Episodes

Thursday Mar 17, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 17 mas 2022
Thursday Mar 17, 2022
Thursday Mar 17, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor: Wilner ale Fò Libète pou l pale ak fanmi nou ki nan vil sila a pou fèt patwonal Sen Jozèf
Nouvèl:
-Pi wo tribinal nan peyi Onndiras deside y ap voye ansyen Prezidan peyi a Juan Orlando Hernandez vin jije isit Ozetazini pou trafik dwòg ak trafik zam
-Lejislatè Nassau County Carié Solages lapolis te arete dèske li te bat manman pitit li anonse li pral kandida pou depite nan kongrè Meriken an
-Nouvèl lagè ant Etazini ak Larisi k ap fèt nan Ikrèn nan
-Depatman Homeland Security Meriken ouvè yon biwo anndan Anbasad Meriken ann Ayiti epi yo fè konnen yo pral mennen ankèt epi mare Ayisyen pou koripsyon, pou gang, trafik dwòg, epi pou kidnaping
-Jounal NY Times resi rekonèt pawòl "laptop Hunter Biden" yo te demanti lavèy eleksyon 2022 Etazini an se te verite l te ye
Liy ouvè ak oditè yo
Anons:
-Madi 29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan

Wednesday Mar 16, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 16 mas 2022
Wednesday Mar 16, 2022
Wednesday Mar 16, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi 16 mas 2022 a fè 22 lannen depi lapolis NY sasinen frè nou Patrick Dorismond; Nou jete dlo pou li
Repòtaj kay Vwazen ak frè nou Hilario Batista ki nan Kiba; Hilario fè ti koze ak frè nou Henri Sansouci k ap viv Kiba depi 1957; Li genyen 84 lannen jodi a
Ti koze ak konpatriyòt Dominique St. Eloi ki se responsab nan sendika CNOHA pou dènye nouvèl sou lit ouvriye faktori yo ap mennen pou yon ajisteman salè minimòm 1,500 goud la ak akonpayman sosyal
Nouvèl:
-Avan yè lendi a yon lòt batiman kanntè ak 140 Ayisyen ateri nan Florid
-Nouvèl lagè ant Etazini ak Larisi k ap fèt nan Ikrèn nan
Anons:
-Madi 29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan

Tuesday Mar 15, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 15 mas 2022
Tuesday Mar 15, 2022
Tuesday Mar 15, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti diplis sou manifestasyon KOMOKODA te fè Vandredi 11 mas la anfavè ouvriye yo k ap batay pou ajisteman salè minimòm 1,500 Goud la ak akonpayman sosyal
Nouvèl lagè a ansanm ak liy ouvè ak oditè yo pou n chache pi byen konprann lagè ant Etazini ak Larisi k ap fèt nan Ikrèn nan
Nouvèl:
-Nouvo jij sou dosye sasinay Jovenel Moise la, Merlan Belabre, denonse fason DCPJ ak leta Ayisyen lage l nan won san baton
-Dr. Fauci ajoute vwa li ak responsab Pfizer a pou di 4yèm dòz la se yon nesesite
-Tribinal nan Angletè bay lese pase pou fondatè Wikileaks la Julian Assange marye ak manman pitit li, avoka Stella Morris
-Lachin mande yon envestigasyon entènasyonal sou laboratwa pwazon biyochimik Meriken t ap jere anndan Ikrèn
-Ariel Henry di li pa tchoul Michel Martelly epi l pa p kandida nan eleksyon k apral fèt nan peyi a
-Apre atak kote bandi atake epi sezi 7 bis nan zòn Matisan an, sendika chofè bis ki fè wout Sid yo anonse yon grèv jiskaske bagay yo tounen nòmal
Liy ouvè ak oditè yo
Son nan mobilizasyon ouvriye yo ann Ayiti

Monday Mar 14, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 mas 2022
Monday Mar 14, 2022
Monday Mar 14, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ayibobo pou fanmi k te vini pote kole nan manifestasyon KOMOKODA Vandredi apremidi epi sa k te vini patisipe nan Town Meeting nan yè apremidi
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl
Son nan manifestasyon KOMOKODA pou n sipòte ouvriye yo k sou beton an lakay ap batay pou ajisteman salè yo
Nouvèl:
-Ti komik Ariel Henry kontinye ap flannen; Soti nan CARICOM l ale nan inogirasyon Gabriel Boric nan Chili
-Dènye nouvèl ki soti nan lagè Etazini ak Larisi k ap fèt nan Ikrèn nan
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Dènye nouvèl ki soti nan lagè Etazini ak Larisi k ap fèt nan Ikrèn nan
-Yon lòt Pastè kadejakè Meriken ki di l t al fè zèv Ayiti anba kòd pou zak malfezans sou timoun Ayisyen
Ti moso nan diskou Titid nan 4yèm gradyasyon elèv UNIFA yo
-Alatèt konpayi Pfizer a Albert Bourla ap bat tanbou pou yon 4yèm dòz vaksen kovid la
-Responsab RNDDH Pierre Esperans fè konnen 6 moun ak gwo zam nan men yo lapolis arete semèn pase a ki travay nan Sèvis Entelijans Nasyonal Jovenel la (SIN), anmenm tan se manm gang Tibwa (G9)
-Ansyen Prezidan peyi Brezil la, Dilma Rousef, di sa k ap fèt nan Ikrèn jodi a se konsekans koudeta Meriken te fè nan peyi sila a an 2014 epi se yon gè pou fini nèt ak mond yon sèl tèt anba lobedyans Meriken an
-Larisi denonse prezans laboratwa biyochimik Meriken nan Ikrèn
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Mar 10, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 10 mas 2022
Thursday Mar 10, 2022
Thursday Mar 10, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons:
-Vandredi 11 mas 2022, 3PM-6PM: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
Ti koze ak konpatriyòt Dominique St. Eloi pou dènye nouvèl sou lit ouvriye yo ap mennen pou ajisteman salè minimòm 1,500 goud la ak akonpayman sosyal
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor: Wilner ale Lafòsèt (Okap) pou l pale ak fanmi viktim eksplozyon kamyon gaz 14-15 desanm 2021 an
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA pou n fè solidarite ak ouvriye yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons:
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an

Wednesday Mar 09, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 9 mas 2022
Wednesday Mar 09, 2022
Wednesday Mar 09, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons:
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
Repòtaj kay Vwazen ak frè nou Hilario Batista ki nan Kiba
Nouvèl:
-Nan okazyon 8 mas la Fondasyon Je Klere pibliye yon nòt sou kondisyon fanm nan peyi a jounen jodi a
-356 refijye Ayisyen ateri nan Florid
-Etazini voye Anne Witkowsky, yon nouvo emisè ki soti nan Depatman Deta nan peyi nou pou akòde akò yo
-Prezidan Maduro nan Venezyela di li te resevwa delegasyon Meriken an nan Palè Nasyonal peyi a, li ba yo chèz, li ba yo dlo; Arabi Saoudit ak UAE di yo pa p ogmante pwodiksyon luil yo pou soulaje Meriken ak bizawèl li yo
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi; Nou wete chapo n devan Premye Minis Pakistan an Imran Khan ki mande chèf Inyon Ewopeyèn k ap ba l presyon pou l denonse Putin si yo konprann Pakistan se peyi ki rete ak yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Mar 09, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 8 mas 2022
Wednesday Mar 09, 2022
Wednesday Mar 09, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Refleksyon nou sou 8 mas, Jounen Entènasyonal Lit Fanm
KOMOKODA ap anonse olye samdi 12 mas a midi, n ap travèse manifestasyon solidarite ak ouvriye yo pou Vandredi apremidi 3pm pou rive 6pm
Anons:
-Vandredi 11 mas 2022, 3pm-6pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA sou sitiyasyon peyi nou nan lokal Flanbwayan an, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn, NY
Nou salye kèk fanm vanyan nan lavi nou
Liy ouvè ak oditè yo sou fanm nan lavi yo yo vle salye
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan stidyo ak nou jodi a; Ti koze ak frè nou Ramon ki se responsab nan òganizasyon O.C.K.I.A. sou patisipasyon bann Rara nan kanaval Repiblik Dominikèn pou premye fwa ane sa a epi sou jan li viv wòl fanm nan sosyete a
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Malgre eskandal koripsyon chèk zonbi 81 mil dola mari Rodneyse Bichotte la Edu Hermelyn t ap touche nan men Eric Adams pandan kanpay la, Majistra Adams bay msye yon gwo djòb nan administrasyon li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Mar 07, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 7 mas 2022
Monday Mar 07, 2022
Monday Mar 07, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye tout fanmi ki te bay kout men nan Selebrasyon Eritye Papa Desalin te fè pou Mwa Fanm 2022 a
Anons:
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 4 mas 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou ankouraje kominote a mete men nan konbit Vandredi Anba Tonnèl ap fè pou n ede fanmi ki te viktim Goudougoudou 14 out 2021 rebati kay yo
Nouvèl:
-Yonn apre lòt batiman kanntè chaje ak Ayisyen epi ak Kiben tou ap ateri nan Florid
-Inondasyon nan Lenbe ak Ba-Lenbe
-Vandredi swa pou louvri samdi, tè a sekwe tou piti nan Jeremi
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Dènye nouvèl lagè Larisi ak Ikrèn
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Mar 03, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 3 mas 2022
Thursday Mar 03, 2022
Thursday Mar 03, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor
Nouvèl nan dosye lagè Ikrèn nan
-Laboratwa manti Meriken an ta vle fè konprann ta gen plis pase 9,000 sòlda Ris ki gen tan tonbe anfas rezistans sòlda Ikrenyen yo
Bill Clinton rann omaj pou zanmi li Paul Farmer nan Time Magazine
Anons:
-Samdi 5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Mar 02, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèredi 2 mas 2022
Wednesday Mar 02, 2022
Wednesday Mar 02, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons:
-Samdi 5 mas, 7pm-10pm: Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou Mwa Fanm 2022 nan lokal Flanbwayan an
-Samdi 12 mas 2022, Midi-3pm: Manifestasyon devan Old Navy, GAP, ak Target sou Flatbush la nan solidarite ak ouvriye ak ouvriyèz yo nan SONAPI k ap batay pou yon ajisteman salè pou 1,500gd
-Dimanch 13 mas, 3pm-7pm: "Town Meeting" KOMOKODA nan lokal Flanbwayan an
-Madi 29 mas, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA kont enjerans Etazini ak Nasyonzini nan peyi nou @ 45th St & 1st Avenue nan Manhattan
Repòtaj kay Vwazen ak frè nou Hilario Batista ki nan Kiba
Ti koze ak frè nou Dominique St Eloi, responsab nan CNOHA (Santral Nasyonal Ouvriye Ayisyen) pou dènye nouvèl sou mobilizasyon ouvriye SONAPI yo pou ajisteman salè minimòm nan rive 1,500gd
Dènye nouvèl sou lagè k ap fèt nan Ikrèn nan ki anreyalite se Larisi k ap reponn ak pwovokasyon Etazini ak bizawèl li yo nan LOTAN ap fè sou Larisi
Anons

