Episodes
Tuesday Dec 12, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 desanm 2017
Tuesday Dec 12, 2017
Tuesday Dec 12, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl ak refleksyon nou sou atak rate nan yon twou tren nan Times Square nan Manhattan; Gwo Moso k anonse li rekonèt Jerizalèm kòm kapital Izrayèl epi l ap deplase anbasad Meriken k Tèlaviv la pou l al mete l la; Pou ki sa Gouvènman Meriken an ansanm ak laprès Meriken bèbè sou kolaborasyon yo ak ISIS epi ISIS ki pèdi teritwa yo te okipe yo
Konbit pou selebrasyon 3 zan KOMOKODA samdi 16 desanm 2017 @ 8pm nan PS 399, 2707 Albemarle Rd. nan Brooklyn nan
Patisipasyon nou nan aktivite Northeast Political Prisoner Coalition samdi a kote yo te prezante liv "Look for me in the Whirlwind"
Remèsiman pou fanmi ki sipòte travay Eritye Papa Desalin nan epi nou ankouraje oditè k ap koute ki ka fè yon kontribisyon anvan fen ane a kote yo ka jwenn rabè pou kontribisyon an nan task y ap gen pou peye leta
Konbit pou selebrasyon 3 zan KOMOKODA samdi 16 desanm 2017 @ 8pm nan PS 399, 2707 Albemarle Rd. nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.