Episodes

Thursday Dec 04, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 4 desanm 2025
Thursday Dec 04, 2025
Thursday Dec 04, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen: Ekip Trump lan anonse yo pa p renouvlè TPS; Apre atak ki fèt nan Washington sou 2 Gad Nasyonal Etazini Trump anonse yon pil ak yon pakèt desizyon pou sere boulon imigran k soti nan 19 peyi (Afghanistan, Burma (Myanmar), Burundi, Chad, Repiblik Congo, Cuba, Equatorial Guinea, Eritrea, Haiti, Iran, Laos, Libya, Sierra Leone, Somalia, Sudan, Togo, Turkmenistan,Venezyela, Yemen): yo pa p jwenn viza Etazini, kanpo sou aplikasyon azil, regade 13 milyon kat rezidans, regade tout dosye natiralizasyon, elt.
Anons

Wednesday Dec 03, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 3 desanm 2025
Wednesday Dec 03, 2025
Wednesday Dec 03, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Maduro ak lame peyi li patisipe nan parad militè kote yo di yo pa p fè yon pa kita, yon pa Nago epi yo pare pou defann peyi yo kòmsadwa
-Negosyatè Meriken k t al rankontre Putin yo retounen men vid
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Federal Meriken arete Jeriah Mast, yon blan kadejakè k rele k ap vwayaje Ayiti depi 2002 kò misyonè pou l t al fè kadejak sou timoun piti
-Bernie Moreno se yon senatè Meriken, Repibliken nan Ohio ki pwopoze yon lwa ki di yon moun ki Ameriken pa ka gen yon lòt nasyonalite
-Nasyonzini nome Jack Christofides alatèt fòs pou kraze gang ki ta gen pou l ateri Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Dec 02, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 desanm 2025
Tuesday Dec 02, 2025
Tuesday Dec 02, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence; Liy ouvè ak oditè yo; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Apre atak yon imigran Afghan fè sou 2 gad nasyonal Meriken Donald Trump deside kanpe tout pwosessis aplikasyon azil epi pini tout imigran ak kat rezidans
Feliks Moriso Lewa - Bondye bon
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Refleksyon frè nou Jean Paul Spence
Nouvèl:
-Gouvènman ak laprès Meriken an fè konnen Prezidan Venezyela a Nicolas Maduro pale nan telefòn ak Donald Trump epi mande l negosyasyon pou li kite pouvwa
-Li ta parèt preyidan kwoupyon lakay nou yo siyen pwopozisyon kalandriye elektoral KEP a lavèy prezans alatèt OEA a Albert Ramdin nan peyi a
-Meteyo anonse gwo fredi ak move tan nan zòn NY, NJ, CT la pou jodi a ak rès semèn nan
-Liugi Mangione ki te sasinen alatèt konpayi asirans sante United Health la te nan tribinal nan NY la yè lendi a; Avoka msye yo mande tribinal la lage l sou teknikalite
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Dec 01, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye desanm 2025
Monday Dec 01, 2025
Monday Dec 01, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Remèsiman, rapò, ak son Jounen Nasyonal Dèy la; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Kokenn trajedi nan Orange, NJ kote ansyen etidyan Stony Brook, manm HSO Poojanee "PJ" Fleury ak gran sè li Frantzia Fleury mouri nan yon dife lakay yo jedi 27 novanm ki sot pase a
Nou salye epi remèsye tout fanmi yo ki te ale oswa ki te bay kontribisyon yo pou sipòte pelerinaj nou nan 56yèm Jounen Nasyonal Dèy la nan Plymouth, Massachussetts
Nou pase mesaj Dahoud nan aktivite a (li ann Angle)
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Militan mouvman liberasyon Nwa Meriken Jamil al-Amin (H. Rap Brown) fè travèse li dimanch 23 novanm ki sot pase a nan laj 82 lannen; Nou pase adaptasyon "Last Poets" sou liv fanmi an "Die Nigga, Die"
Nou jete dlo pou Jean Robert Cius, Daniel Israel, ak Mackenson Michel, 3 jèn Gonayiv yo; sasinay yo 28 novanm 1985 te sèvi gazolin nan mobilizasyon ki te voye Jean Claude Duvalier ale
Nou sonje masak Riyèl Vayan an epi n jete dlo pou viktim yo; San yo pa p janm efase nan men Namphy, Regala, ak Leslie Manigat
Nouvèl:
-Trump deside li pa p renouvle TPS pou Ayisyen
-lavèy eleksyon nan Honduras Trump anonse l apral bay ansyen prezidan Honduras la: Juan Orlando Hernandez yon ekzonerasyon total pandan l ap sasinen Venezyelyen inosan
-Lapolis Dominiken lage Jean Max Louissaint, manm gang teworis Viv Ansanm lapolis Ayiti te mete manda kont li arete pou asosyasyon malfektè
-Gwo Moso ap mennen gwo mannèv tòde ponyèt pou l fini ak lagè Ikrèn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a

Wednesday Nov 26, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 26 novanm 2025
Wednesday Nov 26, 2025
Wednesday Nov 26, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Mesaj Brigadye Tomasen yo; Liy ouvè ak oditè yo; Mesaj Fritz Jean fas ak sanksyon Meriken ak Kanada; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la jedi 27 novanm ak fanmi endijèn nou yo nan Plymouth, Mass
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nou pase mesaj yon responsab Brigad Tomasen voye pou peyi a ak lòt brigad k ap konbat teworis Viv Ansanm yo
Liy ouvè ak oditè yo
Meriken ak Kanada mete sanksyon sou tchoul restavèk yo Fritz Jean pou asosyasyon gang; Msye di yo maladi yo genyen an se pa li yo di doktè a
Anons

Tuesday Nov 25, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 novanm 2025
Tuesday Nov 25, 2025
Tuesday Nov 25, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; 25 novanm: Jounen Entènasyonal pou Kwape Vyolans sou Fanm ak Ti fi; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Liy ouvè ak oditè yo; Konbit pou Jounen Nasyonal Dèy la nan Plymouth, MA jedi; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la jedi 27 novanm ak fanmi endijèn nou yo nan Plymouth, Mass
Dyalòg ak sè nou Taina Exant sou dat 25 novanm nan ki se jounen entènasyonal pou kwape vyolans k ap fèt sou fanm ak ti fi
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Lapolis nan Repiblik Dominikèn arete yon kolaboratè deklare gang teworis Viv Ansanm ki rele Jean Max Louissaint alyas Ralph Laurent
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Nov 24, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 24 novanm 2025
Monday Nov 24, 2025
Monday Nov 24, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Pyès Syto Cave - Fò Dimanch; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou salye epi remèsye tout fanmi yo ki te ale oswa ki te bay kontribisyon yo pou sipòte 15yèm fèt selebrasyon Radio Omega a
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la ak fanmi endijèn nou yo, jedi 27 novanm nan Plymouth, MA
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Pati Kreyòl nan pyès Fò Dimanch - Syto Cave
Nouvèl:
-Gwo manif elèv nan Charlotte, NC kont politik rasis Donald Trump
-Konsèy Sekirite LONI vote 13-0 pou soutni pwojè Meriken pou konplètman domestike Palestinyen yo
-Gouv Meriken an kontinye ap sasinen sitwayen Venezyela nan ti kannòt ozalantou peyi yo epi NY Times di Trump boule gra; Plizyè vòl entènasyonal Venezyela kanpe apre anons FAA sou aktivite militè nan zòn nan
-Ekip Trump lan mete deklarasyon l deyò vandredi a pou di malgre ekip Iran ak Ayiti kalifye pou Koup Dimond, sitwayen peyi sa yo pa p ka rantre Etazini vin asiste match yo
-Yon jiri federal Meriken anonse enkilpasyon Sheila Cherfilus McCormick ak frè li Edwin Cherfilus; Pou di se pa kamyon revanj Donald Trump lan k ap vanse?
-Tribinal federal kondane ansyen manm Fugees Prakazrel Michel pou l pase 14 lannen nan prizon pou mannèv li fè pou kowonp sistèm eleksyon Etazini
-FBI arete 2 ti blan rasis yo di ki t ap monte yon konplo pou yo pran Lagonav, tchwe tout gason sou zile sa a epi mete tout fanm yo ak tout timoun yo nan esklavaj seksyèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Nov 20, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 20 novanm 2025
Thursday Nov 20, 2025
Thursday Nov 20, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Konbit pou Jounen Nasyonal Dèy nan Plymouth, MA; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la jedi 27 novanm ak fanmi endijèn nou yo nan Plymouth, Mass
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen: dat limit TPS la pre rive; Atik AP sou konplo jij, avoka leta, ak ajan ICE pou kidnape imigran nan tribinal epi depòte yo prese prese
Tou 2 chanm lejislati Meriken an vote pou pou mete tout dokiman Jeffrey Epstein yo deyò epi Donald Trump siyen vit prese men anpil moun ap mande tèt yo si pa genyen dokiman ekip Trump lan gen tan retire
Li parèt yo ta kenbe Kristi Noem, alatèt Homeland Sekirite peyi a nan yon ti jwèt dwèt long siperyè; Epi, epi?
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Nov 19, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 19 novanm 2025
Wednesday Nov 19, 2025
Wednesday Nov 19, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Refleksyon nou sou "Ayiti" k prale nan Koup dimond 2026; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la jedi 27 novanm ak fanmi endijèn nou yo nan Plymouth, Mass
Refleksyon nou sou kalifikasyon ekip foutbòl "Haiti" a pou koup dimond 2026 la
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Nov 18, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 18 novanm 2025
Tuesday Nov 18, 2025
Tuesday Nov 18, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Segman esepesyal sou Batay Vètyè; Liy ouvè ak oditè yo; Konbit pou Jounen Nasyonal Dèy la nan Plymouth, MA jedi pwochen; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la jedi 27 novanm ak fanmi endijèn nou yo nan Plymouth, Mass
Rès emisyon an se yon espesyal pou n selebre 222yèm anivèsè Batay Vètyè; Nou pase pllizè kòmantè sou batay sa a:
-Eddy Lubin - Istwa Batay Vètyè:
https://www.youtube.com/watch?v=ZPR5f92Chdc
-Wilky Toussaint sou Batay Vètyè
https://www.youtube.com/watch?v=Z00wTx5-Y6s
-Jafrikayiti - Lafimen: Vètyè, pòtay libète
-Pierre Buteau nan fim Arnold Antonin fè an 2022 sou Janjak Desalin:
https://youtu.be/lM8p1ijg6Is?t=2286
-Jean Julien - Istwa Ayiti:
https://youtu.be/VYP8xBEEb6Q?t=10102
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

