Episodes
Tuesday Aug 27, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 out 2019
Tuesday Aug 27, 2019
Tuesday Aug 27, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi ak zanmi konpatriyòt Hervey Coty, lantèman li te fèt wikenn ki sot pase a
Samdi a se te jounen fanmi ak zanmi te sonje Nicholas Heyward Jr, yon jèn gason nwa 13 lannen lapolis NY te sasinen nan lannen 1993; Nou te tou pwofite sonje papa li, frè nou Nicholas Heyward Sr ki fè travèse li 31 desanm 2018 la
Ti ranmase sou aktivite fundraiser KOMOKODA te òganize dimanch lan ak ti frè nou Kebert Bastien pou n te ka jwenn mwayen mennen yon kanpay kòrèk kont Martelly, Jovenel, ak Nicolas Duvalier nou tande k ap pase nan kominote a nan jou k ap vini yo
Konbit pou mobilizasyon koukouwouj nan tout wikenn nan pou manifeste kont prezans Mateli toupatou li pran chans parèt tèt li epi manifestasyon kont pwomotè Richard Urbain k ap ede Mateli lave kòb li vòlò nan peyi nou
Ti koze ak frè nou Alain Zephyr, responsab nan òganizasyon Renouveau Democratique sou kanpay kont Martelly nan Labor Day a epi kont Richard Urbain k ap ede Martelly lave kòb nan NY la
Mobilizasyon pou kominote a pote kole ak Renouveau Democratique ki lanse yon manifestasyon 11am jedi devan Bayview Medical Care ki nan 2098 Rockaway Parkway nan Brooklyn nan epi 11am Vandredi maten devan Linden Medical Care ki nan 225-21 Linden Blvd. nan Cambria Heights, tou 2 se biznis Richard Urbain epi l sèvi ak yo pou l fè pwomosyon pou aktivite li ak Martelly
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Anons
Monday Aug 26, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 out 2019
Monday Aug 26, 2019
Monday Aug 26, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou mobilizasyon koukouwouj nan tout wikenn nan pou manifeste kont prezans Mateli toupatou li pran chans parèt tèt li epi manifestasyon kont pwomotè Richard Urbain k ap ede Mateli lave kòb li vòlò nan peyi nou
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 23 out 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl ak son fanmi nou yo nan k ap mouri epi pase tout kalte tray nan kan prizon refijye nan Meksik
Rapò kanpe devan biwo Komite Kanaval Eastern Parkway a
Mobilizasyon wikenn nan kont Mateli ak bizawèl li yo
Lyen pou petisyon kont prezans Martelly nan Kanaval Eastern Parkway a:
Tuesday Aug 20, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 out 2019
Tuesday Aug 20, 2019
Tuesday Aug 20, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje oditè yo siyen petisyon kont prezans Martelly sou Parkway a pou Kanaval "Labor Day" ane sa a
Konbit pou mobilizasyon KOMOKODA ap fè jedi 22 out la devan ofis komite kanaval la 325 Rogers Ave (Kwen Montgomery Ave.) nan Bklyn nan olye n al devan Konsila a semèn sa a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Frè nou Raymond Dugué rele nou etan li nan peyi Liberia sou kontinan Afriken an ak yon ti repòtaj sou konvansyon UNIA a ki fèt laba a ane sa a
Refleksyon nou sou rezilta malatchong pou ekzamen 9yèm Ane Fondamantal yo Gouvènman Jovenel la lage pou wè si y a twonpe popilasyon an epi an menm tan voye patnè yo Reginald Boulos monte
Anons
Lyen pou petisyon kont prezans Martelly nan Kanaval Eastern Parkway a:
Monday Aug 19, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 out 2019
Monday Aug 19, 2019
Monday Aug 19, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti fikilte nan entènèt Radio Omega lakòz oditè yo k abitye tande nou nan entènèt, nan telefòn, oswa atravè app simpleradio yo pa ka tande nou andirèk jodi a
Konbit pou mobilizasyon KOMOKODA ap fè jedi 22 out la devan ofis komite kanaval la 325 Rogers Ave (Kwen Montgomery Ave.) nan Bklyn nan olye n al devan Konsila a semèn sa a
Anons lantèman konpatriyòt Hervey Coty ki se te manm fondatè Radio Komedi FM
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 16 out 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti refleksyon sou seri emisyon Tele Image k ap fèt sou prezans Michel Martelly nan wikenn kanaval "labor day" a
Konbit pou mobilizasyon KOMOKODA ap fè jedi 22 out la devan ofis komite kanaval la 325 Rogers Ave (Kwen Montgomery Ave.) nan Bklyn nan olye n al devan Konsila a semèn sa a
Anons
Lyen pou petisyon kont prezans Martelly nan Kanaval Eastern Parkway a:
Tuesday Aug 13, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 out 2019
Tuesday Aug 13, 2019
Tuesday Aug 13, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ayibobo pou tout fanmi k ap fete Bwa Kayiman jodi a, semèn sa a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Desantdelye Imigrasyon ki mennen arestasyon 680 migran san papye nan Mississippi; Gwo leve kanpe atravè Etazini pou manifeste kont zak rasis sila a; Lapolis NY arete prèske 100 moun ki t ap manifeste kont aksyon Trump yo samdi a nan Manhattan
-Enpòtans pou yon gwo leve kanpe pou bloke Trump ak vanse rasis la Ozetazini
-Mannèv Gouvènman Trump la pou anpeche pou ki jwenn èd leta vin gen rezidans pèmanan ak sitwayènte Ozetazini
-Gwo manifestasyon nan Hong Kong rive fèmen ayewopò entènasyonal peyi a
Nou pase ti moso nan ti koze gran sè nou Gad Flanbo Bayyinah Bello te fè sou Bwa Kayiman 13 out 2015 ak Radyo Ginen:
https://www.youtube.com/watch?v=8x4if_3nXQo
Nou pran ti tan pou ofri oditè yo ti kado ki soti lakay
Anons
Monday Aug 12, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 12 out 2019
Monday Aug 12, 2019
Monday Aug 12, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye tout fanmi ak zanmi ki te reponn prezan nan 27yèm selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park pandan wikenn nan
Nou salye fanmi ak zanmi konpatriyòt Herve Coty ki se te manm fondatè Radio Komedi FM
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 9 out 2019 la ak epi sou 27yèm selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman ki te fèt samdi 10 out la ak sè nou Darnell Benoit;
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou prezante kominote a petisyon KOMOKODA ak kèk lòt fanmi nan kominote a lanse pou bare lawout ak prezans Martelly sou Eastern Parkway a
Refleksyon Dahoud ak Fritzner pou ankouraje fanmi yo siyen petisyon an
Tuesday Aug 06, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 6 out 2019
Tuesday Aug 06, 2019
Tuesday Aug 06, 2019
Jodi a nou fè yon emisyon espesyal 2 zèd tan
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nan okazyon anivèsè jounen madichon 6 out 1945, nou jete dlo nan memwa tout viktim bonb atomik Etazini te lage sou vil Iwochima ak Nagasaki nan peyi Japon nan jou sa a ki te lakòz lanmò plizyè santèn milye moun; Yon kokenn krim Meriken te fè pou teworize tout moun k ap viv sou tè a
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Liy ouvè ak oditè yo sou dosye Iwochima ak Nagasaki a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Politisyen ak plizyè medya nan peyi Giyàn mande anraje kont Ayisyen yo di k ap anvayi peyi epi pote tout kalte maladi tankou kolera, tibèkiloz, ak sida
Nou fè dezyèm èd tan an sou Seremoni Bwa Kayiman an ak 27yèm selebrasyon Bwa Kayiman frè nou Deenps "Granbwa" Bazile ap fè nan Prospect Park nan Brooklyn nan
Ti koze ak Granbwa
Nou pase yon ti spòt sou Bwa Kayiman ki soti nan Radyo Atlantik
Nou pase mesaj (Angle) prizonye politik Mumia Abu Jamal sou Seremoni Bwa Kayiman an
Refleksyon frè nou Fritzner Pierre
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Aug 05, 2019
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 5 out 2019
Monday Aug 05, 2019
Monday Aug 05, 2019
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi ak zanmi sè nou Madam Gisele Duvivier ki fè travèse li; Lantèman an fèt nan wikenn nan
Konbit pou 27yèm selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman k ap fèt samdi 10 out la k ap vini an
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou Festival Marcus Garvey ki fèt yè dimanch lan nan Queens, NY; Nou tou gade dosye Meriken ki deside ansèkle Lachin ak zam nikleyè
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Nan mitan pil dosye sasinay k ap fèt Ozetazini jodi a, Malcolm X ta di "Chickens are coming home to roost" - rasis yo ak pitit rasis yo ap fè zam ap chante anndan pwòp kay yo
-Choz di choz fèt, Vandredi 2 out la Gouvènè Pòtoriko a bay talon l men li tou enstale yon nouvo Sekretè Deta epi renmèt msye djòb ranplase l
-Gouvènman Trump lan fèmen pwogram Family Reunification lan ki te pèmèt Ayisyen ki deja aprouve pou rezidans vin tann kat yo Ozetazini
-Nan rankont li ak konsèy sekirite peyi li jodi a lendi a, Vladimir Putin di yo se kif pou kif, pou yo suiv Etazini depre epi depi yo ta wè Trump fè yon ti revòlvè anplis yomenm yo gen devwa pou demele gèt yo pou pwodui yon mitrayèt
Anons