May 9, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 6 me 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti Koze ak konpatriyòt Tony Jean Thenor nan Veye Yo sou "Town Meeting" KOMOKODA ak Veye Yo te fè samdi k sot pase a sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Sant Kominotè Pè Gerard Jean Juste nan Miami: 690 NE 159th St nan North Miami Beach
Nouvèl
-Yon gwo dife eklate nan otèl Saratoga nan Laavàn: 31 moun mouri, 84 moun blese
-Gouvènman Kiben an anonse yo mete yon kaye kondoleyans disponib nan misyon diplomatik yo pou moun ki vle voye mesaj senpati pou lanmò patriyòt Kiben Ricardo Alarcon
-Gwo lit tanmen isit Ozetazini pou fwennen Lakou Siprèm ki ta gen pou anonse li ranvèse desizyon Roe vs Wade ki te fèt an 1973 pou
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Gouvènman Meriken an prezante ansyen Senatè John Joseph Joel nan tribinal federal Miami maten an ak akizasyon enplikasyon li nan sasinay Jovenel Moise
Liy ouvè ak oditè yo
May 5, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ak Veye Yo k ap fè samdi 7 me 2022, 4pm-6pm sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Sant Kominotè Pè Jera Janjis nan 690 NE 159th Street, North Miami Beach, FL
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor: Wilner al vizite yon ti lokalite nan Nòdès peyi a ki rele Derak
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Gouvènman Meriken an pibliye akizasyon li kont Germine Joly alyas Yonyon ak 3 lòt Ayisyen k ap viv bò isit (Eliande Tunis, Jocelyn Dor, ak Walder St Louis) yo di ki t ap founi 400 Mawozo zam
-Chèf yo nan peyi a ogmante chif Ayisyen k ta moun nan lagè gang 400 Mawozo kont Chen Mechan an ta rive sou 39 moun
-Prezidan peyi Kolonbi Ivan Duque anonse yo ta voye pi gwo chèf gang nan peyi sila a Otoniel vin jije Ozetazini
-Medya Meriken Politico pibliye dokiman ki montre ajans Meriken CDC ta trake moun k ap viv Ozetazini ki te teste pozitiv nan tan Kovid la atravè telefòn selilè yo
Liy ouvè ak oditè yo
May 4, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ak Veye Yo k ap fè samdi 7 me 2022, 4pm-6pm sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Sant Kominotè Pè Jera Janjis nan 690 NE 159th Street, North Miami Beach, FL
Nouvèl:
-Ajan federal Meriken pran Yonyon nan prizon an Ayiti epi yo mennen l pou jije Etazini
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Diplomat Dominiken yo te di nou 400 Mawozo te kidnape a jwenn liberasyon li
Ti koze ak avoka Marcel Denis sou dènye nouvèl nan dosye federal dola senkant ak 5 santim chak minit la epi pou n ankouraje fanmi k nan zòn Miami yo fè deplasman an
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Liy ouvè ak oditè yo
May 3, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ak Veye Yo k ap fè samdi 7 me 2022, 4pm-6pm sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Sant Kominotè Pè Jera Janjis nan 690 NE 159th Street, North Miami Beach, FL
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak sè nou Zuma Angela Jasmine Lavertue ki grandi ansanm ak etidyan 5yèm ane medsin Osny Zidor asasen touye semèn pase a
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl
Ti koze ak Farah Juste sou rankont sou dola senkant ak 5 santim chak minit k ap fèt nan Miami samdi 7 la
Liy ouvè ak oditè yo
May 2, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ak Veye Yo ap fè samdi 7 me k ap vini an sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Sant Kominotè Pè Gerard Jean Juste nan Miami: 690 NE 159th St nan North Miami Beach
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 29 avril 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti Koze ak konpatriyòt Dominique St Eloi, responsab CNOHA sou manifestasyon ouvriye yo fè yè nan Pòtoprens
Nouvèl:
-Emisyon an jete dlo pou diplomat epi lejislatè Kiben Ricardo Alarcon ki fè travèse li yè dimanch lan
-Gen yon jij federal Ozetazini ki bloke desizyon rejim Biden nan pou l fini ak depòtasyon "Title 42" yo
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Gouvènman Dominiken an anonse gand 400 Mawozo ta kidnape diplomat peyi yo Carlos Guillen Tatis nan zòn Kwadèboukè
-Bri kouri gen moun ki ta frape avoka Andre Michel
Liy ouvè ak oditè yo
April 28, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ak Veye Yo k ap fè samdi 7 me 2022, 4pm-6pm sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Sant Kominotè Pè Jera Janjis nan 690 NE 159th Street, North Miami Beach, FL
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor: Wilner al vizite yon ti lokalite nan Nòdès peyi a ki rele Gad Salin
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Akò ant Lachin ak Iran
-Etidyan Fakilte Medsin yo manifeste yè pou denonse sasinay Osny Zidor
Nou pase ti pale yon pwofesè Fakilte Medsin te fè nan manifestasyon pou denonse sasinay Osny Zidor ki fèt yè
Liy ouvè ak oditè yo
April 27, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou pase vwa Michel Martelly ki te nan KreyòlFest nan Brooklyn nan 26 jen 2011 kote l te di 5 santim chak minit la pou kont li t ap rapòte 100 mil dola vèt chak jou pou l voye tout timoun nan peyi a lekòl gratis
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-4yèm jij ki te nome sou dosye Jovenel Moise la, Jij Merlan Belabre, tonbe anvan l janm wè dosye a; Gouvènman Meriken an mande jij ki sou dosye Jovenel Moise la pèmisyon pou yon pati nan jijman an fèt an sekrè; Tou 2 dosye apatrid la yo tonbe nan latrin
-Sasinay yon lòt etidyan ankò nan lari Pòtoprens: Osny Zidor, 27 an, 5yèm ane Medsin
Liy ouvè ak oditè yo
April 26, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Josi a se 26 avril 2022, 59 lannen apre jou madichon 26 avril 1963 epi 36 lannen apre jou madichon 26 avril 1986
Nou pase yon ti bout nan yon emisyon Radio Haiti Inter te fè ak yon temwen ki te Pòtoprens 26 avril 1963
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ak konpatriyòt Dominique St Eloi ki se responsab nan sendika CNOHA sou mobilizasyon travayè faktori yo ap fè dimanch Premye me ak lendi 2 me pou yo pousuiv revandikasyon ajisteman salè 1,500 goud pou chak jounen travay la ak bon jan akonpayman sosyal
Liy ouvè ak oditè yo
April 25, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou swete frè nou Michel Edouard ak prizonye politik Meriken Nwa Mumia Abu Jamal ki fete anivèsè nesans yo yè dimanch 24 avril la yon Bòn Fèt!
24 avril 1970 se te dat Kolonèl Octave Cayard ki te responsab Gadkot Ayisyèn ansanm ak defen Wilson Desir te atake Palè Nasyonal Ayiti; Se ensidan sila a ki te tou mete Wilson deyò nan peyi a epi k mete l nan chimen sèvis li te vin fè nan kominote Ayisyen nan NY la
Remèsiman pou tout fanmi ki te ede nou ak mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ap fè samdi a sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 22 avril 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Koze pou ede fanmi an pi byen ranmase dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la
Liy ouvè ak oditè yo sou dosye dola senkant la
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Plis enfo sòti sou dife k te pran nan Mache
-Plis enfo sòti sou ti avyon k tonbe sou wout kafou a nan Pòtoprens
Liy ouvè ak oditè yo
April 21, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ap fè samdi 23 avril 2022, 6pm sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Legliz Batis Dizrayèl ki nan 1377 Rogers Ave (Kwen Farragut Rd.) nan Brooklyn nan
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor: Wilner pale ak yon gwoup jèn gason Repiblik Dominikèn depòte
Nouvèl:
-Diplis sou ti avyon sila a ki fè aksidan pandan l t apral Jakmèl
-Lapolis nan Grand Rapids, Michigan sasinen yon jèn gason Afriken k te rele Patrick Loyola
-Tribinal Angletè dakò pou voye Julian Assange ki nan prizon lakay yo depi 3 lannen pou l a
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou "Town Meeting" KOMOKODA ap fè samdi 23 avril 2022, 6pm sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la nan Legliz Batis Dizrayèl ki nan 1377 Rogers Ave (Kwen Farragut Rd.) nan Brooklyn nan