Episodes

Tuesday Mar 24, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 mas 2020
Tuesday Mar 24, 2020
Tuesday Mar 24, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Blag jounen an se ekip vòlè ki opouvwa an Ayiti yo ki anonse ane skolè a pral kontinye "a distans" sou konpitè
Pa bliye prekosyon ki rekòmande yo pou diminye chans pou w atrap viris kowona a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Dènye chif Covid-19 yo epi ki sa chif yo vle di
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Mar 23, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 mas 2020
Monday Mar 23, 2020
Monday Mar 23, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Salitasyon pou ekip KOMOKODA a ki te manifeste devan Misyon Etazini nan LONI jedi k sot pase a
Reyalite Covid-19 la kreye nan peyi Etazini epi atravè mond lan
Prekosyon nou ankouraje fanmi an pran nan lari a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 20 mas la
Ti koze ak gran frè nou Jean-Claude Martineau sou Covid-19 lan epi konsekans lè yon moun ki pote tit dirijan pa lejitim epi pèp li ta dwe ap dirije a pa fè l konfyans
Pou ki sa menm lè Ti Komik Jovenel Moise se tchoul Donald Trump, nan dosye Covid-19 la yo tankou 2 marasa afòs yo tou 2 pa gen kredibilite
Moun Itali ak Etazini k ap mouri akoz Covid-19 paske manke resous se konsekans sistèm kapitalis la ki mete lajan anvan lavi moun
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Mar 17, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 mas 2020
Tuesday Mar 17, 2020
Tuesday Mar 17, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Dyalòg al frè nou Raymond Dugué sou Covid-19 la ak nouvo reyalite peyi n ap viv ladan l nan ak rès mond lan; Enpòtans pou nou òganize nou pou n rive travèse move pas la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Liy ouvè ak oditè yo
Kèk siy pou w konnen si w ta dwe al chache fè tès pou Covid-19 la
-Nimewo CDC: 1-800-232-4636
-Nimewo "Hotline" Depatman Lasante Eta Nouyòk sou Covid-19 la: 1-888-364-3065
Tèlmam gen moun ki pèdi travay yo k al ranpli fòmilè "unemployment" nan sitwèb Depatman Travay la yè apremidi sitwèb la krake
Anons

Monday Mar 16, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 mas 2020
Monday Mar 16, 2020
Monday Mar 16, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti koze sou panik Covid-19 la kreye nan zòn NY la ak lòt kote jodi a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 13 mas la ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti diplis sou dosye Covid-19 la
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project, sou nouvo reyalite pou elèv lekòl nan vil Nouyòk la
Jodi 16 mas la nou sonje Patrick Dorismond, yon jèn gason Ayisyen 26 lannen lapolis Nouyòk te sasinen 16 mas 2000; Nou sonje kouraj Ayisyen nan NY ki te kanpe goumen pou jistis pou Patrick
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Mar 10, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 mas 2020
Tuesday Mar 10, 2020
Tuesday Mar 10, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Konbit pou n ankouraje fanmi ki nan zòn Queens ak Long Island nan al pote kole nan manifestasyon k ap fèt apremidi pou jwenn jistis Matthew Felix
Ti koze sou dosye Covid-19 (Coronavirus) la: Dènye enfòmasyon k soti yo epi prekosyon pou fanmi an ta pran
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Imigrasyon Meriken lanse yon operasyon k ap bay gwo panik nan kominote imigran yo nan vil "sanctuary" yo
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Mar 09, 2020
Monday Mar 09, 2020
Interview with Samantha Felix who is the older sister of Matthew Felix, a 19 year old Haitian American murdered by Nassau County Police in Cambria Heights, Queens on Tuesday February 25th, 2020; We spoke about what happened and about the protest happening at 4pm Tuesday March 10th in front of Nassau County Police Headquarters in Mineola

Monday Mar 09, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 mas 2020
Monday Mar 09, 2020
Monday Mar 09, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Nou salye memwa frè nou Erick Laguerre (Tom Malè, Manmi Pwela) ki fè travèse li samdi swa
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 6 mas la ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou pase mizik D-fi ak Tafa Mi Soleil ki rele "Flè Dizè"
Ti koze ak Samantha Felix ki se gran sè Matthew Felix, jèn Ayisyen lapolis NY sasinen madi ki te 25 fevriye a sou manifestasyon k ap demen a 4è devan Katye Jeneral Lapolis Nassau County
Dènye chif Covid-19 yo
Liy ouvè ak oditè yo
Mannigèt gwo bwa nan Pati Demokrat la pou fòse Joe Biden ki jodi a nan yon eta entatad nan kòlèt patizan pati sa a

Tuesday Mar 03, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 mas 2020
Tuesday Mar 03, 2020
Tuesday Mar 03, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit sou nouvo lwa eta New York ki entèdi biznis bay kliyan yo bagay yo achte nan sachè plastik
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Refleksyon nou sou eleksyon "Super Tuesday" k ap fèt nan 14 eta Ozetazini jodi a;
Lawont pou jounalis, politisyen, ak tout lòt bègwè nan peyi nou yo k ap pale kòmkwa ta ka gen yon ti moso verite nan koze lopital ak 200 kabann Jovenel Ti Komik ta prepare sizoka Covid-19 la ta ateri Ayiti
Fouyapòt nan Massachussetts Institue of Technology ki triye nan tout dokiman eleksyon mwa novanm nan Bolivi a mete rapò yo deyò pou di yo pa jwenn okenn prèv Gouvènman Evo a te fè koken nan eleksyon an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 27 fevriye 2020:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan

Monday Mar 02, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 mas 2020
Monday Mar 02, 2020
Monday Mar 02, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 28 fevriye a ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Nou salye frè nou Pierre Augustin ansanm ak fanmi li: Madi ki sot pase a lapolis Nassau County sasinen yon neve Pierre ki rele Matthew Felix nan Cambria Heights; Anons manifestasyon k ap fèt mèkredi 4 mas la a 4è nan kalfou Linden Blvd. ak 217th Street kote lapolis touye Matthew an
Nou salye fanm vanyan Juanita Young, yè premye mas la fè 20 lannen depi yon polisye NYPD te sasinen pitit li Malcolm Ferguson
Nou te rive jwenn frè nou Prince Tiecoura Dessalines ki aktyèlman nan peyi Kiba men malerezman siyal la tonbe epi n pa rive rejwenn li
Refleksyon Fritzner sou "Dènye" Minis lan Ti Kouyon Jovenel ta nonmen maten an
Nouvèl:
-Apre 19 lannen batay Meriken mete latche l nan mitan janm li epi l siyen yon akò lapè ak Taliban yo nan Afghanistan ke yo di yo pa rekonèt
-Dènye nouvèl nou jwenn nan dosye Covid-19 la
-Vòt Nwa Meriken nan South Carolina voye Kandida pou "sena" Meriken an Joe Biden monte nan eleksyon Pati Demokrat la samdi swa; 3 bèf tonbe apre Primary sila a!
-Ti koze sou lwa eta NY koumanse aplike yè pou entèdi biznis k ap kolekte taks bay kliyan yo sache plastik
-Gouvènman peyi Lafrans anonse prezidan peyi a Macron ap vanse ak refòm nan koze avanse laj pou moun jwenn pansyon ak dekrè prezidansyèl olye yo voye lwa al vote nan palman peyi a
-Jèn gason nan Vilajdedye pete filè nouvo "chablende" Jovenel yo
Samdi k sot pase a te 29 fevriye 2020, 16 lannen depi koudeta kidnaping 29 fevriye 2004 la: Kapitalis se peche mòtèl!

Tuesday Feb 25, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 fevriye 2020
Tuesday Feb 25, 2020
Tuesday Feb 25, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Chapo pou militan Okap yo ki bare cha Martelly a epi anpeche l virewon nan vil la yè swa
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Misyon Etazini nan LONI 3pm-6pm Jedi 27 fevriye 2020:
1st Avenue ak 45th Street nan Manhattan
Pinga sou sa k parèt kòm pozisyon bat ba Sendika PNH la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Konbit pou pote kole ak konpatriyòt Juan Teofilo nan Repiblik Dominikèn k ap travèse yon move pas
Nouvèl:
-Leve kanpe popilasyon lakòz kanaval nan Santo Domingo, nan Chile an difikilte; Lapolis nan Brezil ap fè grèv pou reklame ogmantasyon salè epi pi bon kondisyon travay
-Premye Minis Antigua a Gaston Browne vekse "Boulchit" Bocchit pou pozisyon tchoul restavèk li nan yon atik li pibliye nan jounal Jamaica Observer pou kritike divizyon nan mitan CARICOM paske òganizasyon sila a refize mache tèt bese nan politik Etazini kont Venezyela a
-Ministè lajistis Ayiti a gaye yon nòt pou laprès an Angle pou di leve kanpe Sendika PNH la se yon tantativ koudeta
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Nou salye sè nou Igèt Dejan ki pèdi frè jimo li Alix Dejean; Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou tout fanmi an

