ayiti tou pou yo renmèt peyi a ba Amòs pou l "aji"
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Jul 06, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 6 jiyè 2023
Thursday Jul 06, 2023
Thursday Jul 06, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè 6PM, demen Vandredi 7 jiyè 2023 devan legliz Our Lady of Miracles ki nan 757 East 86th Street (kwen Flatlands) nan Brooklyn nan pou n denonse mannèv machann peyi yo pou yo chache fè vòlè apatrid Jovenel Moise pase pou yon Ewo Nasyonal
Nou jete dlo pou Vanyan Emmanuel "Dread" Wilme; Jodi a fè 18 lannen depi MINUSTHA te sasinen li akoz li te kanpe zam alamen anfas okipasyon peyi a
Ranmase sou sa nou te pote pandan semèn nan
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jul 05, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 5 jiyè 2023
Wednesday Jul 05, 2023
Wednesday Jul 05, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou desizyon tribinal federal Meriken nan NY pou bay konpayi Tèt Kale Woz $28Milyon pou gaz yo ta vann BMPAD nan non leta Ayisyen sou gouvènman Jovenel Moise
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jul 04, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 jiyè 2023
Tuesday Jul 04, 2023
Tuesday Jul 04, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se 4 jiyè 2023, peyi Etazini gen 247 lannan; Malgre move tan anpil peta ap pete; Jan nou fè sa chak ane, nou retounen nan diskou Frederick Douglass te fè 5 jiyè 1852 kote l te mande sa esklav Meriken an pèdi nan koze selebrasyon 4 jiyè
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Nou li deklarasyon òganizasyon FRAKKA mete deyò yè a
-Yonn apre lòt, Chèf CARICOM yo pale de yon dèt yo genyen anvè Ayiti; Nou ta renmen konnen ki sa apatrid Ariel Henry pèdi nan dèt sila a
-Denis O'Brien pa mèt Digicel ankò men gras ak Ayiti li menm ak tout bizawèl li yo rich pou tout lavi yo
-Etazini retounen pran plas li nan UNESCO
-Atik Joel Leon nan Boukan News sou manif entènasyonal ti komik Gregory Toussaint ap òganize 9 jiyè
-Wograde PNH yo ta fè yon rankont dimanch lan ak wograde Nasyonzini yo pou prepare teren pou debakman evantyèl fòs entèvansyon miltinasyonal k ap pale depi kèk jou a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jul 03, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 jiyè 2023
Monday Jul 03, 2023
Monday Jul 03, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou atik Lakwa Wouj Meriken pibliye nan Miami Herald kote y ap mande lajan pou yo ede moun ann Ayiti; Ala yo san wont
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Jodi a se anivèsè nesans fondatè Wikileaks la Julian Assange; Manifestasyon nan Times Square epi divès lòt vil atravè lemond pou ekzije liberasyon li
-Alavèy rankont Konsèy Sekirite LONI pou evalye mande BINUH an Sekretè Jeneral Nasyonzinin an Antonio Guteres fè yon ti kout pye ann Ayiti pou l al bat tanbou pou entèvasyon militè nan peyi nou
-"Ekspè" sou dwa moun Nasyonzini mete sou dosye Ayiti a William O'Neill bay bilan sejou 10 jou li fè ap virewon nan peyi a; Nou bezwen konnen kouman fè Izo, Babekyou, Vitelòm, Lanmò Sanjou oswa Grangrif pa kidnape li; Jwèt la sanble l gen koken ladan l
-Peyi Mali ekzije Nasyonzini wete fòs entèvansyon MINUSMA lakay yo
-Leve kanpe toupatou anfrans epi nan lòt peyi ann Ewòp apre lapolis touye yon jèn mizilman 17 an ki rele
-Gadkot Kaykòs ak Gadkòt Bahemyen bloke yon batiman kanntè ak 189 Ayisyen ladan l
-Peyi Meksik anonse yo deja genyen plis pase 25 mil Ayisyen pou ane 2023 ki mande pèmisyon pou yo viv lakay li; Anplis yo di 98% nan Brezilyen ak Chilyen ki aplike tou se pitit Ayisyen ki fèt nan peyi sa yo
-Pou make 2 lannen depi sasinay jounalis Antoinette Duclair ak Diego Charles, fanmi yo pote plent lajistis
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jun 29, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 29 jen 2023
Thursday Jun 29, 2023
Thursday Jun 29, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou "Supreme Court" Ameriken ki deside pou elimine "Affirmative Action" nan peyi a
Refleksyon nou sou atik Patricia Camilien (La loi de ma bouche) ki ridikilize gangstè Andre Apaid ki pran pòz li pa konprann pou ki sa Kanada mete non li nan lis moun k ap sipòte gang epi destabilize Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jun 28, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 28 jen 2023
Wednesday Jun 28, 2023
Wednesday Jun 28, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Prezidan Belarus la Aleksander Lukashenko anonse alatèt Gwoup Wagner a ateri nan Belarus
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
-Etazini fache dèske yo di Lachin ap mete baz militè nan Kiba
-Arestasyon yon gwoup aktivis sipòtè peyi Kiba nan biwo Senatè Menendez
-Jedi pase City Council lavil NY la vote yon rezolisyon solidarite ak Kiba
Nouvèl:
-Eleksyon "Primary" fèt Ozetazini yè madi a; Bò kote nou an Yusuf Salaam genyen epi Charles Baron pèdi nan nivo "City Council" la
-Prezidan Ikrèn nan Volodimyr Zelensky anonse eleksyon ki ta dwe fèt nan peyi sila a an 2024 yo pa p fèt epi pa p genyen eleksyon toutotan lagè lòt bò a pa fini
-NY Times konfime Attorney General Meriken an Merrick Garland te bay presyon pou dosye koripsyon an pa t pi mal pou Hunter Biden ak papa li
-Nan 57yèm reyinyon SICA a, El Salvador anonse l ap ouvè yon biwo sipò ak PNH la nan peyi D Ayiti epi Repiblik Dominikèn mande pou tout peyi SICA yo sipòte rezolisyon OEA sou Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jun 27, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 jen 2023
Tuesday Jun 27, 2023
Tuesday Jun 27, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Devlopman nan dosye leve kanpe Gwoup Wagner nan Larisi
-Malgre plizyè enkilpasyon Donald Trump kontinye ap vale teren nan lis kandida pati Repibliken an; Msye DeSantis ap dedouble pou l wè ki jan l ka parèt pi rasis, pi anti imigran pase Trump
-Yon endividi yo idantify kòm yon minis peyi Senegal ki t al nan rankont Macron an pran anpil pataswèl apre l ta frape yon opozan nan mitan lari Pari
-Ansyen alatèt Gwoup 184 la epitou sipòtè gang Labanyè ki t ap soutni koudeta 2004 la mete deklarasyon l deyò pou l demanti sanksyon Kanada mete sou li
-Yon gwo trajedi evite nan lantèman jèn jounalis epi etidyan Danaica Duplan ki te tiye tèt li lè gran frè li Joveny Duplan ki nan UDMO rale yon zam pou l te touye tèt li tou
-Yonn apre lòt, yon seri gwo bwa nan sosyete ap ap vin reponn kesyon Jij Wasser Walter Voltaire sou dosye Jovenel Moise la; Ansyen Premye Minis Joseph Jouthe di si se li k te opouvwa 7 jiyè 2021 se sou kadav li pou yo ta pase pou y al tchwe vòlè apatrid Jovenel Moise
-Òganizasyon dwa moun CARDH bay bilan Bwa Kale pou mwa k soti 24 me pou rive 24 jen
-Prezidan Belarus la Lukashenko di yon jounalis BBC ki t ap ba l yon entèvyou kote l denonse awogans ak ipokrizi Loksidan epi l di yo al grate kote k ap grate yo a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jun 26, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 jen 2023
Monday Jun 26, 2023
Monday Jun 26, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou Town Miting KOMOKODA fè yè apremidi nan lokal Flanbwayan an nan Brooklyn
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Anpil pawòl sou sa k ta yon tantativ koudeta "Gwoup Wagner" a nan peyi Larisi; Antant pou ekip Wagner a ale Belarus; Dosye a parèt fini men li panko fini
-Kanada anonse sanksyon sou 4 lòt moun nan peyi a yo di k ap bay pwoblèm; Lis yo a kounyè a rive nan 25
-Jij Morin mete manda arestasyon kont Fednel Monchery apre msye boude yon randevou Vandredi a
-Manifestasyon kont Ariel Henry nan vil Pari
-Ariel di l fè gwo rankont etan l te nan fowòm ekonomik Macron an nan peyi Lafrans
-Minis Afè Etranjè Kanada ak Jamayik yo òganize yon reyinyon anndan 53yèm OEA a sou dosye Ayiti a
-Bagay la cho pou pòtpawòl Pentagon nan ak pòtpawòl Mezon Blanch lan sou dosye koripsyon fanmi Biden nan ak paspouki Depatman Lajistis parèt ap fè pou Hunter Biden
-Plizyè depite Meriken nan Pati Repibliken an di yo tanmen ankèt ki pou ta mennen nan "impeachment" Attorney General la Merrick Garland
-Depite Meriken dorijin Ayisyen an Sheila Cherfilus-McCormick la di anyen pa ka bouje nan peyi nou san pa genyen yon fòs entèvansyon militè etranjè; Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin nan Ralph Gonzalves limenm li di se èd imanitè Ayiti bezwen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

