Episodes

Monday Oct 14, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 oktòb 2019
Monday Oct 14, 2019
Monday Oct 14, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje oditè ki branche yo pou rele yon fanmi oswa yon zanmi epi ede yo koute Radio Omega
Ayibobo pou pèp Ayisyen an ki montre lemonn antye nou granmoun epi nou konn sa nou vle; Se pa "lidè" yo ak atis yo ki mete pèp la deyò, se pèp la ki mete yo deyò
Ti koresyon sou enfòmasyon nou te pataje semèn pase: Depite Meriken ki nan pati Repibliken an ki rele Steve King ki pwopoze rezolisyon H.Res.619 la pou kore Jovenel la se Iowa li reprezante, se pa Indiana
Jodi a Etazini dekrete yon jou ferye nan nivo tout peyi a pou onore asasen jenosidè kadejakè Kristòf Kolon
Nou lanse pelerinaj pou kominote a monte Plymouth, Massachussetts jedi 28 novanm, jou "Thanksgiving" nan pou n al pote solidarite n ak endijèn yo ki make li kòm "Jounen Nasyonal Dèy"
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 11 oktòb 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ti rapò sou Lavant Liv Kreyòl la n ap fè chak dimanch nan mwa oktòb la epi remèsiman pou fanmi k te vini yo espesyalman Wynnie Lamour ak Darnelle Champagne ki fòme ekip Jaden Timoun ki te la ak nou
Nou salye frè nou Jafrikayiti ak sè nou Maude Jean Michel ki te li vèsyon Kreyòl Deklarasyon Endepandans peyi nou emisyon Lakou NY te tradui an Kreyòl nan lannen 2008
Nou eskize nou paske n pa rive fè kontak ak Prens Tiecoura pou Levanjil Liberasyon an
Nouvèl:
-Anviwon 200 òganizasyon ak endividi atravè Amerik Latin nan ak Karayib la siyen yon lèt pou pote solidarite yo ak pèp Ayisyen an
-3 jij federal Meriken deside bloke desizyon gouvènman Trump la pou anpeche imigran ki te benefisye èd leta vin genyen rezidans oswa sitwayènte Meriken
-Bri ap kouri Chelsea Clinton ka vin kandida pou ranplase Depite New York Nita Lowey ki anonse l ap retrete nan laj 89 lannen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.