Episodes

Tuesday Jul 27, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 jiyè 2021
Tuesday Jul 27, 2021
Tuesday Jul 27, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons diferan aktivite k ap fèt nan mwa out la
-14 out, 4pm - Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park
-7 out, 3pm - UNIA Flag Day
-15-21 out - Konvansyon anyèl òganizasyon UNIA
-Demen 28 jiyè, 3-5pm, emisyon espesyal pou make 106yèm anivèsè okipasyon Meriken an
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Editoryal Washington Post pou di fòk eleksyon fèt Ayiti ane sa a epi sèl jan pou sa fèt fòk gen yon fòs etranjè sou teren an
-Alatèt CARICOM nan Gaston Browne ki se Premye Minis Antigua ak Barbuda kondane sasinay Jovenel Moise la epi mande lapè, estabilite, ak pwosperite
-CNN anonse jij k ap envestige sasinay Jovenel Moise yo nan kache depi plis pase 2 semèn afòs y ap pran menas
Ti koze ak konpatriyòt Alain St Victor sou manifestasyon Coalition haitienne au Canada contre la dictature en Haiti ap fè demen mèkredi 28 jiyè devan konsila Ayiti nan Montreal pou make 106 lannen depi okipasyon Meriken an
Yon tèks nan jounal Haiti en Marche sou repons pou n ta bay moun ki di Jovenel t ap travay kont oligachi a
Liy ouvè ak oditè yo
Babekyou fè manifestasyon epi kriye kou ti bebe pou patwon li Jovenel Moise
"Yon restavèk ki te konprann se li k te mèt jwèt la" yon editoryal Lionel Trouillot ki date 8 jiyè 2021 men ki pibliye 21 jiyè 2021
Patizan Jovenel yo ki t ap kriye nan lantèman Jovenel Moise Vandredi pase a tou pwofite joure delegasyon Meriken an kòmkwa se blan yo k ta sasinen papa yo; Delegasyon Meriken an fè yon evakyasyon presipite lè bal mawon te koumanse pete nan lantèman an
Enfòmasyon ki soti Bolivi fè konnen moun ki t ap ede yo travèsè abandonnen 200 Ayisyen nan peyi sila a semèn pase epi semèn sa a ankò menm bagay la rive ak 113 Ayisyen
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.