Episodes

Thursday Mar 03, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 3 mas 2022
Thursday Mar 03, 2022
Thursday Mar 03, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor
Nouvèl nan dosye lagè Ikrèn nan
-Laboratwa manti Meriken an ta vle fè konprann ta gen plis pase 9,000 sòlda Ris ki gen tan tonbe anfas rezistans sòlda Ikrenyen yo
Bill Clinton rann omaj pou zanmi li Paul Farmer nan Time Magazine
Anons:
-Samdi 5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Mar 02, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèredi 2 mas 2022
Wednesday Mar 02, 2022
Wednesday Mar 02, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons:
-Samdi 5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
-Madi 29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan
Repòtaj kay Vwazen ak frè nou Hilario Batista ki nan Kiba
Ti koze ak frè nou Dominique St Eloi, responsab nan CNOHA (Santral Nasyonal Ouvriye Ayisyen) pou dènye nouvèl sou mobilizasyon ouvriye SONAPI yo pou ajisteman salè minimòm nan rive 1,500gd
Dènye nouvèl sou lagè k ap fèt nan Ikrèn nan ki anreyalite se Larisi k ap reponn ak pwovokasyon Etazini ak bizawèl li yo nan LOTAN ap fè sou Larisi
Anons

Tuesday Mar 01, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi Premye mas 2022
Tuesday Mar 01, 2022
Tuesday Mar 01, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons:
-Samdi 5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
-Madi 29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan
N ap anonse ba fanmi an emisyon KOMOKODA a ki te konn pase chak mèkredi swa 9pm ap fè yon kanpe epi emisyon Eritye Papa Desalin apral ajoute 2 jou (mèkredi ak jedi, 1pm-2pm) nan program nou
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Dènye nouvèl ki tonbe sou dosye Ikrèn nan
-Senatè Rony Celestin ki t achte villa nan Montreal pou $4.2 milyon an ap bwase Kanaval nan vil Ench
-"Chèf" blan an mete alatèt peyi a Ariel Henry kite peyi a pou rankont CARICOM ak lòt peyi nan zòn nan yo
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Feb 28, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 28 Fevriye 2022
Monday Feb 28, 2022
Monday Feb 28, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou ankouraje kominote a mete men nan konbit Vandredi Anba Tonnèl ap fè pou n ede fanmi ki te viktim Goudougoudou 14 out 2021 rebati kay yo
Anons:
-Samdi 5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
-Madi 29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 25 fevriye 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Refleksyon nou sou Prezidan Larisi a Vladimir Putin ki rantre anndan Ikrèn pou mete yon kanpo sou Etazini ak LOTAN k ap mache ti pa, ti pa sou peyi li; Tout moun chwazi kan yo
Prezidan Dominiken an Luis Abinader fè diskou li pou make 178yèm anivèsè Repiblike Dominikèn; Li di y ap fini miray pou anpeche Ayisyen rantre a nan 9 mwa
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Feb 22, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 22 Fevriye 2022
Tuesday Feb 22, 2022
Tuesday Feb 22, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koreksyon nan enfòmasyon nou te pataje nan emisyon yè a sou Paul Farmer
Prezidan Larisi a Vladimir siyen pou peyi li rekonèt endepandans Donetsk ak Luhansk ki te fè pati Ikrèn kòm 2 peyi endepandan epi l aksepte envitasyon yo pou l voye sòlda Larisi pou ba yo pwoteksyon
Anons:
-5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
-29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nou pase repòtaj medya nan nèt la Ayibopost fè sou lit peyizan plèn Maribawou yo Gouvènman Ayisyen an, Bank Mondyal, ak Boujwa Dominiken Capellan te pran tè yo pou fè zòn franch CODEVI (Konpayi Devlopman Endistriyèl) nan Wanament
Nouvèl:
-Diplis nan lòbèy ki pete nan Ikrèn nan
-Anpil moun, Ayisyen ak etranje, ap kriye pou lanmò Dr. Paul Farmer men yo tout pran pòz yo bliye msye te asistan Bill Clinton kòm anplwaye Nasyonzini pandan kolera t ap fè ravaj epi Clinton t ap dechèpiye peyi nou
-Òganizasyon travayè yo voye jete dekrè Ariel Henry sou dosye salè minimòm nan epi yo sèmante batay la ap kontinye
Liy ouvè ak oditè yo
Gwo akizasyon kont Stephane Gilles ki se mizisyen Sweet Micky ke Martelly mete Konsil Ayisyen nan Miami ki ta fè 1.2 milyon dola vèt disparèt; Jounal Haiti En Marche anonse gen 200 mil dola vèt ki disparèt nan Konsila Ayiti nan Santiago, Chili; Anplwaye Konsila Ayiti nan Atlanta rele anmwe pou koripsyon k ap fèt anndan bwat sila a
Anons

Monday Feb 21, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 21 Fevriye 2022
Monday Feb 21, 2022
Monday Feb 21, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou Vanyan Malcolm X; Jodi a fè 57 lannen depi yo te sasinen li; Sa sa vle di kòm chanjman nan reyalite moun Nwa Ozetazini lè yon jij deside bay yon polisye Blan ki sasinen yon jèn gason Nwa 2 lannen nan prizon pou krim nan?
Nou ankouraje kominote a mete men nan konbit Vandredi Anba Tonnèl ap fè pou n ede fanmi ki te viktim Goudougoudou 14 out 2021 rebati kay yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 18 fevriye 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ranmase sou vant siyati liv "The Black Skin is a Badge of Honor" frè nou Raymond Dugué ekri nan nouvo lokal Flanbwayan an, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
Anons:
-5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
-29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Gwo selebrasyon nan peyi Mali apre Gouvènman an mete sòlda Lafrans deyò lakay yo
-Prezidan Macron nan peyi Lafrans anonse yon chita pale ant limenm, Vladimir Putin, ak Joe Biden sou dosye Ikrèn nan nan jou k ap vini yo
-Gouvènman restavèk Ariel Henry a pibliye yon nouvo ajisteman salè ki pase revandikasyon travayè yo k nan lari a nan betiz
-Etazini ak Nasyonzini kolè tèt yo ansanm pou yo fè yon dezyèm vèsyon CIRH la pou yo kore Ariel Henry ki se restavèk yo
-Ti koze Madan Lalim nan reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini sou Ayiti Vandredi k sot pase a
-Dr. Paul Farmer ki t ap dechèpiye peyi nou akote Bill Clinton kòm Asistan Anvwaye Espeyal Nasyonzini fè travèse li jodi a nan peyi Wannda
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Feb 15, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 15 Fevriye 2022
Tuesday Feb 15, 2022
Tuesday Feb 15, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou vant siyati n ap òganize dimanch 20 fevriye a ak liv li ekri: The Black Skin is a Badge of Honor
Nouvèl:
-Lavil NY anonse yo revoke 1,430 travayè lavil la ki pa pran vaksen nan delè yo te bay pou sa
-Larisi deplase plizyè milye sòlda li ki te sou fwontyè yo ak Ikrèn
-Lòbèy pete ant dirijan Akò Montana yo ak ekip Akò Primati a
-Abelson Grosnegre ki se ansyen dirijan SPNH-17 la bay demisyon li nan lapolis la yè lendi a
-Atik ki nan Al-Jazeera sou resous ki mineral ki nan kontinan Afriken an an
-Etazini mande Honduras renmèt li ansyen prezidan peyi a Juan Orlando Hernandez pou yo jije l nan koze trafik dwòg ak koripsyon; Etazini tou ajoute yo gen dwa arete yon moun ki kanpe anfas "demokrasi"
-Premye Minis Kanada a Justin Trudeau deside sèvi ak pouvwa espesyal an ijans peyi a pou l kraze mouvman grèv chofè kamyon yo ki te bloke sikilasyon nan kèk kote nan peyi a
-Chèf lapolis Ottawa a Peter Sloly ki se yon nèg nwa bay demisyon l anba gwo presyon akoz grèv chofè kamyon yo
Nou jete dlo pou konpatriyòt Henri Claude Jean "Tulile" rasis Dominiken te pann nan yon pye bwa nan mwa fevriye 2015 epi nou ankouraje Ayisyen ki kanpe nan kan Janjak Desalin yo pou gonfle fòs nou ansanm pou n pousuiv chimen papa nanchon nou an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Feb 14, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 fevriye 2022
Monday Feb 14, 2022
Monday Feb 14, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye fanmi nou yo k ap selebre anivèsè yo:
-Baba Yaw jodi a
-Georgette yè
-Vayola samdi a
Ti koze sou dosye Fèt Sen Valanten an
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 11 fevriye 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Anons pou vant siyati pou liv frè nou Raymond Dugué nan nouvo lokal Flanbwayan an
Nou remèsye oditè yo k sipòte emisyon an epi n ankouraje sa k panko fè sa pou yo bay patisipasyon yo
Nouvèl:
-Biden siyen yon dekrè Vandredi a kote l deside sezi 3.5 milya dola lajan peyi Afghanistan pou l bay fanmi viktim 11 septanm 2001 pa bò isit yo
-Ti komik Ariel Henry ofri travayè faktori yo 250 goud ogmantasyon pou yo soti sou beton an
-Jedi Biwo Suivi Montana denonse Ariel Henry, yo mande pou l demisyone epi parèt devan jij epi nan demen Vandredi yo chita sou tab ap negosye ak apatrid la
-Ariel di jounal Miami Herald non sèlman li pa enplike ni deprè ni delwen nan sasinay apatrid parèy li Jovenel Moise men li pare pou l renmèt tout moun Ayiti arete nan dosye a bay Ameriken
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Gwo van ti lapli nan peyi Ikrèn

Tuesday Feb 08, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 8 Fevriye 2022
Tuesday Feb 08, 2022
Tuesday Feb 08, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Aba tout kandida - Pwezi Moriso Lewa
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
Gouvènman restavèk la anonse yo anile kanaval nasyonal 2022 a men anpil gwoup ta deja mete mizik kanaval yo deyò
Kanaval Blayi 1 (One): "Parenn pa papa"
Nouvèl:
-Medya nan nèt la Ayibopost pibliye anrejistreman ak imaj Whatsapp kote Grefye Elysée Cadet ap negosye pou l ta jwenn yon machin pou l retire non mèt RJ Rent-a-car la nan dosye sasinay Jovenel la: Nou pase anrejistreman an
-CNN rapòte Jij Garry Orelien ak plizyè lòt sous yo apwoche lonje dwèt sou Ariel Henry kòm yon sispèk ki ta enplike jouk nan kou nan sasinay Jovenel Moise la; Gwo jounal yo ak CNN ap fè gwo bri men n ap mande n pou ki yo pa mande kouman fè blan an te mete Ariel menm lè yo te konnen tout akizasyon sa yo
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou gwo manifestasyon chofè kamyon Kanadyen nan kapital peyi yo, vil Ottawa, pou yo batay kont ekzijans leta pou fòse tout moun pran vaksen
Liy ouvè ak oditè a
Sipòte Izrayèl yo awoyo dèske Amesty International pibliye yon rapò 280 paj ki di nan se yon kondisyon "apartheid" leta peyi sila a mete Palestinyen yo

Monday Feb 07, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 7 fevriye 2022
Monday Feb 07, 2022
Monday Feb 07, 2022
Entwo
2 ti mo sou 7 fevriye 1986, 7 fevriye 1991, ak jodi a 7 fevriye 2022
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 4 fevriye 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Refleksyon nou sou epòk Duvalier a
Refleksyon nou sou 7 fevriye 1991
Nou pase ti moso nan diskou inogirasyon Prezidan Titid la
Refleksyon nou sou kalfou peyi nou ap travèse jounen jodi a
Akò k ap akòde ak vòlè, ak asasen, ak apatrid jan blan mande sa, pa fouti mennen nou ni nan tranzisyon koupe fache, ni nan liberasyon ak byennèt pèp Ayisyen
Liy ouvè ak oditè yo

