Episodes

Tuesday Jul 02, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 jiyè 2024
Tuesday Jul 02, 2024
Tuesday Jul 02, 2024
Siklòn Beryl fè gwo ravaj nan ti zile lès Karayib la yo; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura; Nouvèl; Ti koze ak Koralen sou sitiyasyon peyi nou; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
-Lakou Siprèm Etazini deside 6 Repibliken kont 3 Demokrat yo pou bay Trump iminite nan plizyè dosye k devan tribinal yo
-Etazini siyèn yon akò ak nouvo prezidan Panama a pou fèmen Darien Gap la
Refleksyon nou sou Ayisyen k ap tann tchoul resravèk blan mete alatèt peyi a vin sove nou; K ap tann Kenya sove nou

Monday Jul 01, 2024
Monday Jul 01, 2024
Haiti-Kenya: Same Struggle, Same Fight
*********
Sounds from anti-Ruto protests in Germany
Sounds from yesterday's anti-Ruto protests in front of the Kenya Embassy in Washington DC
Discussion on the US "Black Face" occupation in Haiti with Kenya in the lead
Sounds from last Friday's anti-Ruto protest in front of the NYC Kenya Consulate
How this movement started against Ruto's Finance Bill and has spread to become a general "Ruto Must Go" movement
Statement of Kenyan author David Maillu
Parents joining their children in the streets of Kenya to say "Ruto Must Go"
Haiti-Kenya: Same Struggle, Same Fight

Monday Jul 01, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye Jiyè 2024
Monday Jul 01, 2024
Monday Jul 01, 2024
Segman espesyal ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou renouvèlman ak redeziyasyon TPS pou Ayisyen Ozetazini; Nouvèl; Entèvyou ak yon fanmi Kenya k ap viv Etazini sou manifestasyon yo fè yè kont William Ruto; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Segman espesyal ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou anons gouvènman Biden nan pou renouvle epi redezinye TPS pou Ayisyen
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Kominikasyon an pa t bon
Nouvèl:
-Gary Conille "an vwayaj" Ozetazini
-Trajikomedi deba Joe Biden ak Donald Trump nan Atlanta jedi pase
-Deklarasyon Mezon Blanch emèt madi pase ak siyati Joe Biden sou debakman Kenya Ayiti a
-Premye wonn eleksyon pou ranplase Prezidan Iran an Vandredi pase
-Premye wonn eleksyon pou ranplase gouvènman Lafrans lan yè dimanch lan
Ti koze ak frè nou Ali Badawi, yon fanmi Kenya k ap viv nan zòn Washington DC a sou manifestasyon yo fè yè dimanch la devan Anbasad Kenya nan Washington
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jun 27, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 27 jen 2024
Thursday Jun 27, 2024
Thursday Jun 27, 2024
Nou li lèt yon sitwayen Kenya ki mande pèp Ayisyen an padon davans pou asasen, vòlè, kadejakè yo Ruto voye lakay nou yo; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou tradui lèt yon sitwayen Kenya ekri pèp Ayisyen an pou l di nou ki kalite asasen, vòlè, kadejakè, sovaj polisye Kenya a ye epi l eskize l davans pou sa yo pral fè lakay nou; Li di nou se pa pèp Kenya ki voye yo men se yon tchoul restavèk ki rele William Ruto ak patwon li Joe Biden
Nouvèl:
-Yon tantativ Koudeta nan Bolivi echwe; Gouvènman an arete lotè yo
-Deklarasyon 2 lejislatè Repibliken Depite McCaul ak Senatè Risch ki denonse okipasyon Kenya Ayiti a
-Anvan yo kite Kenya William Ruto lapriyè ak sòlda li yo epi l di se bondje limenm ki te rezève ti djòb sa a pou Kenya
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jun 26, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 26 jen 2024
Wednesday Jun 26, 2024
Wednesday Jun 26, 2024
Se kòmkwa anpil anpil Ayisyen ta pare pou ba Ayisyen k pa dakò Kenya ateri yo Bwa Kale, ou kwè se vre?; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou yon entèvyou nou te bay Valerio St Louis (VOA Kreyòl) nan non KOMOKODA pou denonse okipasyon Meriken peye Kenya pou l fè a ak apatrid Ayisyen yo ki kore okipasyon an epi Ayisyen ki ekri gwo jouman pou denonse pozisyon nou pran an
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Ti koze ak konpatriyòt Yvon Lamour ki se yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen
Nouvèl:
-Dosye legal Julian Assange nan fèmen; Msye nan wout pou l al rejwenn fanmi li lakay nan Ostrali
-Depite Meriken Nwa Jamaal Bowman pèdi "Primary" pati Demokrat la yè apre fòs ekonomik nan kominote juif la depanse plis pase 14 milyon dola pou "revoke" msye
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jun 25, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 jen 2024
Tuesday Jun 25, 2024
Tuesday Jun 25, 2024
Ruto di se bondje k chwazi Kenya kidonk pou li Etazini se bondje; Liy ouvè; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Ti koze ak Koralen sou sitiyasyon peyi nou; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
-Gandy Thomas ki reprezante Ayiti nan OEA siyen akò "SOFA" ki ta gen pou jere prezans sòlda etranje yo nan peyi a ak anbasadè Kenya nan Washington Lazarus Amayo
-Apre 11 lannen kidnaping Etazini deside libere alatèt Wikileaks la Julian Assange
-Mobilizasyon kont remèd chwal FMI yo pran chè nan Kenya: lapolis touye 10 moun jodi a epi pèp la mete dife nan palman peyi a
Refleksyon nou sou sòlda Kenya yo ki ateri nan peyi a jodi a
Ti koze Jean Claude Martineau (Koralen) sou konjonkti peyi a - Ofisye Kenya yo ateri; Siy pou n wè lè yon nouvo gouvènman ap konbat koripsyon

Monday Jun 24, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 24 jen 2024
Monday Jun 24, 2024
Monday Jun 24, 2024
NAKO/IAAF envite epi dezenvite Dahoud pou pale sou Ayiti nan International Afrikan Arts Festival k ap fè samdi 6 jiyè nan Brooklyn nan; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
NAKO/IAAF envite epi dezenvite Dahoud pou pale sou Ayiti nan International Afrikan Arts Festival k ap fè samdi 6 jiyè nan Brooklyn nan
Bri k ap kouri nan lari a di sòlda Kenya yo ap nan wout pou Ayiti demen; Kominote Kenyen k ap viv Ozetazini manifeste pou pote solidarite yo ak jèn yo nan Kenya k ap manifeste kont plan FMI Ruto ap chache aplike yo epi yo tou denonse okipasyon degize ann Ayiti a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Raymond Dugue, Premye Asistan Prezidan UNIA, sou omaj UNIA te fèt yè nan Simtyè Nasyonal nan Long Island nan pou sonje Carlos Cooks
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jun 20, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 20 jen 2024
Thursday Jun 20, 2024
Thursday Jun 20, 2024
Rapò manifestasyon kont aktivite Al Sharpton nan Christian Cultural Center nan Brooklyn nan; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò sou manifestasyon Black Alliance for Peace ak KOMOKODA devan aktivite Al Sharpton nan Christian Cultural Center nan Brooklyn nan
-Son manifestasyon an
Nouvèl:
-Dosye tribinal Germine Joly (Yonyon) an ap pousuiv; Se lendi jij ki sou dosye a ap pwononse santans li
-Nominasyon ansyen direktè PNH la Normil Rameau pibliye nan jounal Moniteur yè mèkredi a
-Gradyasyon yon nouvo ekip polisye nan PNH la
-Manifestasyon kontinye nan Kenya kont William Ruto akoz nouvo politik finans gouvènman an t ap chache enpoze
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jun 19, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 19 jen 2024
Wednesday Jun 19, 2024
Wednesday Jun 19, 2024
Aba Al Sharpton ak restavèk Ayisyen yo k ap ede Etazini domestike Ayiti; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Enpòtans pou kominote nou an kanpe anfas Al Sharpton ak lòt restavèk yo nan kominote a ki pran pòz y ap sipòte pèp Ayisyen an pandan se politik gouvènman Meriken an pou domestike peyi nou y ap kore
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Festival Kiba Kreyòl ap fèt Premye pou 4 out 2024 la
Nouvèl:
-"Ruto Must Go!" Manifestasyon gaye nan Kenya pou bloke politik FMI Ruto soti pou aplike nan Kenya
-Cyril Ramaphosa inogire pou yon lòt manda nan Afrikdisid apre ANC fè yon alyans ak pati Alyans Demokratik ki reprezante blan rasis yo nan peyi a
-Depi yè Putin ap vizite peyi Koredinò
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jun 18, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 18 jen 2024
Tuesday Jun 18, 2024
Tuesday Jun 18, 2024
Antonio "3 Bebe" Sonthonax janbe; Liy ouvè; Nouvèl; Ti koze ak Koralen sou sitiyasyon peyi nou; Ti koze ak Jafrikayiti; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
-Ranmase sou reyinyon G7 ki fèt Itali semèn pase a
-Tchoul restavèk Kenya a William Ruto te nan reyinyon an ak kwi li pou l mande lajan pou okipasyon Meriken degize Ayiti a
-Chanm depite Meriken an vote yon bidjè $884 Milya epi pou premye fwa depi 1972 pou gouvènman an otomatikman anrejistre tout jèn gason 18-26 an pou draft
Ti koze Jean Claude Martineau (Koralen) sou konjonkti peyi a - Madichon pou politisyen, jounalis, ak atis machann peyi yo ki plis enteresan nan zafè etranje olye yo enterese nan zafè peyi nou

