Episodes

6 hours ago
6 hours ago
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Ayibobo pou fanmi yo nan Minnesota ki kenbe presyon sou gouvènman rasis, gwo ponyèt Gwo Moso Donald Trump lan; Nou ankouraje moun nan zòn New York la pou respekte modòd Grèv Jeneral pou dechouke ekip Trump lan
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Ansyen alatèt FIFA a Sepp Blatter anonse li kore modòd pou yon "Boycott" kont Koup Dimond 2026 la pou pwoteste kont politik rasis anti-imigran Gouvènman Trump lan
-Kadejakè Meriken Douglas Perlitz ki te kondane pou l pase 19 lannen 6 mwa an 2010 pou malfezans li te fè ti gason Okap ki te nan Fondasyon Pierre Toussaint, lage depi ane pase pran nan cho apre otorite Etazini jwenn videyo pedofil sou konpitè li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Dimanch Premye fevriye 2026, 3PM: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd, Brooklyn, NY

3 days ago
3 days ago
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Nou remèsye fanmi yo ki rele epi ekri nou nan okazyon fèt Dahoud jodi a; Grèv jeneral alawonnbadè pou dechouke ekip ak politik rasis Donald Trump lan; Viv Revolisyon Bolivaryèn nan; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Pale Moun nan Nò - Jean Claude Martineau (Koralen)
Jodi a se fèt Dahoud; Nou remèsye fanmi yo ki pataje lanmou ak nou; Liy ouvè ak oditè yo
Mizik ak pawòl selebrasyon, fòs, ak kouraj
Nikaragwa - Moriso Lewa
Mobilizasyon pou manif k ap fèt jedi pou salye memwa Alex Jeffrey Pretti ajan ICE touye samdi a; Koukouwouj pou grèv jeneral alawonnbadè
Ranmase ak refleksyon nou entèvyou emisyon "Against the Grain" fè 14 janvye ak Mark Weisbrot
Mèsi Papa Desalin - Moriso Lewa
Anons
-Dimanch Premye fevriye 2026, 3PM: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd, Brooklyn, NY

4 days ago
4 days ago
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Liy ouvè ak oditè yo; Nouvèl; Dyalòg ak frè nou Jafrikayiti; Anons ...
*******
Entwo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Meriken ak Kanada di yo pa aksepte revokasyon Alix Didier Fils-Aimé a epi yo mete sanksyon sou 2 nan konseye preyidan restavèk yo ki kontinye ap fè wondonmon
Ajan ICE yo nan Minnesota sasinen Alex Jeffrey Pretti, yon lòt sitwayen Meriken ki te kanpe anfas politik rasis yo samdi a; Ayibobo pou grèv jeneral ki fèt nan Minnesota vandredi a; Amnesty General pou tout imigran ki pa gen dokiman pèmanan nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-"Chairman for Life" nan "Board of Peace" Donald Trump lan mande envestisman 1 milya dola pou Gaza epi li tou anonse ki peyi ki ka patisipe epi ki peyi li pa p pran ladan l
Dyalòg ak frè nou Jafrikayiti:
-Joujou Lakomedi nan Davos
-Ki moun k ap viktim tout bon nan dosye Groenland yo
-Kidnaping Nicolas Maduro
Nèj ak fredi mande anraje nan zòn NY la epi plizyè eta atravè Etazini
Anons
-Dimanch Premye fevriye 2026, 3PM: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd, Brooklyn, NY

Thursday Jan 22, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 22 janvye 2026
Thursday Jan 22, 2026
Thursday Jan 22, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Gwo chirepit nan mitan restavèk yo nan Pòtoprens: KPT yon bò vote "legalman" pou revoke Fils-Aimé; Primati yon bò di se li k konn fè, se li k ap fè; Mèsenè ap tape gang teworis ki jodi a nan kouri; Anbasadè Meriken an di nenpòt moun ki manyen tchoul li Fils-Aimé sanksyon nan bounda w
-Plizyè Demokrat nan komisyon chanm depite Meriken an k ap envestige dosye Epstein nan al jwenn Repibliken pou yo vote pou rekòmande sanksyon kont Bill ak Hillary Clinton ki refize vin temwanye devan komisyon an
-ICE mete enfòmasyon sou yon sitwayen Kiben Geraldo Lunas Campos ki mouri nan men yo nan koumansman mwa janvye a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 21, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 21 janvye 2026
Wednesday Jan 21, 2026
Wednesday Jan 21, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Anons; Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Paraison di l gen kontwòl teritwa peyi a epi l ofri teworis yo yon dènye chans pou yo rann tèt yo ba lapolis
-KPT restavèk la di 20 lannen prizon pou nenpòt moun (jounalis) ki manke chèf dega; Menm si gen prèv yo nan vòlè pèsonn pa gen dwa rele yo vòlè
-Gwo Moso Donald Trump ap taye banda nan Davos: Li tchwipe diskou Premye Minis Kanada a epi l di si se pa t pou Tazini pa t ap gen yon peyi k rele Kanada; Li di lè l leve maten an li deside l pa p voye lame l al pran Greenland men nenpòt peyi ki pa dakò pou Tazini vin posede Greenland l ap make yo nan ti kaye li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jan 20, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 janvye 2026
Tuesday Jan 20, 2026
Tuesday Jan 20, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Jodi a fè Gwo Moso yon lannen opouvwa; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Petisyon tèt bòbèch Haiti Liberté; Eugenia! Se pa ou k ta fè Ayiti sa; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi 20 janvye 2026 la fè yon lannen depi "Gwo Moso" Donald Trump retounen opouvwa Ozetazini: Ki bilan? Ki kote sa ap rive?
Petisyon tèt bòbèch Haiti Liberté
Zanmi nou Eugenia Charles ba nou gwo sezisman!
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Trump lage yon imaj drapo Meriken an sou Kanada, Greenland, Venezuela, ak Kiba kòmkwa li pare pou l poze lapat sou peyi sa yo
-Manifestasyon nan Iran lakòz 5,000 moun pou pi piti mouri; Mannèv lènnmi Iran yo pou eksplwate manifestasyon yo; Mesaj Iran pou Etazini ak tout lòt lennmi li yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jan 19, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 janvye 2026
Monday Jan 19, 2026
Monday Jan 19, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Rapò sou manif D12 manifesyasyon ap fè nan Brooklyn nan pou make jounen Martin Luther King, Jr. a; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se jou peyi Etazini selebre lavi Martin Luther King, Jr.; Refleksyon nou sou eritaj Vanyan an
Entèvyou ak Colette Pean, responsab nan December 12th Movement sou manifesyasyon y ap fè nan Brooklyn nan jodi a pou make jounen Martin Luther King, Jr. a
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan UNIA epi frè nou Vilcere Romulus, manm KOMOKODA ki nan manifestasyon an tou
Nouvèl:
-Lis 75 peyi Meriken kanpe sou aplikasyon viza yo
-7 peyi CARICOM koube anba presyon Gwo Moso Donald Trump pou yo aksepte resevwa moun ki pa soti lakay yo nen men Etazini; Ala wont pou St. Kitts ak Nevis epi pou Ralph Gonsalves, ansyen Premye Minis St. Vincent ak Grenadines
-Blan Meriken Kim Ives ki se mèt jounal Haiti Liberté, dòmi epi anplis li se pòtpawòl gang yo k ap teworize pèp Ayisyen an li reve li ta ka pòtpawòl tout pèp Ayisyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Dimanch Premye fevriye 2026, 3PM: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd, Brooklyn, NY

Thursday Jan 15, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 15 janvye 2026
Thursday Jan 15, 2026
Thursday Jan 15, 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Jodi 15 janvye 2026 la t ap fè Martin Luther King, Jr. 97 lannen si l te la toujou, Nou jete dlo pou Vanyan an; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Gouvènman Trump lan anonse Etazini koumanse vann luil Venezyela: Yo di $500 milyon k ap rantre nan premye lavant lan ap separe ant pèp Etazini ak pèp Venezyela, konpayi Meriken yo ki envesti nan luil la, epi gouvènman Meriken an
-Fanmi konpatriyòt nou Jean Wilson Brutus ki mouri nan men ICE 12 desanm 2025, nan landemen jou yo te arete l epi mete l nan Sant Detansyon Delaney nan Newark, NJ mande yon otopsi endepandan afòs yo reyalize ICE ap bay manti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jan 14, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 14 janvye 2026
Wednesday Jan 14, 2026
Wednesday Jan 14, 2026
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an pandan ane 2025 lan; Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Gen yon Ayisyen ki depite nan eta Florid ki vini ak yon pwopozisyon lwa ki vle fè lavi imigran ki pa gen yon estati pèmanan vin yon lanfè
-Repibliken yo nan Chanm Depite a nan Washington ap fè gwo menas sou Bill ak Hillary Clinton pou yo vin temwanye nan dosye Epstein nan
-6 peyi CARICOM fè antant ak Meriken pou yo resevwa imigran Karibeyen Meriken deside depòte; St Kitts ak Nevis ki se yonn nan peyi sa yo epi ki alatè CARICOM di peyi li pa p pran predatè seksyèl, asasen, ak Ayisyen
-Fim Alain Martin sou okipasyon Meriken 1915 lan ateri nan gran sal sinema nan Kalifònya; Gen yon seksyon sou travay KOMOKODA nan fim nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jan 13, 2026
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 janvye 2026
Tuesday Jan 13, 2026
Tuesday Jan 13, 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Ranmase ak son manifestasyon KOMOKODA devan Fondasyon Clinton pou make 16 lannen depi Goudougoudou a; Liy ouvè ak oditè yo; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Emisyon espesyal sou 16 lannen depi Goudougoudou a; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase ak son manifestasyon KOMOKODA devan Fondasyon Clinton pou make 16 lannen depi Goudougoudou a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Emisyon espesyal sou 16 lannen depi Goudougoudou a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

