Episodes

Tuesday Jun 14, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 jen 2022
Tuesday Jun 14, 2022
Tuesday Jun 14, 2022
Emisyon espesyal ak Jean Caude Martineau (Koralen) sou travay li
Entwo
Dejwe
Dyalòg ak Jean Claude Martineau
Liy ouvè ak oditè yo
Bèfchenn
Dyalòg ak Jean Claude Martineau
Liy ouvè ak oditè yo
Flè dizè
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl

Monday Jun 13, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 jen 2022
Monday Jun 13, 2022
Monday Jun 13, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Yon lòt fwa ankò nou salye frè nou Brunel Derilus ki gradye jedi pase a; Nou te kontan patisipe nan selebrasyon ki te fèt pou frè a samdi yè a
Nou salye sè nou Angelique Nelson, direktris Radio Omega SCA ki tounen nan baz
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 10 jen 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Ranmase nou sou Rankont peyi zanmi Etazini yo nan Los Angeles
-Repiblik Dominikèn demanti Ariel Henry ki di Abinader pwomèt pou regilarize estati Ayisyen san papye nan peyi yo
-Moun k ap soti nan lòt peyi pou rantre Ozetazini pa bezwen tès kovid ankò
-Biden relanse pwogram "Family Reunification" nan pou Kiben ak Ayisyen
-Etazini enkilpe Hendel Laurent, yon Ayisyen ki natiralize Meriken pou trafik zam soti Etazini pou rantre Ayiti
-Manda BINUH ap ekspire Mèkredi deman an; Madan Lalim awoyo, ap monte desann
Nou pase yon anrejistreman Louis Farakhan k ap denonse Etazini k ap lonje dwèt sou Etazini k ap fè lòt peyi nan mond la lamoral
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Kongrè Meriken an ap fè jijman 6 janvye 2021 an nan Washington pou yo wè si y a bloke kandidati Donald Trump nan pwochèn eleksyon prezidansyèl Meriken yo
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Jun 09, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 9 jen 2022
Thursday Jun 09, 2022
Thursday Jun 09, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye frè nou Brunel Derilus ki gradye jodi a nan BMCC; Nou di li bravo epi Kouraj nan chimen an
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor ki al vizite yon ti lokalite tou pre Wanament ki rele Laflè; Wilner pale ak konpatriyòt Jodel epi ak konpatriyòt Antonio
Nou pase remèsiman konpatriyòt Pierre Lufèt (Ti Papou) nan Derak ki genyen ti kannòt lapèch ki te anpàn epi 2 oditè emisyon an te voye kòb pou ede l ranje
Nouvèl:
-Kadinal Chibly Langlois fè gwo aksidan machin nan zòn Leyogàn
-Nouvèl ki soti nan rankont ti zanmi Meriken k ap dewoule nan Los Angeles la
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
Nou pale ak sè nou Gail Walker, direktris òganizasyon IFCO/Pastors for Peace ki aktyèlman nan Los Angeles pou "People's Summit of the Americas" ki se rankont altènativ òganizasyon popilè yo ap fè anfas rankont Joe Biden ak zanmi li yo
Yon jenòm dyaspora ki rele Gregory Oscar (Pouchon) pèdi lavi l Okay apre yon foul moun ta pran l pou bandi epi yon bakòp lapolis ta fizye l; Yon koze ki sanble tèt koupe ak zak Komisè Muscadin nan Miragwàn ta fè semèn pase a
Rapò Georgetown University mete deyò sou mannèv ICE (imigrasyon) ap fè depi 2008 pou ranmase enfòmasyon pou trake imigran sa papye ak lòt moun k ap viv isit yo bezwen depòte
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-Responsab Nasyonzini nan peyi nou mete direktiv deyò pou mande tout anplwaye yo pou rantre lakay yo anvan 6è diswa epi pou yo pa sòti anvan 7è dimaten
-Bri ap kouri kò gwoup ta va al lakay Prezidan Aristide pou ofri l djòb Prezidan pwovizwa annatandan eleksyon
-Tribinal nan Donetsk anonse gen 2 mèsenè Anglè ak yon Maroken yo kenbe nan Mariupol epi jije yo ki kondane pou lame Donetsk ekzekite yo
-Ouvriye nan faktori S&H nan Karakòl denonse manadjè izin sila a k ap fè agresyon sou yo
-Yon batiman ki soti Repiblik Dominikèn an wout pou Pòtoriko ak yon kantite Ayisyen ladan li disparèt

Wednesday Jun 08, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 8 jen 2022
Wednesday Jun 08, 2022
Wednesday Jun 08, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nouvèl:
-Lapolis arete yon endivide ak zam devan kay jij Lakou Siprèm Meriken Brett Kavanaugh
-Karavàn plis pase 6,000 refijye ki soti nan plizyè peyi kite Tapachula pran wout pou fwontyè Etazini an
-Diplis sou rankont peyi zanmi Etazini nan Amerik la yo k ap fèt nan Los Angeles
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nou pale ak Hilario sou istwa lavi pa li ak lavi fanmi li
Nouvèl:
-Etazini fè mannèv pou bloke Rankont Pèp yo nan Amerik la k ap fèt anfas rankont gwo peyi yo
-Plis nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Angletè anonse pwogram pou l voye refijye Afriken ki vini lakay li pou mande azil nan peyi Rwanda
-6 atlèt Ayisyen ki te vini Florid pou patisipe nan "Special Olympics" yo pran lyann
-Gen 5 Ayisyen ki nan men imigrasyon peyi Antigua disparèt
Nou pase vwa Nelson Mandela k ap esplike Meriken ak bizawèl li yo pou ki sa l ap toujou kanpe akote Arafat, Kadafi, ak Fidel Castro
Nou pase istwa "Twa Pa" Jean Claude Martineau (Koralen) ekri
Plizyè jounalis etranje ekri yon lèt tou louvri ba NY Times pou yo di se peyi a ki te leve kont Prezidan Aristide, se pa t konplo Lafrans ak Etazini ki voye l ale
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jun 07, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 jen 2022
Tuesday Jun 07, 2022
Tuesday Jun 07, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nou pase konferans pou laprès fanmi yo nan MOHFREC te fè samdi 5 jen 2022 sou viktwa yo ranpòte kont Michel "Sweet Micky" Martelly
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl
-Katouch tire epi moun mouri nan Philadelphia samdi a; Gouvènè NY la Kathy Hochul siyen 10 arete pou diminye zam ak lavant zam nan eta New York
-Nouvèl nan rankont peyi zanmi Etazini yo k ap fèt nan Los Angeles
-Plizyè milye refijye k ap soti Amerik Latin nan pwofite okazyon rankont entènasyonal Los Angeles la pou yo fonse sou fwontyè Etazini
-Gadkot Meriken fè konnen yo rapatriye 283 refijye Ayisyen ak Kiben nan wikenn ki sot pase a
-Yon lòt fwa ankò lameri Miami revoke Sandy Dorsainvil ki te gen pozisyon Manager Little Haiti Cultural Complex
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
Liy ouvè ak oditè yo
Nou pase son entewogasyon ak ekzekisyon Komisè Jean Ernst Muscadin sou sitwayen Elvain Saint Jacques
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jun 06, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 jen 2022
Monday Jun 06, 2022
Monday Jun 06, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 3 jen 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Refleksyon nou sou Rankont peyi restavèk Meriken yo k ap fèt nan Los Angeles semèn sa a
Refleksyon nou sou Anbasadè Lafrans ki jwenn envitasyon epi k ap vizite Inivèsite ak lopital Fondasyon Aristide jedi pase a epi pwomèt yo sipò Lafrans
Refleksyon nou sou Kominsè Muscadin nan Miragwàn ki filme tèt li k ap entewoje epi sasinen Elvain Saint Jacques, yon jèn gason li di ki se bra dwat Izo, alatèt baz 5 segond nan Vilaj Dedye
Liy ouvè ak oditè yo
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Etazini kenbe sanksyon li kont Venezyela men li bay lese pase pou Chevron achte luil ak gaz pou Etazini, konpayi Eni pou Itali, epi Repsol pou Lespay

Thursday Jun 02, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 2 jen 2022
Thursday Jun 02, 2022
Thursday Jun 02, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor: Wilner nan Wanament
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti k ap reponn ti kesyon yon oditè te mande nan fen emisyon Mèkredi a
Nou pale ak fanmi nou yo nan òganizasyon MOHFREC (Mouvman Ayisyen nan peyi Lafrans k ap batay pou Respè Konstitisyon an) sou batay y ap mennen pou bloke espektak Martelly nan Espace de Sarcelles nan vil Pari
(Si w panko fè sa tanpri siyen petisyon k ap mande anilasyon bal la:
https://www.change.org/p/demande-d-annulation-de-l-%C3%A9v%C3%A8nement-annonc%C3%A9-%C3%A0-l-espace-venise-de-sarcelles-sweet-micky?redirect=false
Nouvèl:
-Nou salye liberasyon gran frè nou prizonye politik Sundiata Acoli, Vanyan Black Panther ak Black Liberation Army ki lage nan prizon apre 49 lannen
(Sit entènèt pou bay kontribisyon w pou sipòte frè nou:
https://secure.actblue.com/donate/bringsundiataacolihome)
-Lavèy jou ki make yon lannen depi Matisan fèmen, Minis Edikasyon gouvènman restavèk la Nesmy Manigat al vizite 2 lekòl nan Matisan
-Yon lòt zak kote gwo zam fannfwa chante epi inosan mouri nan Tulsa, Ok
-Premye Minis Kanada a Justin Trudeau depoze pwojè lwa pou elimine divès kategori zam nan peyi li
-Etazini fè konnen yonn nan pwojè k ap monte tab nan rankont peyi Amerik la yo se ta pou ta voye yon kantite refijye ki sou fwontyè Etazini ak Meksik yo nan peyi Lespay
-Peyi ALBA yo denonse Meriken ki pa envite Venezyela, Kiba, ak Nikaragwo nan rankont peyi nan Amerik la yo
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday May 31, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 31 me 2022
Tuesday May 31, 2022
Tuesday May 31, 2022
Emisyon espesyal sou seri atik NY Times sou sa yo rele rasin mizè Ayiti ansanm ak sè nou Èzili Dantò ak frè nou Jafrikayiti
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Refleksyon nou pou louvri koze a
Dyalòg ak 2 fanmi nou yo sou atik NY Times yo
Liy ouvè ak oditè yo

Monday May 30, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 me 2022
Monday May 30, 2022
Monday May 30, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 27 me 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak konpatriyòt Wilson Chery ak Huguette Marcelin, responsab nan òganizasyon MOHFREC sou lit y ap mennen pou anilasyon bal Michel Martelly ki anonse pou 10 jen nan Espace Venise nan vil Sarcelle nan Paris
Si w panko fè sa tanpri siyen petisyon an:
https://www.change.org/p/demande-d-annulation-de-l-%C3%A9v%C3%A8nement-annonc%C3%A9-%C3%A0-l-espace-venise-de-sarcelles-sweet-micky?redirect=false
Nouvèl:
-Kandida lagoch la yo Gustavo Petro ak Francia Marquez pran devan nan premye tou eleksyon nan peyi Kolonbi
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Lachin deside yo dwe fè mannèv pou kwape sistèm satelit SpaceX k ap koupe rache nan lespas la
-Yon eskadwon 30 avyon lagè Lachin al bay panik nan espas ayeryen peyi Taywann
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday May 26, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 26 me 2022
Thursday May 26, 2022
Thursday May 26, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor: Wilner nan Wanament
Ti koze ak avoka Marcel Denis sou dènye devlopman nan dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la ki nan tribinal federal isit Ozetazini
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-FBI anonse li arete yon sitwayen Irakyen ki t ap viv Ozetazini depi 2020 pou konplo pou sasinen ansyen prezidan Meriken Ti Bush
-Dife pete nan yon batiman Carnival Cruise Line pandan l te akoste nan Grand Turk nan Turks & Caicos; Pèsonn pa afekte
-Yon gwoup òganizasyon ak endividi nan peyi Lafrans ekri majistra vil Sarcelles pou mande l anile bal Martelly ki ta dwe fèt 10 jen k ap vini an
-Diplis sou seri atik jounal NY Times pibliye nan wikenn nan sou rasin mizè k gen ann Ayiti jodi
Liy ouvè ak oditè yo

