Episodes

Thursday Dec 08, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 8 desanm 2022
Thursday Dec 08, 2022
Thursday Dec 08, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye fanmi k te rele oswa voye mesaj yè pou pataje lanmou yo ak Roselyn nan okazyon anivèsè nesans li
Segman Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ap fè chak jedi sou imigrasyon epi vyolans k ap fèt sou fanm ak sè nou Taina Exant; Taina pale sou pwolongasyon ak nouvo redeziyasyon TPS Etazini bay pou Ayisyen an
Ti pale ak frè nou Tony Jean Thenor nan òganizasyon Veye Yo nan Miami sou manifestasyon y ap planifye pou al bat chalbari dèyè Helen "Manman Gang" Lalime ki ta sipoze vin bay konferans nan kominote Ayisyen an nan Miami Vandredi 16 desanm k ap vini an
Nouvèl:
-PNH renmèt rezilta ankèt yo sou sasinay ti vòlè k te rele Jovenel Moise la
-Se enposib pou popilasyon an jwenn dola nan peyi a
-Kanada voye yon misyon diplomatik nan peyi nou ak anbasadè yo nan Nasyonizini alatèt delegasyon an
Nou ankouraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin
Anons

Wednesday Dec 07, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 7 desanm 2022
Wednesday Dec 07, 2022
Wednesday Dec 07, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Jodi a fè 11 lannen depi lantèman sè nou Sonia Pierre: Nou jete dlo pou Vanyan an
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou epi anpil anpil anpil Sante pou Roselyn, konpanyen Dahoud epi madanm Dahoud k ap selebre anivèsè nesans li jodi a: Nou di Roro Mèsi!
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nou fè yon ti koze ak sè nou Altagracia Jean Joseph nan Repiblik Dominikèn nan okazyon 11yèm anivèsè lantèman Sonia
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Dec 06, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 6 desanm 2022
Tuesday Dec 06, 2022
Tuesday Dec 06, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti sou sanksyon peyi Kanada kontinye ap anonse yo; Ayisyen nan peyi Lafrans bat chalbari dèyè Minis Edikasyon gouvènman chanpwèl la Nesmy Manigat ak ekriven Dany Laferiere ki te parèt pou l kouvri pou Manigat
Mesaj KOMOKODA sou dosye òganizasyon "Haiti Diaspora Federation" ak "Haiti 360" ki anonse y ap fè yon konferans ak Helen "Manman Gang" Lalime nan Miami Vandredi 16 desanm k ap vini an
Gouvènman Biden nan anonse y ap rebay TPS pou 18 mwa pou Ayisyen ki te Ozetazini jiska 6 novanm 2022 epi y ap pwolonje l pou Ayisyen k te deja genyen li
Liy ouvè ak oditè yo sou dosye TPS la
Mannigèt Gouvènman Biden nan pou voye Ayisyen Etazini deside depòte nan peyi Bahamas dekwa pou l parèt kòmsi se ta Bahamas ki depòte yo; Se yon reyalite koze souvrènte a pa egziste pou peyi nou; Ki sa k pase ak refijye k mouri nan lanmè nan zòn Florid yo
Refleksyon nou sou anons manifestasyon k ap fèt jedi k ap vini an devan Konsila Dominiken nan NY la
Liy ouvè ak oditè yo
Ankouraje oditè yo sipòte emisyon Eritye Papa Desalin

Monday Dec 05, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 5 desanm 2022
Monday Dec 05, 2022
Monday Dec 05, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mesaj KOMOKODA sou trak òganizasyon "Haitian Diaspora Federation" ak "Haiti Diaspora 360" pou yon konferans 16 desanm 2022 nan North Miami Senior High School ak Manman Gang Helen Lalime k ap sikile nan lari a
Son konpatriyòt Jean Beliard Lucien nan emisyon Fòk Sa Chanje nan Radyo Pa Nou yè ki t ap denonse jounal Haiti Liberté ak mèt jounal la Kim Ives k ap chache fè asasen kriminèl, chèf gang PHTK Babekyou pase pou revolisyonè
Refleksyon nou pou ankouraje kominote a kontinye boude jounal lawont sila a epi sou moun yo ki rele tèt yo militan revolisyonè, kominis ak konviksyon ki pa gen kouraj ak kolonn vètebral pou yo kanpe piblikman anfas jounal Haiti Liberté
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Sanksyon Kanada ak Etazini yo ap kontinye; Jodi a Kanada frape Bigio, Reynold Deeb, ak Sharif Abdalah; Vòlè k ap akize vòlè!
-Ansyen anbasadè Meriken Pamela White ekri nan jounal Washington Post pou l mande sekou pou Ayiti
-Ansyen anbasadè Meriken James Foley, limenm ki te fè koudeta 2004 la ekri nan Politico pou l mande sekou prese prese pou Ayiti epi pou l deklare sipò li pou Akò Montana a
-Twitter ap kolabore ak jounalis Matt Taibbi pou mete dosye kase fèye kouvri sa k te fèt sou dosye laptop Hunter Biden nan deyò
-Prezidan Nijeria a Msye Buhari rele anmwe parapò ak kantite zam Meriken ak bizawèl li yo voye nan Ikrèn k ap fè lòbèy lakay li ak lòt kote sou kontinan Afriken an
-Jedi k sot pase a ansyen espyon Meriken Edward Snowden prete sèman kòm sitwayen Larisi kote l ap viv depi ane 2013
Liy ouvè ak oditè yo

Thursday Dec 01, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi Premye desanm 2022
Thursday Dec 01, 2022
Thursday Dec 01, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons pou aktivite fen ane KOMOKODA ap òganize Vandredi 16 desanm, 7pm nan Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
Ti koze ak sè nou Èzili Dantò sou frè nou Lavarice Gaudin ki fè travèse li nan peyi nou
Nouvèl:
-Gadkòt Meriken retounen 180 Ayisyen ki te rive nan Rodriguez Key Florid nan yon batiman kanntè ann Ayiti Vandredi k sot pase a
-Se 21 desanm Gouvènman Biden nan ap sispann aplike Tit 42 a pou pimpe refijye ki vin nan papòt yo san yo pa parèt devan jij
-Prezidan Meksiken an AMLO ak patizan l yo te fè yon kokenn manifestasyon plizyè santèn milye moun pou montre sipò yo ak travay gouvènman an
-Pou premye fwa pati Demokrat Ameriken an gen yon nèg Nwa, Hakeem Jeffries kòm nouvo chèf nan chanm depite a
-CONATEL bay konpayi entènèt Elon Musk la ki rele Starlink lese pase pou l koumanse vann sèvis li ann Ayiti
-Madi k sot pase a, Eta Misouri sasinen yon jèn gason Nwa ki rele Kevin Johnson nan pèn lanmò
-Anpil òganizasyon atravè mond lan kontinye ap denonse move tretman moun Nwa ap sibi nan Repiblik Dominikèn
-Atik Jake Johnston sou divès peyi nan Karayib la ak Amerik Latin nan ki boude koze entèvansyon militè Meriken ak Kanada ap chache ateri a
-Enpòtans pou chèf ki dèyè ti chèf gang ann Ayiti yo ta idantifye
Refleksyon nou sou pil pale k ap fèt dèske Kanada ak Etazini anonse sanksyon nou politisyen ann Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Wednesday Nov 30, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 30 novanm 2022
Wednesday Nov 30, 2022
Wednesday Nov 30, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Anons rankont k ap fèt Vandredi swa nan Father Gerard Jean Juste Community Center nan Miami, 5pm-8pm Vandredi 2 desanm k ap vini an pou sonje frè nou Lavarice Gaudin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Sitiyasyon an difisil anpil pou fanmi nou ye nan Repiblik Dominikèn; Mobilizasyon nan Wanament epi manifestasyon Pòtoprens yè pou denonse rasis ak move tretman gouvènman Dominikèn an kont Ayisyen ak pitit Ayisyen
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Nan Konsèy Sekirite LONI a, Larisi ak Lachin di yo pa p kondane Koredinò alewè pou yo ta dakò mete sanksyon
-Santral Romana reponn gouvènman Meriken an sou dosye sanksyon pou move tretman travayè yo; Anpil Dominiken di Meriken wete lasi k nan je l la anvan l al lonje dwèt sou zòt
-Anbasadè Kanada ann Ayiti Sebastien Carriere demanti pawòl k ap pale nan lari a kòmkwa ta gen jiska 800 Ayisyen Kanada ta gen pou sanksyone; Plizyè nan akize yo demanti akizasyon yo
-Nouvo mèt konpayi Twitter a Elon Musk rekonèt definitivman se vre Twitter te aji anfavè Joe Biden nan eleksyon 2020 an epi menm an 2016 anfavè Hillary Clinton
-Pou pi piti 12 moun touye epi boule epi anpil kay boule nan yon atak gang nan vil Kabarè
Liy ouvè ak oditè yo
Anons pou aktivite fen ane KOMOKODA ap òganize Vandredi 16 desanm, 7pm nan Flanbwayan

Tuesday Nov 29, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 29 novanm 2022
Tuesday Nov 29, 2022
Tuesday Nov 29, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Repòtaj sou pelerinaj 24 novanm 2022 nan Jounen Nasyonal Dèy la nan Plymouth, MA
Son Jounen Nasyonal Dèy la
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou pa p janm bliye:
-atak gouvènman Duvalier a sou jounalis yo 28 novanm 1980
-sasinay 3 jèn Gonayiv yo 28 novanm 1985
-masak nan eleksyon 29 novanm 1987
Refleksyon nou sou sitiyasyon Ayisyen ak pitit Ayisyen nan Repiblik Dominikèn
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
-16 desanm aktivite fen ane KOMOKODA pou selebre 16 desanm nan epi pou n fè bilan travay KOMOKODA pou ane 2022 a
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Nov 23, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 23 novanm 2022
Wednesday Nov 23, 2022
Wednesday Nov 23, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Refleksyon nou 53yèm anivèsè Jounen Nasyonal Dèy fanmi endijèn bò isit yo ap make demen nan Plymouth, MA; N aprale pou 14yèm pelerinaj kominote Ayisyen an ak fanmi nou yo
Se jodi a nou aprann frè nou Lavarice Gaudin fè travèse li; Nou jete dlo epi nou salye memwa konbatan an
Anons
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nou fè yon ti pale ak kouzen nou Frantz Andre nan Montreal sou sanksyon Kanada enpoze sou kèk politisyen ann Ayiti epi sou dosye refijye Ayisyen yo ki te soti Etazini rantre Kanada atraje chimen dekoupe
Nouvèl:
-Macron di se pou tout moun konprann li pi bon pou mond lan si se yon sèl towo k ap gwonde nan baskou a
-Repiblik Dominikèn estomake; li di se pa vre yo depòte timoun Ayisyen pou kont yo
-batiman kanntè ateri Florid lendi a
-Jean Henry Céant revòlte parapò ak sanksyon Kanada mete sou li yo; Laurent Lamothe menm mande pou Kanada prezante l eskiz dèske yo pèmèt yo mete non l nan lis moun ki nan sa k pa sa
Liy ouvè ak oditè yo

Tuesday Nov 22, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 22 novanm 2022
Tuesday Nov 22, 2022
Tuesday Nov 22, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou pelerinaj nou fè chak lannen pou mennen kominote a al fè solidarite ak endijèn bò isit yo nan Plymouth, MA pou kwape mit "Thanksgiving nan
Emisyon espesyal sou sitiyasyon fanmi nou yo ap andire anba men rasis yo nan Repiblik Dominikèn
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak sè nou Sirana Dolis ki se alatè òganizasyon MUDHA nan Repiblik Dominikèn
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Nov 21, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 21 novanm 2022
Monday Nov 21, 2022
Monday Nov 21, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Rapò nou sou manifestasyon KOMOKODA devan jounal Haiti Liberté Vandredi 18 novanm 2022, 3pm-6pm pou n al denonse mannèv jounal sila a pou fè asasen kriminèl Jimmy Cherizier alyas Babekyou pase pou revolisyonè k ap batay pou pèp
Son manifestasyon an
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Lese frape ant Premye Minis Itali a Giorgia Meloni ak Prezidan Lafrans lan Emmanuel Macron sou dosye refijye Afriken yo k ap debake nan Ewòp
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Kanada anonse sanksyon sou plis politisyen PHTK epi sou Mateli, Lamothe, ak Ceant kòm moun ki nan koze sipòte gang epi nan dwòg
-Premye Minis Jamayik la Andrew Holness deklare yon Eta Dijans akoz sitiyasyon gang nan peyi sa a
-Premye Minis Ralph Gonzalves nan St Vincent ak Grenadines di li pa p voye polis peyi li al defann yon gouvènman ki pa gen lejitimite ann Ayiti
-Ti komik Ariel Henry di peyi a samize l nan mondyal la; FIFA bay Ayiti match yo gratis
-Jounalis Angelot Geneus viktim yon kannistè gaz lakrimojèn lapolis tire ki frape l nan je l; li riske pèdi je a
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ak sè nou Viergela Pierre, manm KOMOKODA ki te rantre NY soti jis Atlanta pou l te vin pote kontribisyon li nan manifestasyon an

