Episodes

Monday Oct 31, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 31 oktòb 2022
Monday Oct 31, 2022
Monday Oct 31, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi 31 oktòb 2022 a fè 103 lannen depi Vanyan Chalmay Peralt tonbe zam alamen a defann souvrènte peyi nou
KOMOKODA anonse yon manifestasyon devan jounal Haiti Liberté Vandredi 18 novanm 2022, 3pm-6pm pou n al denonse mannèv jounal sila a pou fè asasen kriminèl Jimmy Cherizier alyas Babekyou pase pou revolisyonè k ap batay pou pèp
Nou pase vwa fanmi nan Bèlè ki te viktim nan masak Cherizier ak G9 fè nan zòn nan 30 out 2020
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou ankouraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou pelerinaj nou fè chak ane nan Plymouth, MA nan solidarite ak endijèn yo nan jou moun Etazini selebre "Thanksgiving"
Nouvèl:
-Lula pote laviktwa nan dezyèm tou eleksyon nan peyi Brezil; Ayisyen pa dwe janm bliye jenosid sòlda Lula yo ki te alatèt MINISTHA te fè lakay nou apre 2004
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Leve kanpe nan mitan lejislatè eli Kebèk nan Kanada ki di yo pa p prete sèman sou non Wa Angletè a Chal 3
-Elon Musk achte twitter
-Gouvènman Biden nan anonse l ap konsidere voye refijye Ayisyen nan baz militè yo nan Gwanntanamo oswa nan yon 3yèm peyi
-Plizyè senatè Meriken pati Demokrat la mande Joe Biden rebalanse pwogram TPS pou Ayisyen yo pou l ta kouvri tout Ayisyen ki pa gen papye ki nan peyi Etazini jodi a
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Oct 27, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 27 Oktòb 2022
Thursday Oct 27, 2022
Thursday Oct 27, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Demen 28 oktòb ap Jounen Entènasyonal Kreyòl: Jodi a n ap prezante yon emisyon espesyal sou lang Kreyòl la ki se lang pèp Ayisyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Oct 26, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 26 oktòb 2022
Wednesday Oct 26, 2022
Wednesday Oct 26, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nou fè yon ti pale ak Pastè Gregoire ki responsab Baz konpatriyòt Jean Denis Joseph te konn mache ak li li nan Petyonvil
Nou pase ti moso nan entèvyou manman Jean Denis ak madanm li te fè nan wikenn nan
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Oct 25, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 Oktòb 2022
Tuesday Oct 25, 2022
Tuesday Oct 25, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Refleksyon nou sou malè pandye okipasyon etranjè a ak manti ak kondisyon difisil Meriken ak bizawèl li yo ap simaye epi ap kreye pou fè se ta Ayisyen menm ki ta mande yo tanpri souple vin anvayi
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Atak sou jounalis Roberson Alphonse
-Yon lòt fwa ankò nou jete dlo pou militan Jean Denis Joseph asasen ta sasinen nan Petyonvil semèn pase a
-Gouvènman Meriken an anonse apati mwa janvye k ap vini an Etazini ap sispann enpòte mango Ayisyen
-Eskandal pete ak koze Moise Jean Charles ki pwopoze yon gouvènman 9 moun ki pou ta dirije peyi a
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Oct 24, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 24 oktòb 2022
Monday Oct 24, 2022
Monday Oct 24, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Refleksyon nou sou moman peyi nou ap viv jodi a; Etazini, Nasyonzini, ak Core Group ki kontinye ap pase Ayisyen nan betiz; Koukouwouj dèyè jounal Haiti Liberté ak mèt jounal la Kim Ives ki soti pou fè asasen kriminèl Jimmy Cherizier alyas Babekyou pase pou ti frè Fidel Castro ak Che Guevara
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Kanada ak Etazini ateri yon gwo avyon militè ak 3 fo cha blende ak yon gwo "school bus" byen jòn ladan l
-Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau ap kontinye rankont nan zoom ak chèf CARICOM yo pou chache konvenk yo pou voye sòlda peyi yo al fè sa Etazini ak Kanada pa deside al fè ann Ayiti
-Pou ki sa epi ki kote istwa ki di 4.7 milyon Ayisyen ap mouri grangou a soti?
-Repiblik Dominikèn anonse l ap vann yon konpayi prive k rele AFA 20 mil galon diesel ki ta pou sèvi nan lopital nan peyi D Ayiti
-Alatèt Platfòm Pitit Desalin nan Moise Jean Charles pwopoze peyi a yon nouvo gouvènman
Refleksyon nou sou Ayisyen ak "zanmi" Ayiti yo k ap mande pou blan an vin sove nou; Sou pwopozisyon Himmler Rebu pou "Ayisyen" nan lame "gwo" peyi yo (Etazini, Kanada, Lafrans) ta rantre nan peyi a vin sove peyi a
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Oct 20, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 20 Oktòb 2022
Thursday Oct 20, 2022
Thursday Oct 20, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou mobilizasyon k ap fèt nan Kanada pandan wikenn nan nan solidarite ak pèp Ayisyen an
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista: Hilario fè entèvyou ak ekriven Matinikè Cedric Audebert
Nouvèl
-Yon lòt fwa ankò Konsèy Sekirite Nasyonzini ranvwaye vòt yo te gen pou fè sou dosye Ayiti a
-Gwo dosye k ap fè bri nan peyi a se Joseph Felix Badio ki gen manda kont li depi sasinay apatrid Jovenel Moise la ki limenm voye manda akizasyon kont enstitisyon nan peyi a li di k ap sal non li
-Ansyen Senatè John Joseph Joel ki nan prizon Meriken sou dosye Jovenel Moise la parèt devan jij yè epi l plede inosan anfas akizasyon k fèt sou li yo
-Apre 44 jou kòm Premye Minis Angletè, Liz Truss demisyone
Anons

Wednesday Oct 19, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 19 oktòb 2022
Wednesday Oct 19, 2022
Wednesday Oct 19, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou pelerinaj nou fè chak ane nan Plymouth, MA nan solidarite ak endijèn yo nan jou moun Etazini selebre "Thanksgiving"
Refleksyon nou sou moman nan ap viv nan peyi a epi sa nou ta di Ayisyen yo ki konprann sòlda etranje pral vin netwaye peyi nou pou nou
Liy ouvè ak oditè yo
Konbit pou ankouraje oditè yo sipòte emisyon an

Tuesday Oct 18, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 18 Oktòb 2022
Tuesday Oct 18, 2022
Tuesday Oct 18, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ayibobo pou pèp la anndan peyi a ki kenbe beton an cho
Remèsiman ansanm ak Kowòdinasyon Fanmi Lavalas NY pou tout moun ki te patisipe nan manifestasyon yè a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Nouvèl Ayiti
-Dènye nouvèl nou lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Oct 17, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 oktòb 2022
Monday Oct 17, 2022
Monday Oct 17, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ayibobo pou pèp la anndan peyi a ki kenbe beton an cho
Mobilizasyon ansanm ak konpatriyòt Fritzner Pierre pou manifestasyon Fanmi Lavalas NY ansanm ak KOMOKODA ap fè apremidi a nan Brooklyn nan pou n pote sipò Ayisyen nan zòn NY la ak pèp Ayisyen an k ap goumen anndan peyi nou
Mobilizasyon ansanm ak konpatriyòt Fred Joseph ki se responsab nan Fanmi Lavalas NY pou manifestasyon Fanmi Lavalas NY ansanm ak KOMOKODA ap fè apremidi a nan Brooklyn nan pou n pote sipò Ayisyen nan zòn NY la ak pèp Ayisyen an k ap goumen anndan peyi nou
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Liy ouvè

Thursday Oct 13, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 13 Oktòb 2022
Thursday Oct 13, 2022
Thursday Oct 13, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak sè nou Chantal Isme ki se manm Kanpay Entènasyonal Jistis pou Thomas Sankara sou lavi ak travay Sankara epi sou aktivite k ap fèt nan Harlem samdi 15 oktòb pou make 35 lannen depi sasinay Vanyan an
Mobilizasyon ansanm ak frè nou Fritzner Pierre pou manifestasyon Fanmi Lavalas NY ansanm ak KOMOKODA ap fè lendi 17 oktòb nan Brooklyn nan pou n pote sipò Ayisyen nan zòn NY la ak pèp Ayisyen an k ap goumen anndan peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo

