Episodes

Tuesday Oct 06, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 6 oktòb 2020
Tuesday Oct 06, 2020
Tuesday Oct 06, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye sè nou Yolette Jules (Joujou) ki pèdi papa li Mesye Nicolas Jules
Barikad KOMOKODA ap drese byen wo devan Kache Restoran sou Flatbush nan Brooklyn nan dimanch 11 oktòb kont Moise Jean Charles ak Platfòm Pitit Desalin k ap vin ranmase kòb pou eleksyon
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit ki responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project sou reyalite fanmi nou yo nan kominote a ak koze lekòl k ap fèt sou entènèt la
Refleksyon nou sou lèt tou louvri depite Meriken Maxine Waters voye bay Anbasadè Meriken ann Ayiti a Michele Sison
Ayisyen nan Little Haiti louvri tapi wouj pou resevwa rasis Joe Biden ke Obama te voye al kore eleksyon 2015 Martelly a pou l te ka enstale Jovenel Moise
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Oct 05, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 5 oktòb 2020
Monday Oct 05, 2020
Monday Oct 05, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou, konpatriyòt Pierre Augustin ki pèdi manman l. Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou tout fanmi an; Nou salye sè nou Yolette Jules (Joujou) ki pèdi papa li Mesye Nicolas Jules;
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 2 oktòb 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Barikad KOMOKODA ap drese byen wo devan Kache Restoran sou Flatbush nan Brooklyn nan dimanch 11 oktòb kont Moise Jean Charles ak Platfòm Pitit Desalin k ap vin ranmase kòb pou eleksyon nan NY la
Nouvèl:
-Gad Palè Jovenel Moise sasinen etidyan Gregory Saint Hilaire anndan lakou Lekòl Nòmal Siperyè
-Brigad medikal Henry Reeve Kiba te voye pou ede Ayiti travèse traka kowonaviris la anonse l ap fèmen 4yèm misyon li nan peyi a
-Vandredi k sot pase a 1è dimaten Gwomoso anonse li teste pozitiv pou kowonaviris la
-Majistra NY la Bill deBlasio anonse l ap blije fèmen lekòl ak biznis nan yon seri katye nan Brooklyn ak Queens kote kowonaviris la ap remonte
-Etazini voye batiman lagè nan papòt Venezyela pou entimide gouvènman Nicolas Maduro a sou pretèks se dwòg y ap bare
Refleksyon nou sou manifestasyon ki anonse pou 17 oktòb nan Washington
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Sep 29, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 29 septanm 2020
Tuesday Sep 29, 2020
Tuesday Sep 29, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Barikad KOMOKODA ap drese byen wo devan Kache Restoran sou Flatbush nan Brooklyn nan dimanch 11 oktòb kont Moise Jean Charles ak Platfòm Pitit Desalin k ap vin ranmase kòb pou eleksyon
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn sou frè nou Antonio Sension ki mouri samdi a apre yon machin frape li
Videyo konsil Ayisyen nan Bahamas Karl-Henry Chatelier k ap bat laponyèt gaye nan entènèt la
Refleksyon nou sou deba kandida laprezidans Meriken an k ap fèt aswè a epi eskandal bri sapat k ap fèt sou atik jounal NY Times sou Gwomoso Donald Trump ki ta pase nan chimen dekoupe pou l pa peye lajan taks li ta dwe peye
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Sep 28, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 28 septanm 2020
Monday Sep 28, 2020
Monday Sep 28, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye frè nou, konpatriyòt Pierre Augustin ki pèdi manman l; Nou fèk aprann nouvèl lanmò frè nou Antonio Sension nan Puerto Plata nan Repiblik Dominikèn; Nou salye frè nou, Vilcere Romulus: Asasen touye kouzen li Pastè Jean Philippe Quetant ak madanm li Herna Planche nan Onavil nan Kwadèboukè yè maten
Barikad KOMOKODA ap drese byen wo devan Kache Restoran sou Flatbush nan Brooklyn nan dimanch 11 oktòb kont Moise Jean Charles ak Platfòm Pitit Desalin k ap vin ranmase kòb pou eleksyon
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 25 septanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Gadkòt peyi Caicos anonse yo bloke yon batiman k te chaje ak 124 Ayisyen
-Avoka Bahamyen Fred Smith denonse pèsekisyon k ap fèt kont Ayisyen ak desandan Ayisyen nan peyi sila a ki te viktim siklòn Dorian
-Jan l te pwomèt li te pral fè sa, samdi apremidi Donald Trump nomine yon ranplasman pou Jij Ginsburg nan Lakou Siprèm Meriken an
-Zoom deside bloke yon rankont anliy San Francisco State U te pral fè ak militan Palestinyen Leila Khaled
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Sep 22, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 22 septanm 2020
Tuesday Sep 22, 2020
Tuesday Sep 22, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn sou anivèsè 7 lannen depi tribinal ki pi wo nan peyi sila a te deside retire nasyonalite pitit Ayisyen ki fèt nan tè a depi 1929; Entèvyou ak avoka Felipe Fortines Yen
Refleksyon nou sou desizyon tribinal nan Repiblik Dominikèn te fè 23 septanm 2013 la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Sep 21, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 21 septanm 2020
Monday Sep 21, 2020
Monday Sep 21, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
2 ti mo sou selebrasyon 262yèm anivèsè nesans Papa Desalin nou te òganize nan Prospect Park yè dimanch 20 septanm nan
Nou salye frè nou, konpatriyòt Celome Jean Pierre (Kazal) ki te gen lantèman samdi k sot pase a
Nou fèk aprann nouvèl lanmò frè nou Alexandre (Sansann) Etienne; Nou voye fòs ak kouraj pou fanmi ki ak zanmi li yo
Ti komik Jovenel Moise anonse yon dekrè ki di 20 septanm se "Jounen Janjak Desalin", nou di apatrid la retire non Vanyan an nan djòl santi l la
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 18 septanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Gouvènman restavèk la anonse yon nou konsèy elektoral pwovizwa epi gen yon reprezantan dyaspora
Jij Ruth Bader Ginsburg nan Lakou Siprèm Etazini fè travèse l; yon pil pale anpil pou chache anpeche Trump nome yon ranplasan anvan eleksyon an

Tuesday Sep 15, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 15 septanm 2020
Tuesday Sep 15, 2020
Tuesday Sep 15, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou fanmi an vin selebre nesans Papa Desalin ansanm ak nou nan Prospect Park a 3è dimanch 20 septanm k ap vini an
Nou salye frè nou, konpatriyòt Celome Jean Pierre (Kazal) ki pèdi yon fanmi pwòch, Madam Savenie Jean, nan semèn ki sot pase a
Repòtaj espesyal sè nou Altagracia Jean Joseph nan zòn Juan Dolio nan Repiblik Dominikèn ansanm ak fanmi Joselito Santana Severino, yon jèn gason ki se pitit Ayisyen lapolis zòn nan asasinen dimanch 6 septanm ki sot pase a
Nouvèl:
-Samdi k sot pase a yon batiman ki te chaje ak Ayisyen ak Jamayiken koule nan Bahamas, omwen 15 moun pèdi lavi yo
-Plis detay sou desizyon 9th circuit sou dosye TPS la
-Lavil Louisville, KY fè yon antant 12 milyon dola ak manman Breonna Taylor pou fèmen dosye a
-Kandida Donald Trump te renmèt restavèk li yo Jovenel Moise ak Nayib Bukele ki se prezidan peyi El Salvador pou pouse a monte alatèt Bank Entèamerikèn Devlopman (BID)
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Sep 14, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 septanm 2020
Monday Sep 14, 2020
Monday Sep 14, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou fanmi an vin selebre nesans Papa Desalin ansanm ak nou nan Prospect Park a 3è dimanch 20 septanm k ap vini an
Nou salye frè nou, konpatriyòt Celhome Jean Pierre (Kazal) ki pèdi yon fanmi pwòch, Madam Savenie Jean, nan semèn ki sot pase a
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 11 septanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Batay Taliban yo fòse moun ki rele tèt yo mèt mond la vin chita bounda yo pou yo negosye
Panèl jij federal nan 9th Circuit Court ranvèse deside jij Chen nan dosye Ramos vs. Nielsen nan ki vle di deside Donald Trump gen dwa revoke TPS pou imigran k soti nan Soudan, El Salvador, Nicaragua, ak Ayiti
Kouraj pou fanmi yo ki nan lari nan peyi nou ap goumen pou ranvèse ekip vòlè PHTK yo
Komite 3 avril nan Montreal ap fè yon sit-in devan lokal Radio-Canada samdi 19 septanm k ap vini an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Sep 08, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 8 septanm 2020
Tuesday Sep 08, 2020
Tuesday Sep 08, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl
-Manifestasyon repran nan peyi a pou voye Jovenel ak PHTK ale
-Gouvènman kriminèl la anonse ankèt sou lanmò Mèt Monferrier Dorval ap vanse trè byen; Ofis Pwoteksyon Sitwayen ak RNDDH di Atansyon!
-Gwoup gang G9 di seswa lapolis libere Djouman ki se chèf nan Simon Pele nan Site Solèy yo arete 2 septanm ki sot pase a oswa yo responsab konsekans sa k apral pase yo
Ti koze ak konpatriyòt Rothchild Exume ki se yon etidyan nan 3yèm ane Fakilte Dwa nan Pòtoprens sou manifestasyson y ap patisipe pou chanje reyalite peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Sep 07, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 7 septanm 2020
Monday Sep 07, 2020
Monday Sep 07, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a se "Labor Day" Ozetazini, jounen kote yo selebre travay ak travayè; Se jou pi gwo selebrasyon pèp Karayib la Ozetazini kote y ap fè kanaval depi 53 lannen; Ane sa a kanaval la anile akoz Kovid-19 lan
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 4 septanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou sou goud Ayisyen an ki bridsoukou ta parèt ap pran fòs sou dola Meriken an
Liy ouvè ak oditè yo

