Episodes

7 hours ago
7 hours ago
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repiblik Dominikèn al chache ranfò pou ede l bay manti nan jan l trete Ayisyen ak pitit yo; Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou koze jèn ak lapriyè pou Ayisyen fè Trump chanje lide l; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou aprann peyi Repiblik Dominikèn blije anboche gwo konpayi relasyon piblik pou chache kamoufle kamoufle kanpay "Boycott" parapò ak rasis ak diskriminasyon y ap fè sou Ayisyen ak moun Nwa epi pèsekisyon yo sou fanm Ayisyen ki ansent
Tchoul restavèk Martelly Gandy Thomas ki se aktyèl Anbasadè Ayiti nan Italy al selebrè 165yèm anivèsè Konkòda 1860 la ak legliz katolik nan Vatikan
Pastè Mallory ak Pastè Gregory Toussaint mande 3 jou jèn epi 3 jou lapriyè tout Ayisyen Ozetazini pou nou fè Trump wè larezon
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou koze jèn ak lapriyè sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Ekip Donald Trump la lage enfòmasyon nan lari a sou biwo nan depatman lajistis ki ta genyen kòm premye responsabilite l pou denatiralize kantite yo kapab nan 25 milyon imigran natiralize yo
-USCIS chanje nimewo pou moun ki gen biznis ak imigrasyon jwenn enfòmasyon sou dosye yo: Nouvo nimewo a se 872-466 (USA-IMM)
-Konsèy Sekirite Nasyonzini fè yon reyinyon sou Ayiti suit ak lèt 4 prezidan Dominiken yo te voye ba yo yè san prezans Ayisyen ladan l
-Yon lòt djòl pwès ant Trump ak Elon Musk; Trump menase pou l depòte Musk tounen Afrik Disid
-Maria Isabel Salador, chèf BINUH an anonse li kraze yon kite sa
-Kòm fenèt pou "injunction" ta parèt fèmen nan tribinal federal Meriken, yon gwoup avoka ap eseye mare pye ekip Trump lan nan dosye "Birthright citizenship" la ak "class action lawsuit"
Mobilizasyon, Mobilizasyon, Mobilizasyon pou kontre pwojè anti imigran ekip Trump lan
Liy ouvè ak oditè yo

2 days ago
2 days ago
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Konbit mitan ane Eritye Papa Desalin; Rapò ak son manif D12 Movement nan Brooklyn nan; Rapò ak son manif KOMOKODA devan Konsila Ayiti nan Manhattan; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin; Remèsiman espesyal pou fanmi yo ki fè bèl jès solidarite nan kad Konbit Mitan ane 2025 lan n ap fè pou bouske travay la
-Ekip Trump lan anonse TPS pou Ayisyen ap fini 3 out 2025 epi rive 2 septanm 2025 fòk tout 510,000 Ayisyen ki gen TPS yo bay talon yo
Rapò ak son manifestasyon December 12th Movement nan Fulton ak Nostrand nan Brooklyn nan samdi 28 jen 2025 pou eankouraje kominote Nwa Meriken an kanpe ak imigran Trump ap pèsekite yo
Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Ayiti Manhattan vandredi 27 jen 2025
Tristès pou nou wè jan Fayette renmèt chat mimi Gerald Gilles mikro "Haiti Premiere Classe" pou l betize ak figi kominote a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Administrasyon Chanm Depite Meriken an mande pou tout anplwaye ki gen yon aparèy kominikasyon leta nan men yo sispann sèvi a app WhatsApp akoz fay sekirite ki genyen nan sistèm sa a
-Manifestasyon kontinye pi rèd nan Kenya pou dechouke restavèk William Ruto; Ruto ekri Nasyonzini pou anonse li pare pou l vag dosye Ayiti a si zafè kòb la pa regle
-Ekip Trump lan menase pou Etazini kite OEA si dosye Venezyela a ak dosye Ayiti a pa regle nan satisfaksyon yo
-CNN anonse li gen 2 sous kredib ki fè l konnen ekip Trump lan ap planifye yon mannèv pou elimine aplikasyon azil jiska 250,000 imigran san yo pa parèt devan jij imigrasyon
-Tchoul restavèk Trump ki rele Eric Adams anonse kandidati li pou yon dezyèm kou kòm majistra lavil NY
-Zhoran Mamdani te pase salye kominote Ayisyen an nan konsè Michael Brun nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

6 days ago
6 days ago
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt devan Konsila Ayiti nan Manhattan 1PM-4PM, Vandredi 27 jen la; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Gwo manifestasyon nan Kenya pou dechouke William Ruto; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt devan Konsila Ayiti nan Manhattan 1PM-4PM, Vandredi 27 jen la
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Yon lòt gwo leve kanpe kont William Ruto nan Kenya
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

7 days ago
7 days ago
Nou salye epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Zhoran Mamdani ranpòte laviktwa sou Andrew Cuomo nan "Primary" Pati Demokrat nan vil NY la; Ata espesyalis nan ekip Trump la di bonbadman Meriken fè a nan regle anyen serye; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt devan Konsila Ayiti nan Manhattan 1PM-4PM, Vandredi 27 jen la
Gwo viktwa pou Zhoran Mamdani sou Andrew Cuomo nan eleksyon "primary" pou majistra NYC ki fèt yè madi a; Sa pa vle di lènmi chanjman yo aksepte desizyon pèp la
"Gwo Moso" Donald Trump di bonbadman li yo elimine tout menas pou Iran ta genyen zam nikleyè men ata espesyalis akay li yo di anyen pa chanje apre bonbadman an
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jun 24, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 jen 2025
Tuesday Jun 24, 2025
Tuesday Jun 24, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt devan Konsila Ayiti nan Manhattan 1PM-4PM, Vandredi 27 jen la; Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou vwayaj li fèk fè ann Afrik; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Ti koze ak frè nou Jean Paul Spence sou move pwopagann ki fèt sou Ayiti ak Ayisyen; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit mitan ane Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt devan Konsila Ayiti nan Manhattan 1PM-4PM, Vandredi 27 jen la
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué ki fèk rantre soti ann Afrik (Togo, Liberia, Kot Divwa)
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Apri li fin bonbade Iran "Gwo Moso" Trump deklare laviktwa ak lapè epi l deklare yon kanpo nan batay la
Ti koze ak frè nou Jean Paul Spence sou pwopagann lènmi ki vle fè konprann pèp Ayisyen ak dirijan nou yo pa regle anyen serye apre endepandans peyi a
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jun 23, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 jen 2025
Monday Jun 23, 2025
Monday Jun 23, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Konbit mitan ane Eritye Papa Desalin; Nou salye ti frè nou Esau Jules ki nan stidyo a ak nou; Tazini lage gwo bonb sou Iran; Eleksyon nan New York la demen; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nou kontinye dyalòg la ak Esau; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin; Remèsiman espesyal pou fanmi yo ki fè bèl jès solidarite nan kad Konbit Mitan ane 2025 lan n ap fè pou bouske travay la
Nou salye ti frè nou Esau Jules, manm MOLEGHAF ki nan stidyo ak nou
Lame Meriken voye 7 avyon al lage gwo bonb sou peyi Iran; Epi...
Demen madi a se eleksyon chak pati politik yo k ap fèt divès kote Ozetazini; Nou ankouraje oditè yo chanje chemiz pou moun ki swe pou nou epi sitou nan kad sistèm "Rank Choice Voting" nan pa mete non okenn vakabon kadejakè jenosidè nan biten vòt nou
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Dyalòg ak Esau sou reyalite peyi a; koze dyalòg ak gang teworis; Kemi Seba; Pou ki sa MOLEGHAF te rale kò l nan Akò Montana a; Koze Haiti Liberté k ap chache fè gang teworis pase pou revolisyonè; Konstitisyon pa bannann ak eleksyon pike kole
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jun 19, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 19 jen 2025
Thursday Jun 19, 2025
Thursday Jun 19, 2025
Jodi a se jou anpil Nwa Meriken selebre "Juneteenth", nou pale ti kras sou jou sa a; Entèvyou ak Imani Henry, responsab nan òganizasyon Equality for Flatbush sou manifestasyon y ap fè apremidi a devan biwo imigrasyon nan Manhattan; N ap mande fanmi an tanpri sispann sikile mesaj malatchong sou aktivite ICE nan lari a; Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se jou anpil Nwa Meriken selebre "Juneteenth", nou pale ti kras sou jou sa a
Entèvyou ak Imani Henry, responsab nan òganizasyon Equality for Flatbush sou manifestasyon y ap fè apremidi a devan biwo imigrasyon nan Manhattan;
N ap mande fanmi an tanpri sispann sikile mesaj malatchong sou aktivite ICE nan lari a ki bay anpil nan fanmi nou yo gwo panik pou granmesi
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jun 18, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 18 jen 2025
Wednesday Jun 18, 2025
Wednesday Jun 18, 2025
Nou salye epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Refleksyon nou sou repons Chèf Siprèm peyi Iran Ayatollah Ali Khamenei voye bay Trump ak Etazini; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Jete dlo pou Majò Jeneral Maximo Gomez, 120 lannen apre lanmò li epi pou Fanm Vanyan Vilma Espin, 18 lannen apre lanmò li
Refleksyon nou sou repons Chèf Siprèm peyi Iran Ayatollah Ali Khamenei voye bay Donald Trump ak Etazini ki mande pou Iran bay legen anfans Israel ak Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jun 17, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 jen 2025
Tuesday Jun 17, 2025
Tuesday Jun 17, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Emisyon Pawòl Bosal 6-14-25; Pwopagann kòm zam lagè; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou pase emisyon frè nou Manno Louizaire, Pawòl Bosal 14 jen 2025
Refleksyon nou sou jan ekip Etazini ak Israel lan ap sèvi ak pwopagann pou chache entimide Iran ak tout lòt fòs ki anfas yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Senatè ak depite nan Kongrè Meriken an entwodui rezolisyon pou chache anpeche Donald Trump foure Etazini nan lagè Israel deklenntche sou Iran an
-Yon jij nan peyi Mali bay gouvènman peyi sa a kontwòl min lò ki te nan men konpayi Kanadyen Barrick Gold
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jun 16, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 jen 2025
Monday Jun 16, 2025
Monday Jun 16, 2025
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Ranmase sou dènye enfo nan dosye imigrasyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase nou sou dènyè nouvèl imigrasyon yo nan peyi Tazini: Trump pase lòd pou moun pwogram Biden yo ki pa gen yon lòt dra pou kouvri yo kite peyi a imedyatman ak menas amand mil dola chak jou yo rete nan peyi a; Mobilizasyon milyon moun samdi a nan kad "No Kings Day"; Anba presyon gwo baron agrikilti, faktori vyann yo, otèl yo, ak restoran yo, Trump di ICE pa pase nan zòn sa yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Supreme Court Meriken an alinanimite voye jete dosye 10 milya dola Meksik kont biznis k ap fabrike epi k ap vann zam yo
-Repibliken yo nan Kongrè Meriken an deside fèmen HAUP, Haitian Bridge Alliance ak Catholic Charities pou sipò yo bay imigran
-Kanpay majistra NYC - Kominote nou blije elimine Eric Adams ak Andrew Cuomo
-Israel ak Etazini finalman atake Iran; Bò isit la nou di yo rantre toujou dous, se sòti a ki anpil fwa konn pa fasil
-Nou mande kominote a angaje l nan batay pou n rive fèmen bwat fatra k Haiti Liberte a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons