Episodes
Thursday Dec 01, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi Premye desanm 2022
Thursday Dec 01, 2022
Thursday Dec 01, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons pou aktivite fen ane KOMOKODA ap òganize Vandredi 16 desanm, 7pm nan Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
Ti koze ak sè nou Èzili Dantò sou frè nou Lavarice Gaudin ki fè travèse li nan peyi nou
Nouvèl:
-Gadkòt Meriken retounen 180 Ayisyen ki te rive nan Rodriguez Key Florid nan yon batiman kanntè ann Ayiti Vandredi k sot pase a
-Se 21 desanm Gouvènman Biden nan ap sispann aplike Tit 42 a pou pimpe refijye ki vin nan papòt yo san yo pa parèt devan jij
-Prezidan Meksiken an AMLO ak patizan l yo te fè yon kokenn manifestasyon plizyè santèn milye moun pou montre sipò yo ak travay gouvènman an
-Pou premye fwa pati Demokrat Ameriken an gen yon nèg Nwa, Hakeem Jeffries kòm nouvo chèf nan chanm depite a
-CONATEL bay konpayi entènèt Elon Musk la ki rele Starlink lese pase pou l koumanse vann sèvis li ann Ayiti
-Madi k sot pase a, Eta Misouri sasinen yon jèn gason Nwa ki rele Kevin Johnson nan pèn lanmò
-Anpil òganizasyon atravè mond lan kontinye ap denonse move tretman moun Nwa ap sibi nan Repiblik Dominikèn
-Atik Jake Johnston sou divès peyi nan Karayib la ak Amerik Latin nan ki boude koze entèvansyon militè Meriken ak Kanada ap chache ateri a
-Enpòtans pou chèf ki dèyè ti chèf gang ann Ayiti yo ta idantifye
Refleksyon nou sou pil pale k ap fèt dèske Kanada ak Etazini anonse sanksyon nou politisyen ann Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.