Episodes

Monday Oct 18, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 oktòb 2021
Monday Oct 18, 2021
Monday Oct 18, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 15 oktòb 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Ti koze ak frè nou Hilario Batista ki se responsab Depatman Kreyòl Radyo Laavàn nan Kiba epi òganizasyon Bannzil Kreyòl Kiba
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton

Tuesday Oct 12, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 oktòb 2021
Tuesday Oct 12, 2021
Tuesday Oct 12, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Malgre Ti komik Joe Biden dekrete 11 oktòb la Jounen Pèp Endijèn yo olye de Jounen Kristòf Kolon, tout gwo bwa nan zòn NY la fè gwo parad yè lendi a pou selebre papa yo Kristòf Kolon
Ti koze ak sè nou Ana Maria Belique, ki se responsab nan òganizasyon RECONOCIDO k ap fè fè yon ti pase nan zòn NY la
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn ansanm ak frè nou Jacob Valcimond k ap viv nan zòn Mao nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Zafè fòse moun pou pran vaksen kovid la ap fè gwo pale anpil tou patou
-15 senatè Meriken ekri yon lèt tou louvri pou di yo pa dakò ak fason Gouvènman Biden nan jere dosye refijye Ayisyen yo epi yo tou pwofite voye yon kout chapo bay akò Montana a
-Jounal Meriken Washington Post pibliye yon lèt yo di Ariel Henry ekri pou l wè si l a chavire opinyon pilblik Meriken an bò kote l
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Oct 11, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 oktòb 2021
Monday Oct 11, 2021
Monday Oct 11, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye matant mwen epi marenn mwen Dèdèt nan Granrivyè k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Son manifestasyon devan 26 Federal Plaza a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 8 oktòb 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Jodi a se jou ferye; Se premye ane Gouvènman Etazini efase jou ki te konn rele "Columbus Day" a epi yo batize l "Indigenous Peoples' Day" (Jounen pou Selebre Pèp Endijèn" yo; Di a se yonn, fè l tout bon an se yon lòt
Nouvèl:
-Diplis sou dokiman Pandora yo ak koneksyon Carlos Morales Troncoso nan Repiblik Dominikèn
-Finalman li parèt se pou tout bon Anbasadè Meriken an Michele Sison ap kite Ayiti
-Jijman 14 enkilpe nan sasinay ansyen Prezidan Burkina Faso a, Thomas Sankara, ap fèt
-Lapolis nan Guatemala fè konnen yo jwenn 126 refijye ki fèmen kadnase anndan yon gwo kamyon; 106 nan yo se Ayisyen
-Nou jete dlo pou Vanyan Ernesto "Che" Guevara; Samdi 9 oktòb la te fè 54 lannen depi li te tonbe anba bal restavèk Etazini nan peyi Bolivi
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Oct 05, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 oktòb 2021
Tuesday Oct 05, 2021
Tuesday Oct 05, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Nouvèl:
-Avoka Harold Koh ki te konseye nan Depatman Deta bay demisyon l epi denonse politik administrasyon Biden nan k ap depòte Ayisyen jan y ap fè sa
Ti koze ak responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project, sè nou Darnell Benoit, pou remèsye kominote a pou patisipasyon yo nan konbit li t ap fè ki pèmèt yo prèske $22,000 pou pwogram ki pèmèt yo ede timoun yo ak travay lekòl yo
Nouvèl:
-Mannèv Gouvènman Meriken an pou retire tout moun yo anba pon Del Rio a
Nou li yon lèt yon refijye Ayisyen k pran non "Jean Pierre" ki pibliye nan jounal San Diego Union Tribune ki rakonte eksperyans pèsonèl li ki fè l kouri kite Kwadèboukè rive Brezil epi pran wout pou Etazini
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza

Monday Oct 04, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 oktòb 2021
Monday Oct 04, 2021
Monday Oct 04, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi Premye oktòb 2021 ak sè nou Jocelyn Gay
Nou pase istwa "Bèfchenn" frè nou Jean Claude Martineau (Koralen) pwodui
Nouvèl:
-Gouvènman Etazini voye 2 reprezantan al rankontre dyaspora epi politisyen yo ann Ayiti pou chache defèt dega lèt demisyon Daniel Foote la
Ti koze ak Arioste Denis
Nouvèl:
-Ariel Henry mande leberasyon Kolonbyen yo ki nan prizon pou sasinay Jovenel Moise
-Dosye "Pandora" kote moun ak gwo lajan ap fèe mannèv pou kache lajan yo a gaye nan lari a, jounal Miami Herald lonje dwèt sou kèk Ayisyen k nan lis la tankou Gilbert Bigio, Laurent Lamothe, ak Reginald Boulos
-Gouvènman Aljeri di l pa p aksepte Prezidan Lafrans la, Emmanuel Macron, k ap derespekte yo
-Manifestasyon nan Mexico City pou make 53yèm anivèsè masak Tlatelolco an 1968
-Gouvènman peyi Kiba anonse genyen 421 refijye Ayisyen ki te nan wout pou lòt kote ki chwe lakay yo; Yo di annat o rapatriye sa ki vle tounen yo, y ap ba yo swen medikal, manje, ak rechany rad pou mete sou yo
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza

Tuesday Sep 28, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 septanm 2021
Tuesday Sep 28, 2021
Tuesday Sep 28, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak Sè Dona Belizaire, Madmwazèl Ayiti 1804, epi ak Frè Salomon ki te deplase ale nan Houston, Texas pou pote kole ak fanmi nou yo ki soti anba pon Del Rio a
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn; Ti pale sou 8 lannen depi pi wo enstans tribinal nan peyi sila a te pran desizyon pou denasyonalize tout pitit Ayisyen k fèt nan peyi sila a depi 1929
Nouvèl
-Gouvènman Bahamas anonse yo gen plis pase 700 refijye Ayisyen ki debake lakay yo semèn ki sot pase a
-Sitwayen Kolonbyen nan vil sou kot nòdwès peyi sila a bat bravo pou gwo biznis y ap fè ak refijye yo k ap travèse nan zòn lakay yo pou rive Panama etan yo nan wout pou Etazini
-Manifestasyon anfavè refijye Ayisyen yo devan biwo Senatè Patrick Leahy nan Burlington, Vermont
-Ti komik Ariel Henry "Core Group" la pwoklame Premye Minis peyi nou an revoke KEP kwoupyon apatrid Jovenel Moise la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Sep 27, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 septanm 2021
Monday Sep 27, 2021
Monday Sep 27, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye tout fanmi ki fè men kontre ak emisyon an pandan mwa septanm nan
Nou salye Nicole, Fritznel, ak Dhayhantz ki soti lwen pou vin jwenn nou nan kominote a; Nou di yo kominote a pou yo
Nou voye kouraj pou konpatriyòt Michel Edouard apre deblozay ki pete nan Radyo Pa Nou yè dimanch lan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 24 septanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Oneza Lafontant ak Kazèk Ronald Jerome nan Bakonwa nan zòn Nip peyi a
Nouvèl:
-Alatèt aktivite finansyè konpayi Teknoloji Chinwa Huawei, Meng Wanzhou jwenn liberasyon li epi ateri ak gwo fanfa lakay li nan peyi Lachin
-Gad fwontyè Custom Border Patrol yo denonse ipokrizi Joe Biden ki fin mande yo sèvi ak fwèt pou Ayisyen yo pa pwoche sou chwal yo epi jodi a ap kritike yo dèske yo fè sa l te mande yo a
-Depite Demokrat Andy Levin ajoute vwa li ak lòt politisyen yo ki denonse andministrasyon Biden nan
-Lapolis NY arete yon gwoup moun ki t al fè "dezobeyisans sivil" devan Brooklyn Bridge maten an
Konbit pou pwojè Afterschool Flanbwayan Haitian Literacy Project la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Sep 21, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 septanm 2021
Tuesday Sep 21, 2021
Tuesday Sep 21, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon 4 òganizasyon (KOMOKODA, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen, Flanbwayan, ak UNIA) mete ansanm pou fè demen pou depòtasyon rasis Etazini ap fè sou fanmi nou yo ki sou fwontyè Texas la epi pou n fè fanmi nou yo konnen yo pa pou kont yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ranmase sou 263yèm anivèsè Papa nanchon nou Janjak Desalin ak frè nou Fritzner Pierre
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Sep 20, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 septanm 2021
Monday Sep 20, 2021
Monday Sep 20, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Emisyon espesyal pou 263yèm anivèsè Papa nanchon nou Janjak Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon 4 òganizasyon (KOMOKODA, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen, Flanbwayan, ak UNIA) mete ansanm pou fè demen pou depòtasyon rasis Etazini ap fè sou fanmi nou yo ki sou fwontyè Texas la epi pou n fè fanmi nou yo konnen yo pa pou kont yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 17 septanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Liy ouvè ak oditè yo sou Papa Desalin
Nou pase vwa yon fanmi ki anba pon nan Texas la ansanm ak yon ti bebe 6 mwa epi ak mari l
Refleksyon nou sou kondisyon nou kòm pèp
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manif demen an
Anons
-Selebrasyon nesans Papa Desalin nan Flanbwayan aswè a
-Manif 3pm - 6pm demen nan Grand Army Plaza nan Brooklyn

Tuesday Sep 14, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 septanm 2021
Tuesday Sep 14, 2021
Tuesday Sep 14, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi 14 septanm 2021 an fè 10 lannen depi Msye Joseph Andre, papa m te fè travèse li; Nou jete dlo pou li epi nou voye kouraj pou fanmi an
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Anons:
-lendi 20 septanm nan, 6-9pm, n apral selebre nesans Papa Desalin nan lokal Flanbwayan an, 206 Parkside Avenue
-Fanmi k ap chache kay
-Nou ankouraje fanmi an pote kole nan konbit Flanbwayan ap fè pou yo jwenn kòb pou soutni pwojè "Afterschool Tutoring" yo a
Nouvèl:
-18 Kolonbyen k nan prizon Ayiti pou sasinay Jovenel Moise yo an rele Anmwe pou kondisyon yo nan prizon an epi lefèt ke yo panko janm parèt devan jij
-Karine Jean Pierre pale kòm pòtpawòl Mezon Blanch pou l mande eleksyon prese prese an Ayiti epi pou l chache konvenk moun gen gwo diferans ant Biden ak Trump nan jan yo wè epi trete Ayiti
-Atak Gad Nasyonal Meksiken pou bloke Karavàn Migran k ap soti Amerik Santral yo
-Gad Kòt Meriken entèsepte 104 migran Ayisyen sou lanmè
-Lese frape Ariel Henry ak ekip Jovenelis yo
-Taliban yo pibliye videyo plizyè malèt lajan ak blòk lò yo jwenn lakay ansyen Vis Prezidan gouvènman restavèk Afghan an Amrullah Saleh
Liy ouvè ak oditè yo
Joe Biden mete nouvo regilasyon li di k apral rive fini ak Kovid la Ozetazini
Kidnapin ak sasinay la kontinye ap vale teren - Jedi 9 novanm ki sot pase a asasen krible bizinman, ekspòtatè mango Jose Pablo Sylvain ak bal
Anons

