Episodes

Monday Aug 09, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 out 2021
Monday Aug 09, 2021
Monday Aug 09, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
N ap tann tout fanmi an nan selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman k apral fèt nan Prospect Park apati 1pm samdi 14 out k ap vini an
Jodi a se 9 out, 76 lannen apre jou Meriken te lage bonb atomik sou vil Nagasaki nan Japon, epi 3 jou apre yo te lage sou Hiroshima. Nou jete dlo pou Japonè yo k te viktim mechanste Gouvènman Meriken epi nou di Madichon pou kriminèl asasen yo k ta deside kreye yon kalte zam konsa
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 6 out 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou salye memwa konpatriyòt Marc Mathelier, yon gran gitaris nan kominote a ki fè travèse li 7 jiyè k sot pase a
Nouvèl:
-Kanada relouvri fwontyè li jodi a apre yon ane edmi yo te fèmen l akoz kovid la; Etazini kenbe fwontyè pa l fèmen toujou
-Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin nan Ralph Gonsalves pran yon kout wòch epi l benyen an san etan l t ap chache travèse yon manifestasyon kont vaksen kovid la ki t ap fèt devan biwo l; Nou voye fòs ak kouraj pou fanmi an
-Minis Afè Etranjè Canada Marc Garneau te fe yon reyinyon Zoom ak kèk "lidè"nan kominote Ayisyen 4 jiyè sou dosye Ayiti a; Fanmi yo fache dèske yo santi minis lan fè yo pale pou granmesi
-Yon lòt ekip menm ekri Premye Minis Canada a Justin Trudeau pou yo mande l tanpri souple sipòte inisyativ gwoup k ap chache yon solisyon Ayisyen ak kriz Ayiti a
-Ansyen minis jistis Tonton Makout Bernard Gousse ki abiye an jiris konstitisyonalis jodi a ak 3 lòt bizawèl li di se yomenm ki gen solisyon pwoblèm peyi a
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul ki se responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou nouvo pwogram TPS gouvènman Joe Biden nan bay pou Ayisyen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 03, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 out 2021
Tuesday Aug 03, 2021
Tuesday Aug 03, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons:
-7 out, 3pm - UNIA Flag Day
-14 out, 4pm - Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Attorney General eta New York Letitia James met yon rapò deyò ki rekonèt verite nan akizasyon asèlman seksyèl plizyè fanm ki te travay pou Governor Andrew Cuomo te fè kont li
-Nou jete dlo pou jounalis Nwa Meriken Glenn Ford nan Black Agenda Report ki fè travese li
Nou pase yon entèvyou Boaz Anglade nan Chita Koze te fè ak Marie Antoinette "Netty" Duclaire 2 avril 2021
Ti koze ak ti frè nou Kebert Bastien sou eksperyans pèsonèl li ak Netty
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Aug 02, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 out 2021
Monday Aug 02, 2021
Monday Aug 02, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Finalman Gouvènman Meriken an mete enfòmasyon piblik pou nouvo TPS pou Ayisyen ki Etazini san papye epi yo avanse dat pou moun ki elijib pou aplike yo pou jedi 29 jiyè 2021
Jodi a se fèt manman m Yole, Nou salye l epi swete l sante, sante, sante
Nou salye sè nou Ezili Dantò ki te selebre anivèsè nesans pa li yè dimanch Premye out la. Limenm nou swete l sante, sante, sante
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 30 jiyè 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Otorite nan Repiblik Dominikèn fè konnen maladi fyèv pòsin atake kochon nan 2 diferan pwovens nan peyi sila a
-Gwo manifestasyon pete nan plizyè peyi Ewopeyen ak Izrayèl kont mannèv pou separe moun ki pran vaksen ak moun ki pat pran vaksen
-Komisyon kap chache solisyon Ayisyen nan kriz peyi a pibliye sa yo rele "Accord de Montana" Jedi 29 jiyè a kote yo pwopoze yon Konsèy Nasyonal Tranzisyon 14 manm pou dirije peyi annatandan eleksyon
-Martine Moise bay New York Times yon entèvyou kote l bay vèsyon pa li sou sa k te pase nan nuit sasinay Jovenel Moise la; Li tou pwofite anonse kandidati li pou la prezidan peyi a pou l "pousuiv rèv ak vizyon" ti vòlè asasen apatrid ki te mari l la
-Avoka de Defensoria de pueblo Colombia ansanm ak reprezantan Ministè Zafè Etranjè Kolonbi te gen chans vizite 18 Kolonbyen lapolis te arete pou sasinay Jovenel Moise yo
-Taliban yo kontinye ap vale teren nan Afghanistan
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jul 28, 2021
Emisyon espesyal 7-28-21 pou make 106 lannen depi Okipasyon Meriken 1915-1934 lan
Wednesday Jul 28, 2021
Wednesday Jul 28, 2021
Nou louvri emisyon an ak Martha Jean Claude k ap chante kont blan Meriken k anvayi peyi nou
Refleksyon nou sou 28 jiyè 2021 an
Ti ranmase k te fèt nan Radio Haiti Inter an 1998 sou 28 jiyè a
Entèvyou Radio Haiti Inter te fè nan mwa septanm 1977 ak yon grandèt ki te nan jandam blan yo te kreye nan Okipasyon an sou sa l te viv limenm nan lit ak nan sasinay Charlemagne Peralte la
Entèvyou ak Pwofesè George Eddy Lucien sou 106yèm anivèsè okipasyon Meriken nan peyi nou epi sou kanpay ki tanmen pou fè Jovenel Moise pase pou yon prezidan yo sasinen paske l t ap batay pou pèp
Ti koze ak Mèt Bano (Ernest Banatte) sou Benoit Batraville ki te alatèt mouvman Kako a apre Charlemagne Peralte
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Nou fèmen emisyon an ak Martha Jean Claude k ap chante kont move Ayisyen yo ki mete ak Ameriken pou touye Charlemagne Peralte

Tuesday Jul 27, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 jiyè 2021
Tuesday Jul 27, 2021
Tuesday Jul 27, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons diferan aktivite k ap fèt nan mwa out la
-14 out, 4pm - Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park
-7 out, 3pm - UNIA Flag Day
-15-21 out - Konvansyon anyèl òganizasyon UNIA
-Demen 28 jiyè, 3-5pm, emisyon espesyal pou make 106yèm anivèsè okipasyon Meriken an
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Editoryal Washington Post pou di fòk eleksyon fèt Ayiti ane sa a epi sèl jan pou sa fèt fòk gen yon fòs etranjè sou teren an
-Alatèt CARICOM nan Gaston Browne ki se Premye Minis Antigua ak Barbuda kondane sasinay Jovenel Moise la epi mande lapè, estabilite, ak pwosperite
-CNN anonse jij k ap envestige sasinay Jovenel Moise yo nan kache depi plis pase 2 semèn afòs y ap pran menas
Ti koze ak konpatriyòt Alain St Victor sou manifestasyon Coalition haitienne au Canada contre la dictature en Haiti ap fè demen mèkredi 28 jiyè devan konsila Ayiti nan Montreal pou make 106 lannen depi okipasyon Meriken an
Yon tèks nan jounal Haiti en Marche sou repons pou n ta bay moun ki di Jovenel t ap travay kont oligachi a
Liy ouvè ak oditè yo
Babekyou fè manifestasyon epi kriye kou ti bebe pou patwon li Jovenel Moise
"Yon restavèk ki te konprann se li k te mèt jwèt la" yon editoryal Lionel Trouillot ki date 8 jiyè 2021 men ki pibliye 21 jiyè 2021
Patizan Jovenel yo ki t ap kriye nan lantèman Jovenel Moise Vandredi pase a tou pwofite joure delegasyon Meriken an kòmkwa se blan yo k ta sasinen papa yo; Delegasyon Meriken an fè yon evakyasyon presipite lè bal mawon te koumanse pete nan lantèman an
Enfòmasyon ki soti Bolivi fè konnen moun ki t ap ede yo travèsè abandonnen 200 Ayisyen nan peyi sila a semèn pase epi semèn sa a ankò menm bagay la rive ak 113 Ayisyen

Monday Jul 26, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 jiyè 2021
Monday Jul 26, 2021
Monday Jul 26, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye Revolisyon Kiben an ak pèp Kiben an k ap selebre pi gwo jou Nasyonal yo jodi a 68 lannen apre atak sou kazèn militè Moncada a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 23 jiyè 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze sou manifestasyon KOMOKODA fè yè dimanch lan anfas trèt Ayisyen yo k t ap kriye pou Jovenel Moise nan Newkirk Ave ant Nostrand ak East 29th nan Brooklyn nan
-Nou pase son manifestasyon an
Nouvèl:
-Refleksyon sou lantèman vòlè apatrid Jovenel Moise
-Pwovens Henan nan Lachin ap viv yon kalite inondasyon yo pa viv depi 1000 lannen
-Prezidan Andres Manuel Lopez Obrador (AMLO) nan Meksik salye revolisyon Kiben an epi mande pou kraze òganizasyon tchoul Meriken k rele OEA a epi pou vin genyen yon lòt ki pa mare nan pye tab pyès lòt peyi
Liy ouvè ak oditè yo
Yon pinga pou fanmi lakay k ap vann tout sa yo pa genyen pou yo kite Ayiti pou y al Latiki; Nou pataje enfòmasyon k nan yon atik ki nan Ayibopost epi eksperyans yon fanmi nou konnen ki fè vwayaj la

Friday Jul 23, 2021
Emisyon espesyal pou make 34yèm anivèsè Masak Janrabèl 7-23-21
Friday Jul 23, 2021
Friday Jul 23, 2021
Peye San an - Mizik Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen
Salitasyon
Nou pase entèvyou Michel Montas nan Radio Haiti Inter fè 28 jiyè 1987 ak fanmi manm Gwoupman Tèt Ansanm ki te viktim masak la
Nou pase entèvyou Radio Soleil fè 28 jiyè 1987 ak fanmi manm Gwoupman Tèt Ansanm ki te viktim masak la
Ti koze ak Lionel Legros ki te responsab nan emisyon L'Heure Haitienne ak òganizasyon Sant Enfòmasyon Lè Ayisyèn (SELA) ki te kolabore pre ak Pè Janmari Vensan
Nou pase apèl Pè Raynald Clerismé fè nan Radio Haiti Inter pou mande peyi a pote lamenfòt ak viktim yo
Nou pase moso nan entèvyou Pè Janmari Vensan fè ak Radio Haiti Inter apre li retounen nan peyi a
Nou pase moso nan kasèt Pè Aristide te pibliye 29 novanm 1987, jou masak Riyèl Van an kote li prezante yon pyès teyat konvèsasyon ant Ti Roro ki mouri nan masak Riyèl Vayan an ak Ti Chounn ki te mouri nan masak Janrabèl la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jul 20, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 jiyè 2021
Tuesday Jul 20, 2021
Tuesday Jul 20, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Remèsiman pou oditè Radio Omega yo ki te pase nan radyo a vin pran vèsyon Kreyòl konstitisyon 1805 epi k kite yon kontribisyon pou sipòte inisyativ la
Anons lan di 3 zè jodi a, Ariel Henry ki siyen yon dekrè pou nome tèt li Premye Minis ak tout lòt minis li yo ta sipoze enstale tèt yo
Pòtpawòl Depatman Deta Ned Price di Etazini sipòte Ariel Henry paske se sa pep Ayisyen an mande
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Finalman, plis pase yon mwa apre eleksyon an, konsèy elektoral peyi Pewou deklare se Pedro Castillo ki genyen eleksyon pou prezidan peyi a
-Enstalasyon Ariel Henry
-Nou bay lis minis ki nan dekrè Ariel Henry siyen an
-Denyè enfòmasyon nou jwenn sou sasinay apatrid ki te rele Jovenel Moise la
Ti koze ak konpatriyòt Ricardo Fleuridor ki se responsab nan òganizasyon "Nou Pa p Konplis" sou òganizasyon an ak moman Ayiti ap viv jodi a
Liy ouvè ak oditè yo
Peyi Meksik anonse gen plis pase 2000 migran Ayisyen san papye ki ateri lakay yo nan vil Tapachula nan eta Chiapas
Anons
-Nou ankouraje oditè yo koute emisyon sou Ayiti n apral fè an Angle 4pm-5pm samdi nan radyo WBAI, 99.5 FM

Monday Jul 19, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 jiyè 2021
Monday Jul 19, 2021
Monday Jul 19, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 16 jiyè 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Inondasyon nan Almay
-Gouvènman peyi Kiba òganize gwo kokenn manifestasyon kote popilasyon reafime soutyen li ak Revolisyon an
-Manifestasyon solidarite ak Kiba atravè mond lan
-Òganizasyon IFCO/Pastors for Peace ap ranmase sipò pou yo pote medikaman Kiba: ifco@ifconews.org
-Selin chif yomenm yo bay, 20 lannen briganday Etazini nan Afghanistan nan koute $2.3 trillion
-Pandan Etazini ap atake Revolisyon Kiben an ak zam entènèt l ap pleyen fason Lachin atake sistèm entènèt pa li
-Martine Moise retounen Ayiti
-Radyo Noticias Caracol nan Kolonbi anonse Claude Joseph enplike nan sasinay Jovenel Moise
-Sendika malfektè k rele Core Group la fè yon demitou; li anonse se Ariel Henry l rekonèt kòm chèf Ayiti
Refleksyon nou sou Komisyon Sivil k ap chache yon solisyon Ayisyen nan kriz Ayiti a ak rankont ki fèt samdi 17 jiyè nan Montana a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Selebrasyon nan kwen Merrick Rd. ak Belknap St nan Queens, NY demen pou make 107yèm anivèsè fondasyon òganizasyon UNIA-ACL

Tuesday Jul 13, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 jiyè 2021
Tuesday Jul 13, 2021
Tuesday Jul 13, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak frè nou Hilario Batista ki se direktè Depatman Kreyòl Radyo Laavàn Kiba sou manifestasyon manipile ki eklate nan kèk zòn nan Kiba ak repons gouvènman Kiben an
Nouvo enfòmasyon laprès mete deyò sou sasinay Jovenel Moise; Chak jou l ap parèt pi klè se rat kay ki manje pay kay
Ti koze ann Angle ak sè nou Gail Walker ki se direktris òganizasyon IFCO/Pastors for Peace sou fason moun k ap suiv gran medya entènasyonal yo ta dwe konprann sa yo tande k ap pase Kiba jodi a
Liy ouvè ak oditè yo

