Episodes

Monday Nov 17, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 novanm 2025
Monday Nov 17, 2025
Monday Nov 17, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou salye epi remèsye tout fanmi yo ki te ale oswa ki te bay kontribisyon yo pou sipòte 15yèm fèt selebrasyon Radio Omega a
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la ak fanmi endijèn nou yo, jedi 27 novanm nan Plymouth, MA
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou swete frè nou Raymond Dugué yon Bòn Fèt!
Nouvèl:
-Lantèman 18 viktim siklòn Melissa nan TiGwav chante samdi a
-Avyon Sunrise anonse l ap koumanse fè wout Nouyòk - Pòtoprens apati 4 janvye 2026 k ap vini an; N ap mande n ki sa Sunrise konnen nou panko konnen?
-Malgre Minis Trezò peyi a di koze bonis $2000 pou sitwayen Meriken ki peye enpo nan peyi a pa nan konpetans Donald Trump, msye kenbe dosye a tennfas
-Atik nou li nan lafèy maten an sou antrenè ekip foutbòl ki ap reprezante Ayiti a, Sebastien Migne, ki se yon blan Franse ki panko janm pile pye l nan peyi k rele Ayiti a epi ki tabli baz ekip la nan Kiraso
-Dosye Depite Meriken Adelita Grijalva, yon Demokrat nan Arizona ki genyen eleksyon li depi mwa Septanm epi Repibliken Mike Johnson ki chèf chanm depite a fè l pase 60 jou li pa t prete sèman pou vòt li pa t vin deranje aktivite Repibliken yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Nov 13, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 13 novanm 2025
Thursday Nov 13, 2025
Thursday Nov 13, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; "Shutdown" nan ekonomi Meriken an fini; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Dosye "shutdown" nan ekonomi Meriken an regle; Chanm Depite a vote pwopozisyon Sena te pase a yè epi Donald Trump siyen l yè swa
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Konbit pou selebrasyon 15 lannen Radio Omega k ap fèt samdi nan Brooklyn nan: 347-985-2031
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ak frè nou Fritz Beauté KOMOKODA te delege pou al fè yon ti vizit ak Fritzner

Wednesday Nov 12, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 12 novanm 2025
Wednesday Nov 12, 2025
Wednesday Nov 12, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Refleksyon nou sou mesaj Lionel Legros sou bwat fatra k rele Haiti Liberté a; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou selebrasyon 15 lannen Radio Omega k ap fèt samdi nan Brooklyn nan: 347-985-2031
Refleksyon nou sou mesaj Lionel Legros nou resevwa ki anonse nou rezolisyon "fèm" Ekip "Konferans anyèl sou Kreyòl Ayisyen" nan Brooklyn nan te pran parapò ak jounal Haiti Liberté; Batay pou noumenm Ayisyen nou viv ak diyite lakay nou an ap ranpòte laviktwa kanmenm!
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la jedi 27 novanm ak fanmi endijèn nou yo nan Plymouth, Mass
Nou kore pwopozisyon yon oditè etranje k te rele nan WBAI la pou mande pou tout legliz nan zòn nan bay kèt y ap fè dimanch la pou ede viktim siklòn Melissa yo nan Ayiti, Jamayik, ak Kiba
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Nov 11, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 11 novanm 2025
Tuesday Nov 11, 2025
Tuesday Nov 11, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Avyon IBC ateri nan ayewopò entènasyonal Okay; Nouvèl; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou sitiyasyon peyi nou Ayiti; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou fèt 15yèm anivèsè Radio Omega
Yè lendi a avyon IBC fè premye vòl li soti Miami rive Okay ak 30 pasaje epi l retounen ak 20 pasaje; Malgre konpayi a te di pri a t ap ant $300 rive $500 ale retou, pri a se te $1500
Nouvèl:
-Sena Meriken an pase pwopozisyon tanporè pou debloke bidjè federal peyi a jiska fen mwa janvye 2026; Demen pwopozisyon an pral parèt devan chanm depite a epi si l pase pou Trump siyen li plop plop
-Donald Trump di ti koze "tarif" li a tèlman byen mache chak sitwayen peyi a ki peyi taks pral jwenn yon diplis $2,000 ane sa a; Depatman Trezò peyi a ki pou ta voye kòb la di popilasyon an tanpri panko mete dlo sou dife
-Minis Defans peyi Tazini, Pete Hegseth di li eklate 2 lòt ti kannòt ak 6 moun ladan yo; Nan rankont peyi CELAC yo ak Inyon Ewopeyen gwo deba fèt sou sasinay gouvènman Meriken an ap fè sitwayen Venezyela ak lòt peyi nan zòn nan epi menas l ap fè sou Kolonbi ak Nikaragwa
Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou sitiyasyon peyi nou Ayiti
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la jedi 27 novanm ak fanmi endijèn nou yo nan Plymouth, Mass
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Nov 10, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 novanm 2025
Monday Nov 10, 2025
Monday Nov 10, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Fòs ak Kouraj pou fanmi konpatriyòt Vincent Beauvor Antoine; Yon nèg Granrivyè Dinò k ap viv nan New York la depi 1972 ki fè travèse li 29 oktòb nan laj 95 lannen
Demokrat ak Repibliken yo jwenn yon antant tanporè pou yo kanpe "Shutdown" federal la
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Van an vire nan peyi Bolivi; Endijèn yo pèdi pouvwa politik nan gouvènat peyi a
-Apre 20 jou fèmen nan prizon, Lafrans libere Nicolas Sarkozy annatandan jijman final
-Trump ba Giuliani ak 70 lòt patizan li yon padon
Anons

Thursday Nov 06, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 6 novanm 2025
Thursday Nov 06, 2025
Thursday Nov 06, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Anons; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Nouvèl:
-Avyon IBC Airways anonse apati lendi pwochen 10 novanm y ap koumanse fè wout Florid-Okay 3 fwa chak semèn
-Biwo Proteksyon Sivil bay yon dènye bilan dega siklòn Melissa ann Ayiti; Nou ankouraje oditè nou yo sipòte tout peyi ki viktim yo
-Anpil vòl Etazini blije anile paske manke travayè kap jere sikilasyon akoz lejislatè Repibliken ak Demokrat yo nan Kongrè Meriken yo panko jwenn yon antant sou nouvo bidjè peyi a
-Depatman Agrikilti soumèt li ak desizyon jij federal Meriken yo pou rantre nan rezèv pou bay tout 42 milyon fanmi k pou jwenn SNAP yo mwatye nan montan an
-Konsèy pou imigran ak estati frajil ak fanmi yo nan sezon Donald Trump lan
-Larisi ap kontinye fè gwo dega nan Ikrèn epi chak jou ta sanble dènye jou Zelensky
-Ti komik yo lakay nou ap fè bri pou eleksyon; Gwatemala di l pare pou l voye 300 sòlda nan "Fòs pou Krase Gang" Meriken an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Nov 05, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 5 novanm 2025
Wednesday Nov 05, 2025
Wednesday Nov 05, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Gwo viktwa Zhoran Mamdani nan eleksyon majistra NY la yè; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou viktwa Zhoran Mamdani nan eleksyon pou Majistra lavil New York la yè
Moriso Lewa - Lanbi
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Fòs ak kouraj pou tout fanmi nou lakay k ap fè rezistans anfas gang teworis "Viv Ansanm" yo
Koreksyon: Powèt nou te fè referans ak li yè a se te Philippe Hannibal Price olye Philippe Toby-Marcelin
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Mobilizasyon pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy nan Plymouth, MA jedi 27 novanm 2025

Tuesday Nov 04, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 novanm 2025
Tuesday Nov 04, 2025
Tuesday Nov 04, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Nou retounen sou dosye prezans pòtpawòl entènasyonal gang teworis "Viv Ansanm" yo Kim Ives nan selebrasyon Mwa Kreyòl nan Brooklyn College nan wikenn nan; Liy ouvè ak oditè yo; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Kòm nou pa t gen chans ouvè liy yè sou prezans Kim Ives, pòtpawòl entènasyonal gwoup teworis Viv nan San yo nan selebrasyon Mwa Kreyòl ki te fèt nan Brooklyn College pandan wikenn nan nou tounen sou dosye a
Liy ouvè ak oditè yo sou dosye sa a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze sou posibilite èd "SNAP/food stamps" leta federal bay moun ki nan nesesite isit Ozetazini kapab kanpe nan plizyè eta apati mwa demen samdi Premye novanm nan
Nouvèl:
-Jodi a se jou eleksyon nan plizyè eta Ozetazini; Nan vil New York la se eleksyon pou majistra vil la; Bawon tou 2 gwo pati yo fè kò ansanm pou sabote kanpay Zhoran Mamdani
-Bagay yo pa klè ditou nan Mali; Laprès Meriken ak bizawèl yo ta vle fè konprann Islamis yo ta nan papòt kapital peyi a Bamako epi a nenpòt ki moman yo pral kapote gouvènman chèf peyi a Asimi Goita a
-Etazini ap gonfle sòlda Meriken nan papòt Venezyela epi l vle fè konprann l ap tou pase pran Kolonbi ak Nikaragwa
-Malfektè k te rele Dick Cheney ki se ansyen Minis Defans Etazini epi ansyen Vis Prezidan Etazini fè vwèl pou peyi san chapo nan laj 84 lannen
-Jij federal nan plizyè eta pase gouvènman Trump lan lòd pou koumanse bay moun ki nan bezwen pou sa benefis manje SNAP yo jwenn chak mwa, Trump di toutotan Demokrat yo dakò ak bidjè li pote ba yo sa pa p fèt
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Nov 03, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 novanm 2025
Monday Nov 03, 2025
Monday Nov 03, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Ti koze ak Esau Jules sou gang teworis yo anndan peyi a ak nan dyaspora; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Ti koze ak Raymond Dugué sou "Black Solidarity Day" epi sou vwayaj UNIA ann Afrik; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Dyalòg ak ti frè nou Esau Jules, responsab nan MOLEGHAF, sou vyolans gang teworis yo kontinye ap fè nan katye popilè yo epi sou prezans Kim Ives nan selebrasyon mwa Kreyòl nan Brooklyn College nan wikenn nan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan UNIA sou "Black Solidarity Day" fanmi Nwa Meriken nou yo ap make jodi a epi sou vwayaj UNIA sot fè ann Afrik
Anons

Thursday Oct 30, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 30 oktòb 2025
Thursday Oct 30, 2025
Thursday Oct 30, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Anons
Nouvèl
-Nouvèl sou dega siklòn Melissa lakay nou epi nan Jamayik
-Detay sou mannèv gouvènman Meriken an pou yo te peyi avyatè Nicolas Maduro pou l te trayi msye; Meriken tchwe 57 malere Venezyelyen nan pou pi piti sou lanmè kòmkwa yo t ap trafike dwòg men Etazini pa gen yon pwoblèm dwòg ak Venezyela, se luil peyi sa a yo bezwen vòlè
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

