Episodes

Monday Dec 15, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 desanm 2025
Monday Dec 15, 2025
Monday Dec 15, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Rapò lantèman Frantz Alfred, Frantzia, ak Poojanee Fleury nan East Orange, NJ; Rapò fèt fen ane KOMOKODA; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Lantèman Mr. Frantz Alfred, Frantzia, ak Pojanee Fleury nan East Orange, NJ
Konbit pou manifestasyon KOMOKODA vandredi 19 desanm 2025, 2pm-5pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou sòlda ak lajan Meriken sanble pou Fòs Represyon Gang yo a
-Ekip Trump lan elimine "Family reunification" nan pou Colombia, Cuba, Ecuador, El Salvador, Guatemala, Haiti ak Honduras
-Supreme Court dakò pou dosye Trump pou kanpe "Birthright Citizenship" la vanse
-Ladwat reyaksyonè pote boure nan eleksyon nan Chili ak eleksyon Jose Antonio Kast
-Yon avyon Jet Blue chaje ak touris Meriken ki t ap soti Kiraso pou vini NY JFK manke fè kolizyon ak yon avyon lagè Trump mete nan zòn nan pou bay Venezuela presyon
-Kongrè Meriken an ap fè gwo presyon pou fòse Bill ak Hillary Clinton vin temwanye sou dosye Epstein nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou manifestasyon KOMOKODA vandredi 19 desanm 2025, 2pm-5pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Thursday Dec 11, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 11 desanm 2025
Thursday Dec 11, 2025
Thursday Dec 11, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen: Trump repete koze peyi two latrin nan nan yon rankont nan Pennsylvania; Lavant "gold card" yo koumanse yè; Mobilizasyon jeneral pou bloke fen TPS pou Ayiti 3 fevriye a
Nouvèl:
-Etazini sezi yon oil tanker venezuela ki t ap pote luil Kiba
-Boukantay 230 polisye Kenya lendi a: 230 rantre Ayiti epi 230 tounen lakay yo; Moun Kenya remake yo t ap danse epi bat lestomak yo lè yo t aprale epi anpil tounen chifonnen epi sou bekiy
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a
-Lantèman Frantzia ak Pojanee Fleury epi papa yo Alfred Frantz Fleury ap fèt 10am samdi 13 desanm k ap vini an
-6pm, samdi swa 13 desanm se fèt fen ane KOMOKODA nan Flanbwayan: N ap tann ou

Wednesday Dec 10, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 10 desanm 2025
Wednesday Dec 10, 2025
Wednesday Dec 10, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Istwa Jean Claude Martineau (Koralen) - Tèlson
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Ki sa dwa moun vle di nan peyi Kiba
Refleksyon nou sou 10 desanm ki se Jounen Entènasyonal Dwa Moun
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a
-Lantèman Frantzia ak Pojanee Fleury epi papa yo Alfred Frantz Fleury ap fèt 10am samdi 13 desanm k ap vini an
-6pm, samdi swa 13 desanm se fèt fen ane KOMOKODA nan Flanbwayan: N ap tann ou

Tuesday Dec 09, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 desanm 2025
Tuesday Dec 09, 2025
Tuesday Dec 09, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Ti pye zoranj; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Bòn fèt Adan Antoine
Anons
Anplis Majistra NY la Eric Adams siyen dekrè pou anpeche otorite lavil NY la pran sanksyon, bloke envestisman kont Israel, msye siyen pou manifestasyon pa fèt devan sinagòg, legliz, ak moske
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; 2 sè Altagracia Michaela ak Macula k ap viv San Pedro de Macoris vin vizite li epi tou pote refleksyon yo nan dosye lanmò Ti Stephora Anne-Mircie Joseph
Nouvèl:
-Anbasadè Ayiti nan Washington nan Lionel Delatour te fete kèk manm ekip foutbòl Ayiti ki pral nan Koup dimond lan epi anonse gouvènman li te pase l lòd pou l pale ak Trump pou mande l gras pou Ayisyen ki pa p viv Ozetazini nan ka vin isit pou asiste match
-Prezidan Ikrèn nan Volodimyr Zelensky di vyèj timenn li li pa p siyen iltimatòm Gwo Moso Donald Trump prezante l pou lapè ak Larisi; Lafrans, Angletè, Almay di Zelensky kenbe djanm y ap kore bannann li; Trump di msye atansyon paske peyi sa yo pa gen dan nan djòl yo
-Nan okazyon Jounen Entènasyonal Kont Koripsyon ULCC pibliye yon rapò ki mande jije Michel Martelly, yon ansyen direktè FNE, Minis Spò aktyèl la, epi 2 anplwaye ISPAN
Kont frè nou Wilner Altidor te anrejistre: Ti Pye Zoranj
Ti komik Alix Didier Fils Aimé nan Misyon Kanada nan Nasyonzini pou mande sipò pou lajan ak sòlda pou fòs represyon gang nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a
-Lantèman Frantzia ak Pojanee Fleury epi papa yo Alfred Frantz Fleury ap fèt 10am samdi 13 desanm k ap vini an
-6pm, samdi swa 13 desanm se fèt fen ane KOMOKODA nan Flanbwayan: N ap tann ou

Monday Dec 08, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 desanm 2025
Monday Dec 08, 2025
Monday Dec 08, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Rapò lantèman matant mwen Marie Françoise Jean-Baptiste; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Bòn fèt Roselyn!
Lantèman Marie Francoise Jean Baptiste
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Propriyetè App ICEBlock yo ap asiyen gouvènman Trump la nan tribinal pou presyon yo te fè sou konpayi Apple pou l te fèmen app la
-Gouvènman Jamayik la ap negosye ak Bill Clinton pou Fondasyon Clinton ta ede yo ranmase yon trilyon dola epi vin ede yo rebati Jamayik apre dega siklòn Melissa
-Menm komedi "Ayiti" nan koup dimond 2026 la sot fèt nan Miss Universe 2025 lan Thailand: Madmwazèl Melissa Queenie Sapini ki se yon pitit Ayisyen ki fèt nan Boston, k al patisipe nan yon simagri konpetisyon ki fèt Miami epi l al nan konpetisyon an nan non Ayiti nan Thailand
-Eric Adams, ti vòlò restavèk ki majistra lavil New York la fè yon dènye vwayaj kòm majistra ale Israel epi lè l tounen li siyen yon dekrè ki di moun ki vini apre l yo pa ka retire envestisman lavil la nan biznis Israyelyen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a
-Fèt fen ane KOMOKODA 6pm, samdi 13 desanm nan Flanbwayan
-Lantèman Frantzia ak Pojanee Fleury ap fèt samdi k ap vini an

Thursday Dec 04, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 4 desanm 2025
Thursday Dec 04, 2025
Thursday Dec 04, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen: Ekip Trump lan anonse yo pa p renouvlè TPS; Apre atak ki fèt nan Washington sou 2 Gad Nasyonal Etazini Trump anonse yon pil ak yon pakèt desizyon pou sere boulon imigran k soti nan 19 peyi (Afghanistan, Burma (Myanmar), Burundi, Chad, Repiblik Congo, Cuba, Equatorial Guinea, Eritrea, Haiti, Iran, Laos, Libya, Sierra Leone, Somalia, Sudan, Togo, Turkmenistan,Venezyela, Yemen): yo pa p jwenn viza Etazini, kanpo sou aplikasyon azil, regade 13 milyon kat rezidans, regade tout dosye natiralizasyon, elt.
Anons

Wednesday Dec 03, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 3 desanm 2025
Wednesday Dec 03, 2025
Wednesday Dec 03, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Maduro ak lame peyi li patisipe nan parad militè kote yo di yo pa p fè yon pa kita, yon pa Nago epi yo pare pou defann peyi yo kòmsadwa
-Negosyatè Meriken k t al rankontre Putin yo retounen men vid
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Federal Meriken arete Jeriah Mast, yon blan kadejakè k rele k ap vwayaje Ayiti depi 2002 kò misyonè pou l t al fè kadejak sou timoun piti
-Bernie Moreno se yon senatè Meriken, Repibliken nan Ohio ki pwopoze yon lwa ki di yon moun ki Ameriken pa ka gen yon lòt nasyonalite
-Nasyonzini nome Jack Christofides alatèt fòs pou kraze gang ki ta gen pou l ateri Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Dec 02, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 desanm 2025
Tuesday Dec 02, 2025
Tuesday Dec 02, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence; Liy ouvè ak oditè yo; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Apre atak yon imigran Afghan fè sou 2 gad nasyonal Meriken Donald Trump deside kanpe tout pwosessis aplikasyon azil epi pini tout imigran ak kat rezidans
Feliks Moriso Lewa - Bondye bon
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Refleksyon frè nou Jean Paul Spence
Nouvèl:
-Gouvènman ak laprès Meriken an fè konnen Prezidan Venezyela a Nicolas Maduro pale nan telefòn ak Donald Trump epi mande l negosyasyon pou li kite pouvwa
-Li ta parèt preyidan kwoupyon lakay nou yo siyen pwopozisyon kalandriye elektoral KEP a lavèy prezans alatèt OEA a Albert Ramdin nan peyi a
-Meteyo anonse gwo fredi ak move tan nan zòn NY, NJ, CT la pou jodi a ak rès semèn nan
-Liugi Mangione ki te sasinen alatèt konpayi asirans sante United Health la te nan tribinal nan NY la yè lendi a; Avoka msye yo mande tribinal la lage l sou teknikalite
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Dec 01, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye desanm 2025
Monday Dec 01, 2025
Monday Dec 01, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Remèsiman, rapò, ak son Jounen Nasyonal Dèy la; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Kokenn trajedi nan Orange, NJ kote ansyen etidyan Stony Brook, manm HSO Poojanee "PJ" Fleury ak gran sè li Frantzia Fleury mouri nan yon dife lakay yo jedi 27 novanm ki sot pase a
Nou salye epi remèsye tout fanmi yo ki te ale oswa ki te bay kontribisyon yo pou sipòte pelerinaj nou nan 56yèm Jounen Nasyonal Dèy la nan Plymouth, Massachussetts
Nou pase mesaj Dahoud nan aktivite a (li ann Angle)
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Militan mouvman liberasyon Nwa Meriken Jamil al-Amin (H. Rap Brown) fè travèse li dimanch 23 novanm ki sot pase a nan laj 82 lannen; Nou pase adaptasyon "Last Poets" sou liv fanmi an "Die Nigga, Die"
Nou jete dlo pou Jean Robert Cius, Daniel Israel, ak Mackenson Michel, 3 jèn Gonayiv yo; sasinay yo 28 novanm 1985 te sèvi gazolin nan mobilizasyon ki te voye Jean Claude Duvalier ale
Nou sonje masak Riyèl Vayan an epi n jete dlo pou viktim yo; San yo pa p janm efase nan men Namphy, Regala, ak Leslie Manigat
Nouvèl:
-Trump deside li pa p renouvle TPS pou Ayisyen
-lavèy eleksyon nan Honduras Trump anonse l apral bay ansyen prezidan Honduras la: Juan Orlando Hernandez yon ekzonerasyon total pandan l ap sasinen Venezyelyen inosan
-Lapolis Dominiken lage Jean Max Louissaint, manm gang teworis Viv Ansanm lapolis Ayiti te mete manda kont li arete pou asosyasyon malfektè
-Gwo Moso ap mennen gwo mannèv tòde ponyèt pou l fini ak lagè Ikrèn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a

Wednesday Nov 26, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 26 novanm 2025
Wednesday Nov 26, 2025
Wednesday Nov 26, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Mesaj Brigadye Tomasen yo; Liy ouvè ak oditè yo; Mesaj Fritz Jean fas ak sanksyon Meriken ak Kanada; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la jedi 27 novanm ak fanmi endijèn nou yo nan Plymouth, Mass
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nou pase mesaj yon responsab Brigad Tomasen voye pou peyi a ak lòt brigad k ap konbat teworis Viv Ansanm yo
Liy ouvè ak oditè yo
Meriken ak Kanada mete sanksyon sou tchoul restavèk yo Fritz Jean pou asosyasyon gang; Msye di yo maladi yo genyen an se pa li yo di doktè a
Anons

