Episodes

Monday Jun 07, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 7 jen 2021
Monday Jun 07, 2021
Monday Jun 07, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke referanndòm bidon 27 jen an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 10 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini @ 45th Street & 1st Avenue
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 4 jen 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-"Hijacking" sou entènèt la kontinye ap sou yon seri gwo biznis Meriken
-Daily News pibliye yon nouvo atik sou dosye lanmò Romy Vilsaint an ki mete lekòl PS 361 ansanm ak Depatman Edikasyon lavil NY la toutouni parapò ak pwotokòl yo pa t suiv pou yo te ka pwoteje Romy
Mobilizasyon pou manifestasyon jedi 10 jen an

Tuesday Jun 01, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi Premye jen 2021
Tuesday Jun 01, 2021
Tuesday Jun 01, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke referanndòm bidon 27 jen an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 10 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
-jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Si l pa rive anile, manifestasyon dimanch 27 jen tout jounen devan Konsila Ayisyen an, 5am - 9pm
Nou salye sè nou Viergela Pierre k apral fete anivèsè nesans li jedi 3 jen k ap vini an
Nou salye sè nou Darnell Benoit , Direktris Flanbwayan Haitian Literacy Project k apral fete anivèsè nesans li vandredi 4 jen k ap vini an
Nou swete yo Bòn Fèt! Sante, Sante, Sante!
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou frè nou Robby Boisette ak fanmi li nan okazyon travèse manman li Marie "Bernadette" Boisette pandan wikenn ki sot pase a
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl / Enfòmasyon:
-Jounal Miami Herald pibliye yon editoryal kote yo mande Prezidan Meriken an Joe Biden si l wè l fè sans pou l mande menm gouvènman ki responsab ensekirite, kidnapin, kadejak ann Ayiti a ki lakòz li bay yon nouvo TPS pou Ayiti pou l fè eleksyon lib, onèt, demokratik; Nan editoryal la yo rele Jovenel Moise yon "wannabe autocrat" ki ta ka tradui kòm yon "apranti diktatè"; nou panse se yon bon deskripsyon ti restavèk apatrid la
-Ansyen prezidan Jocelerme Privert pibliye yon "op ed" nan Jounal Nouvelliste kote li denonse tantative Jovenel Moise pou chanje konstitisyon peyi a
-Joseph Lambert menase pou kraze brize mete dife nenpòt kote ki ta sèvi pou biwo vòt referanndòm; Moise Jean Charles di detwi materyèl referanndòm yo men pa kraze kay ak byen; Don Kato mande chavire chodyè, dechoukaj san vyolans
-Apre 12 lannen sanble Benjamin Netanyahu ka pèdi pouvwa l nan Israel kòm premye minis; Malgre Israel ta parèt genyen batay 11 jou ki fèk sot fèt la, Palestinyen yo ta sanble genyen lagè a; Ata Etazini twouve l blije fè yon ti kritik tou piti pou l mande Israel bay prèv ke bilding laprès yo kraze ra pye tè a te gen sòlda oswa zam Hamas anndan l
-Samdi pase te genyen manifestasyon nan tout kwen peyi Brazil kont Jair Bolsanaro pou denonse gouvenman gwo ponyèt l ap dirije a epi kantite moun ki mouri ak Kovid nan peyi sila a
-Kovid ta parèt ateri Ayiti; Gouvenman apatrid la ap sèvi ak sa kòm eskiz pou anpeche manifestasyon fèt epi pou yo ta fòse yon seri desizyon nan gagann pèp Ayisyen an
-Pou ki sa tout presyon sa yo pou bay moun vaksen kovid ki panko aprouve? Moderna pa p fini tout tès pou FDA Meriken ta apowouve l anvan Oktòb 2022, epi Pfizer janvye 2023
Liy ouvè ak oditè yo

Monday May 31, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 31 me 2021
Monday May 31, 2021
Monday May 31, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 28 me 2021
Ti koze sou 100yèm anivèsè Masak nan "Black Wall Street" nan Tulsa, Oklahoma ak frè nou Raymond Dugué ki rakonte istwa masak la epi ak ti sè nou Haiti ki t al patisipe nan manifestasyon nan Tulsa pou make okazyon an
Jounal Miami Herald pibliye yon editoryal kote yo mande Prezidan Meriken an Joe Biden si l wè l fè sans pou l mande menm gouvènman ki responsab ensekirite, kidnapin, kadejak ann Ayiti a ki lakòz li bay yon nouvo TPS pou Ayiti pou l fè eleksyon lib, onèt, demokratik
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday May 25, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 me 2021
Tuesday May 25, 2021
Tuesday May 25, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou swete sè nou Ninaj Raoul k ap selebre anivèsè nesans li jodi a yon Bòn Fèt!
Jodi a fè yon lannen depi lapolis nan Minneapolis sasinen George Floyd
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou Jounen Liberasyon Kontinan Afriken an k ap selebre jodi a
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Nouvèl:
-Gouvènman apatrid Jovenel Moise la deklare yo fèmen peyi a akoz kowonaviris ki gaye nan peyi a
-Reprezantan Etazini nan Nasyonzini Linda Thomas-Greenfield fè konnen li pale ak Jovenel Moise nan telefòn yè kote li kritike kondisyon sekirite ak enpinite pou malfektè nan peyi a epi l ensiste pou eleksyon prese prese
-Presyon an kontinye ap fèt pou fè moun Etazini pran vaksen kovid; Eta NY rive menm ofri moun ki pran yon premye oswa yon dezyèm dòz yon tikè lotri gratis ki ka fè yo genyen jiske 5 milyon dola vèt
Ki sa k politik KOMOKODA lè n ap manifeste sou beton an
Liy ouvè ak oditè yo

Monday May 24, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 24 me 2021
Monday May 24, 2021
Monday May 24, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Ti koze ak ti sè nou Ayiti sou dènye enfòmasyon nou genyen sou dosye Romy Vilsaint an epi prezans limenm ansanm ak kèk lòt fanmi kenbe devan lekòl P.S. 361 nan Nostrand Ave ak Farragut Rd. pou n goumen pou jistis pou jèn Romy Vilsaint
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 21 me 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ranmase sou aktivite Eritye Papa Desalin te fè jedi pase pou selebre 216yèm anivèsè Konstitisyon Enperyal 1805 lan
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Yon vòlkan eklate epi fè gwo dega nan vil Goma nan zòn lès peyi Kongo sou kontinan Afriken an
-Nikaragwa fè yon lwa ki pote menm non ak lwa Etazini genyen pou anpeche lajan etranje rantre vin enfliyanse eleksyon lakay yo
-Prezidan Meksik lan AMLO deklare peyi li se yon peyi lib epi souvrèn; Li pa p aksepte ni OEA ni USAID vin foure dwè yo nan eleksyon lakay li
-Dr. Kesler Dalmacy parèt devan tribinal epi l aksepte l koupab dèske l te vann moun ki pa t malad preskripsyon pou dwòg adiktif ant 2014 rive 2020
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul ki responsab òganizasyon Haitian Women for Haitian Refugees sou desizyon Gouvènman Biden nan pou bay yon nouvo TPS pou migran ki soti Ayiti
Ayibobo pou tout fanmi ki te vin kanpe ak KOMOKODA samdi a pou n te bare lawout ak karavàn referanndòm pèpè PHTK a
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday May 18, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 18 me 2021
Tuesday May 18, 2021
Tuesday May 18, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze sou zafè fèt drapo a anpil Ayisyen ap selebre jounen jodi a; Pou di Ayisyen konnen kote koze 18 me se fèt drapo sa a soti?
N ap tann fanmi yo @ 7pm jedi pwochen k ap 20 me nan selebrasyon 216yèm anivèsè Konstitisyon Enperyal 1805 lan nan lokal Flanbwayan nan 206 Parkside Avenue ant Flatbush & Ocean Aves. nan Brooklyn nan
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Atik "Op-Ed" 2 politisyen Democrat nan Miami, depite Frederica Wilson ak County Commissioner Jean Monestime, mande Joe Biden pou l apwente yon reprezantan espesyal pou jere sitiyasyon Ayiti a
-Israel ap pousuiv jenosid li sou pèp Palestinyen an ak tout enpinite
-Popilasyon Wanament bloke wout nasyonal #6 la pou ekzije liberasyon jounalis Widelyn Guillomètre ki travay nan Radio Canari FM
-Kontinye pran prekosyon sou dosye Kovid la
-Joe Biden anonse Etazini pral pataje 80 milyon dòz vaksen ak rès mond lan
-Anbasad Ayiti nan peyi Lafrans estomake apre medya peyi sila a pibliye yon dokimantè ki rele "la loi des gangs" ki demontre koneksyon gouvènman PHTK a ak gang k ap kidnape, fè kadejak, kraze brize nan peyi nou
-Nou jete dlo pou jèn dam si la k te rele Brunia Saint Fort mari li Emmanuel Lindor sasinen l nan fè jalouzi
Nou li tradiksyon Kreyòl premye konstitisyon peyi nou: Konstitisyon Enperyal 1805 la
Liy ouvè ak oditè yo

Monday May 17, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 me 2021
Monday May 17, 2021
Monday May 17, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Randevou 7pm jedi 20 me nan Flanbwayan, 206 Parkside pou n al bwase koze sou Konsititisyon 1805 lan
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Refleksyon nou sou manifestasyon nou te patisipe nan òganize Vandredi pase a devan lekòl P.S. 361 nan Nostrand Ave ak Farragut Rd. pou n goumen pou jistis pou jèn Romy Vilsaint
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 14 me 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak 2 manm Kowalisyon Ayisyen nan Canada kont Diktati ann Ayiti Catherine Buteau ak Renel Exantus sou òganizasyon an epi mobilizasyon yo fè yè pou denonse rejim PHTK a
Nouvèl:
-Israel ap pousuiv jenosid li sou pèp Palestinyen an ak tout enpinite
-Lame Dominiken rantre soti sou teritwa Ayiti a, vole avyon dwo-n sou teritwa nou jan yo pito
-Yon lòt fwa ankò konpayi Facebook fè bak sou delè yo te bay pou tout moun k ap sèvi ak Whatsapp siyen yo dakò ak nouvo regleman konpayi a
-Gwo mobilizasyon nan Colombia pou kontre represyon ekstrèm dwat Prezidan Ivan Duque a
-Eleksyon nan Chile pou pèp la chwazi 155 reprezantan ki pral pwopoze peyi sa a yon nouvo konstitisyon
-Chile anonse yon delè 150 jou pou l depòte tout imigran k ipa mete papye yo nan lòd
-Kònòsò yo akize "Darkside" kòmkwa se li k ta hijack sistèm konpitè Colonial Pipeline
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday May 11, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 11 me 2021
Tuesday May 11, 2021
Tuesday May 11, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
N ap tann fanmi yo @ 7pm jedi pwochen k ap 20 me nan selebrasyon 216yèm anivèsè Konstitisyon Enperyal 1805 lan nan lokal Flanbwayan nan 206 Parkside Avenue ant Flatbush & Ocean Aves. nan Brooklyn nan
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Segman Zafè Kay ak sè nou Michelle ki nan Flatbush nan Brooklyn nan
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Biwo Dwa Moun nan Nasyonzini denonse fason Bahamas soti pou kraze kay anviwon 600 fanmi Ayisyen ak pitit Ayisyen nan katye ki pi pòv yo; Minis Imigrasyon Bahamas reponn
Gouvènè NY la Andrew Cuomo di tout etidyan CUNY ak SUNY blije pran vaksen pou yo ka retounen nan anndan lekòl yo nan mwa septanm nan
Ti ranmase sou yon atik jounal Nouvelliste ki ta di se 7.3 milyon Ayisyen anndan peyi a ki pou ta enskri pou yo vote pou komedi Jovenel Moise ap bwase pou l fè yo ta gen valè
Ti koze ak Edwin Raymond ki se kandida nou ankouraje fanmi ki gen dwa vote nan 40th district la sipòte nan eleksyon pou City Council la

Monday May 10, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 me 2021
Monday May 10, 2021
Monday May 10, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 7 me 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Son manifestasyon kont rankont KEP Krèy la nan Pòdepè
Son manifestasyon kont rankont KEP Krèy la nan Ench
Son manifestasyon kont rankont KEP Krèy la nan Wanament
Nou salye kouraj fanmi yo lakay ki kanpe pou bloke KEP Krèy la tout kote l pase
Enpòtans pou dyaspora a kontinye kore epi ankouraje fanmi yo lakay
Liy ouvè ak oditè yo
Bonb eklate devan yon lekòl pou ti fi nan Afghanistan: 85 moun mouri epi plizyè santèn blese
Militè Israel atake Palestinyen k t ap lapriyè anndan Moske Al-Aqsa nan Jerusalem
Mobilizasyon nan kad aktivite Koalisyon Leve Kanpe pou Ayiti: KOMOKODA ap manifeste jedi 27 me, 3pm-6pm devan Konsila Kanada nan NY la: 466 Lexington Avenue, ant 45yèm ak 46yèm Streets nan Manhattan

Tuesday May 04, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 me 2021
Tuesday May 04, 2021
Tuesday May 04, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou andirèk nan manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Lafrans nan NY la: 934 5yèm Avenue, ant 74yèm ak 75yèm Streets nan Manhattan
Nou remèsye Direktris radyo a, sè nou Angelique Nelson ki sou tab kontwòl la nan stidyo a pou nou jodi a
Nou fè ti koze ak kèk nan fanmi ki la nan manifestasyon an
Anons

