Episodes

Wednesday Jun 29, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 29 jen 2022
Wednesday Jun 29, 2022
Wednesday Jun 29, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
LOTAN envite Finlann ak Lasyèd rantre nan fanmi sila a apre Latiki antann li ak yo epi retire baryè li te kanpe pou bloke 2 peyi sila yo
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Batay nan tribinal epi batay sou beton an toupatou Ozetazini pou kontre desizyon tribinal ki ranvèse Roe vs. Wade sou dosye avòtman an
-Peyi G7 yo anonse y ap mete tout fòs yo nan balans lan pou kore Ikrèn
-Tribinal nan Manhattan kondane Ghislaine Maxwell pou l pase 20 lannen nan prizon; Moun k ap gade mande ki lè Etazini ap jije lòt gwo kolaboratè Jeffrey Epstein yo
-Lame peyi Lespay masakre yon bann Afriken k t ap chache rantre nan peyi sila a sou fwontyè li ak peyi Mawòk
-Jan Etazini te apovri Ayiti lè yo te vòlè zile Lànavaz
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jun 28, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 jen 2022
Tuesday Jun 28, 2022
Tuesday Jun 28, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Refleksyon nou sou desizyon Lakou Siprèm Etazini pou ranvèse desizyon Roe vs. Wade ki
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jun 27, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 jen 2022
Monday Jun 27, 2022
Monday Jun 27, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 24 jen 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Lavalasyen yo pile beton an nan Pòtoprens yè
Nou salye fanmi nou yo nan MOHFREC (Mouvman Ayisyen an Frans K ap Batay pou Respè Konstitisyon an) ki kanpe pou bloke kadejakè Josue Pierre-Louis ki gen pou l al pale nan UNESCO demen madi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jun 23, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 23 jen 2022
Thursday Jun 23, 2022
Thursday Jun 23, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou ankouraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin:
https://afgj.salsalabs.org/erityepapadesalin/index.html
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor; Wilner ale nan fèt Sen Jan Batis Otwou Dinò
Mizik Fèt Chanpèt Tropicana ak Septentrional
Nouvèl:
-Biwo Suivi Akò Montana a di li bouke voye lèt ba Ariel Henry epi msye pa okipe yo kou chen
-Gouvènman Biden nan renmèt Depite Sheila Cherfils McCormick, yon pitit Ayisyen ki nan Kongrè a mayèt la pou l mennen negosyasyon ant divès "stakeholder" ann Ayiti yo pou li
-13 jou apre baz 5 Segond te rive pran kontwòl Palè Jistis Pòtoprens li nan men yo toujou
-23 manm nan yon lakou Gwo Mòn lopital apre yo te anpwazonnen nan yon manje k fèt nan lakou a
-Emisyon Eritye mande liberasyon ak reparasyon pou alatèt Wikileaks la, Julian Assange
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jun 22, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 22 jen 2022
Wednesday Jun 22, 2022
Wednesday Jun 22, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nou lanse yon konbit pou n ede òganizasyon Bannzil Kreyòl Kiba pote chay la pou festival mwa out 2022 a
Nouvèl:
-Yon gwo tranblemanntè frape peyi Afghanistan, plis pase 1,000 moun pèdi lavi yo
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jun 21, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 jen 2022
Tuesday Jun 21, 2022
Tuesday Jun 21, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ayibobo pou Ayisyen atravè mond lan ki mobilize pou bare Martelly tout kote li pase
Ti koze ak frè nou Jean Philippe Compas k ap viv nan Brockton, MA sou demach limenm pèsonèlman li te fè semèn pase a pou kwape bal Martelly ki te gen pou fèt nan Brockton samdi 2 jiyè k ap vini an
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Biwo Gad Fwontyè Meriken (Customs Border Patrol) di li pa konnen ki kote pyès monnen k ap denigre Ayisyen k te anba pon Del Rio yo soti
-Òganizasyon "Vision" nan Granrivyè Dinò inogire yon estati Janjak Desalin sou laplas bouk la
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Jun 20, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 jen 2022
Monday Jun 20, 2022
Monday Jun 20, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 17 jen 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ansyen geriya lagoch Gustavo Petro ak militan Afro-feminis Francia Marquez rapòte laviktwa nan dezyèm tou eleksyon pou prezidan ak vis prezidan peyi Kolonbi
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak Roosevelt Renois "Coach Rossy" sou pwogram foutbòl "Soccer for All" k ap fèt pou timoun 5an rive 17an nan Canarsie pandan ete a
Nouvèl:
-Inondasyon nan Gonayiv ta lakòz jiska 3000 fanmi nan lari 2 bra balanse
-Nou salye fanmi nan Brockton, MA yo ki reyise bloke bal Martelly ki te anonse nan zòn sa a pou 2 jiyè
-Pil reyinyon nan Nasyonzini pou zòt rive nan pwolongasyon misyon BINUH nan peyi nou
Bri k ap kouri nan lari a kòmkwa Core Gwoup ta ofri Prezidan Aristide pouvwa tranzisyon pou 2 lannen; Manifestasyon anfavè Prezidan Aristide kòm Prezidan pwovizwa nan vil Okay; Nòt pou laprès Fanmi Lavalas ki salye manifestan Okay yo epi ki mande rès peyi a leve kanpe
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Jun 16, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 16 jen 2022
Thursday Jun 16, 2022
Thursday Jun 16, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj anndan chanm kay peyi a ak frè nou Wilner Altidor ki al vizite yon ti lokalite tou pre Wanament ki rele Savàn Long; Wilner pale ak Kazèk Saint-Ange
Ti bwase ak frè nou Jafrikayiti sou koze k ap soti lakay
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jun 15, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 15 jen 2022
Wednesday Jun 15, 2022
Wednesday Jun 15, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye gwoup "Concerned Citizens of Massachussetts" ki ekri majistra lavil Brockton yon lèt pou mande li deklare Michel Martelly "Persona Non-Grata"
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Hilario te genyen ti frè li Juan Batista Felix kòm envite
Nouvèl:
-Yon foul rasis Dominiken ki te genyen 3 sòlda lame Dominiken nan mitan yo touye yon Ayisyen epi boule 8 kay Ayisyen k te gen tan chape poul yo nan yon zòn ki rele La Rosa nan pwovens Bahoruco
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Moun ak zam nan zòn Matisan tire sou yon otobis ki t ap soti Pò Sali - 3 inosan blese
-Joe Biden ekri alatèt plizyè gwo konpayi ponp gaolin nan peyi a pou di yo wotè pri gaz la monte nan lari a pa koresponn ak nivo li monte nan mache entènasyonal la
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jun 14, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 jen 2022
Tuesday Jun 14, 2022
Tuesday Jun 14, 2022
Emisyon espesyal ak Jean Caude Martineau (Koralen) sou travay li
Entwo
Dejwe
Dyalòg ak Jean Claude Martineau
Liy ouvè ak oditè yo
Bèfchenn
Dyalòg ak Jean Claude Martineau
Liy ouvè ak oditè yo
Flè dizè
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl

