Episodes

Monday Sep 26, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 septanm 2022
Monday Sep 26, 2022
Monday Sep 26, 2022
Son manifestasyon kont Minis Afè Etranjè gouvènman restavèk Ariel Henry a, Jean Victor Geneus, ki t ap pale nan LONI samdi swa 6pm
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak frè nou Yves Raymond sou selebrasyon ki te fèt nan legliz Sent Terèz Davila nan Brooklyn nan yè dimanch 25 septanm nan pou onore defen Pè Jean Yves Urfié
Nou pase ti moso nan dokimantè Pè Urfié te fè an 2020 ki rele: Èske Vodou se Satan? (https://www.youtube.com/watch?v=QuFGRs55B9I)
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-"Attorney General" eta NY la Letitia James asiyen Trump, biznis li yo, ak fanmi li - plis mannèv Pati Demokrat la pou yo chache elimine Donald Trump sou teren eleksyon
-Pastè Meriken Russell Cephas ki di l fè 11 an ap fè misyonè ann Ayiti di l t ap mouri si l pa t gen bon pye; Li di Ayisyen lage yon lapli biskuit leta nan dengwenn li paske l t ap pale Vodou mal
-Komedi NY Post kòmkwa Biden ta fè dil ak Ariel pou kore pouvwa l toutotan l pèmèt li depòte kantite Ayisyen li vle
-Editoryal Washington Post
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Sep 22, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 22 Septanm 2022
Thursday Sep 22, 2022
Thursday Sep 22, 2022
Entwo
Son manifestasyon KOMOKODA fè yè devan biwo State Senator Kevin Parker ki mande yon entèvansyon militè etranje nan peyi d Ayiti
Nou salye fanmi k ap koute yo
Rapò sou manifestasyon an
Refleksyon nou sou edisyon Premye out 1805 jounal "Gazette Politique et Commerciale d'Haiti" ki se te jounal Gouvènman Anperè Desalin nan ki pale sou selebrasyon ki te fèt pou make jou nesans Papa Desalin "25 jiyè"; Ak dokiman sila a ki rantre nan konesans nou epi ki parèt se yon bon dokiman, nou anonse ane pwochèn n ap selebre fèt Papa Desalin 25 jiyè 2023 paske si se jou sa a Vanyan an limenm li te selebre fèt li, noumenm tou nou ta dwe ranmase li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Sep 21, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 21 septanm
Wednesday Sep 21, 2022
Wednesday Sep 21, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Remèsiman pou tout fanmi ki te patisipe epi ki te mete nan selebrasyon nesans Papa Desalin nan
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt 3è pou 5è jodi 21 septanm nan devan biwo State Senator Kevin Parker ki mande yon entèvansyon militè etranje nan peyi d Ayiti
Ayibobo pou pèp Ayisyen an ki kenbe beton an cho nan 4 kwen peyi a
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Prezidan Larisi a siyen yon dekrè pou mande rasanbleman 300 mil sòlda anplis nan lame peyi li epi li di Meriken pinga! epi dwèt lli pa twò lwen bouton nikleyè a
-Beton an rete cho nan 4 kwen peyi a
-Etan li nan NY pou randevou nan Nasyonzini, Justin Trudeau ransanle
-Sou demand frè nou Antoine Adan, nou bay lis minis Ariel Henry yo

Tuesday Sep 20, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 Septanm 2022
Tuesday Sep 20, 2022
Tuesday Sep 20, 2022
Emisyon spesyal nan okazyon 264yèm anivèsè nesans Papa Desalin
Entwo
Mèsi Papa Desalin - Moriso Lewa
Nou salye fanmi k ap koute yo
Refleksyon nou nan okazyon 264yèm anivèsè nensans Papa Desalin
Mesaj frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines, desandan 7yèm jenerasyon Vanyan Janjak Desalin pou okazyon an
Refleksyon 3 kolaboratè nou pou okazyon an:
-Asselin Charles
-Èzili Dantò
-Jean Claude Martineau (Koralen)
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt 3è pou 5è mèkredi 21 septanm devan biwo State Senator Kevin Parker ki mande yon entèvansyon militè etranje nan peyi d Ayiti

Monday Sep 19, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 septanm 2022
Monday Sep 19, 2022
Monday Sep 19, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou deside kanpe segman Vandredi Anba Tonnèl la ki te konn pase chak lendi nan emisyon an
Nou jete dlo pou pèp Ayisyen nan 4 kwen peyi a k ap bouske chimen liberasyon zansèt nou yo te trase a
Mèsi Papa Desalin - Moriso Lewa
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt 3è pou 5è mèkredi 21 septanm devan biwo State Senator Kevin Parker ki mande yon entèvansyon militè etranje nan peyi d Ayiti
Demach Prezidan Dominiken an Luis Abinader pou l fè kòb sou tèt Ayiti epi abouti nan yon okipasyon militè peyi nou
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altgracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Siklòn Fiona sakaje Pòtoriko; frape zòn lès Repiblik Dominikèn anvan yo prevwa l apral pran wout pou rès karayib la
-Ti komik ki rele tèt li minis jistis peyi a anonse leta pral arete epi jije tout moun k ap fè "dezòd" nan peyi a
-Ayibopost pibliye yon atik sou Fondasyon prince Charles ki vin wa kounyè a kote msye ta manje 295 mil dola vèt pou travay ki ta dwe refè anba lavil Pòtoprens
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Sep 15, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 15 Septanm 2022
Thursday Sep 15, 2022
Thursday Sep 15, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Dechoukay la kòmanse!
Se bon - Moriso Lewa
Nouvèl peyi a:
-Dife nan 4 kwen peyi a
-Lènmi peyi nou yo ap file zepon yo pou chita yon nouvo okipasyon lakay nou
Mèsi Papa Desalin - Moriso Lewa
Nouvèl entènasyonal:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Rankont alatèt Lachin nan Xi Jin Pin ak alatèt Larisi a Vladimir Putin; Yo di sa k genyen nan Ikrèn nan ak nan Taiwan nan se Etazini k ap chache chita dominasyon li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Sep 14, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 14 septanm
Wednesday Sep 14, 2022
Wednesday Sep 14, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Beton an cho nan 4 kwen peyi a
Konbit pou emisyon an epi remèsiman pou sa k deja fè men kontre a ak nou
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou mobilizasyon yo lakay
-Ansyen anbasadè Ayiti nan Repiblik Dominikèn Paul Arcelin, kavalye pòlka Guy Philippe, di li pa wè pou ki sa moun pran yo sezi wè non Claude Joseph nan lis moun k ap kore gang nan peyi a
-Gwo chabrak bò isit yo fè konnen rapò ki soti yè sou wotè enflasyon an te rive nan mwa Out la lakòb 93 milya dola vèt fonn tankou bè nan "stock market" nan peyi a
-Pou n reponn oditris ki mande sa nou di sou dosye larèn k al bwa chat semèn pase a
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Sep 13, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 Septanm 2022
Tuesday Sep 13, 2022
Tuesday Sep 13, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Beton an cho nan 4 kwen peyi a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Nouvo konstitisyon peyi Chili a ki t al nan referanndòm dimanch 4 septanm nan pa t pase
-Gwo difikilte pou fanmi nou yo ki rive plizyè dizèn milye moun k ap pase kont mizè yo nan peyi Meksik
-Meriken ki abite sou fwontyè Meksik ak Etazini rakonte traka y ap viv ak refijye k ap travèse anba fil kote yo jwenn pou yo rantre Ozetazini
-Peyi Danmak anonse pwojè pou l voye refijye Afriken k aplike pou azil epi k ap tann pou yo parèt devan jij nan peyi Wannda
-Beton an cho nan 4 kwen peyi nou
-Lanmò kontinye a taye banda nan Site Solèy
Liy ouvè ak oditè yo
Konbit pou emisyon an epi remèsiman pou sa k deja fè men kontre a ak nou
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Sep 12, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 12 septanm 2022
Monday Sep 12, 2022
Monday Sep 12, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 9 septanm 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze sou koudeta Pinochet 11 septanm 1973 nan Chili; Masak 11 septanm 1988 nan Sen Jan Bosko; Sasinay Antoine Izmery 11 septanm 1993
2 atik ki soti semèn pase a k ap fè travay lènmi pèp Ayisyen an:
-"Pòtpawòl" Akò Montana Ted St Dic k ap mande papa blan men sa pou ta fè pou nou pou retire n nan sa nou ye a epi
-Diplomat Meriken Susan D. Page k ap asosye Aristide ak Martelly ak Jovenel nan zafè gang, dwòg, ak koripsyon
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Sep 08, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 8 Septanm 2022
Thursday Sep 08, 2022
Thursday Sep 08, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Popilasyon lakay nou kanpe nan 4 kwen peyi a pou chavire chodyè a
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Lame Izrayèl finalman admèt se yomenm ki te sasinen jounalis Palestinyen Shireen Abu Akleh
-13 refijye mouri nwaye nan rivyè "Rio Grande" ki separe Etazini ak Meksik pandan yo t ap chache travèse vini Etazini
-Gouvènman Dominiken an pibliye yon lis moun yo idantifye kòm chèf gang ki pa gen dwa rantre lakay yo; Yo tou mete Claude Joseph nan lis la
-Yon bèf tonbe: Larèn Elizabeth fè vwèl pou peyi san chapo
Liy ouvè ak oditè yo

