Episodes

Wednesday Mar 18, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 18 mas 2026
Wednesday Mar 18, 2026
Wednesday Mar 18, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè nou yo ak tout sa ki ede nou pote chay emisyon an; Anons; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
-Dimanch 29 mas, 3pm-6pm: Town Miting KOMOKODA sou eleksyon tèt bòbèch lènmi Ayiti yo ap planifye pou yo kreye plis konfizyon lakay nou
-Vandredi 10 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves
Agresyon Meriken sou peyi Kiba lakòz nou pa rive konekkte ak Hilario pou repòtaj Kay Vwazen nan Kiba a jodi a
Nouvèl:
-Nicolas Maduro ak madanm li Cilia Flores pa t parèt nan tribinal Meriken jodi a; Randevou a ranvwaye pou 26 mas
-Gwo Moso deklare peyi Kiba nan bounda pòch li; Se li k panko deside ki sa l ap fè ak li; Kiba reponn: Rezistans dan fè!
-Dènye nouvèl ki rive jwenn nou sou lagè Etazini ap mennen kont Iran depi samdi 28 fevriye a:
--Gwo Moso a fache kou kong kont peyi LOTAN yo li te rele pou vin ede l jere Pasaj Hormuz la
--Kaka chat pran lari, li parèt Iran te rive zongle gwo batiman gwo kòtòf pòt avyon USS Gerald Ford: sòlda mouri mò "natirèl", sòlda blese, gwo mannèv pou etenn gwo dife sou lanmè a, pawòl pa ka pale
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Dimanch 29 mas, 3pm-6pm: Town Miting KOMOKODA sou eleksyon tèt bòbèch lènmi Ayiti yo ap planifye pou yo kreye plis konfizyon lakay nou
-Vandredi 10 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Mar 17, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 mas 2026
Tuesday Mar 17, 2026
Tuesday Mar 17, 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Supreme Court Meriken dakò pou tande dosye TPS pou Ayisyen ak Syrien nan mwa avril la; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Ti koze ak frè nou Raymond Dugué ki aktyèlman nan Burkina Faso; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
--Dimanch 29 mas, 3pm-6pm: Town Miting KOMOKODA sou eleksyon tèt bòbèch lènmi Ayiti yo ap planifye pou yo kreye plis konfizyon lakay nou
-Vandredi 10 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves
Supreme Court Meriken dakò pou tande dosye TPS pou Ayisyen ak Syrien nan mwa avril la epi li pwolonje TPS yo jiskaske dosye a fin regle
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué ki aktyèlman nan Burkina Faso
Anons
--Dimanch 29 mas, 3pm-6pm: Town Miting KOMOKODA sou eleksyon tèt bòbèch lènmi Ayiti yo ap planifye pou yo kreye plis konfizyon lakay nou
-Vandredi 10 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves

Monday Mar 16, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 mas 2026
Monday Mar 16, 2026
Monday Mar 16, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Jodi a fè 26 lannen depi lapolis NY sasinen Patrick Dorismond; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou sè nou Sister Shirley ki pèdi pitit gason li, Rashaird Reid, semèn pase a
Anons:
-Dimanch 29 mas, 3pm-6pm: Town Miting KOMOKODA sou eleksyon tèt bòbèch lènmi Ayiti yo ap planifye pou yo kreye plis konfizyon lakay nou
-Vandredi 10 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves
Jodi a fè 26 lannen depi polis New York Anthony Vasquez sasinen Patrick Dorismond
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Istwa "Twa pa" - Jean Claude Martineau (Koralen)
Nouvèl
-Yon lòt Ayisyen mouri nan men ICE: Daphy Michel ki te genyen 31 lannen
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ap fè kont Iran an
--Gwo Moso a di Iran ap frape nan pòt pou negosye men li pako deside fè sa; Iran di Trump manti kou chen
--Trump egzije peyi LOTAN yo pote lamenfòt nan lagè li kont Iran an
--Ayisyen Major Sorffly Davius ki te lapolis NY anmenm tan li te nan lame Meriken tonbe nan lagè
--Chèf FCC (Biwo Kominikasyon Etazini an) Brendan Carr deklare federal la ap fèmen nenpòt ajans nouvèl k ap pote yon mesaj sou lagè Iran an ki kontrè ak mesaj administrasyon Trump lan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Thursday Mar 12, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 12 mas 2026
Thursday Mar 12, 2026
Thursday Mar 12, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
-Vandredi 3 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou sè beton nou nan KOMOKODA, Sister Shirley Belton ki pèdi pitit gason li Rashaird Reid ki te genyen sèlman 48 lannen
Nouvèl:
-Nouvo Gid Revolisyon Iranyen an, Ayatollah Mojtaba Khamenei mete premye deklarasyon li deyò
-Apre atak Iran sou enfrastrikti luil nan Irak k ap founi Meriken, pò nan Irak blije fèmen
-Bato luil nan Pasaj Hormuz ap boule nan lanmè a
-Hacker nan Iran rive manyen konpayi teknoloji medikal Meriken Stryker ki jere dosye anviwon 150 milyon pasyan nan 61 peyi
-Jijman sasinay Jovenel Moise ap pousuiv nan Florid; Martine Moise temwanye, li kriye 2 ran dlo, 2 ran larimpou ti vòlè k te mari l la
-Komisè Muscadin bay demisyon li; Anpil moun panse se pou l
-Lawont pou òganizasyon ki asosye ak jounal gang Haiti Liberté pou aktivite solidarite ak Kiba ak Venezyela nou wè k ap fèt nan NY la dimanch
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Vandredi 3 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves

Wednesday Mar 11, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 11 mas 2026
Wednesday Mar 11, 2026
Wednesday Mar 11, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè nou yo ak tout sa ki ede nou pote chay emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
-Vandredi 3 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Ekip Trump lan anonse y ap voye dosye TPS pou Ayiti a devan Lakou Siprèm pou yo ta ba li yon desizyon prese prese
-Dènye nouvèl ki rive jwenn nou sou lagè Etazini ap mennen kont Iran depi samdi 28 fevriye a:
--3 bato pran nan bonb Iran mete sou lanmè a pou bloke Pasaj Hormuz lan kote 20 pousan luil k ap vann nan mond lan pase
--Mezon Blanch demanti zafè Trump te pale pou Etazini nan asire bato luil yo epi pou bato Navy Meriken ta eskòte yo
--Anpil bato luil ap fè wout dekoupe pou y al pase nan Lamè Wouj pandan gen Houthi yo nan Yemen ki kanpe dan bang nan zòn sa a
--Etazini ta mande Israel pou bese volim atak sou enfrastrikti enèjetik nan Iran
--Peyi zanmi Meriken yo di y aprale nan rezèv yo pou lage 400 milyon baril luil nan mache a; Ti pwoblèm nan se konbyen tan sa ap pran pou yo rive nan mache a
--Iran anonse li wete kò l nan Koup Dimond 2026 la
--Ajans nouvèl Reuters anonse anplis sòlda Meriken anonse k mouri yo ta genyen yon lòt 150 ki blese nan atak Iran yo
-Chirepit nan Lakou Siprèm nan ant patizan Trump yo ki vle mache prese nan dosye k enterese Trump yo ak jij yo ki pa prese sou dosye Trump yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Vandredi 3 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Mar 10, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 mas 2026
Tuesday Mar 10, 2026
Tuesday Mar 10, 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Manif Fanm nan Dam Mari nan okazyon 8 mas; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
-Vandredi 3 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves
Nou pase son nan manifestasyon Fanm Dam Mari yo: Si se medam yo ki t ap kraze peyi a pawòl la ta pale...
Trump deside lagè Iran an pre fini epi se limenm ki pote laviktwa kòmkwa jan Ti Bush te di "Mission Accomplished"
Atik New York Times sou 4 enkilpe k ap jije aktyèlman nan Florid sou dosye sasinay vòlò Ti komik Jovenel Moise
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Kòmantè frè nou Jean Paul Spence sou lagè Iran an epi sou sitiyasyon lakay nou
Nouvèl
-Ti Komik Didier Fils Aimé vwayaje yè pou peyi Chili pou l al patisipe nan inogirasyon nouvo prezidan José Antonio Kast alyas "Ti Trump"
-Human Rights Watch denonse kantite Ayisyen ki pa t nan gang ki viktim nan atak Dwòn; Yo mande reparasyon pou viktim yo
-Dènye nouvèl ki rive jwenn nou sou lagè Etazini ap mennen kont Iran depi samdi maten
-Lagè Etazini kont Iran an pote gwo kòb anplis nan kòfrefò Larisi
-Gouvènman Fils Aimé a siyen yon kontra 85 milyon ak konpayi nan Florid poou bati 3 prizon nan peyi a malgre Lakou Siperyè dèkont rejte kontra sa a 7 fwa
-Iran lage bonb min sou lanmè nan Pasaj Hormuz la pou anpeche batiman li pa vle pase
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Vandredi 3 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves

Monday Mar 09, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 mas 2026
Monday Mar 09, 2026
Monday Mar 09, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Etazini ouvè lagè sou Iran; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Rapò ak son manif KOMOKODA te fè vandredi k sot pase a anfas Misyon Etazini nan LONI epi anfas Nasyonzini
Refleksyon nou sou 8 mas 2026 la: Jounen Entènasyonal Fanm 2026
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Tribinal Dapèl nan Washington DC kore desizyon Jij Ana Reyes te fè 2 fevriye 2026 anfavè Ayisyen ki gen TPS yo
-Dènye nouvèl sou dosye Iran an
--Mojtaba Khamenei ranplase papa l kòm nouvo Ayatollah nan Iran
--pri luil la ap grenpe ki lakòz pri gazolin ap grenpe tou
--pitit minis finans Israel la ki se yon sòlda Israel blese nan yon atak rocket hezbollah
--eksplozyon nan anbasad Meriken nan Oslo nan Nòvèj
--Wash Post di sèvis "entelijans" espyonaj Meriken yo evalye menm si Tazini ta rive fè yon gwo gwo atak sou Iran gouvènman peyi sa a pa p tonbe
-Deklarasyon Kiba sou desizyon Jamayik pou koupe kolaborasyon Brigad Medikal Kiben an nan K; Jamayik fè wont sèvi kòlè
-Malgre blokis Iran fè sou Pasaj Hormuz batiman komès jwenn lese pase pou yo travèse san pwoblèm
-Anbasadè Etazini nan LONI an Mike Waltz fè gwo menas sou Anbasadè Iran nan LONI a nan mitan yon reyinyon Konsèy Sekirite LONI
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Thursday Mar 05, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 5 mas 2026
Thursday Mar 05, 2026
Thursday Mar 05, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
-Dimanch 8 mas, 4pm-8pm, Selebrasyon Mwa Fanm UNIA nan Murette's Banquet Hall, 4618 Avenue N nan Brooklyn, NY
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Trump bay media Politico yon entèvyou kote l sèmante pandan l ap krabinen Iran l apral manje Kiba tankou yon mango mi
-Etazini anonse li met ansanm ak militè Ekwatè pou l atake 2 gang dwòg nan Ekwatè: Los Lobos ak Los Choneros
-Lè ap chanje wikenn sa a: 2am dimanch maten, n ap mete revèy nou sou 3pm
-Ekip Trump lan twouve Ayisyen ak lòt imigran isit Ozetazini voye twòp dola lakay nou; Yo menase bloke transfè yo
-Ti esplikasyon sou taks 1% gouvènman Trump la mete sou transfè ki fèt ak cash, money order, oswa cashiers check
-Emmanuel Damas se non twazyèm imigran Ayisyen ki mouri nan men DHS sou 2yèm manda Trump lan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Wednesday Mar 04, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 4 mas 2026
Wednesday Mar 04, 2026
Wednesday Mar 04, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Anons; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Nouvèl:
-Pwoblèm sou pwoblèm nan peyi Kiba akoz anabago ak agresyon Etazini sou Kiba
--Etazini refize viza pou 8 manm ekip baseball Kiben ki t apral patisipe nan konpetisyon entènasyonal nan Pòtoriko
--Air France anonse apati semèn pwochèn li pa p ka vwayaje Kiba ankò paske Kiba pa ka garanti li gaz avyon pou l ka tounen lakay li
--Etazini di wè pa wè fòk gouvènman Kiben an tonbe
--Peyi Kiba ekspoze zam ak ekipman moun ak zam ki te sot Florid epi atake Kiba epi anonse mannèv legal k ap fèt pou trennen yo nan tribinal pou teroris ak espyonaj; Etazini di li pa t mele nan bagay sa a ni deprè ni delwen
-Atak teworis nan peyi Boukina Faso lakòz lanmò yon douzèn militè Boukinabe ak yon kantite sivil
-Peyi Zimbabwe anonse apati 26 fevriye 2026 pèson pa gen dwa ekspòte sa yo rele matyè premyè yo pou y al transfòme epi rafine nan lòt peyi
-Chif k ap sikile sou lanmò ak blese nan divès peyi nan atak Etazini sou Iran
-Lespay anonse malgre menas tarif ak sanksyon Gwo Moso Donald Trump yo pa p pèmèt Etazini ak Izrayèl atake Iran apati peyi yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Tuesday Mar 03, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 mas 2026
Tuesday Mar 03, 2026
Tuesday Mar 03, 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Vandredi 27 fevriye 2026 la Repiblik Dominikèn selebre 182yèm anivèsè endepandans li
Nou pase vwa reprezantan Ayatollah Khamenei nan peyi End, Dr Abdul Majid Hakeem Ilahi ki esplike kontèks mati Ayatollah a ak fanmi li samdi maten
Nouvèl
-Dènye nouvèl ki rive jwenn nou sou lagè Etazini ap mennen kont Iran depi samdi maten
-Ti Komik lakay yo louvri 10 jou anrejistreman pou pati politik ki vle patisipe nan eleksyon pike kole Meriken mande yo fè ane sa a
-Chèf lapolis Paraison pa ka asire sikilasyon nan peyi a men l sèmante l pral bay sekirite pou eleksyon fèt
-Jij federal Meriken Coleen Kollar-Kotelly deside IRS (DGI gouvènman Meriken an) pa t dwe pataje enfòmasyon prive 43,000 imigran ak estati imigrasyon frajil ak ICE ki ka fasilite yo ranmase moun sa yo pou fèmen yo nan prizon oswa depòte yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

