Episodes

Wednesday Aug 13, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 13 out 2025
Wednesday Aug 13, 2025
Wednesday Aug 13, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Monseyè Willy Romelus ki se ansyen evèk Jeremi an epi yon vwa enpòtan mouvman Ti Legliz la nan lit pèp Ayisyen an nan ane 1980-1990 yo fè travèse li yè maten nan laj 94 lannen
-Gouvènman Meriken an enkilpe Jimmy Cherizier epi yo mete yon montan 5 milyon dola vèt sou tèt li
-Nasyonzini anonse nan 900 milyon dola yo ta bezwen pou rezoud pwoblèm Ayiti ke yo konnen yo ka rezoud se sèlman 9.2% nan valè sa a yo rive ranmase
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Jodi a se anivèsè nesans Vanyan Fidel Castro
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 12, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 out 2025
Tuesday Aug 12, 2025
Tuesday Aug 12, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Nou fè yon ti koze sou lavi Enperatris la ak frè nou Guesly Morisseau (Ti Gous); Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi 12 out la se dat anivèsè nesans Enperatris Marie Claire Heureuse Felicité Bonheur; Se 5yèm dat sakre Konstitisyon 20 me 1805 la mande pou tout Ayisyen selebre; Nou fè yon ti koze sou lavi Enperatris la ak frè nou Guesly Morisseau (Ti Gous); Nou dedye segman an ak sè nou Madam Carole Bienvenu
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Apati 20 out 2025 la semèn pwochèn imigran k ap soti nan yon gwoup peyi Meriken evalye ki pa tounen lakay yo lè vini kòm touris Ozetazini ap gen pou peye yon kosyon (bond) anvan yo rantre
-Vandredi ap genyen yon rankont negosyasyon nan Alaska sou dosye Ikrèn nan ant Trump ak Vladimir Putin
Liy ouvè ak oditè
Anons

Monday Aug 11, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 out 2025
Monday Aug 11, 2025
Monday Aug 11, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Rotasyon nan mitan dragon 9 tèt la mennen Laurent Saint Cyr, reprezantan sektè prive a alatèt konsèy prezidansyèl la; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Rotasyon nan mitan dragon 9 tèt la mennen Laurent Saint Cyr, reprezantan sektè prive a alatèt konsèy prezidansyèl la; Lavèy li renmèt "pouvwa" a Fritz Jean fè ti kriye, rale kat chive siwolin ak tèt grenn
Ki ès Vladimir Paraison ye? Ki kote l soti?
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Aug 07, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 7 out 2025
Thursday Aug 07, 2025
Thursday Aug 07, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; 80 lannen depi gouvènman kriminèl Meriken an te lage bonm atomik sou Hiroshima ak Nagasaki; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Semèn sa a make 80 lannen depi Meriken te lage bonm atomik sou vil Hiroshima ak Nagasaki nan peyi Japon; Nou jete dlo pou tout viktim yo ak fanmi yo
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Ti komik Fritz Jean blije pase "pouvwa" bay Ti komik Laurent Saint-Cyr ki limenm ta dwe renmèt bay yon prezidan eli 7 fevriye 2026
-Peyi Rwanda dakò resevwa 250 depòte ki se moun lòt peyi pou l fè Gwo Moso Donald Trump plezi
Anons

Wednesday Aug 06, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 6 out 2025
Wednesday Aug 06, 2025
Wednesday Aug 06, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista
Anons
Nouvèl:
-Diplis sou Ayisyen k rele Bazile Richardson gouvènman Meriken an arete nan Houston, Texas apre yo detèmine li t ap ranmase lajan ak lòt resous li voye bay gang teworis Viv Ansanm ann Ayiti
-Ekip Trump lan pibliye yon direktiv nan jounal gouvènman peyi a ki di moun ki soti nan yon kategori peyi kote anpil nan moun ki vini Etazini sou viza touris pa retounen lakay yo ap gen pou bay yon depozit $5,000, $10,000, oswa $15,000 yo va pèdi si yo pa tounen lakay yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 05, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 out 2025
Tuesday Aug 05, 2025
Tuesday Aug 05, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Refleksyon frè nou Asselin Charles sou konplèks idantite anpil Ayisyen, sitou moun ki nan lelit la oswa viv tèt yo kòm manm lelit la; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou okipasyon Meriken 1915-1934 la; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou voye tout sipò nou bay konpatriyòt Rudy Sanon ak emisyon "Se Sa Nou Vle" k ap sibi menas gang asasen teworis ak jounalis malpwòp kowonpi nan peyi a; Nou ankouraje oditè nou yo soutni Rudy ak emisyon an tout fason yo kapab
Refleksyon frè nou Asselin Charles sou konplèks idantite anpil Ayisyen, sitou moun ki nan lelit la oswa viv tèt yo kòm manm lelit la
Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou okipasyon Meriken 1915-1934 la
Nouvèl
-Leta Ayisyen di apati jodi 5 out 2025 lan tout machin dezyèm men k ap rantre nan peyi a blije enspekte pou mekanik ak anviwònman anvan yo kite kote yo y ap soti a ak lè yo rive nan peyi a
-Yon delegasyon diplomat Ayisyen nan Santo Domingo bat bravo pou amenajman gouvènman Dominiken di li fè nan sant detansyon Haina
-Gouvènman Meriken an arete Bazile Richardson ki se yon Ayisyen yo di k ap ranmase lajan voye bay Jimmy Cherizier ak Viv Ansanm pou soutni aktivite gang nan peyi a
-Ekip Trump lan menase pousuiv Hillary Clinton, Obama ak kèk lòt wograde ki te enplike nan dosye Russiagate la
-Lejislati El Salvador wete tout baryè ki ta anpeche prezidan aktyèl la Nayib Bukele al kandida ankò kantite fwa li vle
Liy ouvè ak oditè
Anons

Monday Aug 04, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 out 2025
Monday Aug 04, 2025
Monday Aug 04, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Anpil move nouvèl nan tribinal peyi a sou dosye imigrasyon pou ekip Donald Trump lan; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Desizyon Jij Jia Cobb nan Washington bloke expedited removal
-Desizyon jij Trina Thompson nan California ki bloke fen TPS pou Nepal, Honduras, ak Nicaragua
-Tribinal apèl nan California kore desizyon 12 jiyè Jij Maame Frimpong ki te bloke politik detansyon ak depòtasyon Trump la sou baz diskriminasyon kont moun nwa ak panyòl
-Panèl 3 jij nan Boston chita sou dosye Birthright Citizenship
-Ekip Trump lan asiyen lavil New York nan tribinal pou fòse plis kolaborasyon ak ICE
-Atik NY Times pibliye samdi a sou mèsenè Meriken "Studebaker" yo Garry Conille te anboche ki mouri ann Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jul 31, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 31 jiyè 2025
Thursday Jul 31, 2025
Thursday Jul 31, 2025
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Reginald Boulos nan tribinal nan Miami jodi a; Li parèt olye de Veye Yo se ta patizan Jovenel yo ki ta ap manifeste devan tribinal la jodi a
-Donald Trump menase tarif ak sanksyon kont nenpòt peyi
-Etazini koupe viza jij Alexandre de Morais nan Brezil ki chita sou dosye Bolsonaro a; Trump di moun pa jije zanmi l
-Pòtpawòl Kremlin anonse Trump pa bezwen pèdi tan l mete plis sanksyon sou Larisi paske yo devlope yon iminite kont sanksyon Meriken
-Bank Repiblik D Ayiti di Ayisyen sispann voye kòb ann Ayiti nan Zelle atravè sous leta "pa otorize"
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Jul 30, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 30 jiyè 2025
Wednesday Jul 30, 2025
Wednesday Jul 30, 2025
Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; 26 jjiyè! Jou peyi Kiba onore Vanyan konbatan ki te fè Revolisyon Kiben an yo
Nouvèl:
-UNICEF ann Ayiti anonse liberasyon 5 anplwaye li gang te kidnape
-Sèvis entelijans Larisi anonse Meriken ak Angletè ap konplote ak wograde nan gouvènman Ikrèn nan pou yo kapote Volodymir Zelensky
-Dragon 9 tèt la anonse y ap voye polisye Ayisyen al pran fòmasyon nan zile Lafrans yo nan Karayib la, nan Meksik, epi nan Brezil
-Jocelerme Privert mande yon fwon komen pou eleksyon fèt nan peyi a anvan ane 2025 lan bout
Anons:

Tuesday Jul 29, 2025
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 29 jiyè 2025
Tuesday Jul 29, 2025
Tuesday Jul 29, 2025
Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò manifestasyon KOMOKODA fè yè lendi 28 jiyè a devan lokal Citigroup nan Manhattan
Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou sè nou Darnell Benoit, reponsab Flanbwayan Haitian Literacy Project ki pèdi manman l
Jodi a t ap fè sè nou Tita (Martha St. Clair) 66 rekòt kafe si l pa t fè travèse li 31 me 2025 ki sot pase a
Dezyèm pati emisyon Pawòl Bosal frè nou Manno Louizaire anime kote Gardy Thomas pale sou enpòtans ak eritaj Frantz Fanon
Nouvèl
-9 senatè Meriken ekri administrasyon Trump lan yo lèt pou mande l klarifye nan ki kondisyon yo deside voye Ayisyen ki jwenn refij Ozetazini tounen nan yon peyi ki nan lagè
-Jij federal Leo Sorokin pran yon desizyon pou bloke dekrè Donald Trump pou Etazini pou bay tout timoun ki fèt isit sitwayènte Meriken
-Yon gwoup lejistatè Meriken ap pwopoze yon nouvo lwa pou mete yon mache prese sou reta ki genyen nan pwosesis pou travayè relijye (pè, pastè, imam, elatriye) jwenn kat rezidans pèmanan yo
-Yon jèn gason 27 lannen rantre anndan yon gwo bilding nan Manhattan nan epi l ouvè zam sou yon bann moun
-Dènye nouvèl sou lagè Etazini ak bizawèl yo ap fè kont Larisi atravè Ikrèn; Iltimatòm Trump fè sou Larisi
-Israel ak Etazini kontinye jenosid y ap mennen sou pèp Palestinyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-Etazini anonse yo anile kat rezidans pèmanan Boulos
-Ti komik ann Ayiti yo anonse yon pwotokòl pou jere Ayisyen lòt peyi depòte oswa ekstrade
Nou pase istwa "Dejwe" ki se travay gran frè nou Jean Claude Martineau (Koralen)

