Episodes

Monday Sep 13, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 septanm 2021
Monday Sep 13, 2021
Monday Sep 13, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 10 septanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Ougan Maxime Lorisme pou n jete dlo pou sè nou Marie Claude Blass ki antere pandan wikenn nan
Nou ouvè liy pou oditè k te konnen Marie Claude rele pou salye memwa li
Ti ranmase sou 3 lòt 11 septanm
-11 septanm 1973 - Koudeta nan Chili ak lanmò Prezidan Salvador Allende
-11 septanm 1988 - Masak nan legliz Senjan Bosko
(Nou pase vwa Sony Lefort(?), yon fanmi k te viktim nan masak la k ap rakonte eksperyans li) - https://www.youtube.com/watch?v=HZvVqNorHxU
-11 septanm 1993 - Sasinay Antoine Izmery devan legliz Sakrekè nan Tijo nan Pòtoprens
(Nou pase vwa Antoine Izmery k ap bay lis boujwa yo k te peye pou koudeta a)
Nouvèl:
-Nou salye memwa "Chairman Gonzalo" alatèt Pati Kominis Pewou ki te fòme mouvman geriya Sendero Luminoso (Chimen Limyè) ki fè travèse li samdi a
-Plis traka pou viktim Goudougoudou Gran Sid la ak pri siman, tòl, ak bwa 2x4 ki plis ke double
-Bri ap kouri se $100,000 leta Ayisyen ta peye gang yo pou 160 kamyon gaz yo te ka soti nan Vare al distribiye
-Depi granm maten zam ap tire nan Matisan anwo pa desann anba pa monte
-Kidnaping retounen ap vale teren nan zòn Pòtoprens lan
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Sep 07, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 septanm 2021
Tuesday Sep 07, 2021
Tuesday Sep 07, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak frè nou Oneza Lafontant epi ak frè nou Kazèk Ronald Jerome ki nan Bakonwa
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Taliban yo reyisi kraze mouvman rebelyon ki te genyen nan zòn Panjshir nan Afghanistan epi yo prezante nouvo gouvènman ki pral dirije peyi a
-Pandan l t ap fè kanpay pou eleksyon k pral fèt nan Kanada lendi 20 septanm, moun ki t ap manifeste paske yo pa dakò ak politik Kovid-19 peyi a kalonnen Justin Trudeau ak wòch
-7 lannen apre yo te arete yon pitit gason Muamar Gadafi ki rele Saadi Gadafi, moun ki opouvwa nan peyi Libi yo lage msye
-Jodi a fè 2 mwa depi sasinay apatrid Jovenel Moise gen moun ki t al manifeste devan kay Ariel Henry pou mande jistis epi Martine Moise mete deklarasyon pou l wè si l a lolo pèp Ayisyen an
-Biwo Pwoteksyon Sivil Ayiti anonse yo fèmen pati nan travay yo kote yo t ap chache moun vivan anba dekonm epi yo bay yon dènye bilan sou travay yo
-Asasen touye Pè Andre Sylvestre, kire pawas Wobiya, pandan l t ap soti labank Okap yè lendi a
Liy ouvè ak oditè yo
-Gad Nasyonal Meksiken rive kraze karavàn migran ki t ap chache rive sou fwontyè Meksik ak Etazini
-Meksik deside ranplase estati Kristòf Kolon ki te nan mitan vil Mexico City ak estati yon fanm Endijèn
-Gouvènman Venezyela ak opozisyon nan peyi sila a pibliye yon deklarasyon ansanm sou pwogrè y ap fè nan negosyasyon k ap fèt nan peyi Meksik yo
Anons

Monday Sep 06, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 septanm 2021
Monday Sep 06, 2021
Monday Sep 06, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nan emisyon Eritye Papa Desalin nou louvri Mwa Janjak Desalin nan jodi
2 ti mo sou jounen "Labor Day" (Fèt Travayè) k ap selebre isit Ozetazini jodi a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 3 septanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Mèsi Papa Desalin - Pwezi Felix Morisseau Leroy
Liy ouvè ak oditè yo pou n diskite ki sa Papa Desalin ye pou yo
Nouvèl:
-Ayisyen k ap viv nan vil Valparaiso nan Chile fè gwo manifestasyon apre lapolis nan vil sila a sasinen yon jèn gason Ayisyen ki rele Louis Gentil
-Koudeta yè nan peyi Guinea ki kapote prezidan peyi sila a Alpha Condé
-Medya Kolonbyen Caracol pibliye anrejistreman entèwogasyon plizyè nan mèsenè Kolonbyen yo kote yo admèt yo te gen yon misyon 3 tèt: Touye Jovenel Moise; pran kamera ki t ap anrejistre kay la ak "server" yo; epi jwenn mago lajan (ant 17 jiska 45 milyon dola vèt) yo konnen k te sere anndan kay la
-Jean Laguel Civil, kowòdonatè USP a (Inite Sekirite Prezidansyèl) se premye nan moun ki nan prizon pou sasinay Jovenel Moise yo ki parèt devan Jij Gary Orélien ansanm ak avoka l Reynold Georges Vandredi 3 septanm ki sot pase a
-Apre Goudougoudou 2010 se Repiblik Dominikèn Inyon Ewopeyen te bay lajan pou bati yon inivèsite pou Ayiti nan Limonad; Jodi a ankò nou twouve Bank Santameriken pou Entegrasyon Ekonomik ki bay Repiblik Dominikèn yon milyon dola pou ede Ayiti jere Goudougoudou 14 out 2021 an
-Yonn nan 5 jèn ti gason nwa yo te arete, kondane nan dosye "Central Park 5" la, epi pi devan lage paske yo te inosan, Yusuf Salaam, anonse l apral kandida pou sena eta NY la pou ranplase Brian Benjamin nan Harlem k apral pran djòb Lyetnan Gouvènè
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 31, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 31 out 2021
Tuesday Aug 31, 2021
Tuesday Aug 31, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons pou yon fanmi k ap chache yon chanm pou lwe nan zòn Flatbush la
Nouvèl:
-Taliban yo deklare laviktwa nan Afghanistan; Yo fè konpliman pou sòlda yo ak pèp Afghani a epi yo mande Meriken ak bizawèl li yo pou pran leson defèt yo nan peyi sila a
-Lese frape ant migran k ap chache rive Etazini ak lapolis Meksiken k ap chache bare yo lawout nan Chiapas
-Deblozay pete nan rankont "komisyon k ap chache solisyon Ayisyen nan kriz la" nan otèl Montana
-Òganizasyon Viv Ayiti di li kanpe sou kolaborasyon l ak Sektè Demokratik ak Popilè a epi yo mande pou Ariel Henry demisyone pou l al reponn kesyon jij sou enplikasyon la nan sasinay apatrid Jovenel Moise
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
-Martine Moise bay ajans nouvèl Reuters yon entèvyou yè lendi a kote l mande entènasyonal la konkou pou l jwenn jistis pou apatrid Jovenel Moise; Li mande pou eleksyon fèt rapid rapid kote l pral kandida; epi l konfime te gen lajan likid nan chanm lakay li men l di kòb la pa t rive 48 milyon jan sa ap pale nan lari a
-Anpil zòn ki frape nan goudougoudou toujou ap rele pou fè konnen anyen panko ateri bò kote yo; Nou salye peyizan nan Abriko yo ki te pote kannòt bannann, pataj, yanm pou fanmi ki viktim goudougoudou a nan Koray, nan Pestèl, ak Zile Kayimit
Liy ouvè ak oditè yo
Pa gen peyi posib san yon leta ki gen sipò popilasyon an ki vle di li lejitim epi ki gen mwayen politik li
Yon nouvo varyasyon kovid la ki rele C.1.2 ap bay traka nan Afrik disid ak plizyè lòt peyi
Anons
-Nou ankouraje fanmi an sipòte konbit òganizasyon Flanbwayan Haitian Literacy Project pou yo jwenn $15 mil dola pou pwogram "tutoring" yo te koumanse pou ede jèn yo pandan Kovid la

Monday Aug 30, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 out 2021
Monday Aug 30, 2021
Monday Aug 30, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou swete frè nou Ernest Banatte (Mèt Bano) k ap selebre anivèsè nesans li jodi a yon bòn fèt!
Yè dimanch lan ekip KOMOKODA a te ansanm ak sè nou Veronica Nickey ansanm ak fanmi li ki t ap fè yon memoryal nan Brooklyn nan pou pitit Veronica, Therone Brue ki te fè travèse li madi 10 out ki sot pase a: Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi an
Nou jete dlo pou Pè Janmari Vensan asasen te koupe souf li 28 out 1994 ak Mèt Monferrier Dorval asasen PHTK yo touye ane pase, 28 out 2020
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 27 out 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Demen se dat limit Meriken ak bizawèl li yo gen pou bay talon yo nan Afghanistan
-Siklòn Ida fè gwo dega nan zòn New Orleans, Mississippi ak Alabama
-Ariel Henry patisipe nan yon rankont CARICOM Vandredi a kote li ba yo lis priyorite li fas ak Goudougoudou a
-27 nan 40 milyon lajan asirans katastwòf natirèl CCRIF la gen tan tonbe nan Ariel Henry
-FMI anonse l ap prete ti restavèk yo Ariel Henry $224M
-Ansyen Gouvènè Kanada a Michaelle Jean di entènasyonal la Atansyon pou konsekans politik desizyon yo pou fòse Ariel Henry nan gagann pèp Ayisyen pa pi grav pase dega Goudougoudou a
-Peyi Japon deside sispann bay moun lakay yo vaksen Moderna a
Ti koze ak frè nou Oneza Lafontant ki aktyèlman nan Bakonwa nan depatman Nip ap pote solidarite òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen kolekte pou fanmi yo
Anons

Tuesday Aug 24, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 out 2021
Tuesday Aug 24, 2021
Tuesday Aug 24, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ariel Henry, Premye Minis Core Group la mete deklare eleksyon pa posib ane sa a
Minis Jistis defakto a anonse yon nouvo jij ki rele Garry Orelien ki pral chita sou dosye sasinay Jovenel Moise la
Jodi a eta NY gen yon nouvo Gouvènè: Kathy Hochul prete sèman
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn. Aktyèlman Altagracia nan Kolonbi nan yon konferans sou sitiyasyon moun Nwa nan peyi sila a
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Aug 23, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 out 2021
Monday Aug 23, 2021
Monday Aug 23, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou retounen nan stidyo: Remèsiman pou tout fanmi ki te voye fòs pou nou; Remèsiman pou Angelique, pou Fabyèn, epi pou Mèt Bano
Finalman, FDA (Food & Drug Administration) Meriken fòmèlman apwouvè vaksen Pfizer a pou moun ki gen plis pase 16 lannen
Jodi a se dènye jou Andrew Cuomo alatèt eta New York
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 20 out 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvo bilan Direksyon Pwoteksyon Sivil sou Goudougoudou a; Kout men ki rive rantre nan peyi a; CCRIF anonse yon 40 milyon dola asirans dezas natirèl k apral jwenn leta Ayisyen
Jetblue ap bay avantaj malèt ak tikè pou òganizasyon ak legliz ki gen estati 510c3 pou yo pote èd pou Ayisyen ki viktim yo
Enpòtans pou Ayisyen konprann nou pa ka bati yon peyi san yon leta ki fò epi ki lejitim
Atik NY Times ki di ta gen bon jan enplikasyon dwòg nan sasinay Jovenel Moise la
Ranmase sou rapò 28 paj RNNDH mete deyò sou sasinay Jovenel Moise
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Aug 17, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 out 2021
Tuesday Aug 17, 2021
Tuesday Aug 17, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Lapli, gwo gwo lapli tout lannuit sou viktim Goudougoudou yo
Venezyela ak Kiba voye solidarite yo
Divès inisyatitiv pou n ede lakay; Enpòtans pou n sipòte inisyativ lokal
Ti koze ak frè nou Raymond Dugue sou anivèsè nesans Marcus Garvey jodi a
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn. Aktyèlman Altagracia nan Kolonbi nan yon konferans sou sitiyasyon moun Nwa nan peyi sila a
Sou viktwa Taliban yo nan Afghanistan
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Aug 16, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 out 2021
Monday Aug 16, 2021
Monday Aug 16, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mesaj Dahoud ak oditè yo: Mwen teste pozitiv pou kovid; Kilès ki Towo a? Se Taliban Ki Towo; Nou wete chapo n pou salye viktwa yo apre 20 lannen rezistans; Goudougoudou frape lakay nou ankò ap 11 lannen; E, si n ta deside nou pa t ap bati kay an beton ankò nan peyi nou
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 13 out 2021 ak frè nou Baba Yaw
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines

Tuesday Aug 10, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 out 2021
Tuesday Aug 10, 2021
Tuesday Aug 10, 2021
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Konbit pou kominote a vin patisipe nan selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park samdi 14 out k ap vini an
Gouvènè NY la Andrew Cuomo fèk anonse l ap demisyone; Li di l ap renmèt pouvwa a nan 14 jou
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze sou Bwa Kayiman
Nou salye fanmi yo nan Mòn Wouj k aprale selebre tout semèn k ap vini an; N ap salye fanmi yo nan Holguin nan peyi Kiba k apral selebre semèn sa a
Nou pase 3 entèvyou Radio Haiti Inter te pase 14 out 1998 ak fanmi ki t ap travay nan yon pwojè ISPAN pou kanpe sit Bwa Kayiman an
Ti koze ak frè nou Deenps "Granbwa" Bazile ki te inisye seremoni a nan Prospect Park nan Brooklyn nan epi k kontinye ap fè li chak ane
Nouvèl:
-Enfòmasyon k soti sou demisyon Andrew Cuomo a
-Medyatè sou dosye leta Ayisyen ak Prebble Rish kont founisè luil yo nan tribinal NY deside fò leta Ayisyen ta mete 23 milyon dola disponib pou regle dosye a
-Ti bourik Taliban nan ap mache nan Afghanistan; Malgre Meriken ki di l prale kontinye ap lage gwo bonb sou yo, yo rive pran yon 6yèm pwovens san yo pa tire yon peta; Sòlda Afghani yo lage zanm yo atè yo kouri
-Gouvènman Ayisyen an anonse Mathieu Chanlatte, menm jij ki pa regle anyen serye nan dosye Dermalog la, dakò pran dosye sasinay Jovenel Moise la
-Pierre Esperance nan RNDDH di se plizyè milyon dola yo jwenn anndan kay Jovenel Moise la
-Gouvènman Ayisyen an antann li ak gouvènman Kolonbi pou pèmèt fanmi mèsenè yo rantre Ayiti vini vizite fanmi yo
-Ensekirite kontinye ap vale teren nan peyi a; Moun Fontamara ak Matisan blije pase nan wout Mòn Lopital pou yo rantre lavil Pòtoprens
-Reginald Boulos di li pa konn anyen nan sasinay Jovenel Moise la; Li di l pa t menm nan peyi a lè zak la fèt
Liy ouvè ak oditè yo
Konbit pou kominote a vin patisipe nan selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park samdi 14 out k ap vini an

