Episodes

Thursday Jul 18, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 18 jiyè 2024
Thursday Jul 18, 2024
Thursday Jul 18, 2024
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen
Nouvèl
-Mouvman pou dechouke William Ruto alatèt peyi Kenya a ap vale teren; Wo Tribinal nan Kenya kase desizyon Ruto pou anpeche manifestasyon fèt nan Nairobi
-Finalman polisye Kenya yo ak PNH la mete pye yo atè anfas "gang" yo epi ... Nouvo Cha MaxPro MRAP blende Meriken livre ba yo a pran pàn nan mitan batay la
-Carole Demesmin ki se responsab nan Fowòm Vodou ki di l reprezante plis pase 200 òganizasyon Vodou denonse KNVA, Wayòm Vodou ak Zantray ki voye Newton St Juste kòm reprezantan sektè nan Konsèy Elektoral Dragon 9 tèt la kòm ti komik k ap fè fòlklò
-Pati Repibliken an rekonèt Donald Trump kòm kandida pati a nan mwa Novanm
-Plis presyon sou Joe Biden pou l mete kò l akote; Doktè Joe Biden anonse msye gen covid
Anons

Wednesday Jul 17, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 17 jiyè 2024
Wednesday Jul 17, 2024
Wednesday Jul 17, 2024
Manif devan katye jeneral Citigroup 9am demen maten; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Lapès oswa kolera, kilès ou pito? Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manif òganizasyon Planet over Profit ap fè demen maten devan katye jeneral Citigroup nan Manhattan, 388 Greenwich St
Anons
Yon 2yèm gwoup 200 ofisye Kenya ateri ann Ayiti
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista:
Nouvèl
Malgre gwo presyon Joe Biden di l pa p fè yon pa Kita, yon pa Nago pandan CNN anonse Donald Trump riske genyen Lavalaseman si se Joe Biden ki anfas li
E si pèp Etazini an ta refize chwa 2 gwo pati politik peyi a ofri yo a?
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jul 16, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 jiyè 2024
Tuesday Jul 16, 2024
Tuesday Jul 16, 2024
Nouvèl; Istwa Koralen - Pale moun nan Nò; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Okipasyon Meriken degize a ap deplòtonnen; Jounalis Kenyen ki t ap poze Biden kesyon sou rezon Biden ap voye Kenya ann Ayiti
-Bwa a mare nan Kenya: Peyi a lòk pou dechouke William Ruto
-Konvansyon Pati Repibliken an ap bwase nan Milwaukee, WI; Ekip Trump lan chwazi JD Vance ki se yon ansyen opozan kòm Vis Prezidan li
-Tribinal nan New Jersey kondane Senatè Demokrat Bob Menendez pou dwèt long siperyè
-Tanbou kontinye ap bat pou egzije Pati Demokrat la prezante yon lòt kandida pou eleksyon mwa Novanm nan
-Minis Afè Etranjè Bahamas anonse gouvènman peyi li pral relouvri Anbasad li Ayiti epi li panko klè si sòlda Bahamas yo prale Ayiti
-Minis Travo Piblik gouvènman Garry Conille la mete yon gwo banyè nan lari pou swete Prezidan Aristide Bòn Fèt epi anonse l ap netwaye peyi a "Lavalaseman"
-Lesly Voltaire anonse pa gen pwoblèm ant Dragon 9 tèt la ak Garry Conille
-Ayibopost pibliye yon lèt Anbasadè Lafrans te voye ba ansyen Minis Edikasyon Nesmy Manigat pou esplike l jan Lafrans ta renmen edikasyon fèt ann Ayiti
Istwa Koralen - Pale Moun nan Nò
Anons
Deklarasyon KOMOKODA 26 mas 2024
Anpil anpil kritik sou fason Sèvis Sekrè, Lapolis lokal te jere sekirite Donald Trump samdi pase
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jul 15, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 Jiyè 2024
Monday Jul 15, 2024
Monday Jul 15, 2024
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Dosye tantativ sasinay sou Donald Trump lan; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Gwo dosye a: Tantativ sasinay sou "Gwo Moso" Donald Trump
-Nou konekte plent anpil otorite Meriken ap fè kòmkwa Sèvis Sekrè Meriken te dwe anpeche sa k pase a ak rapò IDF (Lame Israel) kòmkwa yo te dwe anpeche atak 7 oktòb yo: Pa gen fò ki enprenab, annik gen fò ki mal atake se premye prensib fondamantal lagè!
-Jenosid Israel ak Ameriken sou zòn kote Palestinye yo ta dwe sou pwoteksyon ak kontinye
-Konsèy Sekirite Nasyonzini rankontre Vandredi a epi renouvle manda BINUH pou yon lannen
-Yon trajedi nan kominote Ayisyen nan Kansas City, Mo: 3 Ayisyen mouri epi 3 blese nan yon gwo aksidan machin pandan yo t ap sot nan travay
-Anbasad Meriken ann Ayiti anonse y ap negosye ak Minis Agrikilti Gary Conille lan pou mang Fransik rekòmanse rantre Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jul 11, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 11 jiyè 2024
Thursday Jul 11, 2024
Thursday Jul 11, 2024
Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen: Administrasyon Biden nan pibliye yon nouvo aplikasyon TPS yè mèkredi 10 jiyè a
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan òganizasyon UNIA sou divès aktivite nan jou k ap vini yo
Nouvèl
-Plis presyon nan laprès epi anndan Pati Demokrat la pou egzije pati sa a retire Joe Biden epi chwazi yon nouvo kandida; Apre 2 atik pou mande retrè Joe Biden, NY Times ekri pou deklare Donald Trump limenm tou pa kalifye pou l al nan eleksyon pou prezidan peyi a
-Pòtpawòl Mezon Blanch lan Karine Jean Pierre blije rekonèt li te bay laprès manti sou kondisyon sante mantal Joe Biden
Anons

Wednesday Jul 10, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 10 jiyè 2024
Wednesday Jul 10, 2024
Wednesday Jul 10, 2024
Li lè pou Pati Demokrat la retire Joe Biden nan soufrans li; Yon sèl mesaj pèp Kenya anndan kou deyò peyi a pou William Ruto: Vle pa vle, Fò w Ale! ; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou nesesite pou Pati Demokrat la Ozetazini retire Joe Biden nan soufrans li, pou yo chwazi yon lòt kandida pou eleksyon mwa novanm nan
Mobilizasyon yo pou dechouke William Ruto anndan Kenya epi nan dyaspora Kenyen an kontinye rèd mare
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista: Teworis Meriken debake ak zam pou destabilize Kiba
Anons

Tuesday Jul 09, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 jiyè 2024
Tuesday Jul 09, 2024
Tuesday Jul 09, 2024
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Ayisyen anndan kou deyò peyi nou rekonèt gang yo se pitit Ameriken epi se Ameriken ki mete "Dragon 9 tèt" la atravè CARICOM epi se Ameriken ki mete Gary Conille atravè dragon an
-Atik Patricia Camilien ki di dragon 9 tèt la pa fè twòp bri, menase Garry Conille pandan nan reyalite a yo konnen yo pa ka revoke li
-Alatèt PNH la Normil Rameau ak alatèt sòlda Kenya yo Godfrey Otunge bay yon konferans pou laprès yè kote yo fè "gang" yo gwo menas
-Manifestasyon anfavè Komisyon Muscadin k ap menase lavi alatèt RNDDH la Pierre Esperance; Nou dakò ak pozisyon RNDDH la ki di responsab leta pa ka arete, mare, epi touye moun jan yo pito
-Gouvènman Burkina Faso a deside mennen demach pou Blaise Compaore vin pran tan prizon li pou sasinay Thomas Sankara
-Diplis sou Premye somè Alyans Peyi Sahel yo; Federasyon an pa p kanpe
-NY Times frape Joe Biden ankò; Yo mande pou Pati Demokrat la an blòk egzije Biden bay yon lòt kandida lese pase paske si yo kite Biden ale anfas Trump se pi gwo kado y ap fè li
Liy ouvè ak oditè yo
Nou ankouraje oditè yo sipòte fanmi nan karayib la ki viktim siklòn Beryl
Citibank anonse l ap vire do li sou aktivite ekonomik li ann Ayiti; Bank Finca di l ap kite Ayiti tou
Anons

Monday Jul 08, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 Jiyè 2024
Monday Jul 08, 2024
Monday Jul 08, 2024
Ranmase sou konferans nou te prezante nan NAKO/IAAF lan samdi maten; Nouvèl - Viv Alyans Peyi Sahel yo; Ti koze ak Mèt Bano; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou konferans nou te prezante nan NAKO/IAAF lan samdi maten
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Kominikasyon an pa t bon
Nouvèl:
-Premye somè Alyans Peyi Sahel yo fèt avan yè samdi a nan Niamey nan peyi Niger
-Nan entèvyou ak Stephanopoulos Vandredi swa Biden di l pa p wete kò l; li refize pran yon ekzamen pou detèmine kondisyon sante mantal li; li deklare "I run the world"
-yè 7 jiyè a fè 3 lannen depi mèt ke Jovenel Moise te montre l ki jan granmoun tape l sou
-Dezyèm wonn eleksyon pou ranplase gouvènman Lafrans lan yè dimanch lan
Ti koze ak frè nou Mèt Bano (Ernest Banatte) ki pase wè nou nan stidyo a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jul 04, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 4 jiyè 2024
Thursday Jul 04, 2024
Thursday Jul 04, 2024
Jodi a Etazini gen 248 lannen: Nou tounen sou diskou Frederick Douglass 5 jiyè 1852 nan Rochester, NY: Ki sa 4 jiyè a vle di pou yon esklav Ozetazini? Ti komik ap toujou Ti Komik; Segman Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a Etazini gen 248 lannen: Nou tounen sou diskou Frederick Douglass 5 jiyè 1852 nan Rochester, NY: Ki sa 4 jiyè a vle di pou yon esklav Ozetazini?
Refleksyon nou sou komedi tchoul restavèk Gouvènman Garry Conille lan te vin fè Ozetazini epi rankont Konsèy Sekirite Nasyonzini fè yè sou Ayiti a
Depite Nwa Meriken nan Queens lan, Gregory Meeks bat bravo pou gwo pwogrè Conille gen tan fè nan koze sekrite Ayiti; Ti komik la panko bay a ki chif pousantay ensekirite a gen tan rive bese
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen Pou Refijye Ayisyen: Anpil, anpil prekosyon pou fanmi nou yo pran ak kote y aprale pou ranpli aplikasyon TPS yo
Anons

Wednesday Jul 03, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 3 jiyè 2024
Wednesday Jul 03, 2024
Wednesday Jul 03, 2024
Meriken deplase ak tchoul yo Garry Conille san yo pa avèti tchoul yo ki nan Dragon 9 Tèt la: Tchoul restavèk vle fache men yo pa gen dwa sa a; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou virewon Garry Conille Ozetazini; Dragon 9 tèt la move paske Conille pa t avèti yo pou yo te gen tan pase l lòd; Meriken di ti komik yo "POZE"
Konsèy Sekirite Nasyonzini reyini sou dosye Ayiti maten an
Politisyen tout plim tout plimay ak jounalis rat do kale pwenti nan Anbasad Meriken yè madi a pou al selebre 4 jiyè
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Ti koze ak konpatriyòt Yvon Lamour ki se yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen
Nouvèl:
-Bri ap kouri se kab Kamala Harris k ap ranplase Joe Biden
-Siklòn Beryl kontinye ap fè dega; Gwo menas pou Jamayik
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

