Episodes

Tuesday Dec 27, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 desanm 2022
Tuesday Dec 27, 2022
Tuesday Dec 27, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin; Nou ankouraje oditè yo sipòte Fanbwayan Haitian Literacy Project ak Haitian Women for Haitian Refugees tou
Anons
Kèk nan dosye 2022 lakay ki rete nan lespri nou
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Benjamin Netanyahu ap ap retounen opouvwa ak gouvènman ladwat ki pi rasis, pi reyaksyonè peyi rasis sila a janm konnen
-Tristès nan mitan tristès: Sasinay polisye PNH Lincoln Bien-Aimé
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Dec 26, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 desanm 2022
Monday Dec 26, 2022
Monday Dec 26, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Manman dosye 2022 a lakay nou se ensekirite a: Yon ensekirite òganize epi planifye
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak Profesè Wilson Chery epi Madam Huguette Marcelin nan vil Paris, peyi Lafrans sou ensidan nan "Salon du Livre" la ki te fè Nesmy Manigat ak Dany Laferiere kouri a epi sou lit fanmi nan Lafrans yo mennen pandan ane 2022 a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons

Thursday Dec 22, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 22 desanm 2022
Thursday Dec 22, 2022
Thursday Dec 22, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Segman Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ap fè chak jedi sou imigrasyon epi vyolans k ap fèt sou fanm ak Taina Exant; Taina pale sou diferans ant ICE ak tribinal imigrasyon epi fason pou w toujou rete enfòme sou randevou ou genyen
Nouvèl:
-Prezidan Ikrèn nan Volodymyr Zelensky ap fè yon virewon ala Hollywood nan Washington DC
-Ti vòlè Hans Ludwig Joseph Jovenel te mete alatèt ULCC pou l fè kase fèy kouvri sa anonse li bloke byen ansyen direktè Ladwàn nan Romel Bell akoz sanksyon entènasyonal. E tout lòt yo?
-Lapolis ak lame Repiblik Dominikèn fè yon desantdelye san manda nan lokal òganizasyon MUDHA nan mitan lannuit samdi swa pou louvri dimanch maten 18 desanm
-Yè mèkredi a, entènasyonal la prezante yon pyès teyat an 2 tan epi nan 2 diferan espas: ti komik Ariel Henry ki t ap djèdjè nan Hotel Karibe epi reprezantan entènasyonal gang Babekyou-G9 la, blan Kim Ives nan Konsèy Sekirite LONI nan Manhattan
Liy ouvè ak oditè yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Wednesday Dec 21, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 21 desanm 2022
Wednesday Dec 21, 2022
Wednesday Dec 21, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
-Selebrasyon Eritye Papa Desalin pou 219yèm anivèsè endepandans Ayiti 2pm, dimanch Premye janvye 2023 nan Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn, NY
-Manifestasyon KOMOKODA jedi 12 janvye 2023, midi pou 3è, pou make 13yèn anivèsè Goudougoudou 2010 la devan Fondasyon Clinton, 1633 Broadway nan Manhattan
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Konsèy Sekirite LONI ap fè yon rankot jodi a sou dosye Ayiti a; Èske y ap voye militè? Minis Zafè Etranjè Repiblik Dominikèn ap la pou l ensiste pou yon entèvansyon militè pou netwaye Ayiti
-Ariel fè reyinyon fen ane ak diplomat etranje yo k nan peyi a;
-Komisyon Chanm Depite Meriken ki t ap mennen ankèt sou 6 janvye 2021 an mande Minis Jistis peyi a pou trennen Donald Trump nan tribinal pou wòl li te jwe nan deblozay sila a
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
LIy ouvè ak oditè yo
Anons

Tuesday Dec 20, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 desanm 2022
Tuesday Dec 20, 2022
Tuesday Dec 20, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou salye sè nou Julie Bazile k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Anpil moun sezi pou wè nouvo prezidan Brezil la Lula anbrase gouvènman koudeta ki monte nan Pewou a
-19 Ayisyen ak 2 sòlda Meriken tonbe nan lanmè akoz neglijans ekip batiman lopital USNS Comfort ki te nan Jeremi lendi pase a
-Nouvo gouvènman Burkina Faso a ta fè kontra ak gwoup mèsenè Wagner Group ki soti nan peyi Larisi
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
Ti koze ak frè nou Yves Pierre Louis "PL" ki se direktè Radio Timoun sou jan yo menm nan radyo sa a yo viv travay KOMOKODA epi jan yo ranmase ane 2022 a k aprale a
Anons

Monday Dec 19, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 desanm 2022
Monday Dec 19, 2022
Monday Dec 19, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou 2 fanmi nou ki gen lanmò: Konpatriyòt Daniel "Pa p Obeyi" Fils Aimé ki pèdi papa li epi Konpatriyòt James Desrosin nan Kowòdinasyon Fanmi Lavalas nan NY ki pèdi manman l
Ranmase sou selebrasyon fen ane KOMOKODA te òganize Vandredi 16 desanm ki sot pase a
-Mesaj Konpatriyòt Roland Sainristil nan Kowòdinasyon Fanmi Lavalas nan NY
-Mesaj kolaboratè nou Jafrikayiti nan Kanada
-Mesaj sè nou Èzili Dantò
Liy ouvè ak oditè yo
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou avoka Marcel Denis k ap mennen dosye dola senkant ak 5 santim chak minit dyaspora a nan tribinal federal Meriken sou kolaborasyon ekip la ak KOMOKODA epi sou kote dosye a ye nan tribinal la
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Ajantin, Kolonbi, Meksik, ak Bolivi denonse koudeta k fèt nan Pewou a
Anons

Thursday Dec 15, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 15 desanm 2022
Thursday Dec 15, 2022
Thursday Dec 15, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Demen Vandredi 16 desanm nan KOMOKODA (Komite Mobilizasyon kont Diktati ann Ayiti) ap fè aktivite fen ane nou kote nou pral selebre viktwa pèp Ayisyen an 16 desanm 1990 epi n ap selebre travay KOMOKODA pandan ane 2022 a
Segman Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ap fè chak jedi sou imigrasyon epi vyolans k ap fèt sou fanm ak sè nou Taina Exant; Taina pale sou U-Visa
Nouvèl:
-Yon grenn vòt ranvèse yon eleksyon nan chanm depite eta Massachussetts la
-Sheila Cherfilus McCormick anonse envazyon etranjè ap fèt nan peyi d Ayiti anvan 10 janvye k ap vini an
-Ti komik Edmond "Bullshit" Bocchit fè yon koreksyon istorik sou fim "Emancipation" ki fè referans ak revolisyon Ayisyen an
Anons

Wednesday Dec 14, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 14 desanm 2022
Wednesday Dec 14, 2022
Wednesday Dec 14, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
N ap fè tout moun ki pa t remake sa konnen Eritye Papa Desalin se yon emisyon patizan li ye: Nou kont gwo k ap kraze piti epi fè yonn ak tout sa k ap goumen pou resous latè a pataje egal ego ak tout sa k ap viv sou tè a
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Ti pale ak frè nou Tony Jean Thenor nan òganizasyon Veye Yo nan Miami sou manifestasyon y ap planifye pou al bat chalbari dèyè Helen "Manman Gang" Lalime ki ta sipoze vin bay konferans nan kominote Ayisyen an nan Miami Vandredi 16 desanm k ap vini an
Nouvèl:
-Gouvènman Biden nan ap fè yon rankont ak 49 gouvènman Afriken nan Washington pou li wè si l a wete yo anba zèl Lachin ak Larisi; Gen moun k ap gade mannigèt la epi k ap ri granmoun nan
Liy ouvè ak oditè yo

Wednesday Dec 14, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 desanm 2022
Wednesday Dec 14, 2022
Wednesday Dec 14, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou ankouraje yo sipòte emisyon an
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Aktivite anyèl KOMOKODA 16 desanm 2022
Ti koze ak konpatriyòt Kafenòl nan Montreal sou manifestasyon ki te fèt kont aktivite ti vòlè apatrid Claude Joseph dimanch swa
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Òganizasyon Panamerikèn Lasante debake plis pase yon milyon dòz vaksen kont kolera nan peyi DAyiti
-Prezidan peyi Pewou ki nan prizon plibliye yon lèt bay pèp Pewou a pou l di yo kenbe djanm nan rezistans epi limenm li pa p renonse ak manda li
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Yon delegasyon depite Ameriken ki manm Pati Demokrat la fè yon kout pye nan peyi Kiba
-Biwo Suivi Akò Montana di sanksyon entènasyonal yo bon men fòk gwo peyi yo bay prèv ki ka kenbe nan tribinal; Pou ki sa nou kontinye ap tann se lènmi nou ki pou louvri chimen lit nou
Liy ouvè ak oditè yo

Monday Dec 12, 2022
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 12 desanm 2022
Monday Dec 12, 2022
Monday Dec 12, 2022
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou voye Bòn fèt pou sè nou Manzè Choublak k ap fete anivèsè nesans li jodi a epi frè nou Antoine Adan ki te fete Vandredi 9 desanm ki sot pase a
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ti koze ak sè nou yo Manzè Choublak ak Marie Dimanch sou vyolans patizan Claude Joseph yo te fè sou moun ki te vini pou manifeste anndan aktivite a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Koudeta nan peyi Pewou kont Prezidan peyi a Pedro Castillo elit la ak "entènasyonal" la viv kòm yon peyizan andeyò
-Boukantay prizonye ant Etazini ak Larisi: Etazini bay Viktor Bout pou Brittney Griner
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Prezidan Lachin nan Xi Jinping vizite Arabi Saoudit; 2 peyi yo siyen akò pou 29 milya dola
-Prezidan Kiben an Miguel Diaz-Canel ensiste pou yon solisyon nan pwoblèm Ayiti a ki pa gen bòt sòlda etranjè ladan l nan reyinyon CARICOM-Kiba li te patisipe ladan l nan Babad semèn pase a
-Twitter ansanm ak jounalis Matt Taibbi ak Bari Weiss kontinye ap pibliye dokiman ki montre jan Twitter te fè paspouki anfavè Joe Biden nan eleksyon Meriken 2020 an
Liy ouvè ak oditè yo

