Episodes

Monday Jul 12, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 12 jiyè 2021
Monday Jul 12, 2021
Monday Jul 12, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Refleksyon nou sou sasinay asasen apatrid Jovenel Moise ak kèk enfòmasyon ki soti ki frape nou
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 9 jiyè 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou kontinye refleksyon nou sou sasinay ti vòlè Jovenel Moise
Refleksyon nou sou manifestasyon manipile ki eklate plizyè kote nan Kiba depi yè
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jul 06, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 6 jiyè 2021
Tuesday Jul 06, 2021
Tuesday Jul 06, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon jedi 8 jiyè devan biznis sila a pou n rive fè yo anile bal la
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Sòlda Meriken yo sove kite pi gwo baz militè yo nan Afghanistan nan mitan lannuit
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl Ayiti:
-Yon ti avyon k ap fèt vwayaj Pòtoprens-Jakmèl kraze nan Leyogàn, tout 6 moun ki te ladan l yo mouri
-Alatèt CARICOM, Gaston Browne ki se Premye Minis Antigua a di vyolans ak dezòd ki gen Ayiti a pa ka kontinye, fòk gen yon entèvansyon
-Ti komik Jovenel Moise dekrete Ariel Henry kòm nouvo Premye Minis gouvènman restavèk li a
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon jedi 8 jiyè devan biznis sila a pou n rive fè yo anile bal la
Nou jete dlo pou Vanyan Emmanuel "Dread" Wilmé; Jodi a fè 16 lannen depi jou 6 jiyè 2005 sòlda MINUSTHA yo te tire 22 mil katouch sou kay tòl nan Site Solèy, touye yon pil inosan pou yo te rive sasinen li; Nou pase entèvyou nou te fè ak Dread Wilmé 4 avril 2005 nan emisyon Lakou New York

Monday Jul 05, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 5 jiyè 2021
Monday Jul 05, 2021
Monday Jul 05, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Yè se te 4 jiyè 2021, Etazini ak patizan li yo t ap fete 245yèm anivèsè peyi a; Rès mond lan make 245 lannen jenosid popilasyon yo, esklavaj, piyaj resous yo ak kadejak anba grif zwazo bèk fè a ak tout enpinite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 2 jiyè 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou rann yon omaj pou Vanyan Kwame Ture (Stokely Carmichael) ki ta gen 80 lannen 29 jen k sot pase a si l te la toujou ak nou; Nou pase ti moso nan yon pawòl li te pale sou enpòtans Ayiti pou liberasyon mond Panafrikèn nan
Nouvèl:
-Ak tout resous ki nan men yo, Biwo Eleksyon lavil NY panko ka bay rezilta eleksyon 22 jen yo ak transparans
-Biwo Federal FEMA deside fè ajisteman pou fasilite plis moun ki te antere yon fanmi k te mouri akoz kovid la Ozetazini jwenn lajan yo te depanse pou lantèman an
-Masak sou masak nan zòn Pòtoprens lan; Fondasyon Je Klere di plis pase 60 moun mouri nan dènye semèn mwa jen an
-Bagay la cho pou Meriken nan Afghanistan; Sanble yo pa p rive kenbe jiska dat 11 septanm yo t ap pale a
Ranmase sou manifestasyon KOMOKODA te fè jedi pase devan Bentley's Nightclub kote yo anonse Martelly pral jwe bal samdi 10 jiyè k ap vini an; Mobilizasyon pou manifestasyon jedi 8 jiyè devan biznis sila a pou n rive fè yo anila bal la
Ayibobo pou endijèn yo nan Manitoba ansanm ak alye yo ki te manifeste pandan "Canada Day" jedi Premye jiyè a kote yo rive kapote yon estati rèn Victoria ak rèn Elizabeth
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jun 29, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 29 jen 2021
Tuesday Jun 29, 2021
Tuesday Jun 29, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nou pase deklarasyon 4 out 2020 KOMOKODA te mete deyò sou eleksyon nan peyi nou
Jij Ramoncithe Accime blanchi vòlè PHTK yo nan dosye Petrocaribe a
Sa nou li, sa nou konprann nan rapò OEA mete deyò sou misyon yo te fè ann Ayiti 8 pou rive 10 jen k sot pase a
Nouvèl
Ti koze ann Angle ak mizisyen militan Ahmed Abdulah ansanm ak madanm li Monique Ngozi Nri sou mizik nan lavi yo ak patisipasyon yo nan 50yèm International African Arts Festival k ap fèt nan Brooklyn nan nan wikenn nan
Ti koze ann Angle ak Sister Harriet Hines sou batay pou anpeche lavil NY otorize konstriksyon yon gwo bilding nan kwen Bedford Ave ak Church Ave ki se yon espas kote yo te antere Afriken k te nan esklavaj nan New York la
Se jodi a Biwo Eleksyon Lavil NY la ta dwe mete rezilta premye wonn eliminatwa Rank Choice Voting pou eleksyon k te fèt madi pase yo deyò
Mobilizasyon pou konferans pou laprès KOMOKODA ap fè jedi Premye jiyè devan Bentley's Nightclub pou anpeche asasen, vòlè yo rele Michel Martelly a vin ouvè kò l nan kominote a
Jounal Nouvelliste rapòte li fè yon entèvyou ak Prezidan Aristide etan li nan lopital Kiba kote l fè konnen kondisyon li amelyore anpil epi l ap travay pou l tounen lakay li anvan lontan
Ti prekosyon pou fanmi yo pran ak gwo chalè ki gen nan zòn NY la ak plizyè lòt vil Etazini
Se yon lavalas moun ki vin resevwa ansyen prezidan Kotdivwa Laurent Gbagbo ki retounen lakay li
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jun 28, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 28 jen 2021
Monday Jun 28, 2021
Monday Jun 28, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
KOMOKODA voye fòs ak kouraj pou Prezidan Aristide ak fanmi li nan okazyon travèse manman li, Madam Solange Pierre Louis Aristide, nan Florid; Nou swete Titid reprann fòs li san pèdi tan pou l rekanpe sou 2 pye militè l
Nou remèsye fanmi yo ki rele nou pou yo achte liv Prince Tiecoura a; Nou rete yonn
Mobilizasyon pou konferans pou laprès KOMOKODA ap fè jedi Premye jiyè
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 25 jen 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou salye sè nou Rheza Boucard Gonzalez ki pèdi mari li Armando Gonzalez
Nouvèl:
-Nou gade rezilta ki soti pou eleksyon lokal ki plis konsène kominote Ayisyen an nan Brooklyn nan epi kalandriye pou rezilta ofisyèl yo soti
-Jij Peter Cahill ki te chita sou jijman Derek Chauvin nan deside bay msye 22 zan edmi nan prizon kòm pinisyon
-Enstitisyon Financial Action Task Force ajoute Ayiti nan lis peyi k ap lave lajan yo
-Yon gwo bilding 12 etaj ak moun k ap viv ladan l efondre Jedi maten a 1è dimaten nan Surfside nan Florid
-Reginald Boulos reponn ULCC ki deside mande bank nan peyi a bloke lajan li; li tou fè nou konnen jan limenm ak bizawèl li yo t ap boule lajan LONA nan konplisite ak vòlè PHTK yo
Liy ouvè ak oditè yo
Joe Biden voye lame li al lage bonb sou peyi Siri

Tuesday Jun 22, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 22 jen 2021
Tuesday Jun 22, 2021
Tuesday Jun 22, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon pike kole Meriken-UN-Core Group-OEA a epi pou dechouke Jovenel Moise:
Jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Mwen salye pitit gason mwen Asim Andre ki gradye "High School" jodi a; Anpil kè kontan nan fanmi an; Nou di Roselyn "Mèsi Anpil"; Refleksyon nou sou lekòl Medgar Evers Preparatory High School epi nou ankouraje fanmi ki nan zòn nan konsidere lekòl sila a pou pitit yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi ak zanmi sè nou Myriam Augustin ki fè travèse li; Memorial la ap fèt demen Mèkredi 23 jen an nan Frederick Funeral Home nan Flushing nan Queens lan
Nou pase ti moso nan yon entèvyou Radio Tele Solidarite te fè ak Myriam Augustin 20 janvye 2015
Ti koze ak sè nou Marie Jose Bernard sou zanmi li Myriam Augustin
Nou ankouraje fanmi an kontakte nou pou yo achte yon kopi dènye liv Prince Tiecoura ekri sou 20 me 2021 an
Vèsyon "Delta" kovid-19 la soti pou vire reyalite vaksen an tèt anba; Traka kovid la koumanse bay lakay nou Ayiti; Òganizasyon Mondyal Lasante mande pou okenn peyi pa ta bay timoun piti vaksen kovid
Nesesite pou pèp Ayisyen an anndan kou deyò pa kanpe nan chimen; Nou rive bloke referanndòm ak eleksyon ak lòt mannèv Meriken ak restavèk li yo
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jun 21, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 21 jen 2021
Monday Jun 21, 2021
Monday Jun 21, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon pike kole Meriken-UN-Core Group-OEA a epi pou dechouke Jovenel Moise:
Jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou frè nou Robby Boisette ak fanmi li; Lantèman manman li Marie "Bernadette" Boisette
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi sè nou Myriam Augustin nan okazyon travèse li; Yon "memorial" ap fèt pou Myriam Mekredi 23 jen an a, 5pm-7pm, nan Frederick Funeral Home, 192-15 Northern Blvd. nan Flushing
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 18 jen 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Enfòmasyon tonbe pou di Prezidan Aristide teste pozitiv pou kovid-19; Nou voye fòs pou li epi nou swete l rejwenn sante l prese prese
-Semèn pase a lejislatè Meriken yo vote pou 19 jen vin yon jou ferye pou onore jou sila a nan lannen 1865 moun nwa ki te nan lesklavaj nan Gavelston, Texas vin konnen lesklavaj te bout
-Peyi G7 yo te rasanble nan Angletè pou yo deside jan y ap koupe rache mond la epi ki kantite vaksen kovid yo deside pataje ak rès mond lan
-Demen se jou eleksyon "Primary" Ozetazini; Nou ankouraje fanmi ki nan Brooklyn ki gen dwa vote jete yon bilten pou kandida sila yo:
--Edwin Raymond pou ranplase Mathieu Eugene nan District 40 la
--Anthony Beckford pou ranplase Farah Louis nan District 45 la
--Mercedes Narcisse pou ranplase Alan N. Maisel nan District 46
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jun 15, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 15 jen 2021
Tuesday Jun 15, 2021
Tuesday Jun 15, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi Evelyn Laroche nan okazyon travèse li; Lantèman an te fèt maten an
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou frè nou Robby Boisette ak fanmi li nan okazyon travèse manman li Marie "Bernadette" Perez
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon pike kole Meriken-UN-Core Group-OEA a epi pou dechouke Jovenel Moise:
Jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Trak ap sikile pou di dimanch 10 jiyè chawony nan Michel Martelly ap vin fè bal nan yon espas nan Brooklyn nan ki rele Bentley's; N ap mande kominote a rele pwopriyetè biznis sila a ki rele Carl nan 347-584-9978 pou di l anile bal sa a
Nouvèl:
-Jounal Haitian Times pibliye yon atik pou di gen Ayisyen k ap peye yon seri vòlè jiska $5,000 vèt pou regle koze TPS pou yo pandan aplikasyon panko menm deyò; N ap redi kominote a pa kite chalatan fè ladènye sou yo
-Apre 12 lannen Benjamin Netanyahu pèdi pouvwa l kòm premye minis peyi Israel; Naftali Bennett se nouvo premye minis la; li parèt msye ta menm pi rasis, pi asasen pase Netanyahu
-Se posib popilasyon Peru pral blije tann yon bon nout tan pou konnen ki lès konsèy elektoral peyi sila a ap deklare ki genyen 2yèm tou eleksyon pou prezidan an
Ti koze ak Mercedes Narcisse nou ankouraje Ayisyen nan District 46 la ki gen dwa vote pou yo vote pou ranplase Alan Maisel nan NYC Council la

Monday Jun 14, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 jen 2021
Monday Jun 14, 2021
Monday Jun 14, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 4 jen 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA te fè jedi pase a k te 10 jen 2021
Lapolis lavil NY revele anvan li mouri Romy Vilsaint te di yo lòt timoun nan lekòl li te ba li yon gwo kout pwen nan tèt men malgre sa yo vle fè kwè se yon ilsè ki touye l; Pou ki sa nou kwè kominote a dwe goumen jiskaske Tiffany Frazier ki se direktris lekòl la pèdi djòb li pou neglijans ak enkonpetans
Ti koze ak Lyetnan Edwin Raymond nou ankouraje Ayisyen nan District 40 la ki gen dwa vote pou yo vote pou ranplase Mathieu Eugene
Ti koze ak aktivis Anthony Beckford nou ankouraje Ayisyen nan District 45 la ki gen dwa vote pou yo vote pou ranplase Farah Louis
Nou ankouraje Ayisyen k nan District 46 la ki gen dwa vote pou yo vote pou Mercedes Narcisse pou ranplase Alan Maisel
Trak ap sikile nan lari a kòmkwa Chawony nan Michel Martelly ap vin jwe bal nan yon espas ki rele Bentley's nan Brooklyn nan; Nou mande kominote a rele mèt espas la ki rele Carl nan nimewo 347-584-9978 pou fè l konnen Martelly se yon asasen k responsab gang k ap touye moun ann Ayiti epi se plis pase 2 milya dola Petrocaribe ki fonn nan men l, se yon "persona non grata" li ye nan kominote a

Tuesday Jun 08, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 8 jen 2021
Tuesday Jun 08, 2021
Tuesday Jun 08, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak sè nou Mamyrah Dougé Prosper, ki lakay sou jenosid k ap fèt nan katye popilè yo; sou delegasyon OEA ki nan peyi a; sou travay Kowalisyon Leve Kanpe a
(Nou eskize nou paske nou rate anrejistreman yon bon pati nan ti koze nou ak Mamyrah akoz yon ti fikilte teknik)
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke referanndòm bidon 27 jen an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 10 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini
Nouvèl:
-Ayè lendi a, Lakou Siprèm Meriken deside moun ki gen TPS ki te rantre Etazini "ilegalman" pa elijib pou yo ta benefisye rezidans pèmanan
-Prezidan Lafrans lan Emmanuel Macron pran yon bèl souflèt pandan l t al pran yon beny foul
-Ansyen Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki Moon ekri yon liv kote l di se kolera a ki gate imaj Nasyonzini ann Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke referanndòm bidon 27 jen an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 10 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini

