Episodes

Wednesday Aug 03, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 3 out 2022
Wednesday Aug 03, 2022
Wednesday Aug 03, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Hilario pale ak Madam Rufina Salomon ki rantre Kiba ak manman li depi lannen 1947. Hilario fèt nan men li nan Guantamo, nan Kiba
Jodi a fè 24 lannen depi sasinay Pè Tijan Pyèlwi; Nou pale ak gran frè nou Ernest Banatte (Mèt Bano) epi ak sè nou Darnell Benoit
Nou fèmen emisyon an ak ti moso nan yon entèvyou jounalis Jean Dominque nan Radio Haiti Inter te fè ak Pè Tijan Pyèlwi 7 janvye 1988
Anons

Tuesday Aug 02, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 out 2022
Tuesday Aug 02, 2022
Tuesday Aug 02, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye vye Yole nou an k ap selebre 84yèm anivèsè nesans li jodi a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Anons
Nouvèl:
-Malgre denonsyasyon Lachin, Nancy Pelosi ateri nan peyi Taiwan pou l al pote solidarite Meriken ak peyi sila a; Lachin ap mennen egzèsis militè nan zòn nan
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Yon atik ki denonse fason Etazini ak bizawèl li yo ap mache vòlè lajan ak resous tout kalte peyi sou latè
-Reginald Boulos anonse li pa chèf pati MTVAyiti (Mouvman pou Transfòmasyon ak Valorizasyon) a ankò
-Prezidan Meriken an Joe Biden anonse li rive sasinen, chèf Al-Qaeda Ayman al-Zawahiri a ki te ranplase Bin Laden apre Obama te di li te sasinen msye
-Eskandal pete nan Angletè sou milyon 2 frè Bin Laden ak lòt gran nèg nan mond Arab la ta bay fondasayon Prens Charles nan Angletè
Nou pran yon ti tan pou fè yon Konbit pou ankoraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin
Reyalite konplike goud ak dola lakay nou; Efè sa genyen sou lajan dyaspora a ap voye lakay
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Aug 01, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye out 2022
Monday Aug 01, 2022
Monday Aug 01, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA jedi 28 jiyè 2022 devan katye jeneral Citi Bank pou n make 107yèm anivèsè okipasyon Meriken 1915 lan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 29 jiyè 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Elikya Ngoma sou desantdelye FBI Meriken fè sou plizyè biwo ak kay dirijan African Peoples Socialist Party epi sezi dokiman travay yo su pretèks se ta Larisi k ap finanse aktivite òhanizasyon sa a
Nouvèl:
-Gadkòt Meriken anonse yo Jedi 28 jiyè a, yo jwenn 5 kadav Ayisyen epi yo peche 68 Ayisyen nan dlo Pasaj Mona ant Repiblik Dominikèn ak Pòtoriko
-Gouvènman Kiben an anonse Vandredi 29 jiyè a yo genyen 141 Ayisyen ki te kite Lagonav ak destinasyon Miami men ki al chwe lakay yo
-Gouvènman Ayisyen an anonse l ap pran responsabilite lantèman 17 Ayisyen k te mouri nan dlo Bahamas dimanch pase a
-Gouvènman Bahamas arete epi anonse l pral jije 3 Bahamyen ak yon Ayisyen yo akize ki ta òganizatè vwayaj kote 17 fanmi nou peri a
-Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen (SYNAPOHA) anonse 31yèm pwomosyon polis yo ki gradye an desanm 2021 ap kouri sou 8 mwa y ap travay epi yo panko janm touche
-Jodi a fè 16 jou depi kidnapè pran jounalis Alterpresse Edner Decimé
-Plizyè gran vil nan peyi Almay sètoblije ap mezire kouran, dlo cho, ak è kondisyone akoz pa gen gaz ak luil
-Yon lektè jounal Nassau Guardian ekri jounal la pou mande ki sa komisyon CARICOM ki ta dwe al adrese dosye gang ann Ayiti a pral regle lè yo pa t janm regle anyen nan pil gang Jamayik yo
-Maria Abi Habib nan NY Times lage yon nouvo atik sou Ayiti samdi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jul 28, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 28 jiyè 2022
Thursday Jul 28, 2022
Thursday Jul 28, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Refleksyon nou sou 28 jiyè a, 107 lannen depi okipasyon Meriken 1915 lan
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè jodi a devan katye jeneral Citibank pou n al mande yo renmèt rezèv lò peyi nou yo te vòlò 17 desanm 1914 la
Nou kite oditè yo ak pawòl ak mizik pou ba nou fòs

Wednesday Jul 27, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 27 jiyè 2022
Wednesday Jul 27, 2022
Wednesday Jul 27, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA jedi 28 jiyè 2022 devan katye jeneral Citi Bank pou n make 107yèm anivèsè okipasyon Meriken 1915 lan
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Ti pale ak frè nou avoka Marcel Denis sou dènye devlopman nan dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la ki nan tribinal federal Ameriken nan New York la
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Jul 26, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 jiyè 2022
Tuesday Jul 26, 2022
Tuesday Jul 26, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA jedi 28 jiyè 2022 devan katye jeneral Citi Bank pou n make 107yèm anivèsè okipasyon Meriken 1915 lan
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-City Council lavil NY ajoute non Eudes Pierre, yon jèn Ayisyen lapolis te touye nan mwa desanm 2021, nan entèseksyon Utica ak Eastern Parkway nan Brooklyn nan
-Diplis sou 17 Ayisyen ki mouri nwaye nan dlo Bahamas dimanch ayè a; Deklarasyon CARICOM; Deklarasyon Ariel Henry; Deklarasyon Premye Minis Bahamas la Philip Davis
-Nasyonzini bay nouvo bilan li sou masak nan Site Solèy; Ulrika Richardson, nouvo adjwen Madan Lalime nan di y ap ede nan tout netralite yo
Nou mande oditè yo refleksyon yo sou jan nou wè peyi nou ap soti nan sa l ye la a
Nou pase yon prezantasyon konpatriyòt Duval Peralte, fanmi Charlemagne Peralte poste nan youtube sou lavi Charlemagne
Plis nouvèl:
-RNDDH mete yon rapò deyò pou di se $200,000 ki tonbe nan dosye moun yo te lage nan dosye zam ak katouch lapolis te jwenn nan batiman Miss Lilie a
-Ministè Afè Etranjè Lachin di se Etazini ki lakòz gè k ap fèt nan Ikrèn nan epi yo di se imoral ke jis jodi a Etazini kontinye ap fè desizyon pou pwolonje lagè a
-Larisi anonse se zam ki t ap pase nan pò Odessa ki fè li te bonbade l Samdi a malgre akò li te siyen ak Ikrèn pou kite manje pase pou al vann nan mache entènasyonal
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Monday Jul 25, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 jiyè 2022
Monday Jul 25, 2022
Monday Jul 25, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA jedi 28 jiyè 2022 devan katye jeneral Citi Bank pou n make 107yèm anivèsè okipasyon Meriken 1915 lan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 22 jiyè 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Ti nouvèl sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la
-Yè dimanch maten an yon batiman kanntè koule nan dlo peyi Bahamas, 17 Ayisyen pèdi lavi a
-Asasen kriminèl nan 400 Mawozo rantre anndan yon legliz nan Kwadèboukè epi yo tire Enspektè lapolis Reginald Laleau; Chèf 400 Mawozo Lanmò San Jou
-Avoka Samir Handal nan peyi Latiki di depi 4 jiyè tribinal peyi sila a òdone liberasyon Handal men jiskounyè a msye nan prizon toujou
-Komisyon nan Chanm Depite Meriken an k ap envestige sou 6 janvye 2021 a te mande tout mesaj tèks Sèvis Sekrè Meriken ki t ap travay nan Mezon Blanch lan; Ajans sila a di mesaj sa yo pa la ankò
-Diplis sou diskou Vladimir Putin mèkredi pase a kote li te pale sou modèl devlopman loksidan an se jenosid, esklavaj, vòl, ak piyaj resous lòt peyi
Nou pase pèfòmans "Men Peralt" frè nou defen Tòtòf te fè
Ti koze ak konpatriyòt Origene Louis ki se responsab nan òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen sou 35yèm anivèsè masak Janrabèl la ak reyilte peyi a jodi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Jul 21, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 21 jiyè 2022
Thursday Jul 21, 2022
Thursday Jul 21, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons
Ti koze ak Mèt Mario Joseph nan Biwo Avoka Entènasyonal sou sitiyasyon peyi a; Renouvèlman BINUH a; Batay gang yo k ap fini ak popilasyon an nan Site Solèy; Epi tèt kole akò Montana ak Gouvènman Kwoupyon an
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Jul 20, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 20 jiyè 2022
Wednesday Jul 20, 2022
Wednesday Jul 20, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou fè yon ti pale ak sè nou Elda Brunache, pitit Site Solèy ki jodi a al chwe nan Repiblik Dominikèn; Li pase pou remèsye oditè yo ki te fè yon men kontre pou ede li apre l te pale nan emisyon Eritye 30 jen 2022
Repòtaj kay vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Hilario remèsye oditè yo ki voye kontribisyon yo pou Festival Bannzil Kreyòl 2022 a
Ti pale ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan òganizasyon Universal Negro Improvement Association Vanyan Marcus Garvey te fonde 20 jiyè 1914 sou aktivite k ap fèt jodi a pou make 108yèm anivèsè òganizasyon an
Nouvèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Jul 19, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 jiyè 2022
Tuesday Jul 19, 2022
Tuesday Jul 19, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Masak gang yo ap kontinye nan Site Solèy ak nan zòn Savyen nan Latibonit; Gouvènman kwoupyon an anonse l ap voye èd imanitè nan Site a
-Dyalòg ant ekip Ariel Henry a ak ekip Montana a ap bwase
-Kidnapin kontinye ap vale teren nan peyi a
-Etazini pran yon twazyèm jenòm yo rele Maxony Germinal yo akize kòm moun ki t ap founi 400 Mawozo zam epi ki ta mele nan kidnapin misyonè Meriken ak Kanadyen yo
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Yon kòmanndo nan peyi Onndiras sasinen Said Lobo Bonilla ki se te pitit ansyen prezidan peyi sila a Porfirio Lobo
Ti koze ak frè nou Oxygene David ki se responsab nan òganizasyon MOLEGHAF sou sitiyasyon peyi a ak renouvèlman BINUH a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

