Episodes

Wednesday May 25, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 18 me 2022
Wednesday May 25, 2022
Wednesday May 25, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Refleksyon nou sou kokenn trajedi nan vil Uvalde nan Texas: Yon jèn gason 18 an rantre anndan klas 4yèm nivo nan yon lekòl elemantè ak gwo zam fanm fwa epi l touye 19 timoun ak 2 pwofesè
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl
-Eleksyon nan Kolonbi dimanch k ap vini an; Meriken ak bizawèl li yo mete tout dan yo deyò anfas yon ekip lagoch ki riske pran pouvwa
-Ansyen anbasadè Meriken ann Ayiti James Foley salye travay NY la men li di Prezidan Aristide se yon mantè epi ansyen anbasadè Lafrans la limenm tou manti kou chen paske Etazini pa t enplike ni de prè ni de lwen nan koudeta 2004 la
-Diplis sou seri atik jounal NY Times pibliye nan wikenn nan sou rasin mizè k gen ann Ayiti jodi
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday May 24, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 me 2022
Tuesday May 24, 2022
Tuesday May 24, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ayibobo pou Ayisyen nan peyi Lafrans ki lanse yon petisyon pou bloke espektak Martelly ak pitit li yo ki anonse pou 10 jen k ap vini an
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Altagracia pale ak konpatriyòt Roudy Joseph, yon aktivis k ap viv nan Repiblik Dominikèn Imigrasyon peyi sila te arete paske li t ap dokimante represyon yo t ap fè sou moun nwa yo te pran pou Ayisyen
Nouvèl:
-Yè lendi swa moun ak kagoul lapolis pa rive idantifye fè yon masak nan yon otèl nan vil Celaya nan Guanajuato, Meksik
-Gouvènman Biden nan mennen depòtasyon masiv refijye Ayisyen lavèy jou 23 me "Title 42" te dwe sispann nan
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Mezon Blanch di se chape djòl Biden chape lè l di Etazini ap rantre nan batay la si Lachin ta anvayi Taiwan
-Reyaksyon ki tonbe sou seri atik jounal NY Times pibliye nan wikenn nan sou rasin mizè k gen ann Ayiti jodi a
Liy ouvè ak oditè yo

Monday May 23, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 me 2022
Monday May 23, 2022
Monday May 23, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 20 me 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak konpatriyòt Tony Jeanthenor, responsab nan òganizasyon Veye Yo sou lit ki te mennen jiskaske lavil Miami te rive anile patisipasyon Michel Martelly nan konsè ki t ap fèt nan Little Haiti Cultural Complex samdi k sot pase a
Nouvèl
-Medya entènèt Ayibopost pibliye yon atik ki di Jounalis John Wesley Amadi yo te sasinen Laboul 12 ansanm ak Wilguens Saint Louis se ta jounalis gang G9; Se li ki te konn filme videyo Jimmy Cherizier alyas Babekyou te konn lage nan entènèt la; Li te konn pran gwo kòb (3 mil jiska 5 mil dola vèt pou l aranje entèvyou jounalis etranje ak Babekyou; epi Se ta Babekyou ki ta peye pou lantèman li
Refleksyon nou sou seri atik NY Times pibliye pou montre ki jan "dèt lendepandans" Lafrans lan ak dominasyon Etazini sou peyi nou responsab mizè Ayiti ap travèse depi 1825 jouk jodi a
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday May 19, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 19 me 2022
Thursday May 19, 2022
Thursday May 19, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou Vanyan Ho Chi Minh; Jodi 19 me 2022 a t ap fè l 132 lannen
Nou jete dlo pou Malcolm X; Jodi 19 me 2022 a t ap fè l 97 lannen
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor: Wilner ale nan lokalite Meyak
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou 217yèm anivèsè Konstitisyon 1805 lan
Mobilizasyon pou bloke espektak Martelly samdi 21 me nan Little Haiti Cultural Complex nan Miami
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday May 18, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 18 me 2022
Wednesday May 18, 2022
Wednesday May 18, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Refleksyon nou sou jou 18 me a: jan patriyòt ak apatrid ap bwase ansanm pou selebre drapo sila yo k te sasinen papa peyi nou Janjak Desalin nan jou tchoul Meriken Sudre Dartiguenave te dekrete fèt drapo
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Ti koze ak Farah Juste sou mobilizasyon kominote a pou bloke konsè Martelly samdi 21 me nan Little Haiti Cultural Complex
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday May 17, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 me 2022
Tuesday May 17, 2022
Tuesday May 17, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Konsekans ekonomik lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi sou rès mond lan
-Avoka Madan John Joseph Joel ak pitit li yo mande tribinal Jamayik pou wete moun yo nan detansyon kote y ap pase gwo mizè epi voye yo lakay yo Ayiti san pèdi tan
Ti koze ak frè nou Tony Jean Thenor ki se responsab nan òganizasyon Veye Yo sou mobilizasyon k ap fèt pou kwape espektak Martelly nan Little Haiti Cultural Complex samdi k ap vini an
Nouvèl:
-Responsab Biwo Suivi Akò Montana yo fè konnen te gen yon dezyèm ti rankont an prive kote Ariel Henry te vin vizite potomitan Akò Magali Comeau Denis lakay li; Yo di ti bourik la ap mache epi yo asire nan 15 jou y ap rive nan yon antant definitif ak Ariel Henri
Liy ouvè ak oditè yo

Monday May 16, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 me 2022
Monday May 16, 2022
Monday May 16, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 13 me 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti Koze ak konpatriyòt Roger Biamby nan Miami sou mobilizasyon kominote a pou bloke konsè Martelly samdi 21 me nan Little Haiti Cultural Complex
Nouvèl:
-Gadkòt Meriken anonse li sispann chache viktim batiman k koule jedi a nan Pasaj Mona tou pre Pòtoriko; Yo di se 36 Ayisyen ak 2 Dominiken yo reyisi sove
-Jedi k sot pase a Koredisid teste 3 misil kòm avètisman lavèy vizit Joe Biden nan zòn nan
-Malgre demisyon Premye Minis Sri Lanka, manifestasyon popilasyon an kont lavi chè ak grangou kloròks yo kontinye nan peyi sila a
-Lame Izrayèl atake pwosesyon lantèman jounalis Palestinye Sireen Abu Akleh; Izrayèl resi admèt se ta ka sòlda yo ki sasinen jounalis la
-Dyalòg ant Akò Montana ak Akò 11 septanm Primati a vin tounen yon bagay pèsonèl ant Magali Comeau Denis ak Ariel Henri
-6 semèn apre manifestan nan vil Okay te boule avyon yo, Misyonè Agape Flights yo jwenn sipò 1.6 milyon dola vèt pou yo achte yon lòt avyon
-Otobis ak kamyon machandiz Dominiken yo di yo pa p fè wout Ayiti ankò toutotan pwoblèm sekirite a pa rezoud
-Finalman, jij ki sou dosye ansyen minis Evans Lescouflair ki ta fè kadejak ak detounman minè sou plizyè jèn ti gason ta siyen manda pou lapolis al chache Lescouflair mennen ba li
-Payton Gendron, yon rasis blan Meriken ouvè zam fanfwa sou popilasyon nwa nan vil Buffalo nan Nouyòk, li touye 10 moun epi blese yon kantite lòt
Liy ouvè ak oditè yo
Nan okazyon 37yèm anivèsè gwo krim sila a, nou jete dlo pou militan òganizasyon MOVE nan Philadelphia yo ki te viktim bonbadman leta peyi yo 13 me 1985

Thursday May 12, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 12 me 2022
Thursday May 12, 2022
Thursday May 12, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor
Refleksyon nou sou Jean Carl Albert Bellerice, direktè lekòl “Institution Bellerice Castera” k ap joure elèv yo kochon, chawony, madigra, chyèn; Nou pase son vwa direktè a yonn nan elèv yo anrejistre san l pa t konnen epi poste l nan entènèt la pou lemond antye ka tande
Liy ouvè ak oditè yo sou konpòtman direktè a

Wednesday May 11, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 11 me 2022
Wednesday May 11, 2022
Wednesday May 11, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Anons pou bous detid pou eta New York ap bay pou 1000 moun ki vle al etidye enfimyè pou yo ka travay nan eta NY la
Nouvèl:
-Lame Izrayèl sasinen Shireen Abu Akleh, yon jounalis Al-Jazeera nan kan refinye Jenin nan West Bank; Nou sonje jounalis Maximilen Lazarre lapolis Ayisyen sasinen nan manif ouvriye yo nan mwa fevriye a
-Prezidan Meksiken an AMLO t al vizite Kiba epi li anonse si Meriken ta ekskli Kiba, Nikaragwa, ak Venezyela nan rankont peyi Amerik yo limenm tou li pa p patisipe
-Avoka ansyen prezidan Onndiras Juan Orlando Hernandez ki nan jijman aktyèlman nan NY la denonse kondisyon prizon Hernandez epi li tou anonse yo pral rele plizyè ansyen prezidan Meriken kòm temwen pou l jwenn liberasyon kliyan li
-Yon lavalas viktwa pou Ferdinand Marcos, Jr., pitit ansyen diktatè Marcos pote boure nan ekelsyon nan peyi Filipin
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Meriken pran Yonyon men 400 Mawozo kontinye ap fè e defè nan zòn Kwadèboukè a
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday May 10, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 me 2022
Tuesday May 10, 2022
Tuesday May 10, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nouvèl:
-Ministè Zafè Etranjè Gouvènman Dominiken an mande sitwayen peyi li pou yo pa vwayaje Ayiti apre anons kidnaping 8 sitwayen Latiki ki t ap soti nan Repiblik Dominikèn pou rantre Ayiti
-Premye Minis peyi Sri Lanka demisyone apre gwo manifestasyon kote popilasyon an t ap kraze brize, mete dife
-Polisye NYPD Sean Armstead monte upstate NY ap trake telefòn madanm li ki te nan relasyon ak yon lòt nèg, li tire nèg la epi li touye tèt li
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Li ta parèt gang Odma remobilize nan zòn Latibonit la
-Sasinay 7 manm gang 400 Mawozo nan zòn Vodrèy, Okap
-Frantz Elbe bay tèt li gwo nòt nan okzasyon anivèsè 6 mwa li fè alatèt PNH la
-Nan selebrasyon fèt Lewòp nan Otèl Montana, ti restavèk Ariel Henry fache kou kong, epi denonse jan l ap gade Lewòp a byen jere Ikrèn epi yo pa ba Ayiti anyen pou ede PNH la ak ensekirite a
-Apre ansyen prezidan Juan Orlando Hernandez Etazini arete, kounyè a se chèf lapolis peyi sila a
-Pòtpawòl Mezon Blanch Jen Psaki denonse manifestasyon vyolan ak menas k ap fèt sou jij nan Lakou Siprèm apre enfòmasyon ke yo pral ranvèse Roe vs Wade la soti deyò
Ti refleksyon nou sou konpatriyòt Roody Sanon nan "Ki sa nou vle" nan Radio Ibo ki kite emisyon an nan mitan pwogram nan maten an
Liy ouvè ak oditè yo

