Episodes

Thursday Jul 27, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 27 jiyè 2023
Thursday Jul 27, 2023
Thursday Jul 27, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè 3pm-6PM, Vandredi 28 jiyè 2023 devan katye jeneral Citibank nan Manhattan, 388 Greenwich St pou make 108yèm anivèsè okipasyon Amerikèn nan
Nouvèl:
-Depatman Edikasyon eta Florid mande pou tout lekòl nan eta a anseye elèv eta a byen ki soti nan esklavaj
-Ki sa Elliot Abrams pèdi nan administrasyon Demokrat Joe Biden nan?
-Lavil NY anonse li pa gen plas pou akomode migran k bezwen kay ankò
-Prezidan Larisi a Vladimir Putin anonse yon pwogram pou l bay plizyè peyi sou kontinan Afriken an ble gratis nan jou k ap vini yo
-Yon fanmi pataje ak nou atik Gracia Joseph Sacélus Maxi sou dat nesans Janjak Desalin ki parèt madi 25 jiyè 2023 nan jounal Nouvelliste
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jul 26, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 26 jiyè 2023
Wednesday Jul 26, 2023
Wednesday Jul 26, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou remèsye fanmi yo pou bèl fèt nou fè yè swa pou selebre anivèsè nesans Papa Desalin; Ane sa a se premye ane nou fè fèt la nan jou sila a
Liy ouvè ak oditè yo sou fèt Papa Desalin nan
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè 3pm-6PM, Vandredi 28 jiyè 2023 devan katye jeneral Citibank nan Manhattan, 388 Greenwich St pou make 108yèm anivèsè okipasyon Amerikèn nan
Nouvèl:
-envestigasyon montre "aksidan" batiman Adriana 14 jen tou pre Lagrès ak Itali kote plis pase 600 moun mouri se ta gadkot Lagrès menm ki ta lakòz
-Tribinal federal Meriken kondane machann diplòm enfimyè Johanah Napoleon pou l pase 21 mwa nan prizon epi pou l peye leta $3.5 milyon pandan manzè ta rantre plis pase $100 milyon epi yo pa menm mande konbyen moun fo enfimyè li yo ta touye

Tuesday Jul 25, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 jiyè 2023
Tuesday Jul 25, 2023
Tuesday Jul 25, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Mobilizasyon pou selebrasyon anivèsè nesans Papa Desalin Eritye Papa Desalin ap fete aswè a nan Fanblwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jul 24, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 24 jiyè 2023
Monday Jul 24, 2023
Monday Jul 24, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Refleksyon nou sou ti engra nan legliz pwotestan Boukman fin libere epi ki konprann yo gen leson pou ba li
Liy ouvè ak oditè yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Pou ki sa n apral fete Papa nou Janjak Desalin demen madi 25 jiyè a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jul 20, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 20 jiyè 2023
Thursday Jul 20, 2023
Thursday Jul 20, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Diplis sou dosye Eddy Alexandre ak EminiFX la ansanm ak sijesyon pou moun ki te envesti yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou òganizasyon UNIA k ap selebre 109yèm anivèsè nesans li jodi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jul 19, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 19 jiyè 2023
Wednesday Jul 19, 2023
Wednesday Jul 19, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou selebrasyon nesans Papa Desalin Madi 25 jiyè 2023, 6pm nan Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn, NY
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè 3pm-6PM, Vandredi 28 jiyè 2023 devan katye jeneral Citibank nan Manhattan, 388 Greenwich St pou make 108yèm anivèsè okipasyon Amerikèn nan
Mobilizasyon pou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park, Samdi 12 out 2023 apati 1pm
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Entèvyou Hilario ak Madam Loufin Desous, grandèt ki fèt ann Ayiti k ap viv Gwanntanamo nan Kiba depi l te timoun pitit
Jij Croner nan tribinal federal nan Manhattan bay vòlè Eddy Alexandre 9 lannen nan prizon epi ekzije li peye $214 milyon pou fason li dechèpiye plis pase 25 mil "envestisè" ki te konprann msye te pral fè yo milyonè; Ti koze sou "class action lawsuit pou $350 milyon kont Eddy Alexandre ak yon dividal kolaboratè li nan legliz Advantis ki te ede l dechèpiye viktim li yo

Tuesday Jul 18, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 18 jiyè 2023
Tuesday Jul 18, 2023
Tuesday Jul 18, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè 3pm-6PM, Vandredi 28 jiyè 2023 devan katye jeneral Citibank nan Manhattan, 388 Greenwich St pou make 108yèm anivèsè okipasyon Amerikèn nan
Nou pase repòtaj Ayiti Nou Vle a fèk pibliye sou Gilbert Bigio; Ti koze diplis sou fanmi Bigio
Liy ouvè ak oditè yo sou Gilbert Bigio
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Larisi deside li pa p renouvle akò pou pèmèt peyi Ikrèn vann vle nan mache entènasyonal la
-Atlèt Dominiken dorijin Ayisyen ki te denonse rasis nan peyi li ranpòte yon meday lò pou Repiblik Dominikèn nan 400 mèt nan kous peyi Karayib ak Amerik Santral ki fèt nan El Salvador
-Òganizasyon GARR rapòte soti mwa janvye pou rive jen 2023 Repiblik Dominikèn depòte pou pi piti 185,310 moun Nwa nan peyi D Ayiti
-Eddy Alexandre ki admèt devan tribinal li dechèpiye kominote Advantis Ayisyen an pou anviwon $250 milyon ap parèt devan jij nan Manhattan jodi a pou l pran pinisyon li
-N ap fè fanmi an sonje ti wout koridò Roxam Rd kote pandan plizyè lannen imigran san papye te konn pase pou rantre Kanada a fèmen; Tanpri pa pran chans al chache pase la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jul 17, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 jiyè 2023
Monday Jul 17, 2023
Monday Jul 17, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-BINUH renouvle; Gutteres gen 30 jou pou l pote pwopozisyon bay Konsèy Sekirite a
-Misyon Eminan Karayib yo ann Ayiti a bwè luil
-Deklarasyon Stefano Gato, anbasadè Inyon Ewopeyèn sou dosye Ayiti a
-Pè Tom Hagan, responsab òganizasyon "Hands Together" anonse yon kanpo nan goumen gang yo nan Site Solèy
-Jounal Nouvelliste rapòte nan mitan grangou yo di k gen nan peyi a gen 65 mil tòn lam veritab k ap gaspiye, k ap pouri chak ane
-Etazini anonse li pare pou negosyasyon san kondisyon ak Koredinò
-Jeneral Meriken James Heckler ki alatèt fòs ayeryen Meriken ann Ewòp epi ann Afrik di 32 peyi LOTAN yo pa gen ase zam ak minisyon pou defann tèt yo
-Avoka US Virgin Islands yo mande pou bank Chase ta peye peyi sila a $190 milyon pou kolaborasyon yo ak Jeffrey Epstein
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jul 13, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 13 jiyè 2023
Thursday Jul 13, 2023
Thursday Jul 13, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè 3pm-6PM, Vandredi 28 jiyè 2023 devan katye jeneral Citibank nan Manhattan, 388 Greenwich St pou make 108yèm anivèsè okipasyon Amerikèn nan
Nou pase son avoka Newton St Juste k ap prete sèman devan yon gwoup Ougan pou "Vodou" vegle je Ariel Henry pou li pa wè lòt moun epi pou se li Ariel ta chwazi kòm prezidan Konsèy Elektoral la
Liy ouvè ak oditè yo
Nou pase ton ti bout nan pawòl 2018 Gregory Toussaint ki te inisye manifestasyon Dimanch pase a kote li deklare rasin pwoblèm peyi nou se Bwa Kayiman kote zansèt nou yo te siyen kontra ak djab
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jul 12, 2023
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 12 jiyè 2023
Wednesday Jul 12, 2023
Wednesday Jul 12, 2023
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè 3pm-6PM, Vandredi 28 jiyè 2023 devan katye jeneral Citibank nan Manhattan, 388 Greenwich St pou make 108yèm anivèsè okipasyon Amerikèn nan
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Rankont LOTAN nan vil Vilnius nan peyi Litouwani; Zelinsky jwenn men l pa jwenn sa l te vle a
-Arestasyon polisye Jackson Joseph nan ayewopò Toussaint Louverture ak $29 mil dola vèt
-Alatèt sèvis espyonaj Larisi Sergei Naryshkin anonse alatèt CIA a William Burns kominike ak li apre mouvman Wagner a men se te plis pou chache negosye dosye Ikrèn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

