Episodes
Tuesday Jul 14, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 jiyè 2020
Tuesday Jul 14, 2020
Tuesday Jul 14, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Gouvènè NY la Andrew Cuomo ajoute 4 lòt eta (Minnesota, New Mexico, Ohio, Wisconsin) sou lis kote si moun soti la pou vin NY ou blije fè 14 jou an karantèn lakay ou anvan w pran lari
Demen mèkredi 15 jiyè a se delè Gouvènman Meriken an bay pou moun ki dwe leta peye enpo yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Pami 9 kandida k ap twoke kòn pou ranplase Mathieu Eugene nan 40yèm District nan Brooklyn nan emisyon Eritye Papa Desalin ankouraje kominote a kore Edwin Raymond ki se yon Lyetnan nan lapolis NYPD
Nouvèl:
-Apre plizyè mwa yo te fèmen akoz kowonaviris la, tribinal imigrasyon relouvri plizyè kote Ozetazini
-Lapolis NY anonse yo arete Jean Isidor Jean-Baptiste nan Brooklyn nan yè maten. Msye se yon Ayisyen ki te konn travay kòm sekitre nan Depatman Edikasyon NY la
-Gwo Moso Donald Trump leve mayèt li kòm Prezidan Etazini pou efase pèn prizon patnè li Roger Stone ki te dwe koumanse pije 40 mwa nan prizon;
-Yon jij nan Angletè kondane ansyen espyon Christopher Steele ki te monte fo dosye sou koneksyon Larisi ki ta foure dwèt yo nan eleksyon kòm mantè epi ekziije li peye konpansasyon bay 2 bizismann Ris li te lonmen non yo nan dosye a
Liy ouvè ak oditè yo
Pi wo tribinal nan Koredisid ajiste pèn ansyen prezidan peyi sila a Park Geun-hye pou l pase 20 lannen nan prizon epi peye yon amand 18 milya won ki ekivo 15 milyon dola vèt
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.