Episodes

Wednesday Apr 06, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 6 avril 2022
Wednesday Apr 06, 2022
Wednesday Apr 06, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak frè nou Hilario Batista ki nan Kiba ki pale ak yonn nan poto mitan kominote Ayisyen ak pitit Ayisyen yo nan Kiba, Madam Consuelo Doris
Nouvèl:
-80 mil dola US anba tab pou liberasyon chèf gang Ti Sammy ki te nan prison Fò Libète
-Pierre Esperance, responsab RNDDH akize Martine Moise nan sasinay Jovenel
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
--Meriken di End ki se 6yèm ekonomi nan mond la sa pral koute l chè si l pa vin jwenn kan Meriken an
--Sou dosye masak nan Boucha a Lachin di Meriken ak bizawèl li yo rilaks, pinga fè akizasyon san fondman
--Finalman Wash Post rekonèt OTAN ap travay pou lagè nan Ikrèn nan dire
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Apr 05, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 avril 2022
Tuesday Apr 05, 2022
Tuesday Apr 05, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou Vanyan Martin Luther King Jr., yè lendi a se te 54 lannen depi asasen te koupe souf li etan l te nan pye travay li
Nou eskize nou bò kote oditè nou yo paske ti fikilte teknik emisyon yè lendi a pa t pase nan entènèt la ak audionow; Nou pa genyen yon anrejistreman emisyon an nonplis; Nou fè yon ti ranmase sou sa k te pase nan emisyon yè a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Jan nou te anonse sa, konbit Vandredi Anba Tonnèl t ap fè pou n ede kèk fanmi nan Gransid la rebati kay yo a kanpe jedi swa; Nou rive ranmase ti kras mwens ke 18 mil dola; Pi devan n a vini ak yon rapò konplè sou chif ekzakt la epi travay kòb la te rive reyalize
Nouvèl:
-Bizawèl Lafrans yo akize lame peyi Mali kòmkwa l ap asasinen inosan
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-USAID di li bay Kansas State University 12 milyon dola pou ede pèp Ayisyen an pi byen plante latè; Yo di sa pral fèt nan kolaborasyon ak kèk inivèsite anndan peyi a; Pou di menm moun k ap vòlè tè peyizan ap plante pou yo mete beton pou faktori pral ede nou fè plis manje?
-Mèsenè Kolonbyen Palacios Palacios ki nan men Meriken sou akizasyon sasinay ti vòlè apatrid Jovenel Moise parèt devan jij ansanm ak avoka li pou di li inosan, ke mantè a te deja mouri lè ekip Kolonbyen yo rantre anndan kay la
-Sa nou swete k soti nan dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la k retounen nan tribinal
-Mezon blanch Meriken pa ekate posibilite pou Joe Biden ta bay pitit li Hunter Biden yon padon nan dosye koripsyon ki aktyèlman nan wout pou tribinal
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Mar 31, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 31 mas 2022
Thursday Mar 31, 2022
Thursday Mar 31, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor: Wilner nan mache Wanament ak machann yo
Ti koze ak avoka Marcel Denis sou viktwa nan tribinal federal Etazini k ap pèmèt dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la pousuiv chimen li
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Ministè Defans Larisi tande apèl Donald Trump epi yo pibliye email pitit Joe Biden yo ki gen rapò ak finans pou laboratwa viris pwazon ki nan Ikrèn yo
-Restavèk Meriken lakay nou yo awoyo pou tèt drapo Larisi ki te flote nan manifestasyon 29 mas yo nan peyi a
-Joe Biden mande kongrè Meriken an 4 milya dola pou adrese dosye imigrasyon k ap soti nan Amerik Santral la ak Ayiti
-Konsèy elektoral Etazini (FEC) mete yon amand yon milyon dola sou kanpay Hillary Clinton 2016 la ak Pati Demokrat la pou manti yo te bay sou dosye relasyon Trump ak Larisi a
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Mar 30, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 30 mas 2022
Wednesday Mar 30, 2022
Wednesday Mar 30, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj sou manifestasyon KOMOKODA fè yè anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI epi repòtaj sou manifestasyon nan peyi a
Repòtaj kay Vwazen ak frè nou Hilario Batista ki nan Kiba
Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Mar 29, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 29 mas 2022
Tuesday Mar 29, 2022
Tuesday Mar 29, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak konpatriyòt Oxygene David ki se responsab nan òganizasyon MOLEGHAF sou mobilizasyon yo te òganize yè ansanm ak Biwo Avoka Entènasyonal (BAI); Sou sitiyasyon peyi nou ladan l jodi a; Sou chimen liberasyon pèp Ayisyen an; Epi sou manif KOMOKODA ap fè jodi a
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Monday Mar 28, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 28 mas 2022
Monday Mar 28, 2022
Monday Mar 28, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak 3 sè nou nan KOMOKODA (Mirlande Paillere, Julie Bazile, ak Marie Lourdes St Jean Beauté) pou n ankouraje fanmi yo deplase pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt demen madi 29 mas la, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI, 45th St ak 1st Avenue nan Manhattan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 25 mas 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Apre 10 lannen kote bandi legal PHTK ap vòlè, ame gang, fè vyolans nan peyi a Martelly mande lapè ak tèt ansanm pou peyi a devlope
-Minis Jistis gouvènman restavèk la dakò pou deplase Palè Jistis la soti sou Bisantnè a poutèt ensekirite
-Nan yon entèvyou li bay Haiti Premiere Classe, prezidan Montana a Fritz Jean bat bravo pou Homeland Security Meriken ki louvri yon biwo envestigasyon anndan anbasad Meriken an
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI, 45th St ak 1st Avenue nan Manhattan

Thursday Mar 24, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 24 mas 2022
Thursday Mar 24, 2022
Thursday Mar 24, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye Rose Marie Pierre nan Granrivyè dinò ak Madam Marie Fevry bò isit la ki tou ap selebre anivèsè nesans yo dimanch k ap vini an
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor
Nouvèl:
-Kolektif 4 Desanm anndan peyi nou lanse apèl pou yon gwo manifestasyon Madi 29 mas la
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Gadkòt Meriken anonse yo rapatriye anviwon 200 Ayisyen yo te arete nan batiman kanntè tou pre Mòs Sen Nikola samdi pase
-Apre kout kòlè Jean Marie Altema a, Jean Marie Guillaume, yon lòt ansyen direktè CONATEL limenm tou li demanti rapò Fondasyon Je Klere sou PSUGO a; Li di se pa li k vòlè dola senkant ak 5 santim chak minit dyaspora a; N ap mande si se pa yo, se ki ès ki vòlò lajan an?
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Mar 23, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 23 mas 2022
Wednesday Mar 23, 2022
Wednesday Mar 23, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Repòtaj kay Vwazen ak frè nou Hilario Batista ki nan Kiba; Hilario fè ti koze ak frè nou Richard Mirabal Jean Claude, pitit Martha Jean Claude
Nouvèl:
-Lis peyi nan kontinan Lafrik ki seswa vote ak Larisi oswa fè abstansyon
-Ansyen responsab KONATEL Jean Marie Altema demanti akizasyon dwèt long siperyè Fondasyon Je Klere nan lajan dola senkant ak 5 santim chak minit dyaspora a
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Vladimir Putin ta di depi yon peyi nan lis peyi k pa zanmi Larisi yo bezwen achte nan men l se nan lajan Larisi (Woub) pou yo peye li
-Mèsenè Kolonbyen k nan prizon sou dosye sasinay Jovenel Moise la yo rele anmwa anfas pawòl lajistis Ayisyen ki di yo pral boule kadav 3 Kolonbyen k mouri menm jou sasinay la
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Mar 22, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 22 mas 2022
Tuesday Mar 22, 2022
Tuesday Mar 22, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre pou n ankouraje fanmi yo deplase pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Ti koze ak sè nou Rosa Iris Diendomi sou batay li anfavè Ayisyen ak pitit Ayisyen nan Repiblik Dominikèn ki fè l vin blije ap viv isit Ozetazini
Konbit Vandredi Anba Tonnèl pou n rive ranmase $100,000 pou n ede kèk fanmi nan Gransid la rebati kay yo
Nouvèl:
-Manifestasyon nan Washington nan okazyon 2yèm anivèsè dat kote Gouvènman Meriken an te koumanse ekspilse refijye san yo pa parèt devan jij imigrasyon sou pretèks "Title 42" a
-Nouvo jij Lajistis Ayiti mete sou dosye sasinay Jovenel Moise la ki rele Merlan Belabre di jiskounyè a otorite peyi a yo panko ba li ak fanmi li okenn pwoteksyon epi yo panko renmèt li okenn dokiman dosye a
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Monday Mar 21, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 21 mas 2022
Monday Mar 21, 2022
Monday Mar 21, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti pou n ankouraje fanmi yo deplase pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 18 mas 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
2 ti mo sou dokiman FRAPH ak Lame D Ayiti sòlda Clinton yo te sezi nan peyi a an 1994
Nouvèl:
-Gadkot Meriken bloke yon batiman kanntè ak 189 Ayisyen tou pre Mòl Sen Nikola
-8 depite Demokrat Meriken siyen yon lèt pou mande Joe Biden pou l lage Ariel Henry
-Depite Repibliken Laflorid Mario Diaz-Balart ak depite Demokrat Adriano Espaillat ekri yon lèt bay Minis Afè Etranjè Meriken an Blinken pou mande pou Etazini leve pye l sou dosye Ayiti a
-Trip kabrit san lè pete nan koripsyon k ap fèt nan kòb dola senkant ak 5 santim chak minit dyaspora a
-Bank Mondyal lage $132M nan kwiy Ariel Henry
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Jeneral Meriken Laura Richardson ki fèk pran kontwòl Southern Command lan di l sezi wè nan ki pwen Larisi ak Lachin byen chouke nan pi fò peyi Amerik Latin ak Karayib la yo
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon
KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

