Episodes

Tuesday Jan 12, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 janvye 2021
Tuesday Jan 12, 2021
Tuesday Jan 12, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou nan manifestasyon KOMOKODA devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
Anons pou aktivite ti frè nou Menesky Magloire ap fè a 4:30 apremidi a nan Prospect Park pou make 11 lannen depi Goudougoudou a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn; Altagracia remèsye oditè yo ki te pote kole nan konbit pou te fè l kado yon nouvo telefòn
Repòtaj andirèk nan manifestasyon KOMOKODA devan Fondasyon Clinton ki chita nan 1633 Broadway, ant 50th & 51st Streets nan Manhattan
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jan 11, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 janvye 2021
Monday Jan 11, 2021
Monday Jan 11, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse pou Madi pwochen 12 janvye devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
Anons pou aktivite k ap fèt nan kominote a demen pou make 11 lannen depi Goudougoudou a
Anons pou fanmi k ap chèche apatman nan kominote a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 8 Janvye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
"Twòp san koule, Fòk Jovenel ale!" son manifestasyon k pete anndan yon legliz nan peyi a yè dimanch lan
Ayibobo pou fanmi ki nan lari peyi nou ap manifeste epi boule kawoutchou pou yo dechouke Jovenel Moise
Refleksyon nou sou pil pale anpil ak mouvman pou izole Donald Trump k ap fèt apre ensidan k pase nan Washington Mèkredi pase a; Dekiprevyen 3 konpayi teknoloji monte yon konplo epi yo fèmen djòl Prezidan peyi yo di k pi puisan sou latè a
Samdi 9 janvye a Minis Afè Etranjè Meriken an al Taiwan pou l deklare Etazini pa p kontinye respekte politik "Yon Sèl Lachin" nan ankò
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jan 05, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 janvye 2021
Tuesday Jan 05, 2021
Tuesday Jan 05, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse pou Madi pwochen 12 janvye devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
Nou swete frè nou Pedro Vargas k ap selebre anivèsè nesans li jodi a yon Bòn Fèt!
Gwo lese frape nan Georgia jodi a pou 2yèm tou ant Democrat ak Republicans pou deside kilès nan 2 gwoup sa yo k apral dirije chanm Sena Meriken an
Nou remèsye tout fanmi ki te patisipe nan konbit fen lannen nou te fè semèn pase pou ankouraje oditè k ap benifisye yon avantaj nan enpo yo pou sipòte emisyon an
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Pèp Iranyen an ak alye yo te fè gwo manifestasyon pou make yon lannen depi sasinay Jeneral Soleimani ak lidè Komite pou Mobilizasyon Popilè yo Abu Mahdi Al-Muhandis; Peyi Iran mete manda arestasyon kont Donald Trump ak 47 lòt lidè Meriken
-Nouvo Palman ki eli nan eleksyon 6 desanm yo nan peyi Venezyela monte opouvwa jodi a; Guaido ak Meriken pran kabann
-Gwo lòbèy san lè pete nan Washington demen lè Kolèj Elektoral la pral prezante rezilta eleksyon prezidansyèl 3 novanm bay Kongrè a
-Moun ap rele anmwe pou anrejistreman apèl Donald Trump ak Sekretè Deta Georgia a, Gwo Moso di Bri Sapat
-Yon enfimyè 41 lannen nan peyi Pòtigal mouri apre l fin pran vaksen kovid Pfizer a
Liy ouvè ak oditè yo
10 ansyen Minis Defans Etazini siyen yon papye pou di Donald Trump pinga! Li pa andwe mele militè peyi a nan koze eleksyon

Monday Jan 04, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 janvye 2021
Monday Jan 04, 2021
Monday Jan 04, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo: Tout sa ki fè ane 2020 an ak nou epi k ap louvri 2021 an ak nou jodi a
Ayibobo pou tout fanmi ki te patisipe nan selebrasyon 217yèm anivèsè Endepandans Ayiti a ak nou ak tout sa k te pote yon kontribisyon pou fè aktivite a yon pi bèl aktivite
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse pou Madi pwochen 12 janvye devan Fondasyon Clinton pou n kontinye lonje dwèt sou yo pou lajan Goudougoudou a yo vòlè epi apatrid Martelly ak Jovenel yo enpoze alatèt peyi nou
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi Premye Janvye 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou salye 4 lòt peyi yo ki te selebre Endepandans yo Premye Janvye a: Soudan (65 an), Kiba(62 an), Kamewoun (61 an), ak Brine (37 an)
Nouvèl:
-Jij Vanessa Barritser nan Angletè deside peyi li pa dwe voye Julian Assange vin jije Ozetazini
-Moun lapolis pa rive idantifye vandalize papòt alatèt Chanm Sena Meriken an Mitch McConnell ak alatèt Chanm Depite a Nancy Pelosi
-Alatèt "Operation Warpspeed" Mezon Blanch Meriken an fè konnen yo pral divize dòz vaksen Moderna a amwatye pou plis moun ka jwenn ti kal; Ajans Medikal ak Biyolojik Federal nan Larisi anonse li kreye yon antidòt pou Kovid-19 la ki jiskaprezan parèt 99% efektif
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Dec 29, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 29 desanm 2020
Tuesday Dec 29, 2020
Tuesday Dec 29, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a se dènye emisyon nou ane 2020 an; N ap fè yon emisyon espesyal 2zèd tan pou n fèmen ane a
Nou envite oditè yo pase selebre 217yèm anivèsè nesans peyi nou Vandredi 3pm
Sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikènfè yon ranmase sou gwo dosye ane 2020 an
Nou pataje dènye enfòmasyon sou "stimulus package" k ap bwase nan Washington nan
Nou salye memwa kèk Vanyan epi kèk fanmi ki fè travèse yo pandan ane 2020 an
Liy ouvè pou pèmèt oditè yo salye memwa fanmi ak zanmi yo ki janbe pandan ane 2020 an
Anons

Monday Dec 28, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 28 desanm 2020
Monday Dec 28, 2020
Monday Dec 28, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a ak demen n ap fè yon emisyon espesyal 2zèd tan pou n fèmen ane 2020 an
Remèsiman pou 15 fanmi ki te pote kole nan konbit pou selebrasyon fanmi yo nan Klib Zanmi Kiba nan Sidès la t ap fè pou remèsye Brigad Medikal Kiben an pou solidarite yo ak Ayiti
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 25 desanm nan epi pou ane 2020 an ansanm ak sè nou Fabyèn Yasent
Sè nou Rheza vini nan non Klib Zanmi Kiba nan Sidès la pou remèsye oditè yo
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou remèsye 2 fanmi (Konpatriyòt Carl ak Madam Julie) ki te sipòte selebrasyon pou Brigad Medikal Kiben yo epi ki te tou pwofite bay yon sipò pou emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou n ankouraje fanmi ki gen mwayen bay emisyon an yon sipò yo ka reklame nan enpo yo (tax deductible)
Nouvèl:
-Gwo Moso fè bèk atè, li siyen pwojè lwa stimulus $600 a
-Yon kamyon ki te monte ak bonb eklate devan yon gwo bilding ki te genyen rezo kominikasyon AT&T nan Nashville, TN epi fè gwo dega
Nou fè yon ranmase sou gwo dosye ki touche nou pandan 2020 an
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Dec 22, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 22 desanm 2020
Tuesday Dec 22, 2020
Tuesday Dec 22, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou swete frè nou Fritzner Pierre, manm KOMOKODA k ap selebre anivèsè nesans li jodi a yon "Bòn Fèt"
Nou bat gwo bravo pou pitit fi KOMOKODA epi pitit fi Vandredi Anba Tonnèl tou, Harmony Divine ki pase ekzamen lisans pou l kondi machin jodi a
Nouvèl:
-Chanm Depite ak Chanm Sena Meriken an vote sou 2yèm pwojè lwa pou mete plis lajan nan ekonomi peyi a pou batiman an pa chavire nan men yo pandan pandemi Kovid-19 la
-Otorite ak medya peyi Etazini vle fè n konprann Joe Biden pran vaksen Kovid la. Ou kwè se vre?
Ti koze ak sè nou Rheza Boucard epi ak Ninaj Raoul sou selebrasyon fanmi yo nan Klib Zanmi Kiba nan Sidès la ap fè nan wikenn nan pou remèsye Brigad Medikal Kiben an pou solidarite yo ak Ayiti
Konbit pou n ankouraje kominote pote kole ak fèt la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Dec 21, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 21 desanm 2020
Monday Dec 21, 2020
Monday Dec 21, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou salye memwa sè nou Raymonde Amedée, manm KOMOKODA ki te fè travèse li Jedi 10 desanm ki sot pase a; Lantèman an te fèt samdi 19 novanm nan; Nou di tout fanmi ak tout zanmi Raymonde: KOURAJ!
Nou swete sè nou Julie Bazile, manm KOMOKODA ki te selebre anivèsè nesans li yè dimanch lan yon "Bòn Fèt"
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 18 desanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, 2yèm Asistan Prezidan Jeneral UNIA ki nan West Palm Beach jodi a pou asiste sèvis lantèman 7yèm Prezidan Jeneral òganizasyon an soti 1992 pou rive 2004
Refleksyon nou sou vaksen Kovid la ki koumanse ap bay kòm prevansyon pou maladi a
Enfòmasyon ki soti sou nouvo pwojè lwa "stimulus bill" senatè ak depite Meriken yo di yo jwenn antant sou li a
Liy ouvè ak oditè yo
Martelly bat gwo bravo pou jan ti tchoul li Jovenel Moise ap bwase; Moun ki t ap kouri bri 2 vòlè yo dozado twouve 2 pye yo nan yon grenn soulye

Tuesday Dec 15, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 15 desanm 2020
Tuesday Dec 15, 2020
Tuesday Dec 15, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou nan manifestasyon KOMOKODA a nan devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan); Mobilizasyon pou lòt fanmi vin rejwenn nou
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Anons sèvis pou sè nou Raymonde Amedée ki fè travèse li jedi 10 desanm ki sot pase a
Vladimir Putin salye Joe Biden sou viktwa li nan eleksyon 3 novanm nan apre vòt kolèj elektoral la ofisyalize rezilta a
Repòtaj andirèk nan manifestasyon an
Liy ouvè ak oditè yo
Gwo move tan, tanpèt nèj anonse pou demen ak jedi nan tout zòn lès Etazini an soti Washington DC jouk rive Boston
Demen ap 16 desam 2020, 30 lannen depi gwo viktwa pèp Ayisyen an nan eleksyon Prezidan Aristide la 16 desanm 1990
Anons

Monday Dec 14, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 desanm 2020
Monday Dec 14, 2020
Monday Dec 14, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Nou jete dlo pou salye memwa sè nou Raymonde Amedée, manm KOMOKODA ki fè travèse li Jedi 10 desanm ki sot pase a
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 11 desanm 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Kolèj Elektoral Meriken an ap vote jodi a pou sètifye rezilta eleksyon 3 novanm nan; Donald Trump di sa k ap fèt la se yon fwod; Repibliken yo nan Kongrè Meriken an ki kanpe ak Trump di y ap tann vòt la vini devan yo 6 janvye 2021 pou yo pete trip kabrit la
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Liy ouvè ak oditè yo
Tribinal federal nan North Carolina kondane sòlda Marin Meriken Jacques Yves Sebastien Duroseau ki fèt Ayiti ki te rantre Ayiti ak gwo zam nan mwa Novanm 2019 pou l te jete gouvènman Jovenel Moise la
Anons

