Episodes

Tuesday Nov 10, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 novanm 2020
Tuesday Nov 10, 2020
Tuesday Nov 10, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ayibobo pou pèp Bolivi a ki repran pouvwa dimanch la apre yon lannen koudeta; Ayibobo pou Prezidan Evo Morales ki retounen an gran jan lakay li yè lendi a
3 jèn gason ki nan men lapolis Ayisyen konfese pou kidnaping ak sasinay Evelyne Sincere
Manifestasyon Pòtoprens pou voye Jovenel ak PHTK ale
Yon Ayisyen yo di ki fou kraze yon estati Janjak Desalin nan vil Okap; "Moun fou" an di se Papa Desalin menm ki mande l retire l kote yo mete l la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit sou pwojè "Merite pa Mande" fanmi nan Vandredi Anba Tonnèl yo te òganize pou pote kole ak fanmi k pa gen papye pandan kovid-19 la t ap ravaje zòn NY la
Liy ouvè ak oditè yo
Nou fè ti koze ak sè nou Èzili Dantò sou Ayisyen k ap atake l pou pozisyon prensip li pran nan chirepit Trump-Biden nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Nov 09, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 novanm 2020
Monday Nov 09, 2020
Monday Nov 09, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ane sa a, akoz kowonaviris la, nou pa p òganize otobis pou ale nan pelerinaj anyèl "Jounen Nasyonal Dèy" fanmi Endijèn yo òganize nan Plymouth, MA
2 ti mo sou rezon ki fè plizyè peyi ki granmoun tèt yo tankou Lachin ak Larisi panko voye konplimante Biden apre rezilta laprès bay samdi k sot pase a
Pandan Gouvènman ti komik Ayiti a kenbe se 63 goud ki ta dwe boukante pou yon dola Meriken, si w bezwen dola ann Ayiti se nan lari a pou w al achte l epi ou bije bay 80 goud pou dola a
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 6 novanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou salye frè nou Celome Jean Pierre ki pèdi madanm li, Madam Erene Jean Pierre
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul sou manifestasyon yo te òganize yè pou resevwa otobis National TPS Alliance lan ki te pase nan Brooklyn nan pandan y ap fè wonn peyi Etazini; Nou pase entèvyou nou te fè ak William Martinez ki se yonn nan fanmi nan bis la ki soti El Salvador
Lantèman Gregory St Hilaire chante samdi a nan Wanament
Ti vòlè Jovenel Moise di l ap tann tout dyaspora pou vin fete fèt fen lannen an lakay yo pou yo pote dola nan peyi a
Gwo Bravo pou Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin nan Ralph Gonsalves ki pran yon 5yèm manda Jedi k sot pase a
Refleksyon nou sou sa k soti jiskaprezan nan eleksyon Etazini ki fèt madi pase a
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Nov 03, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 novanm 2020
Tuesday Nov 03, 2020
Tuesday Nov 03, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou eleksyon k ap fèt Ozetazini jodi a
Ti koze ak frè nou Yves Pierre Louis (PL), ki se responsab nan Radyo Timoun sou Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas k ap fete 24yèm anivèsè nesans li jodi a
Nou jete dlo pou ti sè nou Evelyne Sincère rejim PHTK a sasinen; Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi li
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Nov 02, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 novanm 2020
Monday Nov 02, 2020
Monday Nov 02, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou Vanyan Chalmay Peralt ki ban nou ankourajman pou nou viv kou moun
Nou salye tout eskòt Gede a ak tout Ayisyen ki anbwase tèt yo kòmsadwa san yo wont, san yo pa jennen
Madichon pou tout aryennafè ki konprann viktwa chen Trump oswa chen Biden pral pote yon ti souf pou malere toupatou Etazini met jenou l sou kou yo
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 30 oktòb 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Laviktwa ap toujou pou sa k konnen ki ès yo ye epi ki konnen pou ki sa y ap batay
Liy ouvè ak oditè yo
Lyen pou fanmi ki vle jwi plis K-Dja Ginen Gede 2020:
https://www.youtube.com/watch?v=ZDtlI1i2XWA

Tuesday Oct 27, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 oktòb 2020
Tuesday Oct 27, 2020
Tuesday Oct 27, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Salitasyon espesyal pou manm fanmi Radio Omega SCA yo ki rann nou yo gwo sèvis ki demontre depi nan Ginen Nèg ap ride Nèg
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn: Altagracia fè ti koze ak frè nou Ramon Britis Laureano ki se pitit yon fanm Dominikèn ak yon konpatriyòt Ayisyen
Demen se anivèsè nesans sè nou Altagracia: Nou swete fanmi an yon Bòn Fèt!
Nouvèl
-Chanm Sena Meriken an vote Jij Amy Coney Barrett kòm ranplasan Jij Ruth Bader Ginsburg nan Lakou Siprèm nan
-Atis Kanye West fè konnen pandan ti sejou li ann Ayiti mwa pase a Jovenel Moise fè l kado yon zile nan peyi a pou l devlope; Joseph Jouthe di se pa vre
-Tom Brokaw nan Medya NBC rapòte Jeanine Anez ki te deklare tèt li prezidan apre koudeta kont Evo Morales nan Bolivi a mande Etazini 350 viza pou limenm ak pwòch li ka jete yo
-Tout moun ap chache konnen ki politisyen ki nan pale ak Jovenel Moise
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Oct 26, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 oktòb 2020
Monday Oct 26, 2020
Monday Oct 26, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 26 oktòb 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Mèkredi 28 oktòb la, nou va selebre Jounen Entènasyonal Kreyòl
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Repibliken yo nan chanm sena Meriken an di wè pa wè 7:30 aswè a y ap vote Jij Amy Coney Barrett kòm ranplasan Ruth Bader Ginsburg nan Lakou Siprèm peyi yo
Gwo liy nan plizyè eta pou Meriken al vote anvan lè pou yo chwazi ant yon entatad ak yon chen
Gwo difikilte pou plizyè milye Ayisyen san papye nan zile Ladominik; Nou pase entèvyou yon jounalis Ladominik fè ak kèk Ayisyen k ap viv nan peyi sila a

Tuesday Oct 20, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 oktòb 2020
Tuesday Oct 20, 2020
Tuesday Oct 20, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Salitasyon pou tout fanmi ki branche k ap koute emisyon an
Ti koze ann Angle ak Carl Dix ki se responsab Pati Kominis Revolisyonè sou mobilizasyon k ap fèt jedi 22 oktòb la pou denonse maspinay ak sasinay lapolis
Ranmase an Kreyòl sou ti pale nou fè ak Carl Dix lan
Nouvèl:
-Negosyasyon yo mare ant chanm depite Meriken an ak Laprezidans pou yon lòt ti kòb kowonaviris ta tonbe nan men moun k ap viv Ozetazini anvan eleksyon 3 novanm nan
-Gwo selebrasyon pèp Bolivyen an apre viktwa pati MAS ansyen prezidan Evo Morales ap dirije
-Apre etap poze kesyon an se Jedi 22 oktòb la komite Jidisyè nan chanm Sena Meriken an pral vote si wi ou non y ap voye Jij Amy Coney Barrett la monte
-Apre nouvo gouvènman peyi Soudan an dakò pou derape relasyon diplomatik ak Izrayèl, Etazini dakò retire Soudan nan lis peyi k ap soutni teworis
-Lajistis peyi Lafrans deside enkilpe ansyen prezidan Nicolas Sarkozy pou asosyasyon malfektè epi vyolasyon lwa kanpay elektoral dèske li te pran 50 milyon Ewo nan men Muammar Kadafi pou l te fè kanpay elektoral an 2007
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Oct 19, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 oktòb 2020
Monday Oct 19, 2020
Monday Oct 19, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou Vanyan Maurice Bishop alatèt revolisyon peyi Grenad ki te tonbe nan pye travay li 19 oktòb 1983 ak Vanyan Samora Machel ki te mouri akoz zak teworis rasis gouvènman Afrikdisid 19 oktòb 1986
Nou salye oditè emisyon an Madam Nicole Renaud ki te selebre anivèsè nesans li yè dimanch 18 oktòb la
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 16 oktòb 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak ti frè nou Kebert Bastien ki nan zòn nan ansanm ak nou
Nou salye kouraj pèp peyi Bolivi ki ranpòte yon kokenn viktwa nan eleksyon lakay yo yè dimanch la

Tuesday Oct 13, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 oktòb 2020
Tuesday Oct 13, 2020
Tuesday Oct 13, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ayibobo pou tout moun ki te manifeste atravè mond lan yè pou denonse kadejakè ki te rele Kristòf Kolon an
Nou salye fanmi k rele nou apre emisyon yè a pou pataje refleksyon yo sou analiz nou te fè pou ankouraje dyaspora a sèvi ak zam ki nan men nou an pou n ede pèp Ayisyen an libere tèt yo de apatrid lènmi nou yo mete alatèt leta nan peyi nou
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn sou 83yèm anivèsè masak Trujillo te fè sou Ayisyen nan peyi sila a
Nouvèl:
-Majistra lavil NY la Bill deBlasio fè konnen se yon sèl moun yo jwenn ki pozitiv pou kowonaviris la nan 1700 elèv ak anplwaye yo teste
-Pwosesis pou mete Amy Coney Barrett chita nan plas Ruth Bader Ginsburg nan Lakou Siprèm Meriken an ap pousuiv chimen li
-Sasinay gadkò Youry Latortue nan Dèlma;
-Ti komik Jovenel Moise mande jistis pou etidyan Gregory Saint Hilaire pwòp gadpalè pa li sasinen
-Yon batiman kanntè ak 23 Ayisyen ateri nan Palm Beach, nan Florid epi yon lòt ki te chaje ak 206 Ayisyen ateri nan Caicos Vandredi k sot pase a
-Eleksyon ta dwe fèt nan peyi Bolivi dimanch 18 oktòb k ap vini an epi tout siy ta fè kwè se Luis Arce, kandida pati MAS ansyen prezidan Evo Morales ap dirije a ki ta dwe ranpòte laviktwa
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Oct 12, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 12 oktòb 2020
Monday Oct 12, 2020
Monday Oct 12, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou di matant nou ki se marenn nou tou Bernadette Pierre Bòn Fèt; salye sè nou Yolette Jules (Joujou), lantèman papa li Mesye Nicolas Jules te fèt samdi k sot pase a; Jodi a se jou moun isit yo fete Kristòf Kolon; Nou jete dlo pou Vanyan Che Guevara, 9 oktòb 2020 an fè 53 lannen depi l tonbe nan pye travay li
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 9 oktòb 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Apre prèske 50 lannen prizonye politik Meriken Nwa Jalil Mutaqim jwenn liberasyon li
Gwo dosye jounen an se Moneygram ki mete anons deyò pou di yo pa p ka kontinye kouvri frè $1.50 sou chak transfè k ap rantre Ayiti yo. Kounyè a dyaspora a pa gen okenn biznis transfè pou n voye kòb san nou pa bay vòlè dola senkant
Mannigèt goud yo fè konprann ki double fòs sou dola a pa plis ke yon lòt mannèv pou vòlè yo rele gouvènman Ayisyen an foure men pran mwatye nan tout dola dyaspora a voye nan peyi a: Baton nan men nou epi nou kite chen ap mòde n

