Episodes

Monday Feb 17, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 fevriye 2025
Monday Feb 17, 2025
Monday Feb 17, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Konbit pou Leonard Peltier; Nou ankouraje fanmi an siyen petisyon Rudy Thomas Sanon kont Gamall Augustin; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou aktivite Harlem-Palestine Peace Walk nou te patisipe vandredi a
Nou ankouraje oditè nou yo sipòte kanpay pou kolekte $50,000 pou akeyi prizonye politik endijèn Leonard Peltier k ap tounen lakay li demen apre 50 lannen nan prizon
Nou ankouraje fanmi k ap tande nou yo al siyen petisyon Rudy Thomas Sanon animatè emisyon "Se sa nou vle" pibliye pou l jwenn 3000 siyati pou mande ULCC mennen yon ankèt sou jesyon restavèk Martelly k rele Gamall Augustin nan Televizyon Nasyonal
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Demen madi a ekip Trump lan gen randevou nan Arabi Saoudit ak ekip Putin nan pou yo negosye fen lagè "proxy" Etazini ap mennen nan Ikrèn depi 2022 a; Zelensky ak Inyon Ewopeyèn estomake dèske Trump ap chache fèmen dosye a san patisipasyon yo
-Zelensky rejte pwopozisyon Donald Trump lan; Li di l pa p siyen pou bay Etazini mwatye pou tout mineral peyi Ikrèn ki gen gwo valè yo
-Boukantay prizonye politik ant Israel ak Hamas la kontinye malgre djòl pwès ak menas pou batay la relanse epi pou Etazini ak Israel ta atake Iran
-Anpil anpil kritik sou gouvènman tchoul restavèk Ayiti a k ap depase 4 milyon pou kanaval pandan yo gen yon kwi nan men yo ap mande pou sekirite epi pou bay Ayisyen manje
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Feb 13, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 13 fevriye 2025
Thursday Feb 13, 2025
Thursday Feb 13, 2025
Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Eric Adams vann imigran san papye nan NY pou l pa pran kòd; Anons; Nouvèl; Liy ouvè; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Majistra New York la Eric Adams vann imigran san papye nan vil la ba Donald Trump pou l pa pran kòd
Nouvèl:
-Apati lendi 10 fevriye 2025 lan, si w te rantre Angletè san papye ou pa ka vin sitwayen
-Houthis yo fè Israel ak bizawèl li yo konnen dwèt Houthi tou pre gachèt la
-Moun ap ri Zelensky ki di li pare pou l boukante zòn Larisi k nan men l yo pou zòn Larisi anekse yo
-Depite Hugues Celestin frape 9 tchoul restavèk Etazini ak Karikòm yo fò
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Feb 12, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 12 fevriye 2025
Wednesday Feb 12, 2025
Wednesday Feb 12, 2025
Nou remèsye sipòtè nou yo; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nou jete dlo pou fondatè epi ansyen prezidan Namibi Sam Nujoma ki janbe; Nouvèl; Liy ouvè; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mizisyen Kiben Ayisyen Felix Cumbe, Dominiken yo konsidere kòm fondatè rit mizikal Dominiken k rele Bachata a fè travèse li
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Ekip Trump lan kontinye ap sere boulon Kiba
Sam Nujoma, militan ki te mennen lit liberasyon peyi Namibi, fondatè epi ansyen prezidan peyi sila a ki nan zòn sid kontinan Afriken an fè travèse li samdi 8 fevriye k sot pase a
Nouvèl:
-Donald Trump anonse li te gen yon gwo konvèsasyon maten an ak Vladimir Putin epi ak Volodimyr Zelensky epi yo pre rive sou yon antant pou fini ak gè Meriken ak ak bizawèl li yo ap fè depi 2 lannen kont Larisi atravè Ikrèn
-Leslie Voltaire mande lajistis Ayisyen mennen ankèt li sou tout moun Nasyonzini, Etazini, ak Kanada sanksyone yo
-Martine Moise ekri Donald Trump pou mande l ouvè dosye sekrè Etazini genyen sou sasinay Jovenel Moise la pou tout moun konnen sa k ladan l
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Feb 11, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 11 fevriye 2025
Tuesday Feb 11, 2025
Tuesday Feb 11, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Emisyon espesyal sou malfezans Meriken fè lakay nou atravè USAID epi pou ede Ayisyen konprann ekip Trump lan ap kraze bwat fatra sa a paske pou yomenm li ta dwe fè plis mal toujou; Nouvèl; Liy ouvè; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou analiz tèt bòbèch "ekonomis" Etzer Emile sou dola senkant dyaspora a Martelly ak tout dirijan pèpè nou yo ap vòlè depi 2011 jouk jodi a:
https://vantbefinfo.com/haiti-quel-impact-du-prelevement-de-1-50-sur-les-transferts-internationaux/
Ti bout nan yon emisyon Radio Sans Fin sou fason USAID detwi pwodiksyon yanm nan zòn Nò ak Nòdwès peyi a
Nouvo kòmantè sè nou Florence Bonhomme Comeau k ap klarifye rezon k fè okenn Ayisyen pa ta dwe doute malfezans Meriken ap fè lakay nou epi sou latè atravè USAID
Emisyon Wilky Toussaint sou fason "èd entènasyonal" la kenbe peyi "pòv" y nan povrete (USAID)
https://www.youtube.com/watch?v=K0I10_IxT1o
Nouvèl:
-Ekip Trump lan pase Depatman lajistis Meriken lòd pou li wete tout dosye kriminèl ki nan tribinal kont majistra NY la Eric Adams pou sèvis li rann ekip la
-Jounalis Marie Lucie Bonhomme Opont ta fè yon "stroke" maten an ki voye l lopital; Premye rapò yo di kondisyon sante li amelyore
-Putin lage pwofesè Meriken Marc Fogel Larisi te arete nan mwa out 2021 paske l t ap rantre nan peyi sila a ak mariwana; Bri ap kouri se ta negosyasyon Trump ak Putin sou dosye Ikrèn nan k ap suiv chimen li
Anons

Monday Feb 10, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 fevriye 2025
Monday Feb 10, 2025
Monday Feb 10, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Edisyon emisyon "Pawòl Bosal" sou USAID; Aba referanndòm bidon ak eleksyon bidon; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou pase emisyon "Pawòl Bosal" 8 fevriye 2025 frè nou Manno Louizaire fè sou USAID
Aba referanndòm konstitisyon bidon ak eleksyon bidon gouvènman ilegal epi ilejitim nan
Aba mannigèt restavèk blan mete opouvwa yo pou yo achte konplisite dyaspora a ak koze bay dyaspora a dwa pou vote a; Nou lanse yon PINGA! bay ti chen yo nan dyaspora a k ap kriye pou zo pou yo souse
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Jij federal George O'Toole nan Boston mete yon kanpo sou pwogram "Buyout" ekip Trump lan lage pou redui kantite anplwaye gouvènman federal la
-Donald Trump siyen pou peyi Etazini sispann fè penich paske yo di chak grenn yo fè koute peyi a 3 penich
-Meriken je vèt yo mande ki dwa Elon Musk pou l ap koupe rache nan tout biwo federal gouvènman yo
Liy ouvè ak oditè yo
Kouman Gouvènman Meriken an konprann koze doub nasyonalite a
Anons

Thursday Feb 06, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 6 fevriye 2025
Thursday Feb 06, 2025
Thursday Feb 06, 2025
Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Nou pa p janm bliye 7 fevriye; Emisyon espesyal sou Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen: Fòk tout moun k ap viv Ozetazini ki pa genyen kat rezidans pèmanan oswa sitwayènte Meriken genyen yon "Plan B"; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou pa p janm bliye 7 fevriye 1986
Nou pa p janm bliye 7 fevriye 1991
Emisyon espesyal Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
-Fòk tout moun k ap viv Ozetazini ki pa genyen kat rezidans pèmanan oswa sitwayènte Meriken genyen yon "Plan B"
-Enpòtans pou kominote Ayisyen an kore òganizasyon nou yo k ap travay pou pwoteje sa ki vilnerab yo
-Enpòtans pou nou pote kole ak lòt kominote ki kanpe djanm anfas pwojè ranmase epi depòte imigran ki pa blan Ozetazini yo
Anons

Wednesday Feb 05, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 5 fevriye 2025
Wednesday Feb 05, 2025
Wednesday Feb 05, 2025
Nou remèsye sipòtè nou yo; Nouvèl; Mesaj sè nou Florence Bonhomme Comeau sou jan l kontan ekip Trump lan fèmen USAID; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Yè madi a ICE voye yon premye gwoup 25 moun ann Ayiti; pi fò nan yo pa t menm gen paspò
-Li ta parèt tout travayè CIA yo jwenn yon lèt ki ofri yo yon "Buy out" sizoka yo ta vle kite travay yo
Nou pase mesaj Florence Bonhomme Comeau k ap eksprime kè kontan li dèske ekip Trump la deside fèmen USAID
Li ta parèt se 4.4 milya dola vèt Hillary Clinton ta fè pase nan USAID sou non Ayiti apre goudougoudou a an 2010
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Istwa jan Meriken poze grif li sou Guantanamo nan peyi Kiba
Ti koze ak Prezidan Divizyon UNIA nan Brooklyn nan Rodney Dugué sou selebrasyon y ap fè samdi pou Black History Month 2025
Nouvèl:
-Gouvènman Trump lan bloke lajan Etazini te deja kontribiye nan MMS la, okipasyon Black face Joe Biden nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Feb 04, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 fevriye 2025
Tuesday Feb 04, 2025
Tuesday Feb 04, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Nouvèl; Liy ouvè; Ti koze ak kèk fanmi nou ki nan zòn Kenskòf la; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Meksik ak Kanada fè yon antant tanporèe yo ak Trump pandan Lachin reze
-Ekip Trump lan deside fèmen USAID; Pou ki se jodi a tout gwo bawon Demokrat yo deside fè yon manifestasyon nan Washington pou USAID pa kraze
-Dizon Prezidan El Salvador la Bukele ak "Trump's Little Marco" pou peyi sila a ka ka kenbe prizonye nenpòt peyi pou Etazini
-Donald Trump di li te voye fè yon atak misil ki touye anpil vagabon pandan wikenn nan sou ISIS nan peyi Somali
Ti koze ak 3 fanmi nou ki nan zòn Kenskòf la
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki aktyèlman nan Matinik
Anons

Monday Feb 03, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 fevriye 2025
Monday Feb 03, 2025
Monday Feb 03, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Mobilizasyon kont politik imigrasyon rasis Donald Trump yo; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Jenosid nan peyi Kongo; Leslie Voltaire depale anba kleren "Be Cool"; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon kont politik imigrasyon rasis Donald Trump yo deklenntche atravè Etazini; jodi a se jou anpil òganizasyon k ap defann imigran deside deklare 'Yon jounen san imigran"
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Piyaj resous natirèl peyi Congo pou zòt ka jwi lakòz sasinay plis pase 6 milyon Kongolè depi 1996
Leslie Voltaire "Preyidan ti komik" bay peyi a rapò vwayaj li nan Vatikan kote l di nou li pike yon estati Nòtredam Pèpetyèl Sekou nan lakou Vatikan an epi li lapriyè nan pye manzè pou l fè yo mirak pou wete gang teworis yo nan peyi a
Nan entèvyou li ak televizyon Lafrans Preyidan Leslie di yo li swete referanndòm ak eleksyon pral rive fèt nan 8 nan 10 depatman peyi a ki pa gen gang yo
Komite ekzekitif Fanmi Lavalas pibliye yon nòt pou laprès kote yo di Leslie Voltaire ak 8 lòt ti komik parèy li pou sispann ranse ak pèp Ayisyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jan 30, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 30 janvye 2025
Thursday Jan 30, 2025
Thursday Jan 30, 2025
Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Emisyon espesyal sou Imigrasyon ak Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Remèsiman espesyal pou tout oditè ki bay sipò yo pou emisyon Eritye Papa Desalin pandan mwa janvye sa a
Emisyon espesyal Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons